2010–2019
Konnen, Renmen, epi Pwogrese
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Konnen, Renmen, epi Pwogrese

Se pou tout nou rive konprann pati pa nou an nan gwo travay sèvis sa a pou nou ka vin plis menmjan avèk li.

An 2016 Kè Tabernacle Temple Square la te vin vizite Peyiba ak Bèljik. Etandone m te enplike nan bèl evènman sa a, m te gen opòtinite pou m te jwi pèfòmans la de fwa.

Imaj
Moun k ap jwe gong nan

Pandan pèfòmans yo a, m t ap panse a konkenn pwojè sa te ye pou yo te deplase yon gwo koral konsa. M te atire pa gwo senbal la, ki te difisil epi pwobableman chè anpil pou transpòte an konparezon avèk vyolon an, twonpèt la, oubyen lòt enstriman yon moun ta ka pote fasilman anba bra ou. Men, lè m t ap gade patisipasyon reyèl senbal sa a, yo te frape l sèlman dezoutwa fwa, alòske lòt ti enstriman yo te patisipe nan majorite konsè a. M te panse ke, san son senbal la, pèfòmans la pa tap menm bagay la, konsa, li te nesesè pou yo te fè efò pou transpòte gwo senbal la travèse oseyan an.

Imaj
Jwè gong nan avèk òkès la

Kèkfwa, nou gen dwa santi nou tankou senbal sa a, nou sèlman bon pou nou jwe yon ti pati nan pèfòmans la. Men, kite m di ou, son pa w la fè tout diferans la.

Nou bezwen tout enstriman. Kèk moun nan pami nou aprann fasilman epi yo travay byen lekòl, tandiske lòt moun gen talan atistik. Kèk moun desine epi konstwi bagay, oubyen yo pran swen, pwoteje, oubyen anseye lòt moun. Tout nesesè pou pou pote koulè ak sans nan mond sa a.

Pou moun ki panse yo pa gen anyen pou yo kontribye oubyen ki yo pa pa enpòtan, ni yo pa gen okenn valè pou okenn moun yo, epi pou lòt ki ka petèt santi ke yo fòmidab ak tout moun ki nan mitan de ekstrèm sa yo, m vle adrese mesaj sa a.

Kèlkeswa kote nou ye sou chemen lavi a, gen kèk nan nou ki ka santi chay nou sitèlman lou ke nou pa menm konsidere ke nou sou chemen sa a. M vle envite nou pou nou soti nan fènwa a al nan limyè. Limyè levanjil la ap bay chalè ak gerizon epi l ap ede nou konprann kiyès nou reyèlman ye ak kisa objektif nou ye nan lavi a.

Kèk nan pami nou pèdi nan chemen defandi, epi n ap eseye jwenn bonè ladan yo.

Papa eman nou an ki nan Syèl la envite nou pou nou mache nan chemen disip la epi pou nou retounen al jwenn ni. Li renmen nou avèk yon amou pafè.1

Kisa chemen an ye? Chemen an se youn ede lòt konprann kiyès nou ye atravè sèvis nou youn ap rann lòt.

Pou mwenmenm, sèvis pastoral se egzèse amou diven.2 Nan fason sa a, nou kreye yon anviwònman kote ni moun k ap bay la ni moun k ap resevwa a gen yon dezi pou yo repanti. Otremandi, nou chanje direksyon epi nou rapwoche nou de Sovè nou an, Jezikri, epi nou vin menmjan avèk li.

Paregzanp, li pa nesesè pou n ap plede di konjwen nou oubyen pitit nou kijan yo ka amelyore; yo konn sa deja. Se lè nou kreye anviwònman lanmou sa a ke y ap kapab gen pouvwa pou yo fè chanjman ki nesesè nan lavi yo pou yo vin pi bon moun.

Nan fason sa a, repantans vin tounen yon pwosesis jounalye pou rafine nou, ki ka mande pou nou mande eskiz pou move konpòtman nou. M sonje epi m kontinye ap fè eksperyans sityasyon kote m te konn twò prese pou m jije oubyen twò lan pou m koute. Epi nan fen jounen an, pandan priyè pèsonèl mwen, m te konn santi konsèy eman ki sòt nan syèl la pou m repanti ak vin pibon. Anwònman lanmou paran m yo, frè m yo, ak sè m yo te kreye toudabò a, epi nan apre, sa madanm mwen, ak pitit mwen yo, ak zanmi m te vin kreye a te ede m vin tounen yon pi bon moun.

Nou tout konnen ki kote nou bezwen amelyore. Pa gen onkenn rezon pou n ap plede raple yonn lòt, men gen nesesite pou nou renmen yonn lòt, ak rann sèvis pastoral, epi lè nou fè sa, n ap vin kreye yon klima kote moun vle chanje.

Nan menm anviwònman sa a, n ap aprann kiyès nou ye vrèman ak kisa wòl nou pral ye nan dènye chapit istwa mond lan anvan Dezyèm Vini Sovè a.

Si w ap mande w ki pati pa w la ye, m ta renmen envite w pou w chèche yon andwa kote ou ka poukont ou epi mande Papa nou ki nan Syèl la pou L fè w konnen ki wòl pou w jwe. Repons la ap pwobableman vini tikras patikras, epi apre, l ap vin pi klè lè nou mete pwe nou pi fèm nan chemen alyans ak chemen sèvis pastoral la.

N ap fè eksperyans menm difikilte Joseph Smith te konfwonte yo pandan l te nan mitan pakè lagè pawòl ak diferans opinyon yo. Jan nou li nan pwòp resi pa l la, li te souvan mande tèt li: “Kisa m dwe fè? Kiyès nan tout pati sa yo ki gen rezon; oubyen èske yo tout ansanm antò? Si nenpòt ladan yo gen rezon, kiyès li ye, epi kòman m ap fè konnen?3

Avèk konesans li te jwenn nan Epit Jak la, ki deklare: “Si nenpòt nan pami nou manke sajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l,”4 Finalman, Joseph te vin pran detèminasyon pou l “mande Bondye.”5

Apresa nou te li ke sete premye fwa nan lavi li li te eseye yon bagay konsa, paske, nan mitan tout anksyete l yo, li pa t janm te konn eseye priye awotvwa.”6

Epi se konsa sa ka ye pou nou premye fwa nou adrese Kreyatè nou an nan yon fason nou pa t janm konn fè anvan.

Paske Joseph te eseye, Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri, te parèt devan li, yo te rele l pa non l, epi kòm rezilta, nou gen yon konpreyansyon pi klè sou kiyès nou ye epi nou reyèlman enpòtan.

Nou aprann pi lwen ke nan ane delika adolesans li yo, Joseph te pèsekite pa moun ki te sipoze bon zanmi li, epi ki ta sipoze trete l avèk byenveyans”7 Epi se konsa nou ka atann ke n ap rankontre kèk opozisyon lè n ap mennen yon lavi disip.

Si aktyèlman ou santi w pa ka fè pati òkès la epi chemen repantans la parèt difisil pou ou, tanpri, aprann ke, si w pa lage sa, chay la ap soti sou zèpòl ou epi pral gen limyè ankò. Papa nou ki nan Syèl la pap janm abandone nou lè nou vire al jwenn ni. Nou ka tonbe, nou gen dwa leve, epi L ap ede nou bwose pousyè a sòt sou jenou nou.

Gen kèk nan nou ki blese, men bwat premye swen medikal Senyè a gen bandaj ki ase laj pou kouvri tout blese nou yo.

Konsa, se amou sa a, amou pafè nou rele charite oubyen “amou pi Kris la,”8 nou bezwen nan fwaye nou kote paran ap sèvi pitit yo epi pitit ap sèvi paran yo. Atravè amou sa a, kè pral chanje epi pral gen anvi pou fè volonte Li.

Se amou sa a nou bezwen nan relasyon nou yonn avèk lòt kòm pitit Papa nou ki nan Syèl la ak kòm manm Legliz Li a, ki pral pèmèt nou enkli tout enstriman mizikal yo nan òkès nou yo pou nou ka fè bèl pèfòmans avèk koral anjelik syèl yo lè Sovè a retounen ankò.

Se amou sa a, limyè sa a ki dwe briye epi klere tout sa ki anviwonnen nou nan lavi kotidyèn nou. Moun ap remake limyè a epi y ap atire vè limyè sa a. Se kalite travay misyonè ki ap atire lòt moun pou yo “vini epi gade, vini epi ede, vini epi rete9 a. Tanpri, lè nou resevwa temwayaj nou konsènan gran travay sa a ak pati pa nou an ladan li, annou rejwi avèk Pwofèt byeneme nou, Joseph Smith, ki te deklare: “Paske mwen te fè yon vizyon; mwen te konnen sa, e m te konnen Bondye te konnen sa, e mwen pa t ka niye sa.”10

Mwen temwaye nou ke m konnen kiyès mwen ye, epi m konnen kiyès nou ye. Nou tout se pitit yon Papa nou ki nan Syèl la ki renmen nou. Li pa t voye nou isit la pou nou echwe, men pou nou retounen al jwenn ni gloriyezman. Pou nou tout ka rive konprann wòl nou nan gwo travay sèvis pastoral sa a, pou nou ka vin plis tankou L lè L retounen ankò, se priyè mwen, nan non Jezikri. amèn.