2010–2019
Veye Pou Nou Priye San Rete
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Veye pou Nou Priye San Rete (Alma 34:39; Mowoni 6:4; Lik 21:36)

Nou bezwen gen yon vijilans konstan obligatwa pou nou pa tonbe nan inatansyon ak ensousyans.

Mwen priye pou asistans Sentespri a pou noumenm avk mwen pandan nou ap rejwi ak adore ansanm nan.

An Avril 1976, Èldè Boyd K. Parker te pale patikilyèman a jèn yo nan Legliz la nan konferans jeneral. Nan diskou klasik li a ki te rele “Kwokodil Espirityèl” la, li te dekri kijan pandan yon l te nan yon tach an Afrik, li te obsève yon seri kwokodil byen kamoufle ki t ap tann pou yo te atake viktim ki pa t sispèk anyen. Apresa li te konpare kwokodil yo a Satan, ki atake jèn ki pa mefye yo nan kamoufle nati mòtèl peche.

Mwen te gen 23 zan lè Èldè Packer te fè diskou sa a, Suzan avèk mwen t ap tann nesans premye pitit nou ki t ap pral fèt nan kèlke jou. Nou te enpresyone pa kontni mesaj sa a ki te pale de evite peche ak pa fason remakab li te itilize konpòtman òdinè bèt pou l te anseye yon leson espirityèl enpòtan.

Susan avèk mwen vwayaje souvan al an Afrik pou plizyè tach tou. E nou te gen opòtinite pou nou te wè bèt mayifik k ap viv sou kontinan sa a. Pandan nou t ap sonje enpak diskou Èldè Packer a te fè sou lavi nou, nou te eseye obsève ak aprann leson enpòtan nan konpòtman bèt sovaj an Afrik yo.

Mwen vle dekri karakteristik ak taktik de gepa Susan avèk mwen t ap gade pandan yo t ap atake viktim yo epi nou konpare kèk nan sa nou te obsève yo avèk viv levanjil Jezikri a.

Gepa ak Topi

Gepa yo se bèt ki pi rapid sou tè a e yo ka kouri a vitès ki ka rive jiska sanven kilomèt alè (120 km/h). Bèl bèt sa yo kapab akselere soti nan yon pozisyon imobil pou yo kouri jiska san nèf kilomèt alè (109 km/h) nan mwens pase 3 segond. Gepa yo se predatè ki mache pran viktim yo san fè bri epi yo kouri vit sou yon distans kout pou yo chase ak atake.

Imaj
Gepa Èldè Bednar ak Sè Bednar t ap gade yo

Susan avèk mwen te pase dezèdtan ap gade de gepa ki tap trake yon gwo gwoup topi, ki se antilòp ki pi komen ak pi repandi an Afrik. Zèb wo ak sèk savann afriken an te gen yon koulè bren dore e yo te fè predatè yo prèske totalman envizib lè y ap mache dèyè gwoup topi yo. Gepa yo te separe youn ak lòt pa apeprè katreven onz mèt (90 mèt) apwoksimativman men yo te travay ansanm.

Pandan youn nan gepa yo te chita byen dwat nan zèb la san fè mouvman, lòt la te akoupi ba jis atè epi li te ranpe lantman pou l te pwoche bò topi yo ki pa t sispèk anyen. Apresa, gepa ki te chita byen dwat la te disparèt nan zèb la egzakteman nan menm moman kote lòt gepa a te chita a. Chema altènatif yon gepa ki bese ba epi ranpe pou avanse a pandan lòt gepa a chita dwat nan zèb la te kontinye pandan anpil tan. Sibtilite mètdam estrateji a te fèt pou distrè ak twonpe topi yo epi konsa detounen atansyon yo lwen danje ki t ap vin sou yo a. Ak pasyans e san rete, de gepa yo te travay kòm yon ekip pou yo te asire pwochen repa yo a.

Ant gwo gwoup topi a ak gepa yo ki t ap apwoche a, te gen plizyè topi aje e pi solid ki te kanpe kòm santinèl sou ti mòn tèmit. Paske yo te gen yon pi bon koudèy sou preri apati ti mòn yo te kanpe a, sa te pèmèt gadyen topi sa yo veye siy danje.

Epi, toudenkou, alòske gepa yo sanble yo te nan distans ideyal pou yo te atake a, twoupo topi a toutantye te vire epi yo te kouri kraze rak. M pa konnen si oubyen kijan santinèl topi yo te fè kominike avèk twoupo a, men, te gen yon avètisman ki te bay yon fason oubyen yon lòt, epi tout topi yo te kouri al yon kote ki te gen sekirite.

E kisa gepa yo te fè apre sa? San okenn reta, de gepa yo te rekòmanse menm chema alternatif yo a kote yon gepa te akwoupi atè a epi l t ap ranpe ale pandan ke lòt gepa a te chita byen dwat nan zèb la. Chema pousuit la te kontinye. Yo pa t rete. Yo pa t repoze yo ni pran souf. Yo te pousuiv estrateji distraksyon ak divèsyon yo a san rete. Susan avèk mwen te gade gepa yo disparèt nan distans lan, pandan yo te toujou ap deplase al pi pre gwoup topi yo.

Jou swa sa a, Susan avèk mwen te gen yon konvèsasyon memorab sou sa nou te obsève ak aprann nan. Nou te pale de eksperyans sa a avèk pitit nou yo ak pitit pitit nou yo tou epi nou te idantifye anpil leson presye. Kounyeya m pral dekri twa nan leson sa yo.

Lesson #1—Fè atansyon a Degizman Seduizan Dyab la

Dapre mwenmenm, gepa yo se kreyati ki elegan, seduizan, e kaptivan. Po yon gepa, ki tire sou jòn bwonz rive nan blan gri avèk tach nwa yo aji tankou yon bèl degizman ki rann bèt sa yo prèske envizib lè y ap trake viktim yo nan preri afriken yo.

Imaj
Gepa ki degize an peyizaj

Menm jan an tou, ide ak aksyon espirityèlman danjere yo kapab souvan parèt atiran, dezirab, oswa plezan. Konsa, nan mond n ap viv la, nou chak bezwen fè atansyon a mal atiran yo ki pran pòz yo se byen an. Ezayi te bay avètisman sa a: “Malè pou moun ki rele mal byen e ki rele byen mal, ki pran fènwa pou limyè e limyè pou fènwa, ki pran anmè pou dous e dous pou anmè!”1

Nan yon peryòd paradoksal kote yo fè n konnen vyolasyon nati sakre lavi imèn nan se yon dwa epi kote yo dekri konfizyon kòm libète, ala beni nou beni dèske n ap viv nan dispansasyon dènye jou a kote limyè levanjil retabli a kapab briye avèk ekla nan lavi nou epi ede nou disène ant twonpri ak distraksyon sonb advèsè a.

“Paske, moun saj yo ki te resevwa verite a, e ki te pran Sentespri a pou gid yo, epi ki pa t egare yo anverite, m ap di nou, yo p ap chase yo ni jete yo nan dife, men, y ap sipòte jou a.”2

Lesson #2—Rete je klè ak vijilan

Pou yon topi, yon brèf moman neglijans oswa inatansyon kapab ouvri pòt pou gepa a fè yon atak rapid. Menmjan tou, inatansyon ak neglijans espirityèl rann nou vilnerab devan avans advèsè a. Neglijans espirityèl ouvri pòt pou gwo danje antre nan lavi nou.

Imaj
Topi k ap veye yo

iStock.com/Angelika

Nefi te dekri kijan nan dènye jou yo Satan tap tante pasifye ak andòmi pitit Bondye yo nan yon fo sans “sekirite chanèl, e yo pral di: Tout bagay byen nan Siyon; wi, Siyon ap pwospere, tout bagay byen—e se konsa dyab la pral vòlè nanm yo, pou l mennen yo desann nan lanfè avèk prekosyon.”3

Nou bezwen gen yon vijilans konstan obligatwa pou nou pa tonbe nan inatansyon ak ensousyans. Vijilans se eta oubyen aksyon pou siveye atantivman pou danje oswa difikilte posib yo. Epi siveye enplike aksyon pou rete je klè pou gade ak pwoteje. Pou n pale espirityèlman, nou dwe rete je klè ak vijilan pou manifestasyon Sentespri a ak sinyal santinèl yo Senyè a mete sou tou yo.4

“Wi, epi tou m egzòte nou … pou nou veye nan lapriyè kontinyèlman, pou nou kapab pa tonbe nan tantasyon dyab la, … paske li p ap ba nou okenn bon rekonpans.”5

Konsantre lavi nou sou Sovè a ak levanjil Li a pèmèt nou venk tandans lòm natirèl pou nou espirityèlman andòmi ak parese a. Pandan n ap gen benediksyon pou n gen e pou nou wè ak zòrèy pou nou tande,6 Sentestpri a ap kapab ogmante kapasite nou pou nou gade ak koute lè nou pa abityèlman nou pa panse ke nou bezwen gade oswa koute oubyen lè nou gen dwa panse pa gen anyen pou nou wè oubyen tande.

“Se poutèt sa, veye pou nou kapab pare.”7

Lesson #3—Konprann Entansyon ènmi an

Yon gepa se yon predatè ki tou natirèlman atake lòt animal. Tout lajounen, chak jou, yon gepa se yon predatè.

Imaj
Gepa k ap chase

Satan “se ènmi jistis ak moun k ap chèche fè volonte Bondye.”8 Tout lajounen, chak jou, sèl entansyon l ak sèl bi li se pou fè pitit gason ak pitit fi Bondye yo mizerab tankou li.9

Plan bonè Papa a prepare pou bay direksyon pou pitit Li yo, pou ede yo fè eksperyans lajwa dirab, epi pou mennen yo tounen lakay li an sekirite avèk kò resisite ak egzalte. Dyab la travay pou fè pitit gason ak pitit fi Bondye yo gen konfizyon epi pou rann yo malere ak bloke pwogresyon etènèl yo. Advèsè a travay san rete pou atake eleman nan plan Papa a li rayi plis yo.

Satan pa gen yon kò, epi pwogresyon etènèl li bloke. Menmjan avèk dlo k ap koule nan yon rivyè bloke pa yon baraj la, se konsa pwogresyon etènèl advèsè a kontrekare paske li pa gen yon kò fizik. Akozde rebelyon l lan, Lisifè fè tèt li pèdi tout benediksyon mòtalite yo ak eksperyans ki posib sèlman gras a yon tabènak lachè ak zo yo. Youn nan siyifikasyon enpòtan mo dane a nan ekritti yo ilistre nan enkapasite l pou l kontinye pwogrese ak vin tankou Papa nou ki nan Syèl la.

Paske yon kò fizik sitèlman enpòtan nan plan bonè Papa a ak pwogresyon espirityèl nou, Lisifè chèche kontrekare pwogresyon nou nan tante nou pou nou sèvi avèk kò nou nan fason ki pa kòrèk. Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke sekirite espirityèl chita finalman nan “‘pa janm fè premye pa ki tante w pou w ale kote w pa dwe ale ak fè sa w pa dwe fè.’ … [Antanke] èt imen, nou tout gen apeti [fizik] ki nesesè pou sivi nou. ‘Apeti fizik sa yo absoliman endispansab pou lavi toujou kontinye. Konsa, kisa advèsè a fè? Li atake nou nan apeti nou you. Li tante nou pou nou manje bagay nou pa dwe manje, pou nou bwè bagay nou pa dwe bwè, epi pou nou renmen jan nou pa dwe renmen!’”10

Youn nan iwoni siprèm letènite yo sèke advèsè a, ki mizerab presizeman paske li pa gen kò fizik la, envite nou epi pouse nou pou nou vin nan menm mizè avèk li nan sèvi avèk kò nou fason ki pa kòrèk. Zouti li pa genyen an e ke l pa kapab itilize a se sib prensipal atak li yo pou l twonpe nou epi abouti a destriksyon fizik ak espirityèl nou.

Konprann entansyon ènmi an enpòtan pou nou ka prepare nou efikasman kont atak li ka fè yo.11 Se presizeman paske Kapitèn Mowoni te konnen entansyon Lamanit yo, ke li te prepare pou l te rankontre yo lè yo te vini an e li te ranpòte laviktwa.12 Epi menm prensip ak pwomès sa a aplike a nou chak.

“Si nou prepare, nou pa p pè.

“Pou nou kapab chape anba pouvwa ènmi an.”13

Envitasyon, Pwomès ak Temwayaj

Menm jan nou kapab aprann leson ki enpòtan nan obsève konpòtman gepa yo ak topi yo, se konsa tou nou chak dwe chèche leson ak avètisman nou ka jwenn nan evenman senp lavi chak jou yo. Si nou chèche gen yon lespri ak yon kè ki ouvè pou resevwa direksyon selès pa pouvwa Sentespri a, kèk nan pi gwo enstriksyon nou kapab resevwa e anpil nan avètisman puisan ki kapab sove nou yo ap sòti nan pwòp eksperyans òdinè pa nou. Gen parabòl puisan nan ekriti yo ak nan lavi chak jou nou.

Mwen souliyen twa sèlman nan pil leson nou ka idantifye nan avanti Susan avèk mwen te genyen an Afrik la. Mwen envite nou e m ankouraje nou pou nou reflechi sou istwa sa a avèk gepa yo ak topi yo epi pou nou chèche idantifye lòt leson ki ladan l pou noumenm ak fanmi nou. Tanpri, toujou sonje ke lakay nou se vrè sant pou nou aprann ak aplike levanjil la.

Si nou reponn envitasyon sa a nan lafwa, panse enspire ap vin nan tèt nou, santiman espirityèl ap devlope nan kè nou, epi n ap rekonèt aksyon ki ta dwe fèt oswa kontinye pou “ame nou ak tout zam [Bondye yo], pou nou kapab kanpe nan jou malè a, pou nou kapab kanpe lè nou fin akonpli tout bagay.”14

Mwen pwomèt ke benediksyon ki genyen nan preparasyon efikas ak pwoteksyon espirityèl yo ap vide nan lavi nou si nou veye pou nou priye avèk vijilans e san rete.

Mwen temwaye ke avanse sou chemen alyans lan bay sekirite espirityèl e sa fè lajwa dirab antre lavi nou. E mwen temwaye ke Sovè resisite ak vivan an ap soutni ak fòtifye nou nan bon tan tankou nan move tan. Mwen rann temwayaj konsènan verite sa yo nan non sakre Senyè Jezikri, amèn.