2010–2019
Retwouve atravè Pouvwa Liv Mòmon an
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Retwouve atravè Pouvwa Liv Mòmon an

Tout moun ta dwe fè eksperyans pouvwa verite yo ki nan Liv Mòmon an epi retwouve gras avèk yo.

Lè m ap vizite lakay yo, youn nan kesyon prefere ke m poze moun ki konvèti yo se kijan yo menm ak fanmi yo te aprann osijè Legliz la ak kijan yo te vin fè batize. Sa pa enpòtan si nan moman an moun nan se yon manm aktif oubyen li pa t vin legliz pandan dèzane. Repons lan se toujou menm nan: Avèk yon souri sou vizaj yo ki klere, yo kòmanse rakonte kijan yo te fè retwouve. Anfèt, sanble ke istwa konvèsyon an se toujou istwa sou kijan yo te twouve nou.

Jezikri Li menm se Mèt bagay ki pèdi. Li sousye pou bagay ki pèdi. Se siman poutèt sa li te ansenye twa parabòl nou jwenn nan 15zyèm chapit Likla: parabòl brebi pèdi a, kòb ki pèdi a, epi, finalman, anfan pwodig la. Chak istwa sa yo gen yon denominatè komen: rezon k fè yo te pèdi a pa enpòtan. Sa pa enpòtan menmsi yo te konnen ke yo te pèdi. Nan fen twa parabòl sa yo, gen yon santiman lajwa siprèm ki egziste ki di: “Rejwi avèk mwen; paske mwen jwenn [sa] k te pèdi a.”1 Alafen, pa gen anyen ki vrèman pèdi pou Li.2

Kite m pataje avèk nou youn nan bagay ki pi presye pou mwen—istwa kijan mwenmenm yo te twouve m.

On ti tan anvan m te gen 15 an, tonton m, Manuel Bustos te envite m vin pase yon ti tan avèk li ak fanmi l isit la nan Etazini. Sa t ap yon bèl opòtinite pou m te aprann yon ti Anglè. Tonton m te konvèti nan Legliz la depi plizyè ane, e li te toujou gen yon gran espri misyonè. Se pwobableman poutèt sa, san m pa t konnen, manman m te pale avèk li epi l te di l ke l t ap dakò pou envitasyon a yon sèl kondisyon: ke l pa eseye konvenk mwen pou m vin yon manm Legliz li a. Nou te katolik pandan dè jenerasyon, e pa t gen okenn rezon pou n te chanje. Tonton m te dakò epi li te kenbe mo l la nan pwen ke l pa t vle reponn menm kesyon ki te pi senp m te genyen konsènan Legliz la.

Natirèlman, sa tonton m ak madanm ni, Marjorie, pa t ka evite, sèke yo te moun ke yo te ye a.3

Yo te mete m nan yon chanm ki te gen yon gwo bibliyotèk plen liv. M te wè te gen apeprè 200 Liv Mòmon an nan plizyè lang, epi 20 ladan yo te an Espanyòl.

Yon jou, pa kiryozite, m te pran yon kopi Liv Mòmon an an Espanyòl.

Imaj
Liv Mòmon an an Espanyòl

Se te youn nan kopi ki te gen yon kouvèti ble syèl, ak zanj Mowoni sou kouvèti a. Lè m te ouvri l, nan premye paj la pwomès sa a te ekri: “Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a.”

Epi li te ajoute: “Epi, pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay”4

Li difisil pou m eksplike enpak ekriti sa yo te fè sou lespri m ak sou kè m. A vrè di, m pa t ap chèche “laverite.” M te jis yon tinedjè, ki te kontan ak lavi li, ki t ap savoure nouvo kilti sa a.

Men, ak pwomès sa a nan lespri m, sekrètman m te kòmanse li liv la. Amezi m t ap li a, m te konprann ke si m te reyèlman anvi tire yon bagay nan liv sa a, m ta dwe kòmanse priye. E, nou tout konn kisa k rive lè nou deside pou nou non sèlman limen priye tou osijè Liv Mòmon an. E byen, se sa k te rive m. Se te yon bagay tèlman spesyal e tèlman ekstraòdinè—wi, menmjan ak sa k rive dè milye moun nan kat kwen mond lan. M te vin konnen pa pouvwa Sentespri a ke Liv Mòmon an te verite.

Apre sa m t al kot tonton m pou m te eksplike l sa k te pase a epi pou m te di l ke m te pare pou m batize. Tonton m pa t kapab kache sezisman li. Li te monte machin ni, li pati al ayewopò a, epi apresa l te retounen avèk yon tikè avyon pou l te voye m retounen lakay mwen, avèk yon nòt adrese a manman m ki te di tou senpleman, “M pa gen anyen pou m wè avèk bagay sa a!”

Nan yon sans li te gen rezon. Se pouvwa Liv Mòmon an dirèkteman ki te retwouve m.

Gen dwa gen anpil moun misyonè mèveye nou yo retwouve atravè tout mond lan, nan chak, pa mwayen mirakile. Oubyen petèt yo retwouve gras ak zanmi Bondye delibereman mete sou chemen yo. Yo gen dwa menm te twouve gras ak yon moun nan jerasyon sa a oubyen atravè youn nan zansèt yo.5 Kèlkeswa ka a, pou yo pwogrese al nan yon vrè konvèsyon pèsonèl, pi bonè olye de pi ta, yo tout dwe fè eksperyans epi avèk pouvwa verite ki nan Liv Mòmon yo epi retwouve yo. An mèm tan, yo dwe pran desizyon pèsonèl pou yo pran yon angajman serye avèk Bondye ke y ap efòse yo pou yo respekte kòmandman L yo.

Lè m te retounen Buenos Aires, manman m te reyalize ke m te vle batize toutbon. Paske m te yon tijan rebèl pafwa, olye ke l te opoze avèk sa, li te sajman dakò avèk mwen. Epi, san m pa t menm rann mwen kont, li te fè m entèvyou batèm nan. Anfèt, m panse antrevi l la te menm pi pwofon pase sa misyonè nou yo fè a. Li te di m: “Si w vle batize, m ap sipòte w. Men toudabò m pral poze w kèk kesyon e m ta renmen w reflechi anpil epi reponn mwen onètman. Èske w pran angajman pou w al legliz chak Dimanch san mank?”

M te di l, “Wi, natirèlman, m ap fè sa a.”

“Èske w gen okenn ide sou konbyen tan reyinyon legliz yo dire?“

M te di, ”Wi, m konnen.”

Li te reponn, “Ebyen si w batize, m pral asire m ke w al legliz.” Apresa li te mande m si toutbon vre m te dispoze pou m pa t janm bwè alkòl ni fimen.

M te reponn:, “Wi, natirèlman, m ap respekte sa tou.”

Apresa li te ajoute, “Si w batize, m pral asire m ke w fè sa.“ Epi li te kontinye fè sa pou prèske chak kòmandman.

Tonton m te rele manman m pou l te di l pou l pa fatige l, ke trè byento m t ap sispann pale de tout bagay sa yo. Katran apre, lè m te resevwa apèl mwen pou m te sèvi nan misyon Uruguay nan Montevideo a, manman m te rele tonton m pou l te mande l ekzakteman kilè m ap sispann pale de tout bagay sa yo. Laverite a sèke depi lè m te fin batize a, kè manman m te pi kontan.

M te vin konnen ke Liv Mòmon an esansyèl nan pwosesis konvèsyon an paske m te fè eksperyans lan pou tèt pa m avèk pwomès ke “yon moun t ap vin pi pre Bondye si l respekte presèp li yo.”6

Nefi te eksplike objektif santral Liv Mòmon an nan fason sa a:

“Paske nou travay avèk dilijans pou nou ekri, pou nou pèsyade pitit nou yo ak frè nou yo, pou yo kwè nan Kris la, epi pou yo rekonsilye ak Bondye. …

“Se poutèt sa “nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, [epi] nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, … pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”7

Tout Liv Mòmon an chaje ak menm objektif sakre sa a.

Pou rezon sa a, nenpòt kimoun ki pran angajman pou l fè yon etid sensè sou li, avèk yon espri lapriyè, l ap non sèlman aprann osijè Kris la men l ap aprann nan men Kris la tou—espesyalman si l pran desizyon pou l “eseye vèti pawòl la”9 epi pa rejte li twò bonè akoz prejije moun enkwayan9 nan pote atansyon a sa lòt moun ap di sou bagay yo pa janm menm li.

Prezidan Russel M. Nelson te di: “Lè m ap reflechi sou Liv Mòmon an, m panse avèk mo pouvwaa. Verite nan Liv Mòmon yo gen pouvwa pou yo geri, rekonfòte, restore, ede, fòtifye, konsole, epi fè nanm nou kontan.”7

Envitasyon m aprèmidi a se pou nou chak, kèlkeswa kantite tan nou genyen kòm manm Legliz la, kite pouvwa verite yo ki nan Liv Mòmon an vin jwenn nou epi anbrase nou ankò, epi jou apre jou, pandan n ap chèche revelasyon pèsonèl ak dilijans. Si nou pèmèt li, l ap fè sa.

Mwen temwaye solanèlman ke Liv Mòmon an gen plenitid levanjil Jezikri a epi Sentespri a ap konfime verite a ankò epi ankò a tout moun ki ap chèche konesans pou sali nanm yo avèk yon kè sensè.11 Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Lik 15:6; gade tou Lik, vèsè 15: 9, 32.

  2. Nan vrè sans yo, ekriti yo rakonte pwofesi ki pale de rasanbleman dis tribi pèdi Izrayèl yo (gade Russell M. Nelson, “Rasanbleman Izrayèl Dispèse a,” Liahona, Nov. 2006, 79–82). Menmsi yo pèdi, yo pa pèdi pou Li (gade 3 Nefi 17:4). Epitou, sa enteresan pou nou note ke yo pa reyalize ke yo te pèdi jiska lè yo jwenn yo a, espesyalman lè yo resevwa benediksyon patriyakal yo.

  3. Èldè Dieter F. Uchtdorf te site Saint François d’Assises lè l te di: “Preche levanjil la tout tan e si nesesè, itilize pawòl” (“Tann sou Wout Damas la,” Liahona, Me 2011, 77; gade tou William Fay ak Linda Evans Shepherd, Share Jesus without Fear [1999], 22).

  4. Mowoni 10:4–5.

  5. Istwa konvèsyon zansèt nou an se pwòp istwa pa nou tou. Èldè William R. Walker te anseye: “Sa t ap yon bagay mèveye si chak Sen Dènye Jou ta konn istwa konvèsyon zansèt yo” (“Live True to the Faith,” Liahona, Me 2014, 97). Konsa, nou tout retwouve nan yon sèten fason, dirèkteman oubyen atravè zansèt nou, gras ak Pè Selès nou an, ki konn fen an depi nan kòmansman (gade Abraham 2:8).

  6. Entwodiksyon Liv Mòmon an; gade tou Alma 31:5.

  7. 2 Nefi 25:23, 26.

  8. Alma 31:5.

  9. Gade Alma 32:28.

  10. Russell M. Nelson, “Liv Mòmon an: Kisa lavi w t ap ye san limenm?Liahona, Nov. 2017, 62.

  11. Gade 3 Nefi 5:20.