2010–2019
De Gran Kòmandman yo
Konferans Jeneral Oktòb 2019


De Gran Kòmandman yo

Nou dwe efòse n pou nou respekte de gran kòmandman yo. Pou nou fè sa, nou dwe suiv yon liy trè mens ant lwa a ak lanmou.

Chè sè m yo nan levanjil Jezikri a, mwen salye nou kòm gadyèn nan tach Bondye ba nou pou pwoteje fanmi etènèl la. Prezidan Russelll M. Nelson te anseye nou: “Legliz sa a te retabli pou fanmi te kapab fòme, sele, epi egzalte etènèlman.”1 Ansèyman sa a gen enplikasyon enpòtan pou moun ki idantifye tèt yo kòm lesbyèn, omoseksyèl, biseksyèl, oswa transjandè yo ke yo souvan rele LGBT.2 Prezidan Nelson te raple nou tou ke nou pa “oblije [toujou] dakò youn ak lòt pou nou youn renmen lòt.”3 Ansèyman pwofesik sa yo enpòtan pou diskisyon familyal nou yo paske yo pèmèt nou reponn kesyon timoun yo ak jèn yo genyen. Mwen te priye pou m te ka chèche enspirasyon pou m pale avèk asanble sa a paske se noumenm ki patikilyèman afekte pa kesyon sa yo, ki dirèkteman oswa endirèkteman afekte chak fanmi nan legliz la.

I.

M ap kòmanse ak de gran kòmandman Jezi te anseye yo.

“Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.

“Sa a se premye ak pi gran kòmandman an.

“Epi dezyèm nan menmjan avèk li, Se pou ou renmen pwochen ou menmjan ou renmen tèt ou.”4

Sa vledi ke yo kòmande nou pou nou renmen tout moun, puisque parabòl Jezi a sou bon Samariten an anseye ke tout moun se pwochen nou.5 Men, zèl nou pou n respekte dezyèm kòmandman an pa dwe lakoz nou bliye premye a, ki se renmen Bondye ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lide nou. Nou montre amou sa a nan “respekte kòmandman l yo.”6 Bondye mande pou nou obeyi kòmandman l yo paske se sèlman atravè obeyisans, notamman repantans, ke nou ka retounen al viv nan prezans li epi vin pafè jan l pafè a.

Nan yon diskou resan nan Inivèsite Brigham Young, Prezidan Russell M. Nelson te pale de sa l te rele “gwo koneksyon ant amou Bondye ak lwa l yo.”7 Lwa ki aplike pi plis nan pwoblèm ki anrapò avèk moun ki idantifye tèt yo kòm LGBT yo se lwa maryaj Bondye a ak sa ki asosye avèk li a ki se lwa chastete a. Toulède lwa sa yo esansyèl nan plan sali Pè Selès la pou pitit li yo. Jan Prezidan Nelson te anseye: “Lwa Bondye yo motive totalman pa amou enfini li pou nou ak dezi li pou nou vin tout sa nou kapab devni.”8

Prezidan Nelson te ajoute: “Anpil peyi … legalize maryaj ant moun menm sèks. Antanke manm Legliz la, nou respekte lwa peyi yo … , enkli maryaj sivil. Sepandan, verite a sèke, depi nan kòmansman, se Bondye ki te òdone maryaj! Epi rive jiska jodia, se limenm ki defini l kòm yon inyon ant yon gason ak yon fi. Bondye pa chanje definisyon Li te bay pou maryaj la.”

Prezidan Nelson te kontinye: “Bondye pa chanje lwa chastete a nonplis. Kondisyon pou n antre nan tanp yo pa chanje.”9

Prezidan Nelson te raple nou tout ke “tach nou kòm Apot se anseye laverite. Tach sa a pa bay [Apot yo] otorite pou modifye lwa divin nan.”10 Donk, dirijan yo nan Legliz la dwe toujou anseye enpòtans unique maryaj ant yon gason ak yon fi a ak lwa chastete a ki mache avèk li.

II.

An definitif, travay Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pou prepare pitit Bondye yo pou wayòm selès la, e pi patikilyèman pou laglwa ki pi wo ladan l lan, egzaltasyon oswa lavi etènèl. Destine siprèm sa a posib sèlman atravè maryaj pou letènite.11 Lavi etènèl enkli pouvwa kreyatè ki enseparab nan asosyasyon fi ak gason an12—sa revelasyon modèn nan dekri kòm “kontinyasyon posterite pou toujou e ajamè.”13

Nan diskou l te fè pou jèn adilt yo, Prezidan Nelson te anseye: “Si nou respekte lwa Bondye yo, sa ap pwoteje nou pandan n ap avanse sou chemen k ap finalman mennen nou nan egzaltasyon an.”14—ki vle di, pou nou vin menmjan avèk Bondye, avèk lavi egzalte ak potansyèl Paran Selès nou yo. Sa se destine nou vle pou tout moun nou renmen. Poutèt amou sa a, nou pa ka kite amou nou pran pye sou kòmandman yo ak plan ak travay Bondye a, ke nou konnen k ap pote pi gwo bonè a pou moun nou renmen yo.,

Men gen anpil nan moun nou renmen yo, enkli kèk ki konn levanjil retabli a, ki pa kwè oubyen ki chwazi pou yo pa suiv kòmandman Bondye yo konsènan maryaj ak lwa chastete a. Kisa k ap pase avèk yo?

Doktrin Bondye a montre ke nou tout se pitit li epi li kreye nou pou n ka gen lajwa.15 Revelasyon modèn nan anseye ke Bondye te prepare yon plan pou nou vini nan yon eksperyans nan mòtalite a kote nou tout ka chwazi obeyisans pou nou ka jwenn pi gwo benediksyon l yo oubyen fè chwa k ap mennen nou nan youn nan wayòm ki mwens gloriye yo.16 Akoz gwo lanmou Bondye pou tout pitit li yo, bote wayòm ki mwens gloriye sa yo mèveye kanmèm, plis pase sa moun mòtèl ka konprann.17 Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann rann tout sa posib, paske li “glorifye Papa a, epi sove tout zèv men l yo.18

III.

Mwen sot pale de premye kòmandman an, men e dezyèm nan? Kijan nou ka respekte kòmandman pou nou renmen pwochen nou an? N ap chèche pèsyade manm nou yo ke nou dwe trete moun k ap suiv ansèyman ak aksyon mouvman LGBT yo: lesbyèn, omoseksyèl, biseksyèl, oswa transjandè yo avèk lanmou Sovè a kòmande nou pou nou manifeste pou tout pwochen nou an. Konsa, lè yo te legalize maryaj ant moun menm sèks yo nan Etazini, Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te deklare: “Levanjil Jezikri a anseye nou pou nou renmen tout moun epi trete tout moun avèk jantiyès ak koutwazi—menm lè nou pa dakò avèk yo. Nou afime ke nou pa ta dwe trete moun ki adopte lwa oubyen desizyon lajistis pran pou otorize maryaj menm sèks yo avèk mank respè.”19

Epitou, nou pa dwe janm pèsekite moun ki pa pataje kwayans nou ak angajman nou yo.20 Malerezman, gen kèk moun k ap fè fas ak pwoblèm sa yo ki kontinye santi ke kèk manm ak dirijan nan fanmi nou, nan pawas nou, ak nan pieu nou yo izole yo ak rejte yo. Nou tout dwe eseye pou nou pi janti ak pi koutwa.

IV.

Pou dè rezon ke nou pa konprann, nou chak gen eprèv diferan nan mòtalite a. Men nou konnen Bondye ap ede nou chak simonte eprèv sa yo si nou sensèman chèche èd li. Apre nou fin soufri epi repanti paske nou vyole lwa yo anseye nou yo, nou tout destine pou n al nan yon wayòm laglwa. Jijman dènye a pral pwononse pa Senyè a, ki se sèl moun ki posede konesans, sajès, ak gras pou jije nou chak la.

An atandan, nou dwe efòse nou pou nou respekte de gran kòmandman yo. Pou nou fè sa, nou dwe suiv sou yon liy trè mens ant lwa a ak lanmou—pandan n ap respekte kòmandman yo epi mache sou chemen alyans lan, pandan ke n ap renmen pwochen nou yo sou chemen an. Mach sa a mande pou nou chèche enspirasyon divin pou n ka konn kisa pou nou soutni ak kisa pou nou opoze ak ki fason pou nou renmen ak koute avèk respè ak anseye nan pwosesis la. Mach nou an mande pou nou pa konpwomèt kòmandman yo men pou nou montre tout konpreyansyon ak tout lanmou nou. Mach nou an dwe gen konsiderasyon pou timoun ki pa sèten de oryantasyon seksyèl yo, men nou dwe evite kole yon etikèt twò vit paske, avèk laj, ensètitid sa a vin grandman disparèt nan pifò nan timoun yo.21 Mach nou an dwe fè nou opoze a sa k ap detounen nou de chemen alyans lan epi pou nou pa soutni okenn moun k ap elwanye nou de Senyè a. Nan tout bagay sa yo, nou dwe sonje ke Bondye pwomèt esperans ak lajwa ak benediksyon alafen pou tout moun ki kenbe kòmandman l yo.

V

Manman yo ak papa yo ak nou tout gen responsablite pou nou anseye de gran kòmandman yo. Pandan l t ap pale avèk fi yo nan Legliz la, Prezidan Spencer W. Kimball te dekri devwa sa a nan gwo pwofesi sa a: “Pi gwo pati nan gran pwogresyon Legliz la pral genyen nan dènye jou yo se pral paske anpil bon fi jis nan mond lan … ap vin antre legliz la an gran kantite. Sa ap fèt si fi yo nan Legliz la reflete jistis ak ekilib nan lavi yo nan degre ke moun ap wè fi yo nan Legliz la kòm moun ki diferan---nan bon sans---avèk fi nan mond lan. … Konsa, fi egzanplè yo nan Legliz la pral yon fòs siyifikan pou kwasans nimerik ak pwogresyon espirityèl Legliz la nan dènye jou yo.”22

An palan de pwofesi sa a, Prezidan Russell M. Nelson te deklare ke “jou sa a Prezidan Kimball te predi a se jodia. Nou se fi sa yo li te wè a!.”23 Lè nou te tande pwofesi sa a, sa gen 40 ane a, nou pa t menm reyalize ke pami moun fi sa yo nan Legliz la t apral gen pou yo sove a t ap gen pwòp bon zanmi yo ak pwòp fanmi pa yo ki jodia enfliyanse pa priyorite mond lan ak defòmasyon dyabolik sou laverite yo. Priyè m ak benediksyon mwen se pou nou anseye ak aji pou nou ka akonpli pwofesi sa a, nan non Jezikri, amèn.