2010–2019
Touch Sovè a
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Touch Sovè a

Si nou nou vin jwenn ni, Bondye ap vin pote nou sekou, keseswa pou geri nou, oubyen pou ba nou fòs pou n fè fas ak nenpòt sitiyasyon.

Sa gen anviwon demil ane, Sovè a te desann soti sou montay la apre l te fin anseye Beyatitid yo ak lòt prensip levanjil. Pandan l t ap mache, yon mesye ki te gen maladi lalèp te pwoche kote li. Mesye a te montre reverans ak respè lè li te mete l ajenou devan Kris la, pou l te chèche soulajman anba afliksyon l lan. Demand li a te senp: “Senyè, si w vle, ou ka rann mwen pwòp.”

Sovè lèsa a te lonje men li epi, li te touche li, li te di, “Mmwen vle, se pou ou pwòp.”1

Nou aprann la a ke Sovè a toujou vle beni nou. Kèk benediksyon ka vini imedyatman, gen lòt ki ka pran plis tan, epi gen kèk lòt ki ka menm vini apre lavi sa a, men benediksyon yo ap vini lè moman an rive.

Menjanm avèk lepre a, nou ka jwenn fòs ak konsolasyon nan lavi sa a si nou aksepte volonte li epi nou konnen ke li vle beni nou. Nou ka jwenn fòs pou nou fè fas ak nenpòt pwoblèm, pou nou simonte tantansyon, , ak pou nou andire sitiyasyon nou. Asireman, nan youn nan moman ki te pi difisil nan lavi li, fòs Sovè a pou l te andire a te ogmante anpil lè l te di Papa li: “Se pou volonte ou fèt.”2

Lepre a pa t adrese demann li a nan yon fason ki te pretansye ni egzijan. Pawòl li yo revele yon atitid imilite, avèk anpil atant men tou avèk yon dezi sensè ke se volonte Sovè a ki pou fèt. Sa se yon egzanp sou atitid nou ta dwe genyen lè n ap vin jwenn Kris la. Nou dwe vin jwenn ni avèk sètitid ke dezi Sovè a se reyèlman se toujou pou l fè sa ki pi bon pou lavi nou mòtalite a ak pou lavi etènèl nou se sa l ap toujou ye. Li genyen yon pèspektiv etènèl ke nou pa vrèman genyen. Nou dwe vin jwenn Kris la avèk yon dezi sensè pou volonte pa nou anglouti nan volonte Papa a, menmjan pa l la te ye a.3 Sa ap prepare nou pou lavi etènèl.

Li trè difisil pou nou imajine soufrans fizik ak emosyonèl ki te akable lepre a lè l te vin jwenn Sovè a. Maladi lèp afekte nè yo ak po moun nan, sa ki lakoz li defigire ak andikape. Anplis, li te fè sosyete a mal gade malad la. Yon moun ki te gen lèp te oblije kite moun li renmen yo epi al viv izole de rès sosyete a. Yo te konsidere lepre yo kòm moun enpi, fizikman ak espirityèlman. Pou rezon sa a, lwa Moyiz la te egzije pou lepre yo te mete rad chire epi avèti byen fò “M pa pwòp!” lè yo t ap deplase.4 Paske yo te malad ak meprize, lepre yo te fini pa viv nan kay ki te abandone oubyen nan tonbo5 Sa pa difisil pou nou imajine ke lepre ki te apwoche kot Sovè a te santi l kraze anpil.

Pafwa—nan yon fason oswa yon lòt—noumenm tou nou ka santi nou brize, keseswa akoz aksyon pa nou oubyen aksyon pa lòt moun, oubyen akoz sikonstans nou ka kontwole oubyen nou pa ka kontwole. Nan moman sa yo, nou ka remèt volonte nou nan men li.

Sa gen kèk ane, Zulma—madanm mwen, bèl mwatye m nan, pi bèl pati m nan—te resevwa kèk nouvèl devastan de semèn anvan maryaj youn nan pitit nou yo. Li te gen yon kis nan gland pawotid li, epi li ta p grandi rapid. Figi li te kòmanse anfle, epi li te oblije al sibi yon operasyon delika imedyatman. Anpil panse te vin nan tèt li epi yo te peze lou sou kè li. Èske boul la sete yon kansè? Kijan kò li ta pral rekipere? Èske li ta pral paralyze nan figi l? Ki kantite doulè li ta pral genyen? Èske li ta pral gen sikatris pèmanan nan figi li? Èske timè a t ap retounen lè yo te fin retire li? Èske l t ap kapab ale nan maryaj pitit gason nou an? Pandan l te kouche nan sal operasyon an, li te santi li kraze anpil.

Nan moman trè enpòtan sa a, Lespri a te chichote li ke li te dwe aksepte volonte Senyè a. Lè sa a, li te deside pou l te mete konfyans li nan Bondye. Li te grandman santi ke, kèlkeswa sa rezilta yo t ap ye, volonte Bondye t ap pi bon pou li. Byenvit li te kòmanse dòmi anba anestezi a.

Nan apre, li te ekri bagay powetik sa a nan jounal li: “Sou tab operasyon an mwen, te koube m devan w epi, pandan m te soumèt volonte m anba volonte pa ou, dòmi te pran m. Mwen te konnen mwen te ka konte sou ou, konesan ke anyen mal pa ta p soti nan ou.”

Li te jwenn fòs ak rekonfò nan soumèt volonte l anba volonte Papa a. Jousa a, Bondye te beni li grandman.

Nan kèlkeswa sitiyasyon nou ye, nou ka egzèse lafwa nou pou n al jwenn Kris la epi jwenn yon Bondye nou ka fè konfyans. Jan youn nan pitit mwen yo, Gabriel, te ekri yon fwa:

Selon pwofèt la, figi Bondye pi klere pase solèy la

epi cheve li pi blan pase lanèj

epi vwa li gwonde tankou larivyè kap desann,

epi konpare avèk li, lòm pa anyen. …

Mwen tranble lè m reyalize ke mwenmenm tou m pa menm anyen.

E se sèlman lèsa a mwen tatonnen sou wout mwen pou m rive kote yon bondye mwen ka fè konfyans.

Epi se sèlman lèsa a mwen dekouvri Bondye a mwen ka fè konfyans la.6

Yon Bondye nou ka fè konfyans rafèmi esperans nou. Nou ka fè l konfyans paske li renmen nou epi li vle sa ki pi bon pou nou, nan tout sitiyasyon.

Lepre a te avanse pouse pa pouvwa esperans lan. Mond lan pa t ba l okenn solisyon, pa menm rekonfò. Konsa, senp touche Sovè a siman te parèt tankou yon karès ki te rive nan tout nanm ni. Nou ka sèlman imajine santiman pwofon gratitid lepre a siman te santi lè Sovè a te touche l la, espesyalman lè l te tande pawòl sa yo: “Se pou ou vin pwòp.”

Istwa a rapòte ke “imedyatman maladi lèp li a te disparèt.”7

Noumenm tou nou ka santi men Sovè a k ap touche nou avèk lanmou, pou geri nou. Ala jwa, espwa, ak rekonesans ki antre nan nanm nou lè nou konnen ke li vle ed nou vin pwòp. Si nou nou vin jwenn ni, Bondye ap vin pote nou sekou, keseswa pou geri nou, oubyen pou ba nou fòs pou n fè fas ak nenpòt sitiyasyon.

Nan tout fason—aksepte volonte li—non pa volonte pa nou—ap ede nou konprann sitiyasyon nou twouve nou yo. Anyen mal pa ka soti de Bondye. Li konn sa k pi bon pou nou. Petèt li pa p retire fado nou yo imedyatman. Pafwa li ka rann fado sa yo pi lejè, jan l te fè pou Alma ak pèp li a.8 Finalman, akoz alyans yo, l ap aleje fado nou yo,9 keseswa nan lavi sa oubyen nan sent Rezirèksyon an.

Yon dezi sensè pou se volonte li ki pou fèt, ansanm ak yon konpreyansyon sou nati divin Redanmtè nou an, ede nou devlope kalite lafwa lepre a te demontre pou li te ka vin pwòp la. Jezikri se yon Bondye lanmou, yon Bondye lespwa, yon Bondye ki geri, yon Bondye ki vle beni nou epi ede nou rete pwòp. Se sa l te vle avan li te vini sou tè a lè li te volontèman aksepte pou l pote nou sekou lè nou tonbe nan transgresyon. Se sa l te vle nan Jetsemani lè l te afwonte doulè ke lòm pa ka konprann pandan agoni pou l te peye pri pou peche nou yo. Se sa li vle kounya lè l ap plede pou nou devan Papa a.10 Se poutèt sa vwa li kontinye rezone: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m ap ba nou soulajman.”11

Li ka geri nou epi ba nou rekonfò paske li gen kapasite pou l fè sa. Li te pran sou tèt li tout soufrans kò a ak lespri a pou zantray li te ka ranpli mizerikòd pou l ka ede nou nan tout bagay epi pou l geri nou ak elve nou.12 Pawòl Ezayi yo, site pa Abinadi, tradui sa nan yon fason admirab ak emouvan:

“Asireman, li te sipòte lapenn nou e li te pote tristès nou. …

“… Men li te blese pou transgresyon nou yo; yo te maltrete li pou inikite nou yo; chatiman ki pote lapè pou nou an te sou tèt li; e avèk mak li yo, nou geri.”13

Se menm konsèp sa a yo anseye nan powèm sa a:

“O chapantye Nazarèt la,

Kè sa a, ki te brize san espwa reparasyon,

Lavi sa, ki te boulvèse rive nan lanmò,

O, èske W ka repare yo, Chapantye?”

E avèk men janti li ki tou pare

Bèl lavi li makònen avèk

Lavi brize pa nou, jiskaske yo kanpe

Yon Nouvo Kreyasyon—“tout bagay nouvo.”

“Yon kè ki [te] pèdi tout [sibstans] li,

Dezi, anbisyon, espwa, ak lafwa,

Pase nan moul pou l vin yon pyès pafè,

O, Chapantye Nazarèt la!”14

Si w santi w pa pwòp nan kèlkeswa fason an, si w santi w brize, tanpri konnen ke ou kapab vin pwòp ankò, li kapab repare ou, paske li renmen ou. Konnen ke anyen mal pa ka soti de li.

Paske li te desann “pi ba pase tout bagay,”15 li rann posib pou tout bagay yo ki brize nan lavi nou kapab jwenn reparasyon, epi konsa nou ka vin rekonsilye avèk Bondye. Gras avèk li, tout bagay rekonsilye, ni bagay ki sou tè a ni bagay ki nan syèl la, sa ki pote “lapè atravè san li sou kwa a.”16

Annou vini jwenn Kris la, pandan n ap suiv etap ki nesesè yo. Pandan n ap fè sa, se pou atitid se yon atitid ki di: “Senyè, si w vle, ou ka fè mwen vin pwòp.” Si nou fè sa, nou ka resevwa touch gerisè Mèt la, ansanm avèk bèl eko vwa li k ap di: “Mwen vle, , se pou ou pwòp.”

Sovè a se yon Bondye nou ka fè konfyans. Li se Kris la, Wen an, Mesi a, e konsènan li mwen temwaye nan non sakre li, ki se Jezikri, amèn.