2010–2019
Vrè Disip Sovè a
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Vrè Disip Sovè a

Nou kapab santi lajwa dirab lè Sovè nou an ak levanjil Li a vin tounen bagay ki pi enpòtan nou konsidere lè n ap pran desizyon ki afekte lavi nou.

Yon ti jan kache nan liv Ansyen Testaman an, nan liv Aggée a, nou jwenn yon deskripsyon sou yon gwoup moun ki ta ka itilize konsèy Èldè Holland nan. Erè yo sete lefèt ke yo pa t mete Kris la nan sant lavi yo, sant lafwa yo, ak sant sèvis yo. Haggai dekri yo nan yon fason trè imaje ki pouse nou reflechi pandan l ap reprimande moun sa yo paske yo te rete konfòtableman lakay yo olye ke yo te bati tanp Senyè a:

“Kijan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze?

“Bon. Koulye a, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k ap rive nou la a.

“Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan.

“Wi! Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k ap rive nou la a.”1

Èske w pa renmen deskripsyon sa yo ki montre jan sa pa gen sans lè moun bay bagay ki pa gen valè etènèl priyorite sou bagay Bondye yo?

Nan yon reyinyon sentsèn mwen te asiste dènyèman, yon ansyen misyonè te site yon papa ki te rezime ide sa a pafètman lè l te di timoun li yo: “Sa nou bezwen la a se mwens Wi-Fi ak plis Nefi!”

Paske m te viv nan Afrik de Lwès pandan senkan, mwen te wè anpil egzanp moun ki bay levanjil la priyorite tou natirèlman ak san yo pa wont. Yon egzanp sou sa se non yon garaj ki spesyalize nan repare kawotchou ak balanse wou nan Gana. Pwopriyetè a rele l “Aliye selon volonte w.”

Nou kapab santi lajwa dirab2 lè Sovè nou an ak levanjil Li a vin tounen bagay ki pi enpòtan nou konsidere lè n ap pran desizyon ki afekte lavi nou. Sepandan, li tèlman fasil pou se bagay mond lan pito ki vin tounen sa ki pi enpòtan nan lavi nou, lè sa a levanjil vin tounen yon bagay opsyonèl, oswa senpleman asiste legliz pandan dezèdtan lè Dimanch. Lè se ka sa a, se kòmsi nou mete salè nou nan yon “yon bous ki plen twou.”

Aggée di nou pou nou angaje—pou nou fè tout sa nou kapab, jan nou di an Ostrali a, pou nou vin “fair dinkum” nan viv levanjil la. Moun fair dinkum lè yo se sa yo di yo ye a.

Mwen te aprann yon ti kras konsènan fair dinkum ak fè tout sa m kapab lè m t ap jwe rugby. Mwen te dekouvri ke lè m te jwe pi byen m te kapab, lè m te fè tout sa m te kapab, mwen te jwenn pi gwo plezi nan jwèt la.

Imaj
Èldè Vinson avèk ekip rugby l la

Sezon rugbi m te pi renmen an te se ane apre m te fini etid segondè mwen. Ekip mwen jwe ladan an te fò ak angaje. Se nou ki te chanpyon ane sa a. Men, yon jou, nou te gen pou nou te jwe avèk yon ti ekip, epi apre match la nou tout te gen randevou pou n t al nan gwo bal anyèl inivèsite a. M te panse, paske sa t ap yon match byen fasil, m ta dwe sèlman eseye pwoteje tèt mwen pou m pa blese pou m te kapab byen jwi plezi bal la. Nan match sa a, nou pa t angaje nou jan nou te konn fè avèk gwo ekip yo, epi nou te pèdi match la. Pou rann bagay yo pi mal, mwen te fini match la avèk lèv mwen byen anfle, sa ki pa t amelyore aparans mwen pou gwo randevou m nan. Petèt m te bezwen aprann yon bagay.

M te fè yon eksperyans trè diferan nan yon match nan apre kote m te angaje tèt mwen totalman. A yon sèten moman, m te kouri entensyonèlman sou advèsè a epi nou te fè kolizyon, imedyatman m te santi yon doulè nan figi m. Paske papa m te anseye m ke m pa dwe janm kite lòt ekip advèsè a wè si m blese, m te kontinye jwe match la kòmsi m pa t gen anyen. Jou swa sa a, lè m tap eseye manje, m te rann mwen kont ke m pa t kapab moulen manje a. Nan demen maten, m t al lopital kote yon radyografi te konfime ke machwè m te kase. Yo te mare bouch mwen avèk fil ki te fè l rete fèmen pandan sis semèn.

Mwen te aprann anpil leson nan parabòl sa a sou lèv anfle ak machwè kase a. Malgre souvni sou anvi m te genyen pou manje solid ki pa t kapab satisfè pandan sis semèn kote sete sèlman likid mwen te kapab pran an, mwen pa regrèt machwè kase m nan paske sa te rive paske m te bay tout sa m te kapab. Men, mwen gen regrè pou lèv anfle a paske l senbolize efò m pa t vle konsanti.

Fè tout sa nou kapab pa vle di ke n ap resevwa benediksyon san rete oubyen n ap toujou gen siksè. Men sa vle di ke n ap gen lajwa. Lajwa se pa yon plezi pasaje, ni menm yon bonè tanporè. Lajwa andire, epi li fonde sou efò nou ke Senyè a asepte.3

Yon egzanp aseptasyon konsa se istwa Oliver Granger a. Jan Prezidan Boyd K. Packer te di a: “Lè yo te chase Sen yo nan Kirtland, … yo te kite Oliver dèyè pou l te vann byen yo te posede yo pou nenpòt ti monnen li te ka jwenn pou yo. Pa t gen anpil chans ke li tap gen siksè. E, anfèt,, li pa t reyisi!”3 Premye Prezidans lan te ba l tach pou l te fè yon travay ki te difisil, sinon enposib. Men Senyè a te felisite l nan mo sa yo pou efò l yo ki te aparaman san siksè yo:

“Senyè a di, epi ankò, m di ou, m sonje sèvitè m nan Oliver Granger; Senyè a di, an verite m di l, non li ale anrejistre nan rejis sakre depi nan jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon, pou tout tan ajamè.

“Se poutèt sa, Senyè a di, se pou l kontante l avèk senserite pou redanmsyon Premye Prezidans Legliz mwen an; epi Senyè a di, apre lè l tonbe, l ap leve ankò, paske sakrifis li a pral pi sakre pou mwen pase ogmantasyon li a.”5

Sa kapab vrè pou nou tout—se pa siksè nou yo, men pito sakrifis ak efò nou yo, ki gen enpòtans pou Senyè a.

Yon lòt egzanp konsènan yon vrè disip Jezikri se yon zanmi ki chè pou nou nan Kotdivwa nan Afrik de Lwès. Sè mèveye ak fidèl sa a te soufri abi emosyonèl tèrib, e menm kèk abi fizik nan men mari l pandan yon bon valè tan, e finalman yo te divòse. Li pa t janm febli nan lafwa l ak bonte l, men akozde kriyote misye anvè li, li te blese anpil pandan anpil tan. Nan pwòp mo pa l, li dekri sa k te pase:

“Kwak mwen te di m te padone l, mwen te toujou dòmi avèk blesi sa a, m te toujou pase jounen m ak blesi sa a. Se te tankou yon boule ki te nan kè m. Anpil fwa m te priye Senyè a pou l te elwaye l de mwen, men li te tèman fè m mal ke m te panse toutbon ke m ta pral pase rès vi m avèk li. Sa te fè m mal plis pase lè m te pèdi manman m pandan m te jèn; sa te fè m mal plis pase lè m te pèdi papa m e menm pitit gason m nan. Se kòmsi doulè a t ap laji epi kouvri kè m, e li te menm ban m enpresyon ke m tap menm mouri a nenpòt kèl moman.

“Kèk lòt fwa m te konn mande tèt mwen kisa Sovè a t ap fè si l te nan sitiyasyon m nan, e m te konn di pito: “‘Sa twòp, Senyè.’

“Epi, yon jou maten, m te sonde kèm pou m te chèche doulè sa a, epi m te kontinye chèche pi fon toujou, rive nan nanm mwen. M pa t ka jwenn ni okenn kote. Rapidman lespri m te kòmanse ap pase an revi tout rezon m [te genyen] pou m te santi m blese yo, men m pa t santi doulè a. Pandan tout jounen an m te rete ap gade si m tap santi doulè a nan kè m; men m pa t santi l. Epi lè sa a, m te mete m ajenou e m te di Bondye mèsi dèske l te fè sakrifis ekspyatwa Senyè a mache pou mwen.”6

Sè sa a sele avèk yon bon gason fidèl kounyeya, ki renmen l anpil.

Donk, kisa konpòtman nou ta dwe ye si nou se vrè disip Kris la? E ki valè levanjil la genyen pou nou lè nou “kalkile byen sou sa k ap rive nou la a,” jan Aggée sigjere a?

Mwen renmen egzanp atitid kòrèk papa Wa Lamoni an te montre a. Na sonje kòlè l te genyen pou kòmanse poutèt pitit gason l lan te akonpaye pa Amon, yon Nefit—yon pèp Lamanit yo te rayi. Li te rale epe l pou l te batay avèk Amon men byenvit li te twouve l avèk epe Amon an nan pwòp gòj pa l. “Kounyeya, wa a te pè pou l pa pèdi lavi l, li te di: Si w epaye lavi m, m ap ba w nenpòt sa w ta mande, menm, mwatye nan wayòm mwen an.”7

Note òf li a—mwatye wayòm ni an pou lavi l.

Men pita, apre li te fin konprann levanjil la, li te fè yon lòt òf. “Wa a te di: Kisa m dwe fè pou m ka gen lavi etènèl w pale a? Wi, kisa m dwe fè pou m nedenouvo nan Bondye, pou m derasinen lespri mechan sa a nan lestomak mwen, pou m resevwa Lespri L, pou m kapab ranpli ak lajwa, pou yo pa chase m nan dènye jou yo? Epi li te di: Ma p bay tout sa m genyen; wi ma p kite wayòm mwen an pou m kapab gen lajwa sa a.”8

Fwa sa a, li te prepare pou l te bay tout wayòm ni an, paske levanjil la te vo plis pase tout sa l te genyen! Li te fair dinkum konsènan levanjil la.

Donk, kesyon an pou nou chak se: Èske noumenm tou nou fair dinkum konsènan levanjil la? Paske si nou pa mete tout kè nou, nou pa fair dinkum! Epi nou konnen ke Bondye pa fè lwanj pou moun ki tyèd.9

Pa gen okenn trezò, ni okenn pastan, ni okenn pozisyon, ni okenn medya sosyal, ni okenn jwèt videyo, ni okenn espò, ni okenn asyosyasyon avèk yon selebrite, ni anyen sou tè a ki pi presye pase lavi etènèl. Se poutèt sa, konsèy Senyè a bay chak moun se “Byen kalkile ki wout n ap pran.”

Santiman m yo eksprime pi byen nan pawòl Nefi yo: “M pran plèzi nan klète; m pran plèzi nan verite; m pran plèzi nan Jezi m nan, paske li te arachte nanm mwen anba lanfè.”10

Èske nou se vrè disip Limenm ki te bay tout pou nou an? Li se Redanmtè nou ak Avoka nou bò kot Papa a. Limenm ki te absoliman angaje l nan sakrifis ekspyatwa l la epi ki fè sa kounyeya tou, nan lanmou Li, nan mizèrikòd Li, ak nan dezi Li pou nou gen lajwa etènèl. Mwen sipliye tout moun k ap tande ak li pawòl sa yo: Tanpri, tanpri, pa ranvwaye moman angajman total nou pou n di na gentan fè sa nan yon moman kèlkonk ki pa egziste, nan yon jou fiti. Se pou nou fair dinkum kounyeya epi santi lajwa! Nan non Jezikri, Amèn.