2010–2019
Apre Eprèv Lafwa Nou
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Apre Eprèv Lafwa Nou

Si nou suiv vwa Bondye ak chemen alyans li a, L ap fòtifye nou nan mitan eprèv nou yo.

Lè m te timoun, Frank Talley, yon manm Legliz la, te ofri pou l te ede fanmi m pran avyon soti Pòto Riko pou n t ale Salt Lake City pou nou te kapab sele nan tanp, men byen vit, obstak te kòmanse parèt. Youn nan sè m yo, Marivid, te tonbe malad. Paran m, ki pa t sèten kisa pou yo te fè, te priye sou sa epi yo te toujou santi pouse pou yo te fè vwayaj la. Yo te gen konfyans ke si yo te fidèlman suiv enspirasyon Senyè a, fanmi nou t ap pwoteje ak beni— e se sa k te rive.

Kèlkeswa obstak nou rankontre nan lavi a, nou mèt gen konfyans ke Jezikri ap prepare yon solisyon pi devan si nou kontinye mache ak lafwa. Bondye pwomèt ke tout moun ki viv fidèl avèk alyans yo te fè avèk li yo, yo pral, nan tan pa li, resevwa tout benediksyon L pwomèt yo. Èldè Jeffrey R. Holland te anseye, “Gen kèk benediksyon ki vini rapidman, gen kèk ki pran plis tan, epi gen kèk k ap vini sèlman nan syèl la; men pou moun yo ki anbrase levanjil Jezikri yo, y ap vini kanmèm.”1

Mowoni te anseye ke “lafwa se bagay ke moun espere san yo pa wè; se poutèt sa, pa diskite paske w pa wè, paske w p ap resevwa temwayaj jistan lafwa ou pa fin teste.”2

Nou ta dwe poze kesyon sa a: Kisa nou ta dwe fè pou n ka pi byen fè fas ak eprèv ki sou wout nou yo?

Nan premye diskou l an piblik kòm Prezidan Legliz la, Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Antanke yon nouvo Prezidans, nou vle kòmanse avèk fen an nan lespri nou. Pou rezon sa a, n ap pale avèk nou jodia apati yon tanp. Fen nou chak ap fè efò pou nou atenn nan se resevwa dotasyon nou nan kay Senyè a, sele kòm fanmi, rete fidèl nan alyans nou fè nan yon tanp yo ki kalifye nou pou pi gwo kado Bondye a—ki se lavi etènèl la. Òdonans tanp yo ak alyans nou fè ladan yo a se kle pou fòtifye lavi nou, maryaj nou ak fanmi nou, ak kapasite nou pou n reziste anba atak advèsè a. Adorasyon nou nan tanp lan ak sèvis nou ladann pou zansèt nou yo ap beni nou avèk ogmantasyon revelasyon pèsonèl ak lapè, epi l ap fòtifye angajman nou pou nou rete sou wout alyans lan.”3

Si nou suiv vwa Bondye ak chemen alyans li a, L ap fòtifye nou nan mitan eprèv nou yo.

Vwayaj fanmi m pou nou t al nan tanp lan sa gen dèzane a te difisil, men pandan nou t ap apwoche rive nan tanp Salt Lake City a, manman m, ki te ranpli ak lajwa ak lafwa, te di: “Tout bagay ap oke; Senyè a ap pwoteje nou.” Nou te sele kòm fanmi, epi sè m nan te refè. Sa te rive sèlman apre lafwa paran mwen yo te epwouve epi lè yo te suiv enspirasyon Senyè a.

Egzanp sa a sou paran m yo toujou enfliyanse lavi m jiska jodia. Egzanp yo te anseye nou rezondèt doktrin levanjil la epi sa te ede nou konprann siyifikasyon, objektif, ak benediksyon levanjil la pote pou nou an. Koprann rezondèt levanjil Jezikri a ka ede nou fè fas a eprèv nou yo ak lafwa tou.

Alafen, tout sa Bondye envite nou ak kòmande nou pou nou fè se yon ekspresyon lanmou li pou nou ak dezi Li pou ba nou tout benediksyon Li rezève pou pitit fidèl li yo. Nou pa ka asime ke timoun nou yo pral aprann levanjil la poukont yo; se responsablite nou pou nou anseye yo. Lè nou ede timoun nou yo aprann kijan pou yo itilize libabit yo avèk sajès, egzanp nou ka enspire yo pou yo fè chwa jis pou tèt pa yo. Fidelite yo nan lavi a pral kontinye ede pitit pa yo konnen verite levanjil la pou tèt pa yo.

Jènjan yo ak jènfi yo, koute pwofèt la k ap pale avèk nou jodia. Chèche aprann verite divin yo epi chèche konprann levanjil la pou tèt pa nou. Prezidan Nelson te resaman rekòmande: “Ki sajès nou manke? … Suiv egzanp Pwofèt Joseph la. Chèche yon andwa trankil. … Imilye w devan Bondye. Devèse kè w bay Pè Selès ou a. Ale jwenn ni pou repons.”4 Pandan n ap chèche gidans nan men yon Pè Selès ki renmen nou an, koute konsèy pwofèt vivan yo, ak obsève egzanp paran jis nou yo, noumenm tou nou ka vin tounen lyen lafwa solid nan fanmi nou.

Pou paran ki gen timoun ki te kite chemen alyans lan, jantiman ede yo retounen. Ede yo konprann verite levanjil yo. Kòmanse kounyeya; li pa janm twò ta.

Egzanp lavi jis nou an kapab fè yon gwo diferans. Prezidan Russell M. Nelson te di: “Antanke Sen Dènye Jou, nou vin abitye panse a ‘legliz’ la kòm yon bagay ki fèt nan chapèl nou yo, sipòte pa sa k pase lakay nou. Nou bezwen yon chanjman nan modèl sa a. Moman an rive pou yon Legliz ki santre sou fwaye, ki sipòte pa sa k ap pase andedan branch, pawas, ak pieu nou yo.”5

Ekriti yo anseye, “Bay yon timoun prensip li dwe suiv; jouk li mouri, li pap janm bliye l.”6

Yo di tou, “Epi kounyeya, kòm predikasyon pawòl la te gen tandans mennen pèp la fè sa ki jis—wi, li te gen pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase epe, oubyen pase nenpòt lòt bagay ki te pase yo—se poutèt sa, Alma te panse li te nesesè pou yo te eseye aplike pawòl Bondye a.”7

Gen yon istwa yo rakonte sou yon fi nan End ki te fache poutèt pitit gason l lan tap manje twòp sirèt. Kèlkeswa jan manmzèl te reprimande misye, li te kontinye satisfè anvi manje bagay sikre l yo. Totalman enève, li te deside mennen pitit gason l lan al vizite yon mesye saj ke l te respekte anpil.

Li t al kot mesye a epi l te di: “Mesye, pitit gason m nan manje twòp bagay sikre. Silvouplè, èske ou mande l pou l sispann?”

Mesye saj la te koute avèk atansyon epi, apresa, li te di tigason an, “Ale lakay ou epi retounen nan de semèn.”

Madanm nan te retounen lakay avèk pitit gason l lan, ap mande tèt li poukisa mesye a pa t mande ti gason an pou l te sispann manje bagay dous.

De semèn apre, yo te retounen. Mesye saj la te gade tigason dirèkteman epi l te di: “Tigason, ou dwe sispann manje twòp bagay dous. Sa pa bon pou sante w.”

Tigason an te souke tèt li pou l te di wi l t ap fè sa.

Manman an te mande, “Poukisa w pat di l sa depi premye fwa a?

Mesye saj la te souri. “De semèn desa, mwenmenm tou m t ap ap manje twòp bagay dous.”

Mesye sa te tèlman viv avèk entegrite ke li te konnen konsèy li a t ap ka gen pouvwa sèlman si li menm tou li t ap suiv pwòp konsèy li bay la .

Enfliyans nou genyen sou timoun nou yo pi puisan si yo wè nou ap mache fidèlman sou wout alyans lan. Pwofèt Jakòb nan Liv Mòmon an se yon egzanp sou kalite ladwati sa a. Piti gason li Enòs te ekri sou enpak ansèyman papa l yo:

“Gade, mwenmenm Enòs, m konnen papa m te yon nonm ki jis—paske li te preche m nan lang li, e nan nouriti ak avètisman Senyè a—e se pou non Bondye m nan beni poutèt sa—

“… E pawòl m te konn tande papa m pale avèk mwen konsènan lavi etènèl la, ak lajwa sen yo, te plonje fon nan kè m.”8

Manman jèn gèrye Elaman entrepid yo tap viv levanjil la, epi pitit yo te ranpli ak konviksyon. Dirijan yo a te rapòte:

“Wi, manman yo te di yo si yo pa doute, Bondye ap delivre yo.

“Epi, yo te repete pawòl manman yo ban mwen, yo te di: Nou pa doute; manman nou te konn sa.”9

Enòs ak jè gèrye entrepid Elaman yo te fòtifye pa lafwa paran yo, sa k te ede yo rete fèm lè lafwa pa yo te epwouve.

Nou beni avèk retalisman levanjil Jezikri a nan epòk pa nou an, ki ede soutni nou lè nou santi nou dekouraje oswa twouble. Nou gen asirans ke efò nou yo ap pote fwi nan moman Senyè a fikse Limenm nan, si nou pèsevere lè lafwa nou aleprèv.

Resaman madanm mwen av↕k mwen, avèk Prezidans Entèrejyon an te akonpaye Eldè David A. Bednar nan konsekrasyon Tanp Pòtoprens Ayiti a. Pitit gason nou Jorje, ki te ale avèk nou, di apwopo eksperyans sa a: “Ekstrawòdinè, Papa! Osito ke Eldè Bednar te kòmanse priyè konsekrasyon an, mwen te ka santi sal la te ranpli avèk chalè ak limyè. Priyè a te vrèman ajoute anpil bagay sou konpreyansyon m pou rezondèt yon tanp. Tanp lan se vrèman kay Senyè a.”

Nan Liv Mòmon an, Nefi anseye ke si nou gen dezi pou nou konnen volonte Bondye, L ap fòtifye nou. Li te ekri: “Mwen menm Nefi, m te jèn anpil … epi tou m te gen gran dezi pou m konnen mistè Bondye yo, se poutèt sa, m te kriye nan pye Senyè a; e li te vizite m, e li te touche kè m pou m te kapab kwè tout pawòl papa m te pale yo; se poutèt sa m pa t fè rebèl kont li tankou frè m yo te fè a.”10

Frè ak sè m yo, an nou ede pitit nou yo ak tout moun ki nan antouraj nou pou yo suiv chemen alyans Bondye a pou ke Lespri a ka anseye yo epi adousi kè yo pou yo gen dezi pou suiv li pandan tout lavi yo.

Lè m reflechi sou egzanp paran m yo, mwen reyalize ke lafwa nou nan Senyè a, Jezikri, ap monte nou wout ki ap mennen nou retounen nan fwaye selès nou an. Mwen konnen mirak vini apre lafwa nou fin epwouve.

Mwen rann temwayaj sou Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la. Mwen konnen Li se Sovè m ak Liberatè mwen. Limenm ak Papa nou ki nan Syèl la te vparèt nan jou maten prentan 1820 sa a devan jèn Joseph Smith, Pwofèt Retablishman an. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt epòk nou an. Nan non Jezikri, amèn.