2010–2019
Gran Avanti w la
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Gran Avanti w la

Sovè a envite nou, chak jou, pou nou renonse a konfò nou ak sekirite nou epi pou nou ini nou avèk li nan vwayaj nou sou wout disip la.

Konsènan Hobbit

Gen yon woman fantastik timoun renmen anpil, ki kòmanse avèk fraz sa a: “Nan yon twou anba tè a, te gen yon hobbit ki t ap viv.”1

Istwa Bilbo Baggins nan se konsènan yon hobbit ki te pi nòmal ak pi òdinè ki te egziste, ki te jwenn yon opòtinite ekstraòdinè—chans pou l te pati al nan yon bèl avanti avèk pwomès yon gwo rekonpans.

Pwoblèm nan sèke pifò hobbit ki respekte tèt yo pa vle gen anyen pou wè ak avanti. Tout lavi yo konsantre sou konfò yo. Yo manje sis repa pa jou lè yo ka jwenn epi yo pase tan yo nan jaden yo, ap rakonte vizitè istwa, ap chante, jwe enstriman mizik, ak jwi jwa senp lavi yo.

Men, lè Bilbo te jwenn chans pou l t al fè yon gwo avanti a, yon etensèl te toudenkou jayi nan kè li. Li konprann tousuit ke vwayaj la pral difisil. Danjere menm. Gen menm posiblite pou l pa ta retounen.

Men, apèl pou avanti a te antre fon andedan kè li. Epi konsa, hobbit remakab sa a kite konfò l dèyè epi l derape pran chemen yon gwo avanti ki ap mennen l byen lwen nan yon vwayaj “ ale retou”2

Avanti pa w la

Petèt youn nan rezon k fè istwa sa a sonnen si byen pou si anpil nan nou se paske li se istwa nou tou.

Lontan lontan, anvan menm ke nou te fèt, nan yon epòk tan efase nan memwa nou, nou menm tou yo te envite nou pou n te anbake nan yon avanti. Sete Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, ki te pwopoze l. Aksepte avanti sa a t ap vledi kite konfò ak sekirite prezans imedyat li. Sa t ap vledi vini sou tè a pou yon vwayaj ranpli ak danje ak eprèv enkoni.

Nou te konnen li pa t ap fasil.

Men tou, nou te konnen nou t ap jwenn trezò presye, tankou yon kò fizik ak fè eksperyans gwo lajwa ak doulè mòtalite a. Nou t ap aprann fè efò, chèche, ak lite tou. Nou t ap dekouvri verite sou Bondye ak sou tèt nou.

Natirèlman, nou te konnen nou t ap fè erè toutolon chemen an. Men nou te gen yon pwomès tou: gras ak gran sakrifis Jezikri a, nou t ap pwòpte anba transgresyon nou yo, rafine ak pirifye nan lespri nou, epi yon jou, resisite e reyini avèk moun nou renmen yo.

Nou te aprann konbyen Bondye renmen nou. Li te ba nou lavi e li vle pou nou reyisi. Se poutèt sa, Li te prepare yon Sovè pou nou. “Sepandan” Papa nou ki nan Syèl la di: “ou kapab chwazi pou tèt pa w, paske ou gen kapasite pou sa.”3

Siman te gen kèk pati nan avanti mòtalite a ki te enkyete e menm terifye pitit Bondye yo, paske yon gwo katite nan frè ak sè espirityèl nou yo te deside kont li.4

Avèk kado ak pouvwa libabit la, nou te detèmine ke potansyalite sou sa nou te ka aprann ak devni etènèlman an te vo lapèn pou n te pran risk la.5

Epitou, konfyan nan pwomès ak pouvwa Bondye ak Pitit Gason Byeneme L la, nou te aksepte defi a.

M te aksepte.

E noumenm tou.

Nou te dakò pou n te kite sekirite premye eta nou pou n te anbake nan pwòp gran avanti “ale retou” pa nou.

Apèl pou avanti a

Men, lavi nan mòtalite a gen yon fason pou l distrè nou, pa vre? Nou gen tandans pou n bliye gwo pousuit nou an, nou prefere konfò ak fasilite olye de kwasans ak pwogresyon.

Men, gen yon bagay enkontestab ki rete andedan kè nou, se yon swaf pou yon objektif ki pi elve ak pi nòb. Swaf sa a se youn nan rezon k fè moun atire nan levanjil la ak nan Legliz Jezikri a. Levanjil retabli a se, nan yon sans, yon renouvèlman apèl pou avanti sa a nou te aksepte sa gen si lontan an. Sovè a envite nou, chak jou, pou nou renonse a konfò nou ak sekirite nou epi pou nou ini nou avèk li nan vwayaj nou sou wout disip la.

Gen anpil koub nan wout sa a. Gen mòn, gen ravin, ak detou. Petèt, metaforikman, ka menm gen arenye, mons, ak menm yon dragon oubyen de. Men, si nou rete sou chemen an epi nou fè Bondye konfyans, n ap finalman jwenn chemen ki mennen nan destine gloriye nou an pou nou retounen nan fwaye selès nou an.

Donk, kijan pou n kòmanse?

Se osi senp ke sa.

Vire kè nou bay Bondye

Toudabò, nou bezwen chwazi pou n vire kè nou bay Bondye. Fè efò chak jou pou nou jwenn ni. Aprann renmen li. Epi apresa, kite amou sa a enspire nou pou nou aprann, konprann, ak suiv ansèyman l yo. Yo ba nou Levanjil retabli Jezikri a nan yon fason klè ak senp ke menm yon timoun piti kapab konprann. Men, levanjil Jezikri a gen repons pou kesyon ki pi konplèks yo nan lavi a tou epi l gen yon pwofondè ak yon konpleksite si gran ke menmsi nou ta etidye l ak medite pandan tout yon lavi, nou ka raman konprann menm yon milyèm pati ladan.

Si nou ezite nan avanti sa a paske nou doute sou kapasite nou, sonje ke pou n disip, sa pa vle di ke n ap fè tout bagay pafètman; sa mande pou n fè yo volontèman. Se chwa nou yo ki montre kiyès nou vrèman ye, plis pase kapasite nou.6

Menm lè nou echwe, nou ka chwazi pou n pa lage sa, men olyesa, dekouvri kouraj nou, avanse, epi leve kanpe. Sa se gwo tès vwayaj la.

Bondye konnen ke nou pa pafè, ke n ap echwe pafwa. Li pa renmen nou mwens lè n ap lite pase lè nou triyonfe.

Tankou yon paran eman, li senpleman vle pou nou kontinye eseye. Vin disip se tankou aprann jwe pyano. Petèt tout sa nou ka fè toudabò se jwe yon entèpretasyon apèn rekonesab sou mizik “Valse des puces” la ak de dwèt nou. Men, si nou kontinye pratike, mizik senp yo nou ka apèn jwe kounyea ap vin chanje yon jou pou yo vin tounen sonat, rapsodi, ak konsè grandyoz.

Jou sa a gen dwa pa rive pandan lavi sa a, men l ap rive. Tout sa Bondye mande se kontinye eseye.

Montre lanmou pou lòt

Gen yon bagay enteresan, prèske paradoksal, apwopo chemen sa a nou chwazi a: sèl fason pou nou pwogrese nan avanti nou nan levanjil la se ede lòt moun pwogrese tou.

Ede lòt se chemen disip la. Lafwa, lesperans, lanmou, konpasyon, ak sèvis rafine nou kòm disip.

Atravè efò nou pou ede pòv yo ak moun ki nan bezwen, pou lonje lamen bay moun ki an detrès, pwòp karaktè nou ap pirifye ak fòje, espri nou ap elaji, n ap mache yon ti kras pi wo.

Men, lanmou sa a pa ka vini avèk espwa pou yo repeye nou. Li pa ka kalite sèvis k ap tann rekonesans, flatri, oubyen favè.

Disip Jezikri yo renmen Bondye ak pitit li yo san atann yon bagay an retou. Nou renmen moun ki desi nou, moun ki pa renmen nou. Menm moun ki ridikilize nou, ki maltrete nou, e k ap chèche blese nou.

Lè nou ranpli kè nou ak amou pi Kris la, nou pa kite plas pou rankè, ni jijman, ni lawonte. Nou kenbe kòmandman Bondye yo paske nou renmen li. Nan pwosesis la, nou vin pi Kretyen tikal pa tikal nan panse nou ak nan aksyon nou.7 E ki avanti ki ka pi gran pase sa?

Pataje istwa ou

Twazyèm bagay nou bezwen eseye metrize a se pran non Jezikri sou tèt nou epi pa wont pou sa nou ye.

Nou pa kache lafwa nou.

Nou pa antere li.

Okontrè, nou pale de vwayaj nou avèk lòt moun nan fason nòmal ak tou natirèl. Se sa zanmi fè—yo pale de bagay ki enpòtan pou yo. Bagay ki chè pou yo e ki fè yon diferans pou yo.

Se sa nou fè. Nou rakonte istwa ak eksperyans nou kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Pafwa istwa nou fè moun ri. Pafwa yo fè yo kriye. Pafwa yo ede moun kontinye ak pasyans, andirans, ak kouraj pou yo afwonte yon lòt èdtan, yon lòt jou, yon tijan pi pre Bondye.

Pataje eksperyans nou an pèsòn, sou medya sosyal, an gwoup, toupatou.

Youn nan dènye bagay Jezi te di disip li yo sete pou yo t ale nan tout mond lan epi pataje istwa Kris resisite a.8 Jodia, nou jwayezman aksepte Gwo Tach sa a.

Ala yon bèl mesaj nou gen pou n pataje a: gras ak Kris la, tout gason, fi, ak timoun ka retounen ansekirite nan fwaye selès yo epi, la, demere nan laglwa ak lajistis!

Gen menm plis bòn nouvèl toujou ki merite pou n pataje yo.

Bondye te parèt devan lòm nan epòk nou an! Nou gen yon pwofèt vivan.

Kite m raple nou ke Bondye pa bezwen nou “vann” levanjil retabli a oswa Legliz Jezikri a.

Li senpleman atann pou nou pa kache l anba yon mamit.

Epi, si moun yo deside Legliz la pa pou yo, sa se desizyon pa yo.

Sa pa vle di nou echwe. N ap kontinye trete yo ak jantiyès. Ni sa pa vledi nou p ap envite yo ankò.

Diferans ant kontak sosyal pa okazyon ak adopte atitid yon disip plen konpasyon ak kouraj la se—envitasyon!

Nou renmen ak respekte tout pitit Bondye, kèlkeswa pozisyon yo nan lavi, kèlkeswa ras yo oswa relijyon yo, kèlkeswa desizyon lavi yo.

Bò kote pa nou, n ap di: “Vini pou w wè! Vin wè kijan mache sou chemen disip la ap rekonpanse w ak leve ou.”

Nou envite moun pou yo “vini epi ede, pandan n ap eseye fè mond lan vin yon pi bon kote.”

Epi nou di: “Vini, epi rete. Nou se frè ak sè. Nou pa pafè. Nou kwè nan Bondye epi nou chèche kenbe kòmandman l yo.

“Vin ini avèk nou, epi w ap fè nou vin pi bon.” Epi, nan pwosesis la, w ap vin pi bon tou. Annou fè avanti sa a ansanm.”

Kilè pou m kòmanse?

Lè zanmi nou, Bibo Baggins, te santi apèl alavanti a t ap bouyi andedan li, li te deside pou l t al pase yon bon nuit, manje yon bon dejene, epi kòmanse bonè nan demen maten.

Lè Bilbo te reveye, li te remake kay la te gaye anpil, epi sa te prèske detounen l de objektif nòb li a.

Men, lè sa a, zanmi l Gandaf te vini epi l te mande: “Kilè w ap vini?”9 Pou ratrape zanmi l yo, Bilbo te deside pou tèt pa l kisa pou l te fè.

Epi konsa, hobbit nòmal ak san atirans sa a te twouve l ap kouri vit soti nan pòt kay la pou l t al sou wont avanti a si vit ke l te bliye chapo li, baton li, ak mouchwa l. Li pa t menm fini dezyèm dejene a.

Petèt gen yon leson la a pou nou tout tou.

Si oumenm avèk mwen santi pouse pou n antre nan gran avanti ki se viv ak pataje sa Papa eman nou ki nan Syèl la te prepare pou nou sa gen trè lontan an, mwen asire nou, jodia se jou pou nou suiv Pitit Gason Bondye a ak Sovè nou an sou chemen sèvis ak disip la.

Nou gen dwa pase tout yon lavi ap tann moman kote tout bagay pafètman anplas la ap prezante. Men, kounyea se moman an pou nou pran angajman total pou n chèche Bondye, sèvi lòt moun, ak pataje eksperyans nou avèk lòt moun.

Kite chapo nou, baton nou, mouchwa nou, ak kay gaye nou dèyè.10

Pou noumenm ki deja ap mache sou chemen sa a, pran kouraj, gen konpasyon, mete konfyans nou, epi kontinye!

Pou noumenm ki kite chemen an, tanpri retounen, ini avèk nou ankò, vin rann nou pi solid.

Epi, pou moun ki poko kòmanse yo, kisa n ap tann? Si nou vle jwi mèvèy gwo vwayaj espirityèl sa a, derape pou gran avanti pa nou an! Pale ak misyonè yo. Pale ak zanmi Sen Dènye Jou nou yo. Pale avèk yo de travay mèveye ak pwodij sa a.11

Li lè pou n kòmanse!

Vini, vin jwenn nou!

Si w santi lavi a ta ka gen plis sans, yon pi gwo objektif, lyen familyal pi solid, ak yon koneksyon pi pwòch avèk Bondye, tanpri, vini jwenn nou.

Si w ap chèche yon kominote moun ki ap chèche vin pi bon yo kapab, ede moun ki nan bezwen, epi fè mond sa a vin yon pi bon andwa, vini jwenn nou!

Vini epi gade sa vwayaj plen mèvèy ak avanti sa a ye.

Sou wout la, w ap dekouvri tèt ou.

W ap dekouvri sans lavi a.

W ap dekouvri Bondye.

W ap dekouvri vwayaj ki pi bèl ak pi gloriye nan lavi w la.

Konsènan sa mwen temwanye, nan non Senyè nou ak Sovè nou an, amèn.

Nòt

  1. J. R. R. Tolkien, The Hobbit or There and Back Again (Boston: Houghton Mifflin, 2001), 3.

  2. Soutit The Hobbit.

  3. Moyiz 1:39.

  4. Gade Jòb 38:4–7 (pitit Bondye yo te pouse kri lajwa); Ezayi 14:12–13 (“egzalte twòn mwen anlè zetwal Bondye yo”); Revelasyon 12:7–11 (te gen yon lagè nan syèl la).

  5. “Pwofèt Joseph Smith dekri libabit kòm ‘lib endepandans lespri syèl la si jantiman vide sou fanmi imèn nan kòm yon nan pi bèl kado li’ [Enseignements du Prophète Joseph Smith, comp. Joseph Fielding Smith (1977), 49]. ‘Lib endepandans lespri,’ sa a, oswa libabit, se pouvwa ki pèmèt tout moun ka ‘aji pou tèt pa yo’ (D&A 58:28). Li anglobe egzèse volonte pou chwazi ant byen ak mal oubyen diferan nivo byen ak mal ak opòtinite pou fè eksperyans konsekans chwa sa a tou. Papa nou ki nan Syèl la si tèlman renmen pitit li yo ke l vle nou atenn tout potansyalite nou—pou vin menmjan avèk li. Pou l pwogrese, yon moun dwe posede kapasite enteryè pou fè chwa li vle. Libabit si enpòtan nan plan li pou pitit li yo ke ‘menm Bondye pa tka fè lòm menmjan avèk li san l pa kite yo lib’ [David O. McKay, “Whither Shall We Go? Owsa Life‘s Supreme Decision,” Deseret News, 8 Jen 1935, 1]” (Byron R. Merrill, “Agency and Freedom in the Divine Plan,” nan Roy A. Prete., Window of Faith: Latter-day Saint Perspectives on World History, [2005], 162).

  6. Nan woman Harry Potter et la chambre des secrets a, otè a, J. K. Rowling fè pèsonaj Hogwarts, pèsonaj Dumbledore a di yon bagay ki menmjan an pou jèn Harry Potter. Se yon bèl konsèy pou nou tout tou. Mwen te itilize l deja nan mesaj mwen e m panse li vo lapèn pou m repete li.

  7. “Byeneme m yo, kounyea nou se pitit Bondye, men sa poko parèt ke se sa nou ye: men nou konnen ke, lè l parèt, n ap menmjan avèk li; paske n ap wè li jan l ye a” (1 John 3:2; italik ajoute).

    Pandan ke yon transfòmasyon konsa ka depase kapasite nou pou n konprann, “Lespri a limenm rann temwayaj bay lespri nou, ke nou se pitit Bondye:

    “Epi, si nou se pitit li, enben, nou se eritye; eritye Bondye, eritye ansanm ak Kris la; si nou soufri avèk li, pou nou ka glorifye ansanm tou.

    “Paske m raple m ke soufrans moman prezan yo pa vo lapèn pou konpare yo avèk glwa ki pral revele nan nou an” (Romans 8:16–18; italik ajoute).

  8. Gade, Matye 28:16–20

  9. Tolkien, Le Hobbit, 33.

  10. Gade Lik 9:59–62.

  11. Gade LeGrand Richards, A Marvelous Work and a Wonder, rev. ed. (1966).