2010–2019
Sentete ak Plan Bonè a
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Sentete ak Plan Bonè a

Pi gwo bonè soti nan pi gwo sentete pèsonèl.

Chè frè m ak sè m yo, mwen te priye pou m jwenn pouvwa pou ede nou nan rechèch pèsonèl nou pou nou jwenn bonè a. Kèk moun ka santi yo gen ase lajwa deja, men asireman m panse pèsonn pa t ap refize okazyon pou yo jwenn plis bonè. Tout moun t ap prese aksepte yon òf ki garanti bonè sanfen.

Se sa Pè Selès la, Pitit Gason Byenneme l la, Jezikri, ak Sentespri a te ofri chak pitit espri Papa nou ki nan syèl la k ap viv kounyea, ki pral viv, oubyen ki te viv nan mond sa a. Yo pafwa rele òf sa a plan bonè a. Se pwofèt Alma ki te rele l konsa lè l t ap anseye pitit gason l la ki te anpetre nan mizè peche a. Alma te konnen ke inikite pa t ap janm ka pote bonè pou pitit gason l lan—ni pou okenn nan pitit Papa nou ki nan syèl la.1

Li te anseye pitit gason l lan ke pwogresyon nan sentete sete sèl chemen pou rive jwenn bonè. Li te montre klè ke nou te ka devlope pi plis sentete atravè Ekspyasyon Jezikri a ki pwòpte nou ak pèfeksyone nou.2 Se sèlman pa lafwa nan Jezikri, nan kontinye repanti, epi kenbe alyans yo ke n ap kapab jwenn bonè sanfen nou pa ka tann pou nou jwenn ak konsève a.

Priyè mwen jodia se pou m kapab ede nou konprann ke pi gran bonè soti nan pi gran sentete pèsonèl, pou nou ka aji an konsekans kwayans sa a. Apresa m pral pataje sa m konnen pou tèt pa m konsènan sa nou ka fè pou kalifye nou pou don pou nou ka gen plis sentete a.

Ekriti yo anseye nou ke pami lòt bagay yo, nou ka sanktifye oubyen vin devlope plis sentete lè nou egzèse lafwa nan Kris la,3 demontre obeyisans nou,4 repanti,5 fè sakrifis pou li,6 resevwa òdonans sakre yo, epi kenbe alyans nou avèk li yo.7 Pou nou kalifye pou don sentete a, sa mande imilite,8 dousè,9 ak pasyans.10

Mwen te fè eksperyans yon sitiyasyon kote m te anvi gen plis sentete nan Tanp Salt Lake la. Mwen te antre nan tanp lan pou lapremyè fwa san m pa t konen anpil sou kisa pou m te atann. Mwen te wè pawòl sa yo ekri sou batiman an: “Sentete pou Senyè a” ak “Kay Senyè a.” Mwen vrèman pa t ka tann. Men mwen t ap mande m si m te prepare pou m te antre.

Manman m ak papa m t ap mache devan mwen lè m t ap antre nan tanp lan. Yo te mande nou prezante rekòmandasyon nou, pou sètifye diyite nou.

Paran m te konnen mesye ki te sou biwo a. Konsa yo te pran yon ti tan pou pale avèk li. Mwen te avanse poukont mwen rantre nan yon espas byen laj kote tout bagay te blan klere. Mwen te leve je gade plafon an ki te tèlman wo ke li sanble l ak yon syèl ki louvri. Nan moman sa a, m te santi yon enpresyon klè ke m te m te antre la a deja.

Men, lè sa a, m te tande yon vwa trè dous—ki se pa t vwa pa m. Ti vwa dous ki te pale a te di konsa: “Ou potko janm antre la a anvan sa. Se yon epòk avan nesans ou wap sonje la a. Ou te nan yon andwa sakre tankou sa a. Ou te santi ke Sovè a te prèske rive nan plas kote w te kanpe a. Epi ou te santi bonè paske w te anvi wè li anpil.”

Eksperyans sa a nan Tanp Salt Lake la te dire yon ti moman sèlman. Men souvni bagay sa a toujou pote lapè, lajwa, ak yon bonè trankil pou mwen.

M te aprann anpil leson jou sa a. Youn sete ke Sentespri a pale avèk yon ti vwa dous, piti. Mwen ka tande li lè m santi lapè espirityèl nan kè mwen. Li pote yon santiman bonè ak yon asirans ke m ap devlope plis sentete. Epi sa toujou pote bonè m te santi a nan premye moman sa yo nan tanp Bondye a.

Nou obsève nan pwòp lavi pa nou ak nan lavi lòt moun mirak bonè ki soti nan ogmante sentete. Nan semèn ki fèk sot pase yo, mwen t al lopital pou m te vizite kèk moun ki te kapab fè fas ak lanmò avèk yon lafwa total nan Sovè a ak lajwa sou vizaj yo.

Youn sete yon mesye ki te antoure pa fanmi li. Limenm ak madanm ni te nan yon konvèsasyon trankil lè pitit gason m nan avèk mwen te rive. Mwen gen anpil ane depi m konnen yo. Mwen te wè kijan Ekspyasyon Jezikri a te travay nan lavi yo ak nan lavi manm nan fanmi pa yo.

Yo te pran desizyon ansanm pou yo te sispann èd medikal ki te kenbe l anvi a. Te gen yon santiman trankilite pandan l t ap pale avèk nou. Li te souri pandan l t ap eksprime rekonesans li pou levanjil la ak efè pirifikatè li nan lavi l ak fanmi li ke li te renmen. Li te pale sou anpil ane sèvis li te fè ak lajwa nan tanp. Sou demann mesye sa a, pitit gason m nan te fè yon onksyon luil konsakre sou tèt li. Mwen te sele onksyon an. Pandan m t ap fè l la, mwen te santi yon enpresyon klè ke li ta pral wè Sovè a nan pa twò lontan, fas-a-fas.

Mwen te pwomèt li ke li t ap santi bonè, lanmou, ak apwobasyon Sovè a. Li te souri chalerezman pandan nou t ap deplase. Dènye pawòl li yo sete “Di Kathy mwen renmen li.” Madanm mwen, Kathleeen, pandan anpil ane, te ankouraje anpil jenerasyon nan fanmi li pou yo te aksepte envitasyon Sovè a pou vin jwenn ni, fè epi kenbe alyans sakre, epi konsa kalifye yo pou bonè ki vini kòm rezilta a.

Li te mouri kèk èdtan apre. Nan espas kèk semèn apre l te mouri a, madanm ni te pote yon kado pou madanm mwen avèk mwen. Li t ap souri pandan nou t ap pale. Li te di jantiman, “Mwen te panse mwen ta pral santi m tris epi poukont mwen. M santi m kontan anpil. Èske nou panse se yon bagay ki nòmal?”

Paske nou te konnen kijan li te renmen mari li anpil ak fason yo toulède te vin aprann konnen, renmen, ak sèvi Senyè a, mwen te di li ke santiman bonè l la a sete yon kado li te jwenn kòm pwomès paske li te akeri plis sentete nan sèvis fidèl li. Sentete li te kalifye l pou bonè sa a.

Kèk moun k ap tande m jodia ka petèt ap mande tèt yo: “Poukisa m pa santi lapè ak bonè yo pwomèt moun ki rete fidèl yo? Mwen te ret fidèl atravè gwo advèsite, men m pa santi bonè.”

Menm pwofèt Joseph Smith te fè fas avèk tès sa a. Li te priye pou soulajman lè l te fèmen nan prizon Liberty a, nan Missouri. Li te rete fidèl anvè Senyè a. Li te grandi nan sentete. Men li te santi li p at resevewa bonè.

Senyè a te anseye li yon leson sou pasyans ke nou tout apbezwen yon moman kèlkonk, e petèt pou yon bon bout tan, nan eprèv nou nan mòtalite a. Men mesaj Senyè a te bay pwofèt fidèl li a nan soufrans li:

“Epi si yo ta jete ou nan twou, oubyen nan men asasen, epi yo ba ou santans lanmò; si yo jete w nan ravin fon; si lang pèvès konspire kont ou; si move van vin tounen ènmi w; si syèl la rasanble tenèb, epi eleman yo konbine pou bare wout la; epi apre tout bagay sa yo, si bouch lanfè a menm ta louvri laj kont ou, ou dwe konnen, pitit gason m nan, tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w.

“Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase yo tout. Èske ou pi gran pase li?

“Se poutèt sa, rete sou wout ou ye a, epi prètriz la ap rete avèk ou; paske limit moun sa yo deja fikse, yo pa kapab pase. M konnen jou w yo, epi ane ou yo p ap vin mwens; se poutèt sa, pa pè sa lòm kapab fè, paske Bondye ap avèk ou pou toujou ajamè.”11

Sete menm leson an ak menm enstriksyon Senyè a te bay Jòb, ki te peye yon gwo pri pou l te ka pèmèt Ekspyasyon an travay pou te fè l vin gen plis sentete. Nou konnen ke Jòb te sen, dapre fason yo prezante nou l la: “Te gen yon mesye nan peyi Uz la ki te rele Jòb; epi mesye sa te pafè epi dwat, epi se yon moun ki te gen krent pou Bondye epi evite peche.”12

Apresa Jòb te pèdi richès li, fanmi li, e menm sante li. Nou ka petèt sonje ke Jòb te doute ke pi gran sentete l la, ke l te akeri atravè pi gwo advèsite a, te kalifye l pou yon pi gran bonè. Pou Jòb sete kòmsi sentete sa a te pote malè pou li.

Men Senyè a te bay Jòb menm leson koreksyon li te bay Joseph Smith la. Li te pèmèt Jòb wè sitiyasyon terib li a avèk zye espirityèl. Li te di:

“Mare sentiwon w nan tay ou tankou yon gason; paske mwen pral poze w kesyon, epi ban mwen repons ou.

“Ki kote w te ye lè m t ap poze fondasyon tè a? pale, si w gen konprann.

“Kiyès ki te fikse dimansyon l yo, èske w konnen? oubyen kiyès ki te trase zòn delimitasyon l yo?

“Sou kisa fondasyon l yo chita? oswa kiyès ki te poze pyè angilè l la;

“Alòske zetwal maten yo t ap chante ansanm, epi tout pitit gason Bondye yo te pouse kri lajwa?”13

Apresa, lè Jòb te fin repanti poutèt li te rele Bondye enjis, Jòb te jwenn pèmisyon pou l te wè eprèv li yo nan yon fason pi elve ak pi sakre. Li te repanti.

“Apresa Jòb te reponn Senyè a, epi li te di:

“Mwen konnen ke w gen pouvwa pou w fè tout bagay, epi nou pa ka kache w okenn nan panse nou yo.

“Kiyès ki fou ase pou tante detounen plan m yo? Se poutèt sa mwen te pale, san m pa t konprann de bagay mèvèye ki depase m, ke m pa t konnen.

“Koute m, mwen priye ou, paske mwen pral pale: mn pral poze w kesyon, epi ou pral anseye m.

“Mwen te tande anpil pawòl konsènan ou nan zòrèy mwen: men kounya mwen wè ou ak je mwen.

“Sepousa mwen kondane tèt mwen epi mwen repanti nan sann ak pousyè.”14

Apre Jòb te fin repanti epi konsa te vin gen plis sentete, Senyè a te beni li avèk odela tout sa l te pèdi yo. Men petèt pi gran benediksyon Jòb la sete jan advèsite ak repantans te pèmèt li devlope plis sentete. Li te kalifye pou l te jwenn pi gran bonè nan tout jou ki te rete pou l te viv yo.

Pi gran sentete pa p vini senpleman paske nou mande sa. L ap vini lè nou fè sa ki nesesè pou Bondye kapab chanje nou.

Prezidan Russell M. Nelson te bay sa ki sanble pou mwen pi bon konsèy sou fason pou nou avanse sou wout alyans la al nan pi gran sentete. Li te montre wout la lè l te ankouraje nou:

“Fè eksperyans pouvwa fòtifyan repantans lan chak jou—pou n ka fè pi byen e pou n yon ti jan pi bon chak jou.

“Lè nou chwazi pou n repanti, nou chwazi pou n chanje! Nou pèmèt Sovè a transfòme nou vin yon pi bon vèsyon tèt nou. Nou chwazi pou nou grandi spirityèlman e resevwa lajwa—lajwa redanmsyon nan li pote a. Lè nou chwazi pou nou repanti, nou chwazi pou nou vin plis tankou Jezikri!”

Prezidan Nelson te kontinye pou l te ba nou ankourajman sa a nan efò nou yo pou n vini pi sen an: “Senyè a pa atann pou nou pafè nan moman sa a. … Men li espere nou kapab vin gradyèlman gen plis pite. Repantans kotidyen se wout pou nou ale nan pite.”15

Prezidan Dallin H. Oaks, nan yon ansyen diskou konferans, te ede nou wè pi klèman kijan pou nou grandi nan sentete ak kijan nou ka konnen si n ap avanse nan direksyon sa a tou. Li te di: “Kijan nou ka rive jwenn espirityalite? Kijan nou ka atenn pi gwo degre nan sentete a kote nou ka genyen Sentespri a avèk nou konstaman? Kijan nou rive nan pwen pou nou gade ak evalye bagay yo nan mond sa a avèk yon pèspèktiv etènèl?”16

Repons Prezidan Oaks la kòmanse avèk pi gwo lafwa nan Jezikri kòm Sovè eman nou. Sa mennen nou nan chèche jwenn padon chak jou epi nan sonje li pandan n ap kenbe kòmandman l yo. Pi gwo lafwa nan Jezkri vini lè nou fè festen ak pawòl li yo chak jou.

Kantik “Ah donne-moi Père” la sigjere yon fason pou nou priye pou nou ka jwenn èd pou nou vin gen plis sentete a. Otè a sajman sigjere nou ke sentete n ap chèche a se yon don yon Papa Selès eman, k l akòde avèk letan, apre tout sa nou kapab fè. Nou sonje dènye kouplè a:

Ah donne moi Père plus de pureté,

Et plus de vaillance,

Contre le péché,

Fais qu’a ton service,

J’aie plus de ferveur,

Un coeur qui ressemble,

Au tien—

Mon Sauveur.17

Kèlkeswa jan sitiyasyon pèsonèl nou ye, kèlkeswa kote nou ye sou wout alyans lan, se pou nou jwenn reponspou priyè n ap fè pou nou ka gen plis sentete yo. Mwen konnen ke pandan demand nou an ap agreye, bonè nou pral ogmante. Li ka vini tou dousman, men l ap vini. Mwen gen asirans sa a ki soti nan yon Pè Selès eman ak Pitit Gason Byenneme l la, Jezikri.

Mwen temwaye ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye, ke Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt aktyèl nou jodia. Bondye Papa a vivan epi li renmen nou. Li vle nou retounen lakay al jwenn ni avèk fanmi nou. Sovè eman nou an envite nou pou nou suiv li nan vwayaj nou pou nou rive la a. Yo prepare wout la. Nan non sakre Jezikri, amèn.