2010–2019
Apatenans nan Alyans la
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Apatenans nan Alyans la

Apatni a Bondye epi mache youn ak lòt sou chemen alyans la se resevwa benediksyon ki genyen nan apatenans nou nan alyans lan .

Chè frè m ak sè m yo, koute istwa yon timoun nan Primè k ap aprann priye. “Mèsi pou lèt A a, lèt B a, … lèt G a.” Timoun nan kontinye: “Mèsi pou lèt X, Y, Z yo. Chè Pè Selès, mèsi pou chif 1 an, chif 2 a.” Enstriktè Primè a enkyete men li rete tann. Timoun nan di, “Mèsi pou chif 5 lan, chif 6 la—epi mèsi pou enstriktè Primè m nan. Li se premye moun ki ban m tan pou m fini priyè mwen.”

Pè Selès la tande priyè chak timoun. Avèk lanmou enfini, Li envite nou pou n vin kwè epi jwenn plas nou nan alyans lan.

Mond sa a chaje ak aparans, ilizyon, fo pwomès. Gen si anpil bagay ki pasaje ak sipèfisyèl. Lè nou kite mask, pretèks ak bagay mond lan renmen oswa pa renmen yo akote, nou vin aspire a plis pase yon aparans pou dejou, lyen pasaje, oswa pousuit enterè pèsonèl pwofàn. Erezman, gen yon mwayen pou nou jwenn repons ki konte yo.

Lè nou vin antre nan gran kòmandaman Bondye a pou renmen limenm ak moun ki bò kote nou pa alyans lan, nou fè sa non pa kòm yon etranje oswa yon vizitè, men kòm pitit li nan fwaye li.1 Ansyen pwovèb sa a toujou rete verite. Lè nou chase lòm natirèl atravè alyans nou fè, nou rejwenn nou epi nou vin tounen pi bon vèsyon etènèl tèt nou2—lib, vivan, reyèl—epi nou etabli lyen ki pi enpòtan pou nou yo. Apatenans nan Alyans lan se fè ak kenbe pwomès nou fè Bondye ak pwomès youn fè lòt atravè òdonans sakre ki envite pouvwa divinite a manifeste nan lavi nou.3 Lè nou fè alyans ak tout noumenm, nou ka vin tounen plis pase sa nou ye a. Apatenans nan Alyans lan ba nou yon plas, yon rezon, ak kapasite pou nou chanje. Li pwodui lafwa ki mennen nan lavi ak sali a.4

Alyans diven yo vin tounen yon sous lanmou resipwòk pou noumenm ak Bondye, epi konsa, youn pou lòt. Bondye Papa nou ki nan Syèl la renmen nou plis e li konnen nou pi byen pase nou renmen oubyen konnen tèt nou. Lafwa nan Jezikri ak chanjman pèsonèl (repantans) pote mizerikòd, gras, padon. Bagay sa yo soulaje blesi, solitid, ak enjistis nou rankontre nan mòtalite a. Paske li se Bondye, Pè Selès nou an vle nou resevwa pi gran don Bondye a—lajwa li, lavi etènèl li a.5

Bondye nou an se yon Bondye alyans. Akoz nati li, Li “kenbe alyans epi Li montre mizerikòd,”6 Alyans li yo dire pwolonje “toutotan lè a poko pase, oubyen toutotan tè a egziste, oubyen toutotan gen yon moun sou tè a pou sove.”6 Nou pa destine pou nou mache nan lavi a tankou egare nan ensètitid ak dout, men pou nou rejwi nan relasyon alyans presye “ki pi solid pase chenn lanmò.”8

Òdonans ak alyans Bondye yo inivèsèl nan nesesite yo epi yo endividyèl nan reyalizasyon yo. Dapre jistis Bondye, tout moun nan tout kote ak nan tout epòk ka resevwa òdonans sali yo. Libabit aplike—tout moun gen dwa chwazi si wi ou non y ap aksepte òdonans ki disponib yo. Òdonans Bondye yo se pano sinyalizasyon sou wout alyans li a. Nou rele plan Bondye pou mennen pitit li yo retounen lakay li a plan redanmsyon, plan sali, plan bonè. Redanmsyon, sali, bonè selès posib paske Jezikri “te akonpli ekspyasyon pafè l la.”9

Apatni a Bondye epi mache youn ak lòt sou chemen alyans la se resevwa benediksyon ki genyen nan apatenans nou nan alyans lan .

Premyèman, apatenans nan alyans lan santre sou Jezikri kòm “medyatè nouvèl alyans lan.”10 Tout bagay ka travay ansanm pou byen nou lè nou “sanktifye nan Kris la … nan alyans Papa a.”11 Tout bon bagay ak tout benediksyon yo pwomèt yo disponib pou moun ki rete fidèl jiskalafen yo. “Eta bonè moun ki respekte kòmandman Bondye” sèke beni nan tout bagay, ni tanporèl, ni espirityèl,” epi yo “demere avèk Bondye nan … yon bonè ki p ap janm fini.”12

Si nou onore alyans nou yo, pafwa nou ka santi ke zanj antoure nou. E se yon reyalite—moun nou renmen yo ak moun ki beni nou yo sou bò vwal sa a, ak moun ki renmen epi ki beni nou sou lòt bò vwal la.

Resamman Sè Gong avèk mwen te wè yon egzanp touchan sou apatenans nan alyans nan yon chanm lopital. Yon jèn papa te dezespereman bezwen yon grèf nan ren. Fanmi li te kriye, jene, ak priye pou li pou l te ka jwenn yon ren. Lè yo te resevwa nouvèl la ke te gen yon ren ki te disponib pou sove lavi li, madanm ni te di tou dousman: ”Mwen espere lòt fanmi an OK.” Apatenans nan alyans lan vledi, dapre pawòl Apot Pòl yo, “ke mwen ka jwenn rekonfò ansanm avèk ou atravè lafwa nou mete asanm ak lafwa pa mwen.”13

Sou wout lavi a, nou gen dwa pèdi lafwa nan Bondye, men li pa janm pèdi lafwa nan nou. Se kòmsi limyè devan pòt li toujou limen. Li envite nou pou vini oubyen retounen nan alyans yo ki sou tout wout li a. L ap tann tou pare pou anbrase nou, menm lè nou “ankò byen lwen.”14 Lè nou chèche chema yo, trajektwa a, oubyen etap eksperyans nou yo avèk je lafwa, nou ka dekouvri mizerikòd Li ak ankourajman Li, espesyalman nan eprèv nou yo, lapenn nou, ak diifikilte nou yo, osibyen ke nan lajwa nou yo. Malgre souvan nou bite oswa tonbe, si nou kontinye avanse pou rive kote l, li pral ede nou, sou chak pa nou yo.

Dezyèman, Liv Mòmon an se yon prèv reyèl nou ka kenbe nan men nou lè n anbrase alyans lan. Liv Mòmon an se enstriman Bondye te pwomèt pou rasanbleman pitit Bondye yo, ki te pwofetize kòm yon nouvèl alyans la.15 Lè nou li nan Liv Mòmon an, pou tèt nou epi avèk lòt moun, kit se an silans oswa awotvwa, nou ka mande Bondye “avèk yon kè sensè, avèk entansyon reyèl, nan lafwa nan Kris,” epi pa pouvwa Sentespri a, nou ka resevwa asirans Bondye ke liv Mòmon an se verite.16 Sa enkli asirans ke Jezikri se Sovè nou, Joseph Smith se pwofèt Retablisman an, epi Legliz Senyè a pote non li—Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.17

Liv Mòmon an adrese l, atravè alyans ansyen ak modèn, a noumenm ki se pitit Leyi yo, “pitit pwofèt yo.”18 Zansèt nou yo te reswvwa pwomès alyans ke noumenm, desandan yo, nou t ap gen pou n rekonèt yon vwa ki sanble l soti nan tè a nan Liv Mòmon an.19 Vwa sa a nou santi lè n ap li liv sa a temwaye ke nou se “pitit alyans lan”20 epi Jezi se Bon Bèje nou.

Liv Mòmon an envite nou chak, nan pawòl Alma yo, pou nou antre “nan yon alyans avèk [Senyè a], pou [nou] sèvi li e respekte kòmandman l yo, pou l kapab vide Lespri l sou nou avèk plis abondans sou [nou].”20 Lè nou vle chanje pou vin pi bon moun—jan yon moun te di l, “pou n sispann mizerab epi pou nou kontan dèske nou kontan”—nou vin pare pou nou resevwa direksyon, èd, ak fòs. Pa alyans, nou ka vin konekte avèk Bondye epi avèk yon kominote kwayan fidèl epi resevwa benediksyon yyo pwomèt yo nan doktrin Kris la22imedyatman.

Otorite ak pouvwa prètriz retabli a pou beni tout pitit li yo se yon twazyèm dimansyon nan apatenans nou nan alyans lan. Nan dispansasyon sa a, Jan Batis ak Apot Pyè, Jak ak Jan te vini kòm mesaje glorifye Bondye te voye pou retabli otorite prètriz li a.23 Prètriz Bondye a ak òdonans li yo adousi relasyon yo sou tè a epi l ka sele relasyon alyans nou yo nan syèl la.24

Prètriz la ka literalman beni nou, soti nan bèso rive nan tonbo—kòmanse nan bay tibebe yon non pou rive nan konsekrasyon yon tonb. Bendiksyon prètriz yo geri, yo konsole, yo konseye. Yon papa te fache avèk pitit gason li, jiskaske lanmou pou l te padone te desann sou papa a pandan l t ap bay pitit gason l lan yon benediksyon prètriz. Kòm sèl manm Legliz la nan fanmi li, yon jènfi te gen dout sou lanmou Bondye pou li jiskaske l te resevwa yon benediksyon prètriz enspire. Nan tout mond lan, patriyach nòb ap prepare yo espirityèlman pou yo bay benediksyon patriyakal. Lè patriyach la mete men sou tèt ou, li santi epi eksprime lanmou Bondye pou ou. Li pwononse lineyaj ou nan kay Izrayèl la. Li revele w benediksyon Senyè a gen pou ou. Jan yo plen atansyon an, madanm yon patriyach te di m kijan limenm ak fanmi li envite Lespri a lakay yo, espesyalman nan jou kote papa a ap bay benediksyon patriyakal yo.

Finalman, benediksyon ki soti nan apatenans nou nan alyans lan vini lè nou suiv pwofèt Senyè a epi nou rejwi nan viv ak respekte alyans nou fè nan tanp yo, enkli nan maryaj. Maryaj nan alyans lan vin sen ak etènèl si, chak jou, nou chwazi bonè konjwen nou ak fanmi nou avan pa nou,. Lè “mwen” vin tounen “nou”, nou grandi ansanm. Nou vyeyi ansanm, nou rajeni ansanm. Lè nou beni youn lòt pandan tout yon lavi nan bliye tèt nou, n ap wè ke espwa nou ak lajwa nou sanktifye nan letan ak nan letènite.

Pandan ke sitiyasyon yo diferan, lè nou fè tout sa nou kapab, ak pi byen nou kapab, epi nou sensèman mande ak chèche èd li sou wout la, Senyè a ap gide nou, nan tan pa l ak nan fason pa li, atravè Sentespri a.25 Alyans maryaj yo se yon angajman resipwòk ki lye moun ki chwazi fè yo a—se yon rapèl de respè nou pou Bondye ak respè nou pou libabit ak benediksyon nou genyen pou nou resevwa èd li lè nou chèche sa ansanm.

Nou santi fwi apatenans nou nan alyans yo nan fwaye nou ak nan kè nou sou plizyè jenerasyon nan fanmi nou. Tanpri pèmèt mwen ilistre sa avèk kèk egzanp pèsonèl.

Lè Sè Gong avèk mwen te kòmanse tonbe damou epi nou t ap anvizaje maryaj, mwen te aprann kisa libabit ak pran desizyon te vke di. Pandan yon peryòd tan, nou t ap etidye nan de peyi diferan sou de kontinan diferan. M ka onètman di ke se poutèt sa k fè m te pran yon Doktora nan relasyon entènasyonal.

Lè m te mande, “Pè Selès, èske m ta dwe marye avèk Susan?” M te santi lapè. Men sete lè m te aprann priye avèk yon entansyon reyèl: “Pè Selès, mwen renmen Susan epi mwen vle marye avèk li. Mwen pwomèt ou ke m ap pi bon mari ak pi bon papa m ka ye”—se lè m te aji epi pran pi bon desizyon yo, sete lèsa a m te resevwa konfimasyon espirityèl ki te pi puisan yo.

Kounyea abjeneyalojik, istwa, ak foto fanmi Gong ak Lindsay nan sit FamilySearch la ede nou dekouvri ak konekte fanmi nou atravè eksperyans ki te fèt nan apatenans nan alyans lan, sou plizyè jenerasyon.26 Pou nou, genyen anpil zansèt nou respekte tankou:

Imaj
Alice Blauer Bangerter

Aryè granmè nou, Alice Blauer Bangerter, ki te jwenn twa demand maryaj nan yon sèl jou, epi nan apre ki te mande mari li pou l te ranje pedal moulen mantèg li a yon fason pou l te ka prepare mantèg, trikote, epi fè lèkti an menm tan.

Imaj
Loy Kuei Char

Aryè granpè nou, Loy Kuei Char, te pote pitit li yo sou do li epi l te mete kèk byen fanmi li te genyen sou do yon bourik pou l te travèse rejyon volkanik Gran Zile Awayi a. Angajman ak sakrifis anpil jenerasyon nan fanmi Char yo beni fanmi nou jodia.

Imaj
Mary Alice Powell Lindsay

Grann Mary Alice Powell Lindsay te rete avèk senk jèn timoun lè mari l ak pi gran pitit gason l lan te mouri sibit nan lespas kèlke jou. Kòm yon vèv pandan 47 ane, Gram te elve fanmi li avèk soutyen eman dirijan lokal yo ak manm yo. Pandan ane sa yo, Gram te pwomèt Senyè a ke si l te ede li, li pa t ap janm plenyen. Senyè a te ede li. Li pa t janm plenyen.

Frè m ak sè m yo, jan Sentespri a temwaye a, tout sa ki bon ak etènèl santre sou reyalite vivan Bondye Papa Etènèl nou an ak Pitit gason l lan, Jezikri, ak Ekspyasyon l lan. Senyè nou an, Jezikri, se Medyatè nouvo alyans la. Temwaye de Jezikri se youn nan bi alyans nan Liv Mòmon an.27 Atravè sèman ak alyans, otorite prètriz retabli a se yon mwayen pou beni tout pitit Bondye, enkli atravè maryaj ki fèt nan alyans, atravè jenerasyon fanmi yo, epi atravè benediksyon endividyèl.

Sovè nou an deklare, “Mwen se Alfa ak Omega, Kris Senyè a; wi, m se limenm menm, kòmansman an ak lafen an, Redanmtè mond lan.”28

Depi nan kòmansman an avèk nou, Li rete avèk nou nan tout efò pou nou anbrase alyans yo, jiskalafen. Mwen temwaye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.