2010–2019
Chanjman pou Fòtifye Jèn yo
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Chanjman pou Fòtifye Jèn yo

Plis jènjan ak jènfi pral relve defi a epi yo pral rete sou chemen alyans lan gras avèk atansyon solid sa a n ap pote sou jèn nou yo.

Mèsi, Prezidan Nelson, pou bèl direksyon enspire sa yo konsènan temwen nan batèm yo ansanm avèk direksyon ou mande nou pou nou pataje yo pou ede fòtifye jèn yo ak devlope potansyèl sakre yo.

Anvan m pale de chanjman sa yo, nou eksprime apresyasyon sensè nou pou fason eksepsyonèl manm nou yo reyaji devan bagay nouvo k ap fèt yo nan pwosesis retablisman kontinèl levanjil la. Jan Prezidan Nelson te sigjere ane pase a, nou te pran vitamin nou!1

Nou etidye Vini, Suiv Mwen an ak kè kontan lakay nou.2 Nou adapte nou a chanjman ki fèt yo nan legliz la tou. Manm kowòm ansyen ak sè Sosyete Sekou yo mete tèt ansanm pou yo fè travay sali a.3

Nou rekonesan anpil pou sa.4 Nou patikilyèman rekonesan dèske jèn nou yo kontinye rete fidèl ak solid.

Jèn nou yo ap viv nan yon epòk eksitan men ki difisil tou. Chwa ki disponib yo pa t janm te si ekstrèm konsa. Yon egzanp: ‘smartphone’ modèn nan bay aksè nan enfòmasyon enkwayableman enpòtan ak edifyan, enkli istwa familyal ak ekriti sent yo. Yon lòtbò, li gen anpil foli, imoralite ak move bagay ladann ki pa t fasilman aksesib konsa nan lepase.

Imaj
Pwogram santre sou Fwaye
Imaj
Aktivite pou jèn yo

Pou ede jèn nou yo navige nan labirent chwa sa yo, Legliz la prepare twa gwo inisyativ enpòtan ak global. . Premyèman, nou ranfòse kourikouloum nan epi nou etann ni rive nan fwaye nou. Dezyèmman, gen yon pwogram pou timoun yo ak jèn yo ki gen ladann aktivite eksitan ak devlopman pèsonèl ki te prezante Dimanch dènye pa Prezidan Nelson, Prezidan Ballard, ak Ofisye Jeneral yo. Yon twazyèm inisyativ se chanjman òganizasyonèl pou pèmèt evèk yo ak lòt lidè yo konsantre yo pi plis sou jèn yo. Konsantrasyon sa a dwe spirityèlman puisan epi l dwe ede jèn nou yo pou fè yo vin batayon jèn Prezidan Nelson mande yo pou yo devni an.

Chema ki konekte ansanm

Chanjman sa yo, ansanm ak sa nou te anonse pandan de dènye ane sa yo, se pa chanjman izole yo ye. Chak ajisteman sa yo se yon pati entegral nan yon chema ki konekte ansanm pou beni Sen yo ak prepare yo pou yo rankontre Bondye.

Yon pati nan chema a gen rapò avèk jenerasyon k ap grandi a. Yo mande jèn nou yo pou yo pran plis responsablite endividyèl nan jèn laj yo—san paran ak dirijan k ap entèfere nan fè sa jèn yo kapab fè pou tèt pa yo.5

Anons

Jodia, n ap anonse chanjman nan òganizasyon pou jèn yo nan nivo pawas ak pieu. Jan Prezidan Nelson te eksplike: Sè Bonnie H. Cordon pral pale sou chanjman pou Jènfi yo aswè a. Youn nan objektif chanjman sa yo m pral anonse a se pou fòtifye detantè Prètriz Aawon yo, kowòm, ak prezidans kowòm Prètriz Aawon yo. Chanjman sa yo konfòm avèk sa yo mande nou pou nou pratike nan Doktrin ak Alyan 107:15la, ki di: “Episkopa a se prezidans prètriz [Aawon] an, epi li detni kle ak otorite prètriz sa a.”

Youn nan devwa ekriti yo bay evèk la se prezide sou prèt yo epi chita nan konsèy avèk yo, pou anseye yo devwa ofis yo.6 Anplis, premye konseye nan episkopa a pral espesifikman responsab enstriktè yo epi dezyèm konseye a pral responsab dyak yo.

Pa konsekan, pou aliyen nou avèk revelasyon sa a nan Doktrin ak Alyans yo, prezidans Jènjan nan nivo pawas yo pral elimine. Frè fidèl sa yo te fè anpil byen, epi nou eksprime apresyasyon nou pou yo.

Nou espere ke episkopa yo pral mete gwo aksan ak konsantrasyon sou responsablite jènjan yo nan prètrz la epi ede yo nan devwa kowòm yo. Yo pral aple kèk adilt ki kapab kòm konseye Jènjan yo pou ede prezidans kowòm Prètriz Aawon yo ak episkopa a nan devwa yo.7 Nou sèten ke plis jènjan ak jènfi pral relve defi a epi yo pral rete sou chemen alyans lan avèk gwo atansyon sa a n ap mete sou jèn nou yo.

Selon modèl Senyè a enspire a, evèk la responsab tout moun nan pawas la. Li se yon benediksyon pou paran jèn yo osiben ke pou jèn yo. Pandan l t ap pale avèk yon jènjan ki te gen pwoblèm avèk pònografi, yon evèk te dekouvri ke li te ka ede jènjan sa a nan repantans li, si sèlman an menm tan an, li te ede paran yo reyaji avèk lanmou ak konpreyansyon. Gerizon jènjan an sete yon gerizon pou fanmi an tou epi sa te posib paske evèk la te travay avèk tout fanmi an. Jènjan sa a se yon detantè Prètriz Mèlkisedèk ki diy kounyeya epi l ap sèvi yon misyonè aplentan.

Jan istwa sa a sigjere a, twa chanjman sa yo pral:

  • Ede evèk yo ak konseye yo konsantre sou responsablite prensipal yo, ki se jèn yo ak timoun Primè yo.

  • Mete pouvwa ak devwa Prètriz Aawon yo nan sant lavi pèsonèl ak objektif pèsonèl chak jènjan.

Chanjman sa yo tou:

  • Mete aksan sou responsablite prezidans kowòm Prètriz Aawon yo ak fè yo konnen ke yo sou otorite dirèk episkopa a.

  • Motive dirijan adilt yo pou yo asiste ak gide prezidans kowòm Prètriz Aawon yo nan mayifye pouvwa ak otorite ofis yo a.

Jan nou wè, chanjman sa yo pa p diminye responsablite episkopa a anvè jènfi yo. Jan Prezidan Nelson fèk sot di nou an: “Premye ak pi enpòtan responsablite [episkopa a] se pran swen jènjan ak jènfi nan pawas li yo.”8

Kijan evèk byeneme ak vanyan nou yo pral ranpli responsablite sa a? Si nou sonje, an 2018, yo te pote chanjman nan kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo pou yo te travay pi serekole avèk Sosyete Sekou yo pou ke, sou direksyon evèk la, kowòm ansyen ak Sosyete Sekou kapab pran kèk responsablite enpòtan ki te pran tout tan evèk la anvan sa a. Responsablite sa yo enkli travay misyonè ak travay tanp ak istwa familyal nan pawas la9—osi byen anpil nan sèvis pastoral pou manm pawas yo.

Imaj
Responsablite yon evèk

Evèk la pa kapab delege kèk responsablite, tankou fòtifye jèn yo, asime wòl li kòm jij an Izrayèl, pran swen moun ki nan nesesite yo, ak jere finans ak zafè tanporèl yo. Sepandan, bagay sa yo mwens pase jan nou te petèt konprann nan lepase. Jan Èldè Jeffrey R. Holland te eksplike ane pase lè l t ap anonse chanjman nan kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo: “Natirèlman, evèk la rete gran prèt k ap prezide pawas la. Nouvo oryantasyon sa a [nan kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo] dwe pèmèt li prezide sou travay Prètriz Mèlkisedèk la ak Sosyete Sekou san l pa oblije fè travay youn nan òganizasyon sa yo pou yo.10

Paregzanp, yon prezidans Sosyete Sekou ak yon prezidan Kowòm ansyen, lè yo mande yo sa, kapab jwe yon pi gwo wòl nan soutni adilt yo—menmjan yon prezidant Jènfi kapab fè pou jènfi yo. Byenke se evèk la sèlman ki ka sèvi kòm sèl jij nan pawas la, lòt dirijan sa yo gen dwa a revelasyon soti nan syèl la tou pou ede yo lè pwoblèm ki prezante yo pa egzije yon jij an Izrayèl oubyen yo pa anrapò avèk abi tout kalite.11

Sa pa vledi ke yon jènfi pa kapab ni pa ta dwe pale avèk evèk la oubyen avèk paran li. Fokis yo se jèn yo! Men sa vledi ke yon dirijan Jènfi ka petèt pi byen ka reponn bezwen yon jènfi an patikilye. Episkopa a osi sousye de jènfi yo ke l sousye pou jènjan yo men, nou rekonèt fòs ki soti genyen dirijant Jènfi solid, angaje, ak fokis, ki renmen jènfi yo epi k ap gide yo, ki pa pran plas prezidans klas yo, men ki ede yo reyisi nan wòl sa yo.

Sè Cordon pral pale de plis chanjman eksitan pou Jènfi yo aswè a. Mwenmenm, sepandan, m ap anonse ke prezidant Jènfi pawas yo pral bay rapò epi pran konsèy dirèkteman nan men evèk pawas la kounyea. Nan lepase, evèk la te ka delege tach sa a bay yon konseye episkopa a, men apati jodia, jènfi yo pral sou responsablite dirèk moun ki detni kle pou prezide sou pawas la. Prezidant Sosyete Sekou a ap kontinye bay rapò dirèkteman a evèk la.12

Nan nivo jeneral ak nan nivo pieu yo, n ap kontinye gen prezidans Jènjan. Nan nivo pieu a, se yon manm gran konsèy ki pral prezidan Jènjan13 epi, avèk manm gran konsèy ki asiyen pou Jènfi ak Primè yo, li pral fè pati Komite Prètriz Aawon ak Jènfi pieu a. Frè sa yo pral travay avèk prezidans Jènfi pieu a nan komite sa a. Avèk yon konseye prezidan pieu a kòm prezidanli, komite sa a pral gen pi plis enpòtans toujou paske anpil nan pwogram ak aktivite nan nouvo pwogram devlopman pou Timoun yo ak Jèn yo pral fèt nan nivo pieu a.

Manm gran konsèy sa yo, sou direksyon prezidans pieu a, kapab sèvi kòm yon resous pou evèk yo ak kowòm Prètriz Aawon yo, prèske menmjan manm gran konsèy yo ye pou kowòm ansyen pawas yo.

Konekte avèk sa, yon lòt manm gran konsèy pral sèvi kòm prezidan Lekòldidimanch pieu epi, si nesesè, li ka sèvi nan komite Prètriz Aawon–Jènfi pieu a.14

Nou pral eksplike lòt chanjman adisyonèl nan òganizasyon yo pi an detay nan enfòmasyon nou pral voye bay dirijan yo. Chanjman sa yo enkli:

  • Reyinyon komite episkopal jèn yo pral ranplase pa yon konsèy jèn pawas.

  • Mo “Mityèl” la pral elimine epi l ap vin ranplase kounyea pa “Aktivite Jènfi,” “Aktivite kowòm Prètriz Aawon,” oswa “aktivite jèn yo,” epi l ap fèt chak semèn kote sa posib.

  • Bidjè pawas la pou aktivite jèn yo pral divize egal ego ant Jènjan ak Jènfi yo selon kantite jèn ki genyen nan chak òganizasyon yo. Yon montan ki sifizan dwe rezève pou aktivite Primè yo.

  • Nan tout nivo—pawas, pieu, ak jeneral—nou pral itilize tèm “òganizasyon” kounyea olye de “oksilyè.” Moun k ap dirije Òganizasyon Jeneral Sosyete Sekou, Jènfi, Jènjan, Primè, ak Lekòldidimanch yo pral rele “Osifye Jeneral” kounyea. Moun k ap dirije òganizasyon nan nivo pawas ak pieu yo pral rele “ofisye pawas” ak “ofisye pieu”15kounyea.

Chanjman sa yo nou anonse jodia ka kòmanse osito ke branch yo, pawas yo, distri yo, ak pieu yo pare, men yo dwe anplas rive Premye Janvye 2020. Chanjman sa yo, lè nou konbine yo epi nou entegre yo avèk chanjman anvan yo, reprezante yon efò spirityèl ak òganizasyonèl ki annakò avèk doktrin pou beni ak fòtifye chak gason, chak fi, chak jèn, ak chak timoun nan, nan ede yo chak suiv egzanp Sovè nou an, Jezikri, pandan nap pwogrese sou chemen alyans lan.

Chè frè m ak sè m yo, mwen pwomèt nou epi m temwaye nou ke pil chanjman sa yo, sou direksyon yon prezidan ak pwofèt enspire, Russell M. Nelson, ap pote plis pouvwa ak plis fòs pou chak manm nan Legliz la. Jèn nou yo pral devlope pi gwo lafwa nan Sovè a, y ap pwoteje kont tantasyon advèsè a, epi y ap prepare pou yo fè fas a pwoblèm lavi yo. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Russell M. Nelson, nan “Latter-day Saint Prophet, Wife and Apostle Share Insights of Global Ministry,” Newsroom, 30 Okt. 2018, newsroom.ChurchofJesusChrist.org.

  2. Anplis, nou gen efò espesifik ki te fèt pou itilize non kòrèk Legliz la jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye a ak pou nou sonje Sovè nou an avèk amou ak reverans pandan n ap fè sa.

  3. “Manm Legliiz Jezikri yo resevwa tach ‘pou yo travay nan jaden l lan pou sali nanm lèzòm’ (Doktrin ak Alyans 138:56). Travay sali sa a gen ladann travay misyonè manm, retansyon konvèti, aktivasyon manm mwens aktif yo, travay tanp ak istwa familyal, ak ansenye levanjil la. Episkopa a dirije travay sa a nan pawas la, asiste pa lòt manm konsèy pawas yo” (Manyèl Enstriksyon 2: Administrasyon Legliz la 5.0, ChurchofJesusChrist.org).

  4. Noumenm lidè yo, nou renmen manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou bonte nou ak kalite disip nou. Nou konplimante moun endividyèl, manman, papa, jèn, ak timoun ki ap mache sou chemen alyans lan—epi k ap fè sa ak devouman ak lajwa yo.

  5. An 2019, dyak onzan yo te kòmanse distribye Sentsèn, epi jènfi ak jènjan 11 onzan yo te resevwa rekòmandasyon tanp a izaj limite. Ane pase, Prezidan Nelson te bay jènjan yo ak jènfi yo tach pou yo fè pati yon batayon jèn pou rasanble Izrayèl dispèse a sou toulède bò vwal la (gade “Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org). Repons la te ekstraòdinè.

    Misyonè aplentan kounyea ap sèvi nan fason eksepsyonèl nan laj pi jèn. Depi 6 Oktòb 2012, jènjan yo elijib pou yo sèvi a 18 tan epi jènfi yo a 19 an.

  6. “Epi tou devwa yon prezidan nan tèt Prètriz Aawon an se pou l prezide sou tèt kanrantuit prèt, pou l chita nan konsèy avèk yo, pou l ansenye yo devwa ofis yo, jan yo resevwa nan alyans yo. … Prezidan sa a dwe yon evèk; paske se youn nan ofis prètriz sa a” (Doktrina k Alyans 107:87–88).

  7. Lidè adilt pral aple kòm espesyalis kowòm Prètriz Aawon tou pou ede nan pwogram ak aktivite yo epi pou ale nan reyinyon kowòm yo pou episkopa a kapab regilyèman vizite klas Jènfi yo ak aktivite Jènfi yo epi okazyonèlman vizite Primè. Gen kèk espesyalis yo ka aple pou ede nan aktivite patikilye tankou kan; gen lòt ki ka aple pou pi lontan pou yo ka ede konseye kowòm yo. Ap toujou gen de gason adilt nan chak reyinyon, pwogram, oswa aktivite kowòm. Pandan ke wòl yo ak tit yo ap chanje a, nou pa prevwa pou kantite gason adilt k ap sèvi ak sipòte kowòm Prètriz Aawon yo diminye.

  8. Russell M. Nelson, “Temwen, Kowòm Prètriz Aawon, ak Klas Jènfi,” Liahona, Nov. 2019, 39, italik ajoute; gade tou Ezra Taft Benson, “To the Young Women of the Church,” Ensign, Nov. 1986, 85.

  9. Nou konseye evèk yo tou pou yo pase plis tan avèk manm jèn adilt sèl yo ak pwòp fanmi yo.

  10. Jeffrey R. Holland, reyinyon lidèchip konferans jeneral Avril 2018; gade “Sèvis Pastoral Efikas,” tou. Èldè Holland te anseye ke responsablite evèk la pa kapab delege yo se prezide sou kowòm Prètriz Aawon yo ak jènfi yo, asime wòl jij pawas la, jere finans ak zafè tanporèl Legliz la, ak pran swen pòv ak moun ki nan bezwen yo. Prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo ak lòt kapab pran responsablite prensipal pou travay misyonè, travay tanp ak istwa familyal, kalite ansèyman nan pawas la, ak veye sou manm yo ak sèvis pastoral pou yo.

  11. Anplis sikonstans ki mande kle jij pawas la, pwoblèm abi tout kalite yo dwe jere pa evèk la selon politik Legliz la.

  12. Prezidant Sosyete Sekou pieu a ap kontinye bay rapò dirèkteman a prezidan pieu a.

  13. Konseye prezidan Jènjan pieu yo ka aple pami manm pieu a oubyen, si bezwen, se ka manm gran konsèy ki atache ak Jènfi yo ak manm gran konsèy ki atache ak Primè a.

  14. Frè k ap sèvi kòm prezidan Lekòldidimanch yo gen responsablite espesyal pou pwogram etid jèn yo de Dimanch chak mwa.

  15. Prezidans Sosyete Sekou, Jènfi, Jènjan, Lekòldidimanch, ak Primè yo nan nivo jeneral ak nan nivo pieu yo se Ofisye Jeneral oswa ofisye pieu. Nan nivo pawas, se episkopa a ki dirije jènjan yo, konsa, konseye jènjan yo pa ofisye pawas.