2010–2019
Angajman fèm nan Jezikri
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Angajman fèm nan Jezikri

Bondye envite nou pou nou rejte ansyen fason nou yo totalman epi kòmanse yon nouvo lavi nan Kris la.

Avril pase a, m te gen privilèv pou m te konsakre Tanp Kinshasa a nan Repiblik Demokratik Kongo.1 Mo pa ka eksprime lajwa Kongolè fidèl yo e m te touche pou m te wè yon tanp konsakre nan peyi yo a.

Imaj
Tablo Les Chutes du Congo

Moun ki antre nan Tanp Kinshasa a ap wè yon tablo orijinal ki rele Congo Falls (Les Chutes du Congo).2 Li raple Kongolè yo angajman fèm ki nesesè pou yo ankre yo nan Jezikri a ak pou yo suiv chemen alyans plan Papa nou ki nan Syèl la. Kaskad yo ki dekri nan tablo a atire atansyon sou yon pratik kouran ki te egziste pandan plis pase yon syèk nan pami premye moun ki te konvèti nan Krisyanis yo nan peyi Kongo.

Imaj
Tablo Chutes Nzongo yo

Anvan konvèsyon yo, yo te konn adore objè san vi, paske yo te kwè ke bagay sa yo te posede pouvwa sinatirèl.3 Apre konvèsyon yo, anpil nan yo te konn fè yon pelerinaj ale nan youn nan pil kaskad yo ki toutolon Fleuve Kongo a, tankou Chit Nzongo yo.4 Konvèti sa yo te konn jete ansyen objè yo te konn adore yo nan kaskad dlo yo kòm senbòl pou montre Bondye ak lòt moun ke yo abandone ansyen tradisyon yo epi yo aksepte Jezikri. Entansyonèlman, yo pa t voye idòl yo jete nan dlo kalm ki pa t twò fon; men yo te voye yo jete nan dlo ajite yon gwo kaskad dlo, kote yo pa t ap ka repran yo ankò. Aksyon sa yo sete senbòl sou kòmansman yon nouvo angajman inebranlab nan Jezikri.

Gen moun nan lòt kote ak lòt epòk ki te konn demontre angajman yo nan Jezikri nan menm kalite fason sa yo tou.5 Pèp nan Liv Mòmon an yo rele Anti-Nefi-Leyi yo “te depoze zam rebelyon yo,” yo te “antere yo fon anba tè a” kòm “yon temwayaj pou yo devan Bondye … ke yo pa t ap janm pran zam [yo] ankò.”6 Pa aksyon sa a, yo te pwomèt pou yo suiv ansèyman Bondye yo epi pa janm bliye angajman yo a. Aksyon sa a sete kòmansman “konvèsyon nan Senyè a” epi yo pa t janm kite legliz la.7

“Konvèti nan Senyè a” vledi chanje soti nan yon fason nou t ap aji, ki te dikte pa yon ansyen sistèm kwayans, pou nou vin adopte yon nouvo fason ki baze sou lafwa nan plan Pè Selès la ak nan Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan. Chanjman sa a plis pase yon akseptasyon entèlektyèl de ansèyman levanjil yo. Li fòje idantite nou, li transfòme konpreyansyon nou sou sans lavi a, epi li mennen nan yon fidelite inebranlab anvè Bondye. Dezi pèsonèl ki kontrè ak dezi nou bezwen pou nou ankre nan Sovè a ak suiv chemen alyans la vin pa egziste ankò epi yo vin ranplase pa yon detèminasyon pou soumèt nou anba volonte Papa nou ki nan Syèl la.

Konvèti nan Senyè a kòmanse avèk yon angajman inebranlab anvè Bondye epi apresa nan fè angajman sa a vin fè pati moun nou ye a. Ankre yon angajman konsa andedan nou se yon pwosesis tout yon lavi e sa mande pasyans ak repantans kontinyèl. Finalman, angajman sa a vin fè pati moun nou ye a, li entegre nan sa nou konnen sou noumenm, epi li toujou prezan nan lavi nou. Men, menmjan nou pa janm bliye non nou, kèlkeswa lòt bagay n ap panse, se konsa tou nou pap janm bliye yon angajman ki grave nan kè nou.10

Bondye envite nou pou nou rejte ansyen fason nou yo totalman epi kòmanse yon nouvo lavi nan Kris la. Sa fèt lè nou devlope lafwa nan Sovè a, ki kòmanse nan tande temwayaj moun ki gen lafwa.9 Ansuit, lafwa a grandi pandan n ap aji nan fason pou nou anrasinen nou pi fèm toujou nan Li.10

Kounyea, sa t ap bèl si nou ta transmèt lafwa ogmante sa a bay lòt moun, tankou grip oubyen yon senp rim. Lè sa a, yon senp etènye “espirityèl” t ap bati lafwa nan lòt moun. Men sa pa mache konsa. Sèl fason lafwa grandi se lè yon moun aji ak lafwa. Aksyon sa yo souvan pouse pa envitasyon nou fè lòt moun, men nou pa ka “grandi” lafwa yon lòt moun ni apiye sèlman sou lòt moun pou soutni lafwa pa nou. Pou lafwa nou grandi, nou dwe chwazi aksyon ki baze sou lafwa, tankou priye, li ekriti yo, pran sentsèn, kenbe kòmandman yo, ak sèvi lòt moun.

Pandan lafwa nou nan Jezikri a ap grandi, Bondye envite nou pou nou fè pwomès avèk Li. Alyans sa yo, jan nou rele pwomès sa yo, se manifestasyon konvèsyon nou. Alyans yo kreye yon fondasyon asire pou pwogresyon espirityèl tou. Lè nou chwazi pou n batize, nou kòmanse pran non Jezikri sou tèt nou11 epi nou chwazi pou n idantifye tèt nou avèk Li. Nou pwomèt pou nou vin menmjan avèk Li epi pou n devlope kalite Li.

Alyans yo ankre nou nan Sovè a, epi yo ede nou suiv chemen ki mennen nan fwaye selès nou an. Pouvwa alyans yo ede nou kenbe gwo chanjman kè sa a, li apwofondi konvèsyon nou nan Senyè a, epi nou resevwa imaj Kris la totalman nan figi nou.12 Men si nou pa pran angajman alyans nou yo avèk tout kè nou, sa p ap garanti nou anyen.13 Nou gen dwa petèt tante pou nou ezite, oubyen jete ansyen fason nou yo nan dlo kalm, oubyen antere zàm rebelyon nou yo avèk manch yo anlè tè a. Men, yon angajman ezitan nan alyans nou yo p ap louvri pòt pou pouvwa sanktifikatè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Imaj
Tanp Kinshasa a

Angajman nou pou n kenbe alyans nou yo pa dwe gen kondisyon ni varye lè sikonstans yo chanje nan lavi nou. Konsistans nou anvè Bondye dwe tankou Flèv Kongo a k ap koule tou pre Tanp Kinshasa a. Flèv sa a, kontrèman a pi fò rivyè nan mond lan, koule pandan tout ane a14 epi li devèse prèske onz milyon galon (41.5 milyon lit) dlo pa segond nan Oseyan Atlantik la.

Sovè a te envite disip li yo pou yo moun ki fyab ak konstan. Li te di: “Se poutèt sa, ankre sa nan kè ou, pou w fè sa m ap anseye ou, ak sa m kòmande ou.”15 Yon detèminasyon “fèm” pou kenbe alyans nou yo ap pèmèt nou jwenn reyalizasyon tout pwomès Bondye yo, pou nou ka resevwa lajwa ki dirab.16

Anpil Sen Dènye Jou fidèl demontre ke yo “detèmine” pou yo respekte alyans yo fè avèk Bondye yo epi yo chanje ajamè. Kite m rakonte nou istwa twa moun konsa—Frè Banza Mucioko, Sè Banza Régine, ak Frè Mbuyi Nkitabungi.

Imaj
Fanmi Banza

An 1977, Banza yo t ap viv nan Kinshasa nan peyi Zaire, ki se Repiblik Demokratik Kongo kounyea. Yo te trè respekte nan kominote legliz Pwotestan yo a. Akoz talan yo, legliz yo a te fè aranjman pou jèn fanmi sa a t ale nan peyi LaSuis pou yo te etidye epi yo te ofri yo yon bous detid.

Pandan yo te nan Genève, nan bis lè yo ta pral lekòl la, Frè Banza te tout tan wè yon ti chapèl ki te make “Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.” Li t ap mande tèt li: “Èske Jezikri gen Sen kounyea, nan dènye jou yo?” Alafen li te deside pou l t al gade.

Yo te akeyi Frè ak Sè Banza avèk anpil chalè nan branch lan. Yo te poze kèk kesyon pèsistan yo te genyen konsènan nati Bondye, tankou “Si Bondye se yon espri, tankou van an, kijan nou fè kreye daprè imaj li? Kijan l fè chita sou yon twòn?” Yo pa t janm konn resevwa yon repons satisfezan pou kesyon sa yo jiskaske misyonè yo te eksplike yo doktrin retabli a nan yon brèf leson. Lè misyonè yo te ale, youn te gade lòt epi yo te di: “Èske sa a nou sot tande a se pa laverite?” Yo te kontinye ale legliz la ak rankontre misyonè yo. Yo te konnen ke batize nan Legliz retabli Jezikri a t ap gen konsekans. Yo t ap pèdi bous detid la, yo t ap anile viza yo, epi yo t ap mande yomenm ak de jèn timoun yo pou yo te kite peyi LaSuis. Malgre sa, yo te deside batize ak konfime an Oktòb 1979.

De semèn apre batèm yo, Frè Banza ak Sè Banza te retounen Kinshasa kòm premye ak dezyèm mam Legliz la nan peyi yo. Manm nan branch Genève yo te kenbe kontak avèk yo epi yo te ede yo etabli kontak av&k dirijan Legliz yo. Yo te ankouraje Banza yo pou yo te fidèlman tann tan Bondye te pwomèt pou l te etabli Legliz li a nan Zaire la.

Imaj
Èldè Mbuyi

Pandan tan sa a, yon lòt etidyan ki te soti Zaire, Frè Mbuyi, t ap etidye nan Bèljik. Li te batize an 1980 nan Pawas Brussels. Tousuit apresa, li te sèvi yon misyon aplentan an Angletè. Epi Bondye te fè mirak li. Frè Mbuyi te retounen Zaire kòm twazyèm manm Legliz la nan peyi li. Avèk pèmisyon paran li, reyinyon Legliz yo te konn fèt lakay fanmi li. An Fevriye 1986, yo te voye yon petisyon bay gouvènman an pou yo te mande pou gouvènman an te rekonèt Legliz la ofisyèlman. Yo te bezwen siyati twa sitwayen nan Zaire pou sa te fèt. Twa moun kontan sa yo ki te siyen petisyon sa a sete Frè Banza, Sè Banza, ak Frè Mbuyi.

Imaj
Frè Mbuyi ak fanmi Banza

Manm vanyan sa yo te rekonèt verite a lè yo te tande l; yo te fè alyans nan batèm ki te ankre yo nan Sovè a. Yo te metaforikman voye ansyen abitid yo jete nan yon kaskad dlo ajite san okenn entansyon pou yo te repran yo ankò. Chemen an pa t janm fasil. Pwoblèm politik, mank kontak avèk dirijan Legliz yo, ak pwoblèm ki komen nan bati yon kominote Sen yo te ka petèt dekouraje manm ki te mwens angaje. Men Frè ak Sè Banza ak Frè Mbuyi te pèsevere nan lafwa yo. Yo te prezan nan konsekrasyon Tanp Kinshasa a, 33 zan apre yo te siyen petisyon ki te mennen nan rekonèt Legliz la ofisyèlman nan Zaire la.

Imaj
Frè ak Sè Banza

Banza yo la a nan Sant Konferans lan jodia. Yo akonpaye pa de pitit gason yo, Junior ak Phil, ak bèlfi yo, Annie ak Youyou. An 1986, Junior ak Phil sete premye de moun ki te batize nan Legliz la nan Zaire. Frè Mbuyi ap gade konferans lan nan Kinshasa avèk madanm ni, Maguy, ak senk pitit yo.

Imaj
Frè ak Sè Mbuyi

Pyonye sa yo te konprann siyifikasyon alyans yo te fè yo ki te mennen yo “nan konesans Senyè a, Bondye yo a, epi pou yo kapab rejwi nan Jezikri, redanmtè yo a.”17

Kijan nou ka ankre tèt nou nan Sovè a epi rete fidèl tankou moun sa yo ak dè milye Sen Kongolè ki te suiv yo ak dè milyon lòt moun atravè mond lan. Sovè a te anseye nou kijan pou nou fè sa. Chak semèn nou pran sentsèn epi nou fè yon alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la. Nou pwomèt pou nou makònen idantite nou avèk Sovè a nan repete L angajman nou pou nou pran non L sou nou, pou nou toujou sonje Li, epi respekte kòmandman L yo.18 Si nou byen prepare nou epi nou fè alyans sa yo avèk diyite chak semèn, sa ap ankre nou nan Sovè , sa ap ede nou pran angajman nou alenteryè nou,19 epi sa ap pouse nou pou nou rete sou chemen alyans lan.

Mwen envite nou pou nou angaje nou nan pwosesis pèmanan ki se karakteristik lavi disip la. Fè alyans epi kenbe yo. Voye ansyen fason nou yo jete nan kaskad dlo pwofon. Antere zam rebelyon nou yo totalman pou n pa kite manch yo sòti anba tè a. Gras avèk Ekspyasyon Jezikri a, fè alyans avèk entansyon reyèl pou nou onore yo ap chanje lavi nou ajamè. N ap vin plis tankou Sovè a pandan n ap toujou sonje Li, suiv Li, ak renmen Li. Mwen temwaye ke Li se fondasyon fèm nou. Li p ap chanje, epi pwomès Li yo asire. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Konsekrasyon an te fèt Dimanch Ramo, 14 Avril 2019, selon enstriksyon Prezidan Russell M. Nelson.

  2. Atis, David Meikle, te penn Congo Falls pandan l t ap travay avèk foto Kiubu Falls yo. Kaskad Kiubu a sitiye apwoksimativman a 400 kilomèt nan nò Lubumbashi nan pati sidès Repiblik Demokratik Kongo a.

  3. Yo te rekonèt bagay sa yo kòm inkisi nan lang Kikongo a ak fétich an Fransè. Mo yo tradui an Anglè kòm “amilèt,” “talisman,” oswa “fetich.”

  4. David Meikle te penn Nzongo Falls yo tou apati foto kaskad yo. Chit Nongo yo sitiye apwoksimativman 130 kilomèt de Kinshasa, an Repiblik Demokratik Kongo. Rivyè nan chit sa yo te vin rekonèt kòm Nzadi Inkisi, oswa “Rivyè Fetich.” Non an reflete pratik yo dekri nan tèks la.

  5. 1000 anvan Jezikri, chèf klan nan Iceland yo te reyini ansanm pou Allting de semèn anyèl yo a, ki ekivalan avèk yon asanble ki te fè lwa k t ap jere tout bagay. Yon mesye yo te rele Thorgeir te mande pou yo te pran desizyon pou tout moun te konvèti nan Krisyanis oubyen kontinye adore bondye Norse yo. Apre twa jou l te rete fèmen nan tant li, Thorgeir te anonse desizyon li; klan an t ap vin kretyen. Pandan Thorgeir t ap retounen nan vilaj li a, li te pran idòl bondye Nors yo li te renmen anpil yo epi l te voye yo jete nan yon kaskad, ke yo rekonèt kounyea kòm Godafoss, oswa “Fontèn Bondye yo.” Aksyon sa a te vledi konvèsyon total Thorgeir nan Krisyanis la.

  6. Alma 23:13; 24:17–18.

  7. Gade Alma 23:6; David A. Bednar, “Konvèti nan Senyè a,” Liahona, Nov. 2012, 106–9.

  8. Gade Ezekyèl 11:19–20; 2 Korentyen 3:3.

  9. Gade Women 10:14, 17.

  10. Gade Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè, rev. ed. (2018), 203.

  11. Gade Dallin H. Oaks, “Pran non Jezikri sou tèt nou,” Ensign, Me 1985, 80–83.

  12. Gade Alma 5:12–14.

  13. Gade Doktrin ak Alyans 82:10.

  14. Rivyè Kongo a se rivyè ki pi fon, ki dezyèm rivyè pi puisan ak nevyèm pi long nan mond lan. Li kwaze ekwatè a defwa, omwen yon seksyon nan rivyè a toujou nan sezon lapli, sa ki fè toujou gen dlo regilyèman ap vide. Flo regilye vledi ke flo a relativman konsistan tout ane a, ap bay apeprè 41.000 mèt kib dlo pa segond, menmsi to a ka varye atravè ane yo (ant 23.000–75.000 mèt kibik pa segond.)

  15. Tradiksyon Joseph Smith,Lik 14:28 (in Lik 14:27, referans b).

  16. 2 Nephi 9:18; Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 81–84. Prezidan Nelson te di; “Lajwa se yon kado pou moun ki fidèl” (paj 84).

  17. Alma 37:9.

  18. Gade Doktrin ak Alyans 20:77. Nan Seminè pou Dirijan Misyon yo an Jen 2019, apre yo te fin pran sentsèn, anvan l te kòmanse mesaj ofisyèl li a, Prezidan Russell M. Nelson te di: “Gen yon bagay ki vin nan tèt mwen ke fè yon alyans jodia pi enpòtan anpil pase mesaj m te prepare a.” M fè yon alyans pandan m t ap pran sentsèn nan ke m ap dispoze pou m pran non Jezikri sou tèt mwen epi m dispoze pou obeyi kòmandman l yo. Souvan, m konn tande ekspresyon ke nou pran sentsèn pou n renouvle alyans batèm nou. Pandan ke se vre, gen plis toujou nan sa. M fè yon nouvo alyans. Ou fè nouvo alyans. … Kounyea, an retou, Li fè deklarasyon ke n ap toujou gen Lespri L avèk nou. Ala yon benediksyon!”

  19. Gade 3 Nefi 18:12.