2010–2019
Fwi
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Fwi

Kenbe je nou ak kè nou fikse sou Sovè a, Jezikri, ak sou lajwa etènèl ki soti sèlman nan Li a.

M konn kisa k nan tèt nou! Jis yon lòt oratè sèlman epi nou pral tande Prezidan Russell M. Nelson. Nan espwa pou m kenbe nou reveye pandan kèlke minit pandan n ap tann pwofèt byeneme nou an, m chwazi yon sijè trè atiran: m pral pale de fwi.

Imaj
Fwi

Avèk koulè, gou ak dousè seriz, fig, melon, ak mango, oubyen fwi ki pi egzotik, tankou kiwano oubyen grenad, fwi se yon delis moun trè apresye depi lontan.

Pandan ministè terès li a, Sovè a te konpare bon fwi avèk bagay ki gen valè etènèl. Li te di: “W ap rekonèt yo dapre fwi yo.”1 “Yon bon pyebwa pote bon fwi.”2 Li te ankouraje nou pou nou ranmase “fwi ki bay lavi etènèl.”3

Nan yon rèv klè nou konnen byen nan Liv Mòmon an, pwofèt Leyi twouve l nan yon “dezè fènwa ki dezole.” Gen dlo sal, yon gouf tenèb, wout etranj, ak chemen entèdi, ansanm ak yon bafè4 ki pase bò kot yon wout dwat ak kwense ki mennen nan yon bèl pyebwa avèk “fwi ki fè kè moun kontan.” Lè l te rakonte rèv la, Leyi te di: “M te … manje nan fwi a; … li te pi dous pase tout fwi m te janm … goute. … [Epi] li te ranpli nan mwen avèk anpil lajwa.” Fwi sa a te “[pi] dezirab pase tout lòt fwi.”5

Imaj
Pyebwa lavi a avèk fwi delisye l la

Siyifikasyon Pyebwa a ak Fwi a

Kisa pyebwa sa a ak fwi li ki pi presye l la senbolize? Li reprezante “lanmou Bondye”6 epi li pwoklame bèl plan redanmsyon Papa nou ki nan Syèl la. “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”7

Fwi presye sa a senbolize benediksyon mèveye Ekspyasyon enkonparab Sovè a. Non sèlman n apral viv ankò apre mòtalite a, men, atravè lafwa nou nan Jezikri, repantans nou, ak obeyi kòmandamn yo, nou ka jwenn padon pou peche nou epi yon jou kanpe pwòp ak pur devan Papa nou ak Pitit Gason L lan.

Manje fwi pyebwa a senbolize ke nou anbrase òdonans ak alyans levanjil retabli yo tou—batize, resevwa don Sentespri a, ak antre nan kay Senyè a pou nou dote avèk pouvwa ki soti anwo. Atravè lagras Jezikri epi nan respektealyans nou yo, nou resevwa bèl pwomès pou n al viv avèk fanmi nou ki jis yo pandan tout letènite.8

Se pa etonan ke zanj la te dekri fwi a kòm fwi “ki pi presye pou nanm nou.”9 Se vre!

Defi pou nou rete fidèl la

Jan nou tout konstate, menm apre nou fin savoure fwi presye levanjil retabli a, sa toujou pa fasil pou nou rete vrè ak fidèl anvè Senyè a, Jezikri. Nou kontinye ap fè fas ak distraksyon ak twonpri, konfizyon ak boulvèsman, pouse ak tantasyon k ap eseye rale nou dèyè pou elwanye nou de Sovè a ak lajwa ak bote nou fè eksperyans lè nou suiv Li a.

Poutèt advèsite sa a, rèv Leyi a gen yon avètisman tou! Sou lòtbò rivyè a, gen yon gwo kay byen laj ki ranpli ak moun tout laj k ap lonje dwèt, moke, ak pase disip Jezikri yo nan betiz.

Moun nan kay byen laj sa yo ap ri ak moke moun ki kenbe kòmandman yo, ak espwa pou yo depresye ak ridikilize lafwa yo nan Jezikri ak nan levanjil Li a. E akoz atak vèbal dout ak mepri moun sa yo te lanse kont kwayan yo, kèk nan moun ki te goute fwi yo te kòmanse santi yo wont de levanjil yo te anbrase a. Fo atirans mond lan te sedui yo; yo te vire do bay pyebwa a ak fwi a epi, selon pawòl Senyè a,“yo [tonbe] sou wout entèdi epi yo [pèdi].”10

Nan mond la jodia, ekip konstriksyon advèsè a ap fè anpil èdtan siplemantè, y ap prese pou yo agrandi gwo kay byen laj la. Agrandisman sa a etann jis sou lòtbò rivyè a, ak espwa pou yo antre nan fwaye nou, pandan ke mokè yo ap sonnen vwa yo lajounen kou lannuit nan megafòn yo sou entènèt.11

Prezidan Nelson eksplike: “Advèsè a ap miltipliye efò l an kat pou pètibe temayaj nou ak anpeche travay Senyè a fèt.”12 Annou sonje pawòl Leyi yo: “Nou pa t okipe yo.”13

Byenke nou pa bezwen pè, nou dwe pran prekosyon. Pafwa ti bagay yo kapab boulvèse balans spirityèl nou. Tanpri, pa kite kesyon nou yo, mankdega lòt moun, zanmi san lafwa, oubyen erè ak desepsyon detounen nou de benediksyon dous, pur ki satisfè nanm yo, ki soti nan pyebwa lavi presye a. Kenbe je nou ak kè nou fikse sou Sovè a, Jezikri, ak sou lajwa etènèl ki soti sèlman nan Li a.

Lafwa Jason Hall

Nan mwan Jen an, Kathy avèk mwen t al nan antèman Jason Hall. Nan moman l te mouri a, li te gen 48 tan epi l t ap sèvi kòm yon prezidan kowòm ansyen.

Men sa Jason te di konsènan yon evenman ki te chanje lavi li:

“[Nan laj 15 zan] m [te] fè yon aksidan pandan m t ap fè plonjon. … Kou m te [kase] epi m te paralize depi nan lestomak jis nan pye. M te totalman pèdi kontwòl janm mwen ak yon pati nan kontwòl bra m. M pa t ka mache, ni kanpe, … ni manje poukont mwen ankò. M te ka apèn respire ak pale.”14

M te sipliye: “Chè Papa m [nan Syèl la], si sèlman m te ka gen men m, m konnen m t ap ka fonksyone. Tanpri, Papa, tanpri …

“… ‘Kenbe janm mwen, Papa; m jis [priye pou] m ka itilize men mwen.’”15

Jason pa t janm retwouve izaj men li ankò. Èske w ka tande vwa ki soti nan kay byen laj la? “Jason Hall, Bondye pa tande priyè w! Si Bondye se yon Bondye lanmou, kijan l fè kite w konsa? Poukisa w gen lafwa nan Kris la?” Jason Hall te tande vwa yo men li pa t okipe yo. Olyesa, li te fè festen ak fwi pyebwa a. Lafwa l nan Jezikri te vin inebranlab. Li te diplome nan inivèsite epi l te marye avèk Kolette Coleman nan tanp, ke l te dekri kòm “amou lavi mwen.”16 Apre 16 zan maryaj, yon lòt mirak te fèt, pitit gason presye yo a, Coleman, te fèt.

Imaj
Jason ak Kolette Hall
Imaj
Fanmi Hall

Ki fason yo te grandi lafwa yo? Kolette eksplike: “Nou te mete konfyans nou nan plan Bondye a. Epi sa te banou espwa. Nou te konnen Jason t ap gen pou l geri vin nòmal ankò [nan yon jou fiti]. … Nou te konnen Bondye te ba nou yon Sovè, epi sakfiris ekspyatwa l la te pèmèt nou kontinye avanse lè nou te gen tandans pou n te dekouraje.”17

Imaj
Coleman Hall

Pandan l t ap pale nan antèman papa l la, pitit gason 10 zan l lan, Comeman, te di papa l te anseye l “ke Papa nou ki nan Syèl la [gen] yon plan pou nou, lavi sou tè a t ap fòmidab, epi nou t ap kapab viv an fanmi. …” Men … nou t ap gen pou n travèse difikilte tou epi nou t ap fè erè.”

Coleman te kontinye: “Pè Selès la te voye Pitit Gason l lan, Jezi, sou tè a. Travay li sete pou l te pafè. Geri moun. Renmen yo. Epi apresa, soufri pou tout lapenn, doulè, ak peche nou. Apresa li te mouri pou nou. Paske l te fè sa, Jezi konn kijan m santi m nan moman sa a.”

Coleman te kontinye: “Twa jou apre Jezi te mouri, Li … te retounen vivan ankò, ak kò Li pafè. Sa enpòtan pou mwen paske m konnen … kò [papa m] pral pafè epi nou pral ansanm an fanmi.”

Imaj
Fanmi Hall

Apresa Coleman te fini konsa: “Chak swa, depi m te tibebe, papa m te toujou di m ‘Papa w renmen w, Pè Selès la renmen w, e ou se yon bon tigason.’”18

Lajwa vini gras ak Jezikri

Prezidan Russell M. Nelson te dekri poukisa fanmi Hall santi lajwa ak espwa a. Li te di:

“Lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè ak sikonstans lavi nou men li depann de kisa nou fè vin fokis lavi nou.

“Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak sou Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan Limenm e gras avèk Li. Li se sous tout lajwa. …

“Si nou gade sou mond lan ... , nou pa p janm gen lajwa. … [Lajwa] se kado nou resevwa lè nou fè tout efò nou pou nou mennen yon lavi ki dwat, jan Jezikri te ansenye a.”19

Yon pwomès pandan n ap retounen

Si w gen lontan depi w pa manje fwi pyebwa a, tanpri, konnen ke bra Sovè a lonje ap tann nou. L ap rele w avèk amou: “Repanti epi vin jwenn mwen.”20 Fwi l la abondan e se toujou sezon li. Nou pa ka achte l ak lajan, e li pa p refize pèsonn ki onètman vle li.21

Pou tout moun ki anvi retounen al nan pyebwa a pou goute fwi a yon fwa ankò, kòmanse priye Papa nou ki nan Syèl la. Kwè nan Jezikri ak nan pouvwa Sakrifis Ekspyatwa L la. Mwen pwomèt nou si nou vire gade Sovè a “nan chak panse,”22 fwi pyebwa a ap pa nou ankò, l ap gou pou nou, l ap pote lajwa pou nanm nou, “pi gran nan tout don Bondye yo.”23

Imaj
Èldè Andersen avèk Sen Pòtigè yo nan konsekrasyon Tanp Lisbonne nan

Sa fè twa semèn jodia ke m te wè lajwa fwi Sovè a nan totalite li lè mandanm mwen, Kathy, avèk mwen t al nan konsekrasyon Tanp Lisbonne nan, nan Pòtigal. Pòtigal te resevwa verite levanjil retabli yo an 1975 lè yo te vin akòde yo libète relijyon. Anpil Sen nòb ki te premye goute fwi a lè pa t gen okenn kongregasyon, ni chapèl, ni tanp pi pre pase mil sis san kilomèt, te rejwi avèk nou dèske fwi presye pyebwa a disponib kounyea nan kay Senyè a nan Lisbonne, Pòtigal. Ala m onore ak admire Sen Dènye Jou sa yo ki te kenbe kè yo fikse sou Sovè a.

Sovè a te di: “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l’ap donnen anpil, paske san mwenmenm, nou pa kapab fè anyen.”24

Pandan l t ap adrese l a manm Legliz yo atravè tout mond lan maten an, Prezidan Nelson te di: “Chè frè m ak sè m yo, nou se egzanp vivan sou fwi ki soti nan suiv ansèyman Jezikri yo.” Apresa, li te di: “Mèsi! Mwen renmen nou!”25

Nou renmen ou, Prezidan Nelson.

Mwen se yon temwen pouvwa revelasyon ki repoze sou chè Prezidan nou an. Li se pwofèt Bondye. Tankou Leyi ansyen tan an, Prezidan Russell M. Nalson ap rele nou, fanmi Bondye a, pou nou vini epi pran nan fwi pyebwa a. Ke nou gen imilite ak fòs pou nou suiv konsèy li.

Mwen rann nou temwayaj ke Jezikri se Pitit Gason Bondye. Amou Li, pouvwa Li, ak gras Li pote tout bagay ki gen valè dirab. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 7:16.

  2. Matye 7:17.

  3. Jan 4:36.

  4. Nan kòmansman Janvye 2007, pandan m t ap prepare m pou yon diskou devosyon m te gen pou m te fè le 4 Mas 2007 nan Inivèsite Brigham Young pandan m te manm Prezidans Swasanndis la, m te mande Èldè David A. Bednar de kisa l ta pral pale paske l te gen yon diskou nan menm reyinyon sa a tou. M te etone lè l te reponn mwen ke sijè diskou l la sete sou ’kenbe bafè a byendi.’ Sete egzakteman tit mwen te chwazi pou diskou m nan. Apre nou te fin pale de sa k te nan diskou nou an youn ak lòt, nou te reyalize ke apwòch nou yo te diferan. Diskou pa l la, ki te rele “A Reservoir of Living Water (Yon rezèvwa dlo vivan,” te mete aksan sou bafè a, oswa pawòl Bondye, ki anbrase ekriti yo. Nan diskou l la, li te mande: “Eske oumenm avèk mwen li, etidye, ak sonde ekriti yo chak jou nan yon fason ki pèmèt nou kenbe bafè a byendi?” (Speeches.byu.edu).

    Epi, yon semèn apre konvèsasyon m nan avèk Èldè Bednar la, Prezidan Boyd K. Packer te bay yon diskou nan yon devosyon nan BYU ki te rele “Rèv Leyi a avèk Nou.” Prezidan Packer te mete aksan sou bafè a kòm revelasyon pèsonèl ak enspirasyon ke nou resevwa atravè Sentespri a. Li te di: “Si nou kenbe bafè a, nou ka santi ki wout pou n pran gras avèk don Sentespri a. ... Gripe bafè a, e pa lage li. Pa pouvwa Sentespri a, nou ka santi ki wout pou nou pran nan lavi a” (Jan. 16, 2007, speeches.byu.edu).

    Sijè m nan “Kenbe pawòl pwofèt yo, an Mas 2007 la sete bafè a ki te reprezante pawòl pwofèt vivan yo (Mar. 4, 2007, speeches.byu.edu).

    Koneksyon ant twa diskou sa yo se pa yon kowensidans. Men Senyè a t ap travay paske twa diskou, ki te prepare pou menm gwoup moun yo, te idantifye twa aspè nan bafè a, oubyen pawòl Bondye a: (1) ekriti yo, oswa pawòl ansyen pwofèt yo; (2) pawòl pwofèt vivan yo; ak (3) pouvwa Sentespri a. Sete yon eksperyans aprantisaj enpòtan pou mwen.

  5. Gade 1 Nefi 8:4–12.

  6. 1 Nefi 11:25.

  7. Jan 3:16.

  8. Gade David A. Bednar, “Le songe de Léhi: se tenir avec fermeté à la barre de fer,” Liahona, Okt. 2011, 32–37.

  9. 1 Nefi 11:23.

  10. 1 Nefi 8:28.

  11. Gade Boyd K. Packer, “Lehi’s Dream and You” (Devosyon nan Inivèsite Brigham Young University, 16 Jan 2007), speeches.byu.edu.

  12. Russell M. Nelson, “Nou ka fè pi byen e vin pi bon,”,” Liahona, Me 2019, 68.

  13. 1 Nefi 8:33.

  14. Stephen Jason Hall, “The Gift of Home,” New Era, Des. 1994, 12.

  15. Stephen Jason Hall, “Helping Hands,” New Era, Okt. 1995, 46, 47.

  16. Korespondans pèsonèl Kolette Hall voye bay Eldè Andersen .

  17. Korespondans pèsonèl Kolette Hall voye bay Eldè Andersen .

  18. Diskou nan antèman an pa Coleman Hall, Kolette Hall te pataje avèk Eldè Andersen.

  19. Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 82, 84.

  20. 3 Nefi 21:6.

  21. Gade 2 Nefi 26:25,33.

  22. Doktrin ak Alyans 6:36.

  23. 1 Nefi 15:36.

  24. Jan 15:5.

  25. Russell M. Nelson, “Dezyèm Gran Kòmandman an,” Liahona, Nov. 2019, 100.