2010–2019
Jwenn Lajwa nan Pataje Levanjil la
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Jwenn Lajwa nan Pataje Levanjil la

Nou gen yon Papa eman ki nan Syèl la k ap tann tounen al jwenn ni pou l ka beni lavi nou ak lavi moun bò kote nou.

Youn nan chan Primè prefere m yo kòmanse avèk mo sa yo:

M se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (J’appartiens à l’Eglise de Jésus-Christ des Saints des Derniers Jours).

M konn kiyès m ye (Je sais qui je suis.)

M konn plan Bondye (Et je suivrai.)

M ap suiv Li ak lafwa (Le plan du Dieu d’amour.)

Mwen kwè nan Sovè a, Jezikri (Car je crois en Jésus-Christ, mon Sauveur).1

Ala yon bèl deklarasyon senp de verite nou kwè yo!

Kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dyènye Jou yo, nou konn kiyès nou ye. Nou konnen “Bondye se Papa espri nou. Nou se Pitit Li, e Li renmen nou. Nou te viv … [avèk] Li nan Syèl la anvan nou te vin sou tè a.“

Nou konn plan Bondye a. Nou te la avèk Li lè L te prezante lia. “Tout objektif Papa nou ki nan Syèl la—zèv li ak glwa li— se pou pèmèt nou chak jwi tout benediksyon L yo. Li te prepare yon plan pafè pou akonpli objektif Li. Nou te konprann ak aksepte plan … plan bonè, … redanmsyon, ak … sali” anvan nou te vin sou tè a.

“Jezikri se santral plan Bondye a. Atravè Ekspyasyon L lan, Jezikri te akonpli objektif Papa L la e rann posib pou nou chak jwi imòtalite ak ekzaltasyon. Satan, oubyen dyab la, se yon ènmi plan Bondye a” e li te yon ènmi depi nan kòmansman.

“Libabit, oubyen kapasie pou chwazi a, se youn nan pi gwo kado Bondye bay pitit Li. Nou dwe chwazi si n ap suiv Jezikri oubyen Satan.”2

Sa yo se verite senp ke nou ka pataje avèk lòt moun.

Kite m rakonte nou yon lè manman m te pataje kalite verite senp sa yo avèk mwen nan senpleman pwofite yon konvèsasyon ak rekonèt yon okazyon.

Sa gen kèk ane, manman m t ap retounen Ajantin pou l t al vizite frè m nan. Paske manman m pa t janm renmen avyon, li te mande youn nan pitit gason m yo pou ba l yon benediksyon rekonfò ak pwoteksyon. Li te santi l enspire pou l te beni grann ni ak gidans spesyal ak direksyon Sentespri a pou fòtifye ak touche kè plizyè moun ki ta renmen aprann konsènan levanjil la.

Imaj
Fanmi Pol

Nan ayewopò Salt Lake la, manman m ak frè m nan te rankontre yon tifi 7 an ki t ap retounen lakay li apre yon vwayaj ski avèk fanmi l. Lè paran l te wè konbyen tan l te pase ap pale avèk manman m ak frè m nan, yo te deside vin jwenn yo. Yo te prezante tèt yo ak pitit fi yo a kòm Eduardo ak Maria Susana ak Giada Pol. Te gen yon koneksyon tou natirèl ak chalere ki te etabli avèk fanmi janti sa a.

Toude fanmi yo te kontan paske yo t apral vwayaje ansanm nan menm avyon pou ale Buenos Aires, Ajantin. Pandan konvèsasyon an t ap kontinye, manman m te remake ke yo potko janm tande anyen sou Legliz retabli Jezikri a.

Youn nan premye kesyon Susana te poze se te, “Èske w ka pale m de bèl mize sa a ki gen yon estati lò sou tèt li a?

Manman m te ekslike ke bèl edifis sa a se pa t yon mize men yon tanp Senyè a kote nou fè alyans avèk Bondye pou nou ka retounen al viv avèk Li yon jou. Susana te konfye manman m ke anvan vwayaj yo pou vin Salt Lake la, li te priye pou yon bagay ka fòtifye lespri li.

Pandan vòl la, manman m te rann temwayaj senp men puisan li de levanjil la epi l te envite Susana pou l te chèche misyonè yo lè l te rive nan peyi l. Susana te mande manm m, “Kijan m ap fè jwenn yo?”

Manman m te reponn, “Ou pa ka rate yo; se oubyen de jèn gason ki abiye an chemiz blan ak kravat oubyen de jènfi ak jip, epi yo toujou gen yon badj ki ekri non yo avèk ‘Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou Yo.’”

De fanmi sa yo te fè echanj nimewo telefòn epi yo te di orevwa nan ayewopò Buenos Aires la. Susana, ki vin bon zanmi m depi lè sa a, te di m plizyè fwa konbyen l te santi l tris lè l t ap kite manman m nan ayewopò a. Li di, “Manman w te briye. M pa ka eksplike sa, men te gen yon limyè nan li ke m pa t anvi kite.”

Kou Susana te tounen nan peyi l, limenm ak pitit tifi l la, Giada, te kouri al pataje eksperyans sa a avèk manman Susana, ki t ap viv tou pre lakay yo. Pandan yo t ap kondui, Susana te wè de jènjan ki t ap mache nan lari a abiye jan manman m te dekri a. Li te frennen machin nan nan mitan lari a, li kouri soti, epi l te mande de jènjan sa yo, “Èske pa chans nou se manm Legliz Jezikri a?”

Yo te di “wi”.

Li te mande “Misyonè?”

Yo toude te reponn, “Wi!”

Apresa li te di, “Monte machin nan; n ap vin lakay mwen pou ansenye m.”

Imaj
Fanmi Pol

De mwa apresa, Maria Susana te batize. Tifi l la, Giada te batize tou lè l te vin gen 9 an. N ap travay avèk Eduardo toujou, ke nou renmen kèlkeswa jan sa ye.

Depi lè sa a, Susana vin youn nan pi gwo misyonè m te janm rankontre. Li tankou pitit gason Mozya yo, ap mennen anpil nanm bay Kris la.

Nan youn nan konvèsasyon nou yo, m te mande l, “Ki sekrè w? Kijan w pataje levanjil la avèk lòt moun?”

Li te di m, “Sa vrèman senp. Chak jou anvan m kite kay la, m priye Pè Selès la , m mande L pou L dirije m vè moun ki bezwen levanjil la nan lavi yo. Pafwa m pran yon Liv Mòmon pou m pataje avèk yo oubyen yon kat misyonè yo ban mwen— epi lè m kòmanse pale avèk yon moun, m tou senpleman mande yo si yo konn tande pale de Legliz la.“

Susana te di tou, “Gen lòt lè m annik souri pandan m ap ret tann tren an. Yon jou yon mesye te gade m epi l te di, ‘Kisa k fè w ap souri konsa?’ Li te pran m pa sipriz.

“M te reponn, ‘M ap souri paske m kontan!’

“Apresa li te di, ‘Kisa k fè w kontan konsa?’

“M te reponn ‘M se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, epi sa fè m kontan. Èske w konn tande pale de li?”

Lè l te di non, m te ba l yon kat epi m te envite l pou vin asiste sèvis Dimanch k ap vini an. Nan Dimanch apre a,,li te akeyi mesye a nan pòt Legliz la.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Gen twa bagay tout manm ka fè pou ede pataje levanjil la. …

Premyèman, nou tout ka priye pou n gen dezi pou ede nan pati vital sa a nan travay sali a…

Dezyèmman, nou ka kenbe kòmandman yo pou tèt pa nou. … Manm fidèl yo toujou gen Lespri Sovè a avèk yo … pou gide yo pandan y ap chèche patisipe nan gwo travay ki se pataje levanjil retabli Jezikri a.

Twazyèmman, nou ka priye pou jwenn enspirasyon sou sa nou ka fè … pou pataje levanjil la ak lòt moun … [epi] priye avèk angajman pou aji selon enspirasyon nou resevwa a.”3

Frè m, sè m, timoun yo, jèn yo, èske nou ka tankou zanmi m nan Susana epi pataje levanjil la avèk lòt moun? Èske nou ka envite yon zanmi ki pa manm pou l vin legliz avèk nou Dimanch? Oubyen èske pett nou ka pataje yon kopi Liv Mòmon an avèk yon fanmi oubyen yon zanmi? Èske nou ka ede lòt moun jwenn zansèt yo nan FamilySearch oubyen pataje ak lòt moun sa nou te aprann nan semèn nan lè nou t ap etidye Vini, Suiv Mwenan? Eske nou ka plis tankou Sovè nou an, Jezikri, epi pataje avèk lòt sa k pote lajwa nan lavi nou yo? Repons pou tout kesyon sa yo se wi! Nou ka fè sa!.

Nan ekriti yo, nou li ke yo te voye manm Legliz Jezikri yo “travay nan jaden l la pou sali nanm lèzòm’ (Doktrin ak Alyans 138:56). Travay sali sa a gen ladann travay misyonè manm, retansyon konvèti, aktivasyon manm inaktif yo, travay tanp ak istwa familyal, ak ansenye levanjil la.”4

Chè zanmi mwen, Senyè a bezwen nou rasanble Izrayèl. Nan Doktrin ak Alyans Li di: “Ni nou pa dwe enkyete alavans pou sa nou pral di; men, medite pawòl lavi yo nou tout tan nan panse pawòl lavi yo, epi n ap resevwa nan menm lè a pòsyon an ki pral satisfè pou chak moun.”5

Epitou, Li pwomèt nou:

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!”6

Chan Primè m te kòmanse avè l la fini ak deklarasyon pwofon sa a:

Mwen kwè nan Sovè m nan, Jezikri. (Car je crois en Jesus-Christ, mon sauveur.)

M onore non Li (Son nom sois loué.)

M ap fè sa ki byen (Le bien je ferai;)

M ap suiv limyè Li (Sa voie je suivrai)

Verite Li m pral pwoklame (Chantant la verité).7

Mwen temwaye ke pawòl sa yo se verite epi nou gen yon Papa eman ki nan Syèl la k ap tann pou nou vire jwenn ni pou l beni lavi nou ak lavi moun bò kote nou. Pou nou gen dezi pou nou pote frè n ak sè nou yo bay Kris la, se priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “L’Eglise de Jésus-Christ,” Chants pour les enfants,48

  2. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou sèvis misyonè, rev. ed. (2018), 48.

  3. Dallin H. Oaks, “Pataje levanjil retabli a,” Liahona, Nov. 2016, 58.

  4. Manyèl 2: Administre Legliz la, 5.0, ChurchofJesusChrist.org; gade tou L. Whitney Clayton, “Travay Sali a: Lè sa a ak Kounyea,” Liahona, Sept. 2014, 23.

  5. Doktrin ak Alyans 84:85.

  6. Doktrin ak Alyans 18:15–16.

  7. “Legliz Jezikri a,” 77.