2010–2019
Bay Espri nou Kontwòl Sou Kò nou
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Bay Espri nou Kontwòl Sou Kò nou

Youn nan bagay ki pi enpòtan nou ka aprann nan lavi sa a se fason pou nou mete nati espirityèl etènèl nou an valè epi kontwole move dezi nou yo.

Chè frè m ak sè m yo, lè konferans jeneral t ap apwoche an Oktòb ane pase, m te prepare diskou konferans mwen pou m te souliyen 100 tyèm anivèsè vizyon mond dèzespri a Prezidan Joseph F. Smith te fè 3 Oktòb 1918 la.

Kèlke jou apre m te voye diskou m nan ale pou tradiksyon, konpay etènèl byeneme m nan, Barbara, te fini mizaleprèv li nan mòtalite a epi l t ale nan mond dèzespri a.

Jou yo pase vin tounen semèn, mwa apresa, epi kounyea, ennan depi lanmò Barbara, m twouve m ap plis apresye ekriti sa a: “Nou dwe viv ansanm avèk amou, pou nou menm kriye pou moun ki mouri, espesyalman pou moun ki pa despere yon rezirèksyon gloriye.”1 Barbara avèk mwen te gen benediksyon pou n te “viv ansanm nan lanmou” pandan 67 tan. Men, mwen aprann pèsonèlman kisa sa vle di pou n “kriye lè nou pèdi” moun nou renmen. O, ala m renmen l e ala m sonje li!

M sipoze pifò nan nou pa totalman apresye sa lòt moun fè pou nou jiskaske yo ale kite lavi sa a. M te konnen Barbara te toujou okipe, men m pa t totalman konprann konbyen fanmi an, Legliz la, ak kominote a te akapare tan li. Yo sete efò l te konsakre chak jou, ki te repete dè milye fwa atravè ane yo ki te kenbe fanmi nou ap byen fonksyone. E pandan tout ane sa yo, pèsonn nan fanmi nou pa t janm te tande l leve vwa l ni di yon pawòl ki pa t janti.

Pil souvni yo te vide sou mwen pandan ane k sot pase a. M te panse ak chwa difisil fizikman li te fè pou l te yon manman sèt pitit la. Manman nan fwaye l sete sèl karyè li te toujou anvi, epi li sete yon gwo pwofesyonèl nan tout aspè ladan l.

Souvan, m te konn ap mande m kijan l te fè rive okipe tout pitit nou yo ak mwenmenm. Preparasyon manje poukont li sete yon tach vrèman difisil, san mansyone aktivite tankou pil lesiv fanmi nou te genyen chak semèn, kenbe soulye ak rad nan tay apwopriye a pou timoun yo. Nou tout te konn konte sou li pou yon pakèt lòt bagay ki te enpòtan pou nou. E, paske yo te enpòtan pou nou, yo te enpòtan pou li tou. Anfen, li te fantastik—kòm yon madanm, yon manman, yon zanmi, yon vwazen, epi kòm yon pitit fi Bondye.

Kounyea li kite nou an, mwen kontan dèske m te chwazi pou m te chita bò kote l lè m te konn rantre lakay nan dènye mwa lavi l yo, pou m te kenbe men li pandan nou t ap gade fen kèk nan komedi mizikal li te pi renmen yo—san rete paske maladi Alzheimer te anpeche l sonje ke l fèk te gade yo jou aprèmidi anvan an. Souvni moman espesyal kenbe men sa yo presye pou mwen kounyea.

Frè m ak sè m yo, tanpri, pa rate okazyon pou nou gade nan je manm fanmi nou avèk amou. Pitit ak paran, lonje lamen youn bay lòt epi eksprime lanmou nou ak apresyasyon nou. Tankou mwen, gen kèk nan nou k ap reveye yon jou pou n dekouvri ke moman pou kominikasyon si enpòtan sa yo pase. Viv chak jou ansanm avèk kè nou ranpli ak rekonesans, bon souvni, sèvis, ak anpil lanmou.

Pandan tout ane pase sa a, m te medite pi plis pase janm te konn fè anvan sou plan Papa nou ki nan Syèl la. Nan ansèyman l te bay pitit gason l Koryanton, Alma te fè referans ak plan sa a kòm “gwo plan bonè a.”2

Mo ki toujou vin nan lespri m chak fwa m ap panse ak plan sa a se “reyinyon.” Se yon plan, prepare pa yon Papa eman ki nan Syèl la, ke aspè santral li se posiblite gloriye yon reyinyon familyal—pou nou reyini etènèlman, kòm mari ak madanm, paran ak pitit, jenerasyon apre jenerasyon, andedan kay Bondye a.

Panse sa a pote rekonfò pou mwen ak asirans ke m ap avèk Barbara ankò. Byenke kò l ak mantal li te nan soufrans lè l t ap apwoche fen lavi li, espri l te fò, nòb, ak pur. Li te prepare tèt li nan tout bagay pou ke lè jou a rive, li ka kanpe devan “bèl tribinal plezan Bondye a,”3 ranpli ak konfyans ak asirans pezib. Men, men mwen, ki pral gen 91 zan nan de jou, e m ankò ap mande m: “Eske m pare?” Eske m fè tout sa m dwe fè pou m kapab gen chans pou kenbe men l ankò?”

Verite debaz ki pi senp ak pi sèten nan lavi a se sa a: nou tout gen pou n mouri. Keseswa nou mouri granmoun oubyen jèn, fasil oubyen anba soufrans, rich oubyen pòv, antoure ak lanmou oubyen poukont nou, okenn moun p ap chape anba lanmò.

Sa gen kèk ane, Prezidan Gordon B. Hinckley te di yon bagay ki patikilyèman siyifikan osijè sa: “Ala yon bèl asirans, ala yon lapè rekonfòtan sa ye dèske nou gen konesans ke si nou marye byen epi nou viv byen, relasyon nou ap kontinye, malgre sètitid lanmò ak pasaj tan an.”4

Mwen sètènman te marye byen. Pa gen okenn dout sou sa. Men sa pa ase, selon Prezidan Hinckley. M oblije viv byen tou.5

Jodia, konsèp “viv byen” an ka pote konfizyon, espesyalman si nou pase anpil tan nan medya sosyal, kote nenpòt moun ka deklare dè verite oubyen dè fo konsèp sou Bondye ak sou plan l pou pitit Li yo. Erezman, manm Legliz yo gen prensip Levanjil etènèlman vrè yo ki pèmèt nou konnen kijan pou nou viv pou nou ka pi byen prepare lè nou mouri.

Kèlke mwa anvan m te fèt, granpapa m, Eldè Melvin J. Ballard, ki te yon Apot, te bay yon diskou ki, pou anpil moun, te pafètman kapte siyifikasyon pou nou viv byen an. Diskou a, ki te rele “Lit pou nanm nan,” te konsantre sou batay san rete ant kò fizik nou ak espri etènèl nou an.

Li te di: “Pi gwo konfli anpil gason ak fi ap janm gen pou yo travèse … se ap batay kont yomenm nan,” epi l te eksplike ke Satan (enmi nanm nou an) atake nou pa mwayen “dezi, apeti, ak anbisyon lachè yo”6 Konsa, batay prensipal la se ant nati divin nou ak nati espirityèl nou ak nati chanèl nou. Frè m ak sè m yo, sonje, nou ka resevwa èd espirityèl atravè enfliyans Sentespri a ki ka “anseye nou tout bagay.”7 Nou ka jwenn èd atravè pouvwa prètriz la ak benediksyon prètriz yo tou.

Kounyea, m ap mande nou: “Kijan batay sa a ap dewoule pou nou chak?”

Prezidan David O. McKay te di: “Egzistans terès lòm se jis yon tès pou ka wè si l ap konsantre efò l, lespri l, nanm ni, sou bagay ki kontribye nan konfò ak satisfaksyon nati fizik li, oubyen si l ap chwazi chèche akeri kalite spirityèl kòm objektif lavi li.”8

Batay sa a ant nati chanèl ak nati spirityèl nou an se pa yon nouvo bagay. Nan dènye diskou li te fè pou pèp li a, Wa Benjamen te ansenye ke “Lòm natirèl la se enmi Bondye, se sa li te ye depi nan chit Adan an, epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa soumèt li bay anba enfliyans Sentespri a, e si li pa retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a.”9

Apot Pòl te anseye ke “moun ki viv selon lachè yo sousye de bagay lachè; men moun ki viv selon Lespri yo, yo sousye de bagay Lespri.

“Paske posede lespri chanèl se lanmò; men posede lespri spirityèl se lavi ak lapè.”10

Sa klè pou mwen ke youn nan bagay ki pi enpòtan nou ka aprann nan lavi sa a se fason pou nou mete aksan sou nati espirityèl etènèl nou epi kontwole move dezi nou yo. Sa pa ta dwe difisil. Apretou, espri nou, ki te egziste byen lontan pase kò fizik nou, deja reyisi nan chwazi byen olye de mal la nan egzistans premòtèl la. Anvan tè sa a te fòme, nou te viv nan mond espri premòtèl la kòm pitit gason ak pitit fi Paran Selès, ki te renmen nou e ki kontinye renmen nou jiska jodia.

Epi wi, nou te pran desizyon ak chwa ki te chanje lavi nou nan kondisyon premòtèl sa a. Chak moun ki te janm viv oubyen ki ap janm gen pou l viv sou planèt sa a te pran desizyon enpòtan pou l te chwazi aksepte plan sali Papa nou ki nan Syèl la. Konsa, nou tout te vin sou tè a avèk yon rejis sou antesedan nou ki pwouve ke nou gen yon nati spirityèl plen siksè ak yon destine etènèl.

Panse sou sa pou yon ti moman. Se sa nou reyèlman ye, epi se sa nou te toujou ye: yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye, ki gen rasin spirityèl ki plante nan letènite ak yon fiti ranpli ak posiblite enfini. Nou se—toudabò e anvan tou, epi toujou—yon èt spirityèl. Epi konsa, lè nou chwazi pou nou mete nati chanèl nou sou tèt nati spirityèl nou, nou chwazi yon bagay ki kontrè avèk vrè moun spirityèl nou reyèlman ye a.

Poutan, pa gen okenn dout ke lachè a ak dezi terès yo ka konplike sa lè pou n pran desizyon. Akoz yon vwal oubli ki egziste ant mond lespri premòtèl la ak mond mòtèl sa a, nou ka bliye relasyon nou avèk Bondye ak nati spirityèl nou, epi nati chanèl nou an ka bay priyorite sou sa nou vle kounyea menmyo. Aprann chwazi bagay Lespri yo olye de bagay lachè yo se youn nan rezon prensipal ki fè eksperyans terès sa a fè pati plan Pè Selès la. Se rezonk fè plan an bati sou fondasyon solid Sakrifis Ekspyatwa Senyè ak Sovè nou an, Jezikri tou, pou nou ka simonte peche nou, enkli erè nou komèt lè nou sikonbe anba lachè yo, atravè repantans konstan epi pou n ka viv konsantre sou bagay espirityèl yo. Jodi a se moman pou nou kontwole apeti fizik nou yo pou n ka konfòme nou ak doktrin spirityèl Kris la. Se poutèt sa nou pa dwe ranvwaye jou repantans nou.11

Konsa, repantans vin yon zàm endispansab nan batay nou avèk tèt nou an. Nan dènye konferans jeneral la, Prezidan Russell M. Nelson te fè referans ak batay sa a epi l te raple nou ke “lè nou chwazi pou n repanti, nou chwazi pou n chanje! Nou pèmèt Sovè a transfòme nou vin yon pi bon vèsyon tèt nou. Nou chwazi pou nou grandi spirityèlman e resevwa lajwa—lajwa redanmsyon nan li pote a. Lè nou chwazi pou n repanti, nou chwazi pou n vin plis tankou Jezikri!”12

Chak swa, lè m ap repase jounen m nan priyè m ap fè Papa m ki nan Syèl la, mwen mande l pou l padone m si m te fè yon bagay mal epi m pwomèt li pou m eseye fè pi byen demen. Mwen kwè ke repantans regilye chak jou sa a ede lespri m raple kòm kiyès ki anchaj tèt mwen.

Yon lòt mwayen tou se opòtinite nou genyen chak semèn pou nou tout rafrechi tèt nou spirityèlman an nan pran sentsèn an souvni Sakrifis Ekspyatwa ak lanmou Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, genyen pou nou.

Frè m ak sè m yo, mwen ankouraje nou pou nou pran yon ti tan jodia pou nou reflechi sou kisa nou pral fè pou venk nati chanèl nou epi ranfòse nati divin spirityèl nou pou ke, lè moman an rive, nou ka ale nan mond dèzespri a al nan bèl reyinyon avèk moun ki chè pou nou yo—pou sa mwen temwaye e m priye enbleman nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.