2010–2019
Vini, Suiv Mwen—Strateji ak Plan Prevansyon Senyè a
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Vini, Suiv Mwen—Strateji ak Plan Prevansyon Senyè a

Senyè a ap prepare pèp Li a kont atak advèsè a. Vini, Suiv Mwen an se strateji ak plan prevansyon Senyè a

Nou rejwi pou n reyini ansanm nan gran konferans jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Se yon benediksyon pou nou resevwa panse ak volonte Senyè a atravè ansèyman pwofèt ak apot Li yo. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt aktyèl Senyè a. Nou rekonesan anpil pou konsèy ak direksyon enspire l yo nou resevwa jodia.

M ap ajoute temwayaj mwen sou sa nou te tande deja yo. Mwen rann temwayaj konsènan Bondye, Papa Etènèl nou an. Li vivan epi L renmen nou epi L ap veye sou nou. Plan bonè L la bay benediksyon pou lavi mòtèl sa a ak retou definitf nou nan prezans Li.

Mwen rann temwayaj konsènan Jezikri. Li se Sèl Pitit Gason Literal Bondye a. Li sove nou anba lamò, epi L rachte nou anba peche si nou egzèse lafwa nan Li epi nou repanti. Sakrifis ekspyatwa enfini Li te fè an favè nou an pote benediksyon imòtalite ak lavi etènèl. “Nou remèsye Bondye pou don enkonparab Pitit Gason diven L la” (“Kris ki Vivan an: Temwayaj Apot yo,” Liyawona, Me 2017, andedan kouvèti a).

Sen Dènye Jou yo atravè tout mond la gen benediksyon pou yo adore Jezikri nan tanp Li yo. Youn nan tanp sa yo an konstriksyon kounyeya nan Winnipeg, Kanada. Madanm mwen, Anne Marie avèk mwen te gen opòtinite pou n te vizite chantye kote l ap konstwi a, an Out ane sa a. Plan tanp la byen desine epi asireman li pral mayifik lè l fin bati. Sepandan, nou pa ka gen yon tanp mayifik nan Winnipeg ni nan okenn lòt kote, san yon fondasyon solid.

Kondisyon sòl konjle ak dekonjle a ak dilatasyon tè a ki egziste nan Winnipeg la te rann difisil pou yo te prepare fondasyon tanp lan. Konsa, yo te deside ke fondasyon tanp sa a t ap fèt avèk 70 pilye asye andedan beton an. Pilye asye sa yo gen 60 pye (18 m) longè ak yon dyamèt ant 12 a 20 pous (30 a 50 cm). Yo antre yo fon nan tè a jiskaske yo touche kouch gwo wòch yo, ki nan anviwon 50 pye (15 m) pwofondè anba tè a. Nan fason sa a, 70 pilye yo fòme yon fondasyon solid ak ki fèm pou sa k pral vin bèl tanp Winnipeg la.

Noumenm, Sen Dènye Jou yo, n ap chèche yon fondasyon solid ak fèm konsa nan lavi nou—yon fondasyon espirityèl ki nesesè pou vwayaj nou atravè mòtalite a epi pou n retounen nan fwaye selès nou. Fondasyon sa a bati sou wòch konvèsyon nou nan Senyè a, Jezikri.

Na raple nou ansèyman Elaman yo nan Liv Mòmon an: “Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a” (Elaman 5:12).

Erezman, n ap viv nan yon epòk kote pwofèt ak apot ap anseye nou konsènan Sovè a, Jezikri. Si nou suiv konsèy yo, sa ap ede nou etabli yon fondasyon fèm nan Kris la.

Sa gen ennan, nan diskou ouvèti konferans jeneral Oktòb 2018 la, Prezidan Russell M. Nelson te bay deklarasyon ak avètisman sa a: “Objektif Legliz la depi lontan se pou ede tout manm yo ogmante lafwa yo nan Senyè a, Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan, pou ede yo nan fè ak kenbe alyans yo avèk Bondye, epi pou fòtifye ak sele fanmi yo. Non mond konplèks sa a jodia, sa pa fasil. Advèsè a ap ogmante atak li kont lafwa ak atak li kont noumenm ak fanmi nou avèk yon vitès agresif. Pou nou siviv espirityèlman, nou bezwen Strateji ak plan prevansyon” (“Diskou Ouvèti,” Liahona, Nov. 2018, 7; italik ajoute).

Apre mesaj President Nelson an, Èlder Quentin L. Cook nan Kolèj Douz Apot yo te prezante pwogram Vini, Suiv Mwen an pou moun yo ak fanmi yo. Remak li yo te gen deklarasyon sa yo:

  • “Nouvo pwogram etid nan fwaye Vini, Suiv Mwen an … prepare pou ede manm yo aprann levanjil la nan fwaye yo.”

  • “‘Pwogram sa a se pou tout moun endividyèlman ak pou fanmi yo nan Legliz la’ [Vini, Suiv Mwen—pou Moun yo ak Fanmi yo (2019), vi].”

  • “Objektif nou se pou n balanse eksperyans Legliz la ak eksperyans fwaye a nan yon fason ki pral grandman ogmante lafwa, spirityalite, ak apwofondi konvèsyon nan Pè Selès la ak nan Senyè a, Jezikri.” (“Konvèsyon pwofond ak dirab nan Pè Selès la ak nan Senyè a, Jezikri,” Liahona, Nov. 2018, 9–10.)

Depi mwa Janvye ane sa a, Sen Dènye Jou nan tout mond lan te kòmanse etidye Nouvo Testaman an, avèk dokimantasyon Vini, Suiv Mwen an kòm gid. Avèk yon kalandriye chak semèn, Vini, Suiv Mwen an ede nou etidye ekriti yo, doktrin levanjil la, ak ansèyman pwofèt ak apot yo. Se yon bèl resous pou nou tout.

Apre nèf mwa efò nan etid ekriti mondyal sa a, kisa nou wè? Nou wè Sen Dènye Jou tout kote k ap pwogrese nan lafwa ak devosyon pou Senyè Jezikri. Nou wè moun ak fanmi yo ki rezève tan atravè semèn nan pou yo etidye pawòl Sovè a. Nou wè amelyorasyon nan ansèyman levanjil la nan klas Lekòldidimanch nou yo pandan n ap etidye ekriti yo lakay nou ak pataje ide nou nan legliz. Nou wè plis lajwa ak inite nan fanmi yo depi nou pase soti nan senpleman li ekriti yo al nan etidye ekriti yo nan yon fason apwofondi a.

Mwen te gen privilèj pou m te vizite anpil Sen Dènye Jou epi tande yo rakonte eksperyans yo avèk pwogram Vini, Suiv Mwen an. Ekspresyon lafwa yo ranpli kè m ak lajwa. Men kèk nan kòmantè m te tande nan men plizyè manm Legliz la.

  • Yon papa te di: “M renmen pwogram Vini, Suiv Mwen an, paske li ban m opòtinite pou m temwaye de Sovè a bay pitit mwen yo.”

  • Nan yon lòt kay, yon timoun te di: “Se yon chans pou m tande paran m ap rann temwayaj yo.”

  • Yon manman te eksplike: “Nou jwenn enspirasyon pou nou konn kijan pou nou bay Bondye pryorite. Tan nou [te panse] nou ‘pa t genyen’ an, te vin [ranpli] avèk espwa, lajwa, lapè, ak siksè nan fason nou pa t panse ki tap posib.

  • Yon koup te obsève: “Kounyea, nou li ekriti yo nan yon fason toutafè diferan de jan nou te janm konn li yo anvan sa. N ap aprann plis pase nou te janm aprann anvan sa. Senyè a vle nou wè bagay yo nan yon fason diferan. Senyè a ap prepare nou.”

  • Yon manman te fè remak: “Mwen kontan dèske n ap aprann menm bagay yo ansanm. Anvan sa, nou te konn li l. Jodia, n ap aprann ni.”

  • Yon sè te pataje pwendvi enspiran sa a: “Otrefwa, nou te konn gen leson an, epi ekriti yo te konplete li. Kounyeya, nou gen ekriti yo epi leson an konplete yo.”

  • Yon lòt sè te kòmante: “M santi yon diferans lan lè m fè l [konpare avèk] lè m pa fè l. Mwen twouve l pi fasil pou m pale avèk lòt moun konsènan Jezikri ak kwayans nou kounyea.”

  • Yon granmè te fè remak sa a, “M telefone pitit ak pitit pitit mwen yo lè Dimanch, epi nou pataje sa nou aprann nan Vini, Suiv Mwen an ansanm.”

  • Yon sè te eksplike: “Vini, Suiv Mwen an fè m santi ke Sovè a ap egzèse ministè l pou mwen pèsonèlman. Se syèl la ki enspire li.”

  • Yon papa te kòmante, “Lè nou itilize Vini, Suiv Mwen, an, nou tankou pitit Izrayèl yo, k ap make lento pòt nou, pou nou pwoteje fanmi nou kont enfliyans destriktè a.”

Frè m ak sè m yo, se yon jwa pou m pale avèk nou epi tande kijan efò n ap fè avèk Vini, Suiv Mwen an ap beni lavi nou. Mèsi pou devouman nou.

Lè nou etidye ekriti yo avèk Vini, Suiv Mwen an kòm gid, sa ranfòse konvèsyon nou nan Jezikri ak nan levanjil Li a. Nou pa senpleman boukante inèdtan anmwens nan legliz la jou Dimanch pou inèdtan anplis ap etidye ekriti yo lakay nou. Aprann levanjil la se yon efò konstan pou nou fè pandan tout semèn nan. Jan yon sè te pataje avèk mwen: “Objektif la se pa pou rakousi legliz la de inèdtan, men se pou nou ralonje legliz la fè l vin sis jou!”

Kounyeya, ann reflechi ankò sou avètisman pwofèt nou an, Prezidan Nelson, te bay lè l te ouvri konferans jeneral Oktòb 2018 la:

“Advèsè a ap ogmante atak li kont lafwa ak atak li sou noumenm ak fanmi nou nan yon vitès eksepsyonèl. Pou nou siviv spirityèlman, nou bezwen strateji ak plan prevansyon” (Diskou Ouvèti,” 7).

Epi (anviwon 29 èdtan apre) nan Dimanch aprèmidi, li te fini konferans la avèk pwomès sa a: “Si nou travay avèk dilijans pou nou transfòme fwaye nou pou fè l vin tounen yon sant pou aprantisaj levanjil la, … enfliyans advèsè a nan lavi nou ak nan fwaye nou ap diminye(“Vin Sen Dènye Jou Egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 113).

Kòman atak advèsè a ka ogmante rapidman pandan ke an menm tan enfliyans advèsè a ap diminye? Sa ka rive, epi sa rive nan tout Legliz la, paske Senyè a ap prepare pèp Li a kont atak advèsè a.. Vini, Suiv Mwen an se strateji Senyè a ak plan prevansyon Li. Jan Prezidan Nelson te anseye a, “Nouvo pwogram etid sa a ki santre sou fwaye e sipòte pa Legliz la gen potansyèl pou l miltipliye fòs fanmi yo.” Sepandan, sa mande epi sa pral egzije pi gwo efò nou; nou bezwen “[kontinye] avèk konsyans pou nou ka transfòme fwaye [nou] vin fè l tounen yon sanktyè lafwa” (Russell M. Nelson, ” (“Vin Sen Dènye Jou Egzanplè,” 113).

Apretou, jan Prezidan Nelson te di ankò: “Nou chak responsab pwogresyon spirityèl nou” (“Diskou Ouvèti,” 8).

Avèk pwogram Vini, Suiv Mwen an, Senyè a ap prepare nou “pou epòk danjere n ap fè fas aktyèlman an (Quentin L. Cook, “Konvèsyon pwofon ak dirab,” 10). L ap ede nou etabli “fondasyon asire sa a, yon fondasyon kote, si moun bati sou li, yo pa ka tonbe” (Elaman 5:12)—fondasyon yon temwayaj ki ankre fèmnan fondasyon konvèsyon nou nan Senyè a, Jezikri.

M swete pou efò chak jou n ap fè pou n etidye ekriti yo fòtifye nou epi pwouve ke nou diy pou benediksyon pwomiz yo. M priye pou sa nan non Jezikri, amèn.