2010–2019
Fi Alyans, ki Patnè avèk Bondye
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Fi Alyans, ki Patnè avèk Bondye

VIn yon fi alyans ki patnè avèk Bondye se fason pitit fi mèveye Bondye yo te toujou aji kòm manman, pou dirije, pou pran swen, ak sèvi.

M rekonesan pou benediksyon sa a pou m adrese nou an, noumenm pitit fi alyans Bondye yo. Aswè a, objektif mwen se ankouraje ou nan gran sèvis kote ou aple a. Wi, chak pitit fi Bondye k ap koute vwa m, yo te resevwa yon apèl nan men Senyè a, Jezikri

Apèl ou a te kòmanse lè L te mete w nan mòtalite a, yon kote ak yon epòk presi ki te chwazi pou ou pa yon Bondye ki konnen ou pafètman epi ki renmen w kòm pitit fi Li. Nan mond espri a, Li te konnen w epi L te anseye ou, epi L te mete w nan kote ou t ap ka gen opòtinite, ki ra nan istwa mond la, pou yo envite w vin nan yon fon batèm. Nan kote sa a, ou t ap tande pawòl sa yo yon sèvitè Jezikri t ap pdi w: “Paske m resevwa otorite nan men Jezikri, mwen batize w nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a. Amèn.”1

Lè w te sòti nan dlo a, ou t ap gen pou w aksepte yon lòt apèl pou w sèvi. Kòm yon nouvèl pitit fi alyans Bondye, ou te fè yon pwomès epi w te resevwa yon tach nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, kote yo te konfime ou kòm manm apresa. Ou te fè alyans avèk Bondye pou w pran non Jezikri sou tèt ou, pou ou kenbe kòmandman L yo, epi pou ou sèvi Li.

Pou chak moun ki fè alyans sa yo, sèvis Senyè a aple l pou l fè a ap pafètman adapte ak kapasite moun sa a. Sepandan, pitit fi ki ak pitit gason alyans Bondye yo, yo tout pataje yon apèl ki pote lajwa. Se apèl pou yo sèvi lòt moun pou Li a.

Pandan t ap pale avèk sè yo, Prezidan Russell-M Nelson te bay yon bèl rezime sou apèl Senyè a ba ou pou ou mete ansanm avèk Li nan travay Li a. “Senyè a di, ‘Sa se travay mwen ak laglwa mwen-pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.’Moyiz 1:39 Konsa, yon pitit fi devwe ki disip L ka vrèman di, ‘Ttravay mwen ak laglwa mwen se ede moun ki chè pou mwen yo akonpli bi selès sa a.’

“Ede yon lòt èt imen akonpli potansyèl selès li fè pati misyon divin yon fi. Kòm manman, enstriktè, oubyen yon sen k ap pran swen moun, fi yo modle ajil vivan an pou ba l fòm esperans yo. Kòm patnè Bondye, misyon divin yon fi se pou ede espri yo viv epi elve nanm yo. Se mezi kreyasyon li. Li grandyoz, li edifyan, ak egzaltan.”2

Nou pa ka konn kilè ni pou konbyen tan misyon pèsonèl nou pral konsantre sou sèvis nou nan apèl kòm manman, dirijant oubyen sè k ap fè sèvis pastotoral. Paske L renmen nou, Senyè a pa kite nou chwazi moman, dire, ak sekans apèl nou yo. Men, nou konnen, daprè ekriti yo, ak pwofèt vivan yo, tout tach sa yo ap vini, keseswa nan lavi sa a oubyen nan lavi k ap vini an, pou chak pitit fi Bondye. Epi yo tout se preparasyon pou lavi etènèl nan fanmi eman—pi gwo nan tout don Bondye yo.”3

Li t ap saj pou w ta fè tout efò pou prepare w kounyeya evèk fen an nan panse w. Tach sa a vin pi senp paske chak responsablite sa yo mande prèske menm preparasyon an.

An nou kòmanse avèk tach nou kòm sè sèvis pastoral la. Keseswa w gen tach sa a kòm yon pitit fi ki gen 10 zan nan yon fanmi kote papa a mouri, oubyen kòm yon prezidant Sosyete Sekou kote dife fèk sot afekte vil kote w rete a oubyen lè w nan yon lopital an konvalesans apre operasyon—ou gen chans pou w ranpli apèl Senyè a ba ou kòm pitit fi Li nan sèvis pastoral la.

Sèvis sa yo sanble yo trè diferan youn ak lòt. Sepandan, yo tout mande preparasyon yon kè eman ki plen kouraj, yon lafwa san krent ke Senyè a pa bay okenn kòmandman san L pa prepare yon mwayen, ak yon dezi pou nou ale epi fè sa pou nou fè pou Li a.4

Paske l te prepare, pitit fi 10 zan an te pase men l nan kou manman l ki vèv la epi l priye pou l konn kijan pou l te ka ede fanmi li. Epi li kontinye fè sa.

Prezidant Sosyete Sekou a te prepare pou l sèvi anvan menm ke dife sanzatann nan te deklare nan zòn ni an. Li te deja konnen moun yo epi l te te deja renmen yo. Lafwa l nan Jezikri te grandi atravè ane yo paske l te resevwa repons pou priyè l te fè pou mande Senyè a ede l nan ti sèvis li t ap fè pou Li yo. Akoz preparasyon long li a, li te pare, epi l te dispoze pou l te òganize sè l yo pou yo te sèvi moun ak fanmi ki te an detrès yo.

Yon sè an konvalesans nan yon lopital apre yon operasyon te prepare pou l te sèvi lòt pasyan bòkote l yo. Li te pase tout yon lavi ap sèvi pou Senyè a, ap sèvi tout etranje kòmsi yo sete pwochen l ak zanmi li. Lè l te santi apèl nan kèl pou l te sèvi nan lopital la, li te sèvi lòt moun avèk sitèlman bravou ak amou ke lòt pasyan yo te kòmanse espere pou l pa t geri vit.

Nan menm fason ou prepare pou w sèvi a, ou kapab epi ou dwe prepare w pou apèl ou pou w vin yon dirijan pou Senyè a lè apèl la vini. Sa ap mande lafwa nan Jezikri, ki anrasine nan amou pwofon w pou ekriti yo, pou w dirije moun ak anseye pawòl Li yo san krent. Lè sa a, wap prepare pou w gen Sentespri a kòm konpayon konstan ou. W ap gen dezi pou w di, “M vle” lè konseye w la nan prezidans jènfi yo di, avèk panik nan vwa li, “Sè Alvarez malad jodia. Kiyès ki vle anseye klas li a?”

Sa mande prèske menm preparasyon an pou gran jou sa a kote Senyè a pral aple w nan tach kòm manman an. Men, sa pral mande yon kè pi eman toujou pase sa w te bezwen nan tach anvan yo. Sa pral mande yon lafwa nan Jezikri ki pi solid pase sa k te deja nan kè w anvan sa a. Epi sa pral mande kapasite pou w priye pou enfliyans, direksyon, ak rekonfò Sentespri a plis pase w te konn janm panse sa posib.

Avèk rezon, ou ka mande tèt ou kijan yon gason, kèlkeswa laj li, ka konn kisa manman yo bezwen. Se yon bèl kesyon. Gason yo pa ka konn tout bagay, men nou ka aprann kèk leson pa revelasyon nan men Bondye. Epitou, nou ka aprann anpil bagay pa obsèvasyon, si nou pwofite opòtinite pou nou chèche Lespri a pou ede nou konprann sa nou obsève a.

M ap obsève Kathleen Johnson Eyring depi 57 tan nou te marye a. Li se manman kat gason ak de fi. Jis jodia, li toujou aksepte apèl pou l yon enfliyans matènèl sou plis pase yon santèn manm dirèk fanmi an ak dè santèn ankò li adopte nan kè matènèl li.

Nou sonje deskripsyon pafè Prezidan Nelson te fè sou misyon divin fi yo—enkli misyon yo kòm manman an: “Antanke manman, enstriktris, oubyen sen k ap pran swen moun, fi yo modle ajil vivan an pou bal fòm esperans yo. Kòm patnè Bondye, misyon divin yon fi se pou ede espri yo viv epi elve nanm yo. Se mezi kreyasyon li.”5

Pou otan m ka wè, madanm mwen, Kathleen, ranpli misyon sa a yo bay pitit fi Pè Selès yo. Selon mwenmenm, pawòl sa yo se kle a: “li modle ajil vivan an fè l vin gen fòm esperans li … kòm patnè Bondye.” Li pa t fòse. Li te modle. Epi l te gen yon modèl pou esperans li yo ke l te eseye itilize pou modle moun li te renmen ak moun li te sèvi kòm manman yo. Modèl li a sete levanjil Jezikri a—jan m te ka konstate nan obsèvasyon atravè priyè pandan anpil ane.

Vin yon fi alyans ki patnè avèk Bondye se fason pitit fi mèveye Bondye yo te toujou aji kòm manman, pou dirije, pou pran swen, ak sèvi nan kèlkeswa fason ak kèlkeswa kote Li te prepare pou yo. M pwomèt ou ke w ap jwenn lajwa nan vwayaj pou al nan fwaye selès ou a si w al jwenn ni kòm yon pitit fi Bondye ki kenbe alyans ou.

Mwen temwaye ke Bondye Papa a vivan epi L renmen ou. L ap tande priyè ou epi l ap reponn yo. Pitit Gason Byenneme L la ap dirije Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan tout detay. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt aktyèl Li. Epi Joseph Smith te wè Bondye Papa a ak Jezikri epi l te pale avèk yo nan yon boskè pyebwa nan Pamyra, nan Nouyòk. Mwen konnen se verite. Mwen temwaye tou ke Jezikri se Sovè nou; Li renmen nou. Epi gras ak Sakrifis Ekspyatwa L la, nou ka pirifye epi elve nan apèl elvan n ap gen pou nou resevwa yo. Mwen rann temwanyaj de sa nan non sakre Jezikris, amèn.