2010–2019
Pran kwa nou
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Pran kwa nou

Pran kwa nou sou do nou epi suiv Sovè a vledi kontinye ak lafwa sou wout Senyè a epi pa pran plezi nan pratik mond lan.

Chè frè m ak sè m yo, nou resevwa bèl ansèyman nan men dirijan nou yo pandan de dènye jou sa yo. Mwen temwaye nou si nou fè efò pou nou aplike ansèyman apwopriye ak enspire sa yo nan lavi nou, Senyè a, atravè gras li, ap ede nou chak pote kwa nou e aleje fado nou yo.1

Pandan l te nan zòn Sezare Filip la, Sovè a te revele disip li yo ke l ta pral soufri anba men ansyen yo, sakrifikatè yo, ak eskrib yo nan Jerizalèm. Li te espesifikman anseye yo osijè lanmò l ak Rezirèksyon gloriye l la.2 Nan monan presi sa a, disip li yo pa t totalman konprann misyon divin ni an sou tè a. Pyè limenm, lè l te tande sa Sovè a te di, te rele Jezi sou kote, li te di l: “Mande Bondye padon, Mèt! Sa p ap rive ou.”3

Pou l te ede disip li yo konprann ke devouman nan travay li a gen soumisyon ak soufrans, Sovè a te deklare solanèlman:

“Si yon moun vle suiv chemen mwen an, se pou l bliye tèt li, epi pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi suiv mwen.

“Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li; men, moun ki va pèdi lavi l pou tèt mwen, la sove li.

“Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi nanm ni? Kisa yon moun kapab bay an echanj pou nanm ni?”4

Atravè deklarasyon sa a, Sovè a souliyen ke tout moun ki dispoze pou yo suiv li dwe renonse a yomenm e kontwole dezi yo, apeti yo, ak pasyon yo, sakrifye tout bagay, menm lavi yo si nesesè, epi pou yo totalman soumèt anba volonte Papa a—jan l te fè a.5 Sa, anfèt, se pri pou n peye pou sali yon nanm. Jezi te entansyonèlman itilize senbòl kwa a pou l te ede disip li yo pi byen konprann kisa sakrifis ak devouman pou koz Senyè a t ap vrèman vledi. Imaj yon kwa sete yon bagay disip li yo ansanm moun ki te nan Anpi Women yo te konnen byen paske Women yo te konn fòse moun ki te kondane pou krisifiksyon yo pou yo te piblikman pote pwòp kwa yo oswa travès pou y al fè kwa a rive nan zòn kote yo ta pral egzekite yo a.6

Se sèlman apre Rezirèksyon l lan ke lespri disip yo te louvri epi yo te vin konprann tout sa ki te ekri osijè limenm yo7 ak sa yo ta pral oblije fè apati moman sa a.8

Nan menm fason an tou, nou tout, frè m ak sè m yo, nou bezwen louvri lespri nou ak kè nou pou nou ka pi totalman konprann responsablite pou nou chanje kwa nou sou do nou epi suiv li a. Nou aprann nan ekriti yo ke moun ki vle pran kwa yo sou do yo renmen Jezikri nan pwen ke yo refize tout enpyete ak tout konvwatiz mond lan epi yo respekte kòmandman l yo.9

Detèminasyon nou pou nou rejte tout sa ki kontrè ak volonte Bondye ak pou sakrifye tout sa yo mande nou pou n bay la epi fè efò pou nou suiv ansèyman l yo ap ede nou pèsevere sou chemen levanjil Jezikri a—menm lè nou anfas tribilasyon, feblès nan nanm nou yo, oswa presyon sosyal ak folozofi mond lan ki opoze ak ansèyman l yo.

Paregzanp, pou moun ki poko jwenn yon konpayon etènèl epi ki petèt santi yo solitè ak dezespere yo, oubyen moun ki divòse epi ki santi yo abandone e moun bliye yo, mwen asire nou ke, aksepte envitasyon Sovè a pou nou pran kwa nou epi suiv li a, vle di kontinye ak lafwa sou chemen Senyè a,pandan n ap konsève yon modèl diyite, epi pa tonbe nan abitid monden ki ap alafen retire esperans nou nan lanmou ak mizètikòd Bondye a.

Menm prensip sa yo aplike pou sila nan pami nou yo ki gen atirans pou moun menm sèks avèk yo epi ki santi yo dekouraje ak dezespere. E petèt pou rezon sa a, kèk nan nou gen enpresyon ke levanjil Jezikri pa pou nou ankò. Se se konsa nou santi nou, m vle asire nou ke toujou gen espwa nan Bondye Papa a ak nan plan bonè l la, nan Jezikri ak sakrifis ekspyatwa l la, ak nan viv kòmandman plen lanmou moun sa yo. Nan sajès, pouvwwa, jistis ak mizèrikòd pafè li, Senyè a kapab sele nou kòm pa li, pou nou ka rive nan prezans li epi jwenn sali etènèl, si nou rete konstan ak inebranlab nan kenbe kòmandman l yo10 epi nou toujou kontinye fè bon zèv.11

Pou moun ki te komèt peche grav, aksepte menm envitasyon sa a vledi, pami lòt bagay, pou nou imilye tèt nou devan Bondye, pale avèk dirijan apwopriye yo nan Legliz la, epi repanti, epi abandone peche nou yo. Pwosesis sa a ap toujou yon benediksyon pou tout moun k ap lite anba adiksyon akablan, enkli opioids, dwòg, alkòl, ak pònografi. Si nou pran twa etap sa yo, n ap rapwoche nou de Sovè a ki ka finalman libere nou anba santiman kilpabilite, tristès, ak esklavaj espirityèl ak fizik nou ye a. Anplis, nou gen dwa gen dezi pou n chèche sipò nan men fanmi nou, zanmi, pwofesyonèl lasante ak konesye pwofesyonèl konpetan.

Tanpri, pa janm lage sa menmsi nou echwe apre lè nou fin eseye, epi, pa panse ke nou pa kapab abandone peche nou yo ak simonte adiksyon. Nou pa ka pèmèt nou sispann eseye epi kontinye rete nan feblès ak peche! Toujou efòse nou pou nou fè pi byen nou kapab, pandan ke pa mwayen zèv nou, n ap manifeste dezi pou nou netwaye veso enteryè nou, jan Sovè a te anseye a.12 Pafwa, solisyon pou kèk pwoblèm vini apre dè mwa efò sanrete. Pwomès nou jwenn nan Liv Mòmon an ki di ke “se pa mwayen lagras nou sove apre tout sa nou kapab fè,”13 a aplike pou nou nan sikonstans sa yo. Tanpri, sonje ke don lagras Sovè a “pa nesesèman limite a yon peryòd tan ki vini ‘apre’ tout sa nou kapab fè. Nou kapab resevwa gras li anvan, pandan, ak apre peryòd kote nou fè pwòp efò pa nou yo.”14

Mwen temwaye ke si nou kontinyèlman fè efò pou simonte difikilte nou yo, Bondye ap beni nou avèk don lafwa pou nou ka geri ak don pou n akonpli mirak.15 L ap fè pou nou sa nou pa kapab fè pou tèt pa nou.

Epitou, pou moun ki santi nou gen amètim, ki fache, ofanse, oubyen anchene anba chagren pou yon bagay nou santi nou pa t merite, pran kwa nou epi suiv Sovè a vle di efòse nou pou n abandone santiman sa yo epi al jwenn Senyè a pou l ka libere nou anba etadespri sa a epi ede nou jwenn lapè. Malerezman, si nou pa abandone santiman ak emosyon negatif sa yo, nou riske retwouve nou san enfliyans Lespri Senyè a nan lavi nou. Nou pa ka repanti pou lòt moun, men nou ka padone yo—nan refize pou moun ki blese nou yo kenbe nou an otaj.16

Ekriti yo anseye ke gen yon mwayen pou nou soti anba sitiyasyon sa yo—se nan envite Sovè nou an pou l ede nou ranplase kè andisi nou an pa yon nouvo kè.17 Pou sa rive, nou bezwen al jwenn Senyè a avèk feblès nou yo18 epi enplore èd li ak padon li,19 espesyalman pandan moman sakre kote n ap pran sentsèn chak Dimanch yo. Se pou nou chèche padon li ak èd li, epi, pran yon etap difisil ak enpòtan ki se padone moun ki blese nou yo pou blesi pa nou yo kapab kòmanse geri. Mwen pwomèt nou si nou fè sa, nuit nou yo va ranpli ak soulajman k ap vini paske lespri nou ap anpè avèk Senyè a.

Pandan l te nan Prizon Libète a an 1839, Pwofèt Joseph Smith te ekri yon epit voye bay manm Legliz yo ki gen pwofesi ki si byen aplikab pou sitiyasyon sa yo. Li te ekri: “Tout twòn ak dominasyon yo, otorite ak pouvwa yo, pral revele epi yo pral tabli sou tout moun ki te pèsevere avèk vanyans pou levanjil Jezikri a.”20 Konsa, moun ki pran non Sovè a sou tèt yo, ki kwè nan pwomès li yo e ki pèsevere jiskalafen, y ap sove21 epi y ap kapab demere avèk Bondye nan yon bonè ki p ap fini.22

Nou tout konn fè fas ak sikonstans difisil nan lavi nou ki fè nou santi nou tris, enpuisan, dezespere, e menm febli pafwa. Kèk nan santiman sa yo ka pouse nou poze Senyè a kesyon sa a: “Poukisa m ap travèse sitiyasyon sa yo?” oubyen “Poukisa m pa ka jwenn sa m ap atann yo? Apretou, mwen fè tout sa k nan pouvwa m pou m pote kwa m ak suiv Sovè a!”

Chè zanmi mwen, nou dwe sonje ke, pran kwa nou sou do nou mande pou nou gen imilite epi gen konfyans nan Bondye ak nan sajès enfini li. Nou dwe rekonèt ke li konnen nou chak epi l konn bezwen nou chak. Li nesesè tou pou nou aksepte ke kalandriye Senyè a diferan ak pa nou. Pafwa n ap mande yon benediksyon epi nou fikse yon dat limit pou Senyè a ba nou li. Nou pa ka mete kondisyon sou fidelite nou pou li nan enpoze l yon dat limit pou l ba nou repons pou dezi nou yo. Si nou fè sa, n ap sanble avèk Nefit ansyen tan yo ki te doute, ki te moke frè yo ak sè yo kote yo te di ke moman pou pawòl Samyèl, Lamanit la te pale yo te akonpli a te pase, epi yo te kreye gwo konfizyon nan mitan moun ki te kwè yo.23 Nou bezwen mete ase konfyans nan Senyè a pou nou ka trankil epi konnen ke Li se Bondye, Li konn tout bagay, epi Li konnen nou chak.24

Imaj
Èldè Soares k ap vizite Sè Calamassi

Dènyèman m te gen opòtinite pou m te vizite yon sè vèv ki rele Franca Calamassi, ki ap soufri anba yon maladi ki kokobe li. Sè Calamassi sete premye manm nan fanmi li ki te antre nan Legliz retabli Jezikri a. Byenke mari l pa t janm batize, li te aksepte rankontre misyonè yo epi l te souvan ale nan reyinyon Legliz yo. Malgre sikonstans sa yo, Sè Calamassi te rete fidèl epi li te elve kat pitit li yo nan levanjil Jezikri a. Ennan apre lanmò mari li, Sè Calamassi te mennen pitit li yo nan tanp, epi yo te patisipe nan òdonans sakre yo epi yo te sele ansanm kòm fanmi. Pwomès ki asosye avèk òdonans sa yo te pote anpil espwa, lajwa ak bonè pou li epi yo te ede l avanse nan lavi li.

Imaj
Fanmi Calamassi nan tanp lan

Lè premye sentòm maladi a te kòmanse parèt, evèk li te ba l yon benediksyon. Nan moman sa a, li te di evèk la ke l te pare pou l te aksepte volonte Senyè a, konsa, li te eksprime lafwa l pou l te geri ansanm ak lafwa pou l te andire maladi a jiskalafen.

Nan vizit mwen an, pandan m te kenbe men Sè Calamassi epi m te gade nan je li, m te wè yon klate anjelik sou vizaj li—ki te reflete konfyans li nan plan Bondye a ak esperans pafè li nan lanmou ak plan Pè Selès la pou li.25 M te santi detèminasyon fèm ni pou l te pèsevere nan lafwa jiskalafen nan pran kwa li, malgre pwoblèm li t ap travèse yo. Lavi sè sa a se yon temwayaj de Kris la, yon deklarasyon lafwa li ak devosyon li pou Kris la.

Chè sè m ak frè m yo, mwen temwaye nou ke pran kwa nou sou do n epi suiv Sovè a mande pou nou suiv egzanp li epi fè efò poun vin menmjan avèk li,26 pandan avèk pasyans, n ap fè fas ak sikonstans lavi yo, renonse ak rejte apeti lòm natirèl yo, epi espere nan Senyè a. Nan Sòm yo, yo ekri:

“Mete espwa ou nan Senyè a! Pran kouraj, epi l ap fòtifye kè ou, mwen di w, espere nan Senyè a.”27

“Li se èd nou ak boukliye nou.”28

Mwen temwaye nou ke si nou suiv tras pye Mèt nou an epi nou mete esperans nou nan limenm ki se gerizè siprèm lavi nou an, n ap jwenn repo pou nanm nou epi l ap fè fado nou yo vin fasil ak lejè.29 Konsènan bagay sa yo mwen temwaye nan non sakre Jezikri, amèn.