2010–2019
Dènye Diskou
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Dènye Diskou

Diyite pèsonèl mande yon konvèsyon total nan lespri nou ak nan kè nou pou nou ka vin plis sanble ak Senyè a.

Chè frè ak sè byenneme m yo, pandan nou rive nan fen konferans istorik sa a, nou di Senyè a mèsi paske l te enspire mesaj ak mizik ki te edifye nou. Nou vrèman sot jwi yon festen spirityèl.

Nou konnen levanjil retabli Jezikri a ap pote lespwa ak lajwa pou moun k ap tande ak koute doktrin ni an. Nou konnen tou ke chak fwaye kapab vin yon vrè sanktyè lafwa, kote lapè, lanmou, ak Lespri Senyè a ka demere.

Natirèlman, pati ki kouwone Retablisman an se tanp sakre a. Òdonans ak alyans sakre yo fè andedan tanp yo enpòtan pou prepare yon pèp ki pare yo pou l akeyi Sovè a nan Dezyèm Vini L lan. Aktyèlman, nou gen 166 tanp ki konsakre, e plis ankò ap vini.

Gen yon pòt ouvèt ki pral fèt anvan konsekrasyon chak nouvo tanp ak chak tanp ki renove. Anpil zanmi ki pa manm Legliz nou an pral patisipe nan ’tour’ pou vizite tanp sa yo epi pou yo aprann yon bagay apwopo benediksyon tanp yo. Epi, gen kèk vizitè ki pral santi yo anvi aprann plis. Kèk pral mande sensèman kijan yo ka kalifye yo pou benediksyon tanp yo.

Antanke manm Legliz la, n ap bezwen prepare nou pou kesyon sa yo. Nou ka eksplike yo ke benediksyon tanp yo disponib pou tout moun ak tout pèp ki prepare tèt yo. Men, anvan yo ka antre nan yon tanp ki konsakre, yo bezwen kalifye. Senyè a vle pou tout pitit Li patisipe nan benediksyon etènèl ki disponib nan tanp Li yo. Li di kisa chak moun dwe fè pou kalifye yo pou yo antre nan kay sakre L la.

Yon bon kote pou n kòmanse yon opòtinite pou n anseye konsa se atire atansyon yo sou pawòl ki ekri sou deyò chak tanp yo: “Sentete pou Senyè a; Kay Senyè a.” Mesaj Prezidan Eyring nan jodia ak anpil lòt enspire nou pou nou vin pi sen. Chak tanp se yon andwa sakre; chak tanp mande nou fè efò pou nou vin pi sen.

Tout kondisyon pou antre nan tanp yo anrapò avèk sentete pèsonèl. Pou evalye si yo pare, chak moun ki vle jwi benediksyon tanp yo ap gen de entèvyou: premye a avèk yon evèk, yon konseye nan episkopa a, oubyen prezidan branch lan; dezyèm nan avèk yon prezidan pieu oswa yon prezidan misyon oubyen youn nan konseye moun sa yo. Nan entèvyou sa yo, yo pral poze nou plizyè kesyon.

Nou fèk sot modifye kèk nan kesyon sa yo pou plis klate. M ta renmen repase yo avèk nou kounyea:

  1. Èske w gen lafwa nan Bondye, Papa Etènèl la, ak nan Pitit Gason l lan, Jezikri, ak nan Sentespri a; ak yon temwayaj konsènan yo?

  2. Èske w gen yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak wòl li kòm Sovè w ak Redanmtè ou?

  3. Èske w gen yon temwayaj sou Retablisman levanjil Jezikri a?

  4. Èske w soutni Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè epi kòm sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle prètriz yo?

    Èske w soutni manm Premyè Prezidans yo ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè?

    Èske w soutni lòt Otorite Jeneral yo ak dirijan lokal yo nan Legliz la?

  5. Senyè a di ke tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41).

    Èske w fè efò pou w rete moralman pwòp nan panse ou ak nan konpòtman ou?

    Èske w obeyi lwa chastete a?

  6. Èske w suiv ansèyman Legliz Jezirki pou Sen Dènye jou yo nan lavi prive w ak nan konpòtman w an piblik avèk manm fanmi ou ak lòt moun?

  7. Èske w sipòte oubyen fè pwomosyon ansèyman, pratik, oswa doktrin ki kontrè avèk pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo?

  8. Èske w fè efò pou w respekte jou Saba a, lakay ou ak nan legliz la; asiste reyinyon w yo; prepare w pou pran sentèn nan diyite; epi viv yon lavi ki an amoni avèk lwa ak kòmandman levanjil yo?

  9. Èske w fè efò pou w onèt nan tout sa w ap fè?

  10. Èske w peye yon dim konplè?

  11. Èske w konprann epi obeyi Pawòl Sajès la?

  12. Èske w gen okenn obligasyon finansye oswa lòt anvè yon ansyen konjwen oswa anvè pitit ou?

    Si wi, èske w toujou kontinye respekte obligasyon sa yo?

  13. Èske w respekte alyans ou te fè nan tanp yo, enkli mete souvètman tanp (gaman) ou jan yo te ba ou enstriksyon nan dotasyon an?

  14. Èske gen okenn peche grav nan lavi w ki ta bezwen rezoud avèk otorite prètriz yo kòm pati nan repantans ou?

  15. Èske w konsidere tèt ou diy pou w antre nan kay Senyè a epi patisipe nan òdonans tanp yo?

Demen, kesyon revize sa yo pou rekòmandasyon tanp lan pral distribye bay tout dirijan Legliz la atravè tout mond lan.

Anplis pou n reponn kesyon sa yo onètman, nou atann ke chak manm adilt ki ale nan tanp ap mete souvètman (gaman) sakre prètriz la anba rad abityèl yo. Sa se yon angajman spirityèl senbolik ki vledi ke nou pral eseye chak jou pou n vin plis tankou Senyè a. Li raple nou tou pou nou rete fidèl nan alyans nou fè yo chak jou epi pou n mache sou chemen alyans lan chak jou nan yon fason pi elve ak pi sakre.

Pou jis yon ti moman, m ta renmen pale avèk jèn nou yo. Nou ankouraje nou pou n kalifye tèt nou pou n gen rekòmandasyon tanp pou izaj limite. Yo pral poze nou kesyon ki aplikab pou noumenm sèlman nan preparasyon nou pou òdonans batèm ak konfimasyon pa pwokirasyon yo. Nou rekonesan anpil pou diyite nou ak dispozisyon nou pou n patisipe nan travay tanp sakre sa a. Nou di nou mèsi!

Diyite pèsonèl pou antre nan kay Senyè a mande anpil preparasyon espirityèl ki pèsonèl. Men avèk èd Senyè a, anyen pa enposib. Nan yon sètèn fason, li pi fasil pou n bati yon tanp pase pou n bati yon pèp ki prepare pou tanp. Diyitie pèsonèl la mande yon konvèsyon total nan lespri ak nan kè yon moun pou l ka plis menmjan ak Senyè a, pou l ka yon sitwayen onèt, yon pi bon egzanp, ak yon moun ki pi sen.

Mwen temwaye ke travay preparasyon sa a ap pote anpil anpil benediksyon nan lavi sa a ak benediksyon nou pa p ka konsevwa pou lavi k ap vini an, enkli kontinyasyon inite familyal nou atravè tout letènite nan yon eta “bonè ki p ap janm fini.”1

Kounyea, m ta renmen vire sou yon lòt sijè—plan pou ane k ap vini an. Prentan ane 2020 an pral fè egzakteman 200 zan depi Joseph Smith te fè eksperyans vizyon sou Divinite a nou rekonèt kòm Premye Vizyon an. Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, te parèt devan Joseph, yon jèn tigason 14 zan. Evenman sa a te make kòmansman Retablisman levanjil Jezikri a nan plenitid li, presizeman jan yo te predi l nan Sent Bib la.2

Apresa, te gen yon kantite lòt vizit mesaje selès ki te suiv, enkli Mowoni, Jan Batis, ak premye Apot yo, Pyè, Jak, ak Jan. Gen lòt ki te suiv toujou, tankou Moyiz, Elyas, ak Eli. Yo chak te pote otorite divin pou beni pitit Bondye yo yon fwa ankò sou tè a.

Mirakilezman, nou te resevwa Liv Mòmon an tou: Yon lòt Temwayaj Konsènan Jezikri, yon ekriti ki konpayon Bib la. Revelasyon ki pibliye nan Doktrin ak Alyans yo ak Pèl Gran Pri a grandman anrichi konpreyansyon nou tou sou kòmandman Bondye yo ak sou verite etènèl Li yo.

Kle ak ofis prètriz yo te retabli, enkli ofis Apot, Swasanndis, patriyach, gran prèt, ansyen, evèk, prèt, enstriktè, ak dyak. Epi, fi ki renmen Senyè a ap sèvi ak vanyans nan Sosyete Sekou, Primè, Jènfi, Lekòldidimanch, ak lòt apèl nan Legliz la—tout se pati vital Retablisman levanjil Jezikri a nan plenitid li.

Konsa, nou pral deziyen ane 2020 an kòm yon ane bisantenè. Konferans jeneral Avril pwochen an pral fèt diferan de tout lòt konferans anvan yo. Nan pwochen sis mwa yo, m espere ke chak manm ak chak fanmi pral prepare yo pou yon konferans espesyal ki pral komemore fondasyon levanjil retabli a.

Nou gen dwa kòmanse preparasyon nou an nan reli resi Joseph Smith la sou Premye Vizyon an jan l ekri nan Pèl Gran Pri a. Manyèl etid nou pou ane pwochèn nan pwogram Vini, Suiv Mwen an se Liv Mòmon an. Nou gen dwa medite sou kesyon enpòtan tankou: “Kijan lavi m t ap diferan si yo ta toudenkou retire konesans mwen akeri gras ak Liv Mòmon an?” oubyen “Nan kisa evenman ki te suiv Premye Vizyon yo te fè yon diferans pou mwenemen ak moun ki chè pou mwen yo?” Epitou, avèk videyo Liv Mòmon yo ki vin disponib kounyea, nou gen dwa antre yo nan etid pèsonèl ak familyal nou.

Seleksyone pwòp kesyon pa nou. Prepare pwòp plan pa nou. Plonje tèt nou nan limyè gloriye Retablisman an. Si nou fè sa, pwochen konferans jeneral mwa Avril la pral non sèlman memorab, men l ap inoubliyab tou.

Kounyea, pou m fini, m ap kite nou avèk lanmou m ak benediksyon mwen, pou chak nan nou ka vin pi kontan ak pi sen chak jou k ap pase. Pandan tan sa a, tanpri, mwen asire nou ke revelasyon ap kontinye nan Legliz la epi sa pral kontinye sou direksyon Senyè a jiskaske “objektif Bondye yo fin akonpli, epi Gran Jewova a di travay la fini”3

Mwen beni nou konsa, pandan m ap reyafime lanmou m pou nou, ak temwayaj mwen ke Bondye vivan! Jezi se Kris la! Sa a se Legliz Li epi nou se pèp Li. Nan non sakre Jezikri, amèn.