2010–2019
Pataje limyè ou
oktòb 2014


Pataje limyè ou

Nou dwe kanpe fèm nan lafwa nou epi leve vwa nou pou pwoklame vrè doktrin nan.

Aswè a m ta renmen pale sou de responsablite enpòtan nou genyen: premyèman, toujou ajoute limyè levanjil la nan lavi nou, e dezyèmman, pataje limyè sa a avèk lòt moun.

Èske nou konn kijan nou enpòtan? Chak grenn nan nou---nan moman sa a menm---presye e esansyèl nan plan Sali Pè Selès la. Nou gen yon travay pou nou fè. Nou konn verite levanjil retabli a. Èske nou pare pou n defann verite sa a? Nou dwe viv li; nou dwe pataje li. Nou dwe kanpe fèm nan lafwa nou epi leve vwa nou pou pwoklame vrè doktrin nan.

Nan Ensign ak Liahona, Septanm 2014 la Èldè M. Russell Ballard ekri: “Nou bezwen plis nan vwa distenk ak plen enfliyans fi yo ak lafwa yo. Nou bezwen yo aprann doktrin nan epi konprann sa nou kwè yo pou yo kapab rann temwayaj yo konsènan verite tout bagay yo.”1

Sè m yo, nou ranfòse lafwa m nan Jezikri. Mwen gade egzanp nou, m tande temwayaj nou, e m santi lafwa nou soti Brezil rive Bostwana! Nou gen yon kapasite pou n enfliyanse moun bòkote nou tout kote n ale. Moun bòkote nou santi sa---soti nan manman nou rive nan kontak sou telefòn selilè nou e soti nan zanmi nou nan medya sosyal yo rive nan moun ki chita bòkote nou aswè a. Mwen dakò avèk Sè Harriett Uchtdorf ki te ekri: “Nou … se poto limyè vibran ak antouzyas nan yon mond ki plis anplis ap antre nan fènwa lè, pa fason nou viv lavi nou, nou montre ke levanjil la se yon mesaj jwaye.”2

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Si ou vle bay lòt moun limyè, ou bezwen klere pou tèt pa ou.”3 Kijan nou ka kenbe limyè verite a konstamman klere andedan nou? Pafwa m santi m tankou yon anpoul ki fèb. Kijan m ka pi klere?

Ekriti yo anseye: “Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè.”4 Nou dwe pèsevere nan Bondye, jan ekriti yo di nou an. Nou dwe ale nan sous limyè a---Pè Selès la ak Jezikri ak ekriti yo. Nou ka ale nan tanp tou, konesan ke tout sa ki andedan l yo fè referans ak Kris la ak gwo sakrifis ekspyatwa L la.

Reflechi sou efè tanp yo genyen nan antouraj kote yo ye yo. Yo anbeli vil; yo briye anlè gwo kolin. Poukisa yo anbeli ak briye konsa? Paske, jan ekriti yo di a, “Verite briye,”5 e tanp yo gen verite ak objektif etènèl; nou menm tou.

An 1877, Prezidan George Q. Cannon te di: “Chak tanp … diminye pouvwa Satan sou tè a.”6 Mwen kwè ke kèlkeswa kote yon tanp bati sou tè a, li pouse fènwa ale. Objektif tanp yo se pou sèvi limanite epi bay tout pitit Pè Selès la kapasite pou yo retounen al viv avèk Li. Èske objektif nou se pa menm avèk objektif mezon konsakre sa yo, kay Senyè sa yo? Pou n sèvi lòt moun e ede yo repouse fènwa e retounen al nan limyè Pè Selès la?

Travay sakre tanp yo ap ofmante lafwa nou nan Kris la, epi apresa nou ka vin pi bon enfliyans sou lafwa pou lòt moun. Lè nou nouri espri tanp lan, nou ka aprann reyalite, pouvwa, ak esperans Ekspyasyon Sovè a nan lavi pèsonèl nou.

Sa gen kèk ane, fanmi m t ap travèse yon gwo pwoblèm. M te ale nan tanp epi m te priye sensèman pou m te jwenn èd. Yo te akòde m yon moman verite. M te resevwa yon enpresyon klè sou feblès mwen, epi m te sezi. Nan moman espirityèlman enstriktif sa a, m te wè yon fi ògeye ki t ap aji nan fason pa li, non pa nesesèman nan fason Senyè a, e ki, andedan li, te santi l fyè pou swadizan akonplisman li. M te konnen sete mwen menm m te wè a. M te sipliye Pè Selès la, kote m te di Li: “Mwen pa vle pou m yon moun konsa, men kijan m ka chanje?”

Atravè lespri revelasyon pure m te santi nan tanp lan, m te aprann ke m te absoliman bezwen yon Redanmtè. Mwen te imedyatman vire panse m sou Sovè a, Jezikri, epi m te santi angwas mwen an disparèt epi yon gwo lespwa te anvayi kè mwen. Li sete sèl espwa mwen, e m te vle akwoche m a Limenm sèlman. Sa te klè pou mwen ke fi natirèl ògeye sa a “se yon enmi Bondye”7 ak moun ki antoure li. Nan tanp lan jou sa a, m te aprann sete sèlman atravè Ekspyasyon Jezikri a ke nati ògeye m nan te ka chanje e m t ap vin gen kapasite pou m fè byen. M te santi amou Li grandman e m te konnen Li t ap anseye m pa Lespri a e Li t ap chanje m si m te ba l tout kè mwen, san m pa kenbe anyen.

M toujou ap lite ak feblès mwen yo, men m gen konfyans nan èd divin Ekspyasyon an. M te resevwa enstriksyon ‘pure’ sa a te vini paske m te antre nan tanp sakre a, ap chèche sekou ak repons. M te antre nan tanp lan akable, e m te kite li ak konesans ke m te gen yon Sovè toupuisan e plen lanmou. M te pi lejè ak plen lajwa paske m te resevwa limyè Li e aksepte plan Li pou mwen.

Sitiye toupatou nan mond lan, tanp yo gen pwòp aparans yo ak pwòp modèl konstriksyon pa yo sou deyò, men andedan, yo tout gen menm limyè, menm objektif, ak menm verite etènèl la. Nan 1 Korentyen 3:16 nou li: “Èske nou pa konnen se tanp Bondye nou ye, epi Lespri Bondye rete nan kè nou?” Nou menm tou, antanke pitit fi Bondye, nou epapiye toupatou nan mond lan, e tankou tanp yo, nou chak gen pwòp aparans eksteryè pa nou. Nou egalman gen yon limyè espirityèl andedan nou, tankou tanp yo. Limyè espirityèl sa a se yon reflè limyè Sovè a. Lòt moun ap atire pa ekla li.

Nou gen pwòp wòl pa nou sou tè a---soti nan pitit fi, manman, dirijan, ak enstriktris rive nan sè, travayè, madanm, ak plis toujou. Chak wòl sa yo egzèse yon enfliyans. Yo chak gen yon puisans moral lè nou reflete verite levanjil yo ak alyans tanp yo nan lavi nou.

Èldè D. Todd Christofferson te di: “Kèlkilanswa, yon manman kapab egzèse yon enfliyans ke okenn lòt moun pa ka egale nan okenn lòt relasyon.”8

Lè pitit nou yo te piti, m te santi m ke, avèk mari m David, m sete yon dezyèm kapitèn sou yon bato, e m te konsidere 11 pitit nou yo kòm yon flòt tibato ki t ap flote bò kote nou nan pò a, ap prepare pou y al navige sou lanmè mond lan. David avèk mwen te santi nou bezwen konsilte konpa Senyè a chak jou pou n te ka jwenn ki pi bon direksyon pou nou navige avèk ti flòt nou an.

Jounen m yo te ranpli avèk bagay òdinè tankou pliye rad, li pou timoun yo, ak prepare manje pou dine. Pafwa, andedan pò a ki se fwaye nou an, nou pa ka wè ke, atravè jès senp men konstan—tankou priyè familyal, etid ekriti, ak sware familyal—gwo bagay akonpli. Men mwen temwaye ke bagay sa yo gen enpòtans etènèl. N ap santi gwo lajwa lè tibato sa yo—pitit nou yo—grandi vin tounen gwo bato maritim puisan ranpli ak limyè levanjil la e pare pou “anbake nan sèvis Bondye.”9 Ti jès lafwa ak sèvis tou piti yo se fason anpil nan nou ka kontinye nan Bondye e finalman pote limyè ak laglwa etènèl bay fanmi nou, zanmi nou, ak relasyon nou. Nou ka vrèman gen yon sèk enfliyans avèk nou!

Panse sou enfliyans lafwa yon fiyèt nan laj Primè kapab genyen sou fanmi li. Lafwa pitit fi nou an te yon benediksyon pou nou lè nou te pèdi pitit gason nou an nan yon pak. Fanmi an te kouri toupatou ap chèche li. Finalman, pitit fi dizan nou an te touche bra m epi l te di: “Manman, èske nou pa ta dwe priye?” Li te gen rezon! Fanmi an te rasanble nan mitan yon foul moun ki t ap gade epi nou te priye pou n te ka jwenn pitit la. Nou te jwenn ni. Pou tout tifi nan Primè yo, m ap di: “Tanpri sonje raple paran nou pou yo priye!”

Pou ete sa a, m te gen privilèj pou m te ale nan yon kan 900 jènfi nan Alaska. Enfliyans yo sou mwen te pwofon anpil. Yo te vini nan kan an espirityèlman prepare, yo te li Liv Mòmon an e yo te memorize tout “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo.” Nan twazyèm jou kan an, tout 900 jènfi yo te kanpe ansanm pou yo te resite tout pawòl ki nan bwochi a, mo pou mo.

Lespri te ranpli gwo sal la, e m te anvi fè sa avèk yo. Men mwen pa t kapab. M pa t peye pri pou m te aprann ni pakè a.

Depi lè sa a, m kòmanse aprann pawòl ki nan “Kris Vivan” yo jan sè sa yo te fè a, e gras ak enfliyans yo, mwen pi totalman santi alyans sentsèn pou m toujou sonje Sovè a pandan m ap repete temwayaj Apot yo sou Kris la tout tan an. Sentsèn nan vin gen yon siyifikasyon pi pwofon pou mwen.

Espwa mwen se pou ofri Sovè a yon kado Nwèl ane sa a pou, rive 25 Desanm, mwen gen tan memorize “Kris Vivan” an epi konsève li nan kè mwen. Mwen espere m ap ka yon bon enfliyans—jan sè yo nan Alaska a te ye pou mwen an.

Èske nou ka retwouve nou nan pawòl sa yo ki nan tèks sou “Kris Vivan an”? “Li mande tout moun pou suiv egzanp Li. Li te mache sou wout Palestin yo, ap geri malad, fè avèg wè, e leve moun mouri.”10

Nou menm, sè yo nan Legliz la, nou pap mache sou wout Palestin yo ap geri malad, men nou ka priye pou nou jwenn amou gerisè Ekspyasyon an pou nou aplike li pou yon relasyon ki malad.

Malgre ke nou pa ka fè avèg wè jan Sovè a te fè a, nou ka temwaye sou plan Sali a pou moun ki avèg espirityèlman yo. Nou ka louvri je konpreyansyon yo pou yo ka wè nesesite pouvwa prètriz la nan alyans etènèl yo.

Nou pa ka leve moun mouri jan Sovè a te fè a, men nou pèmèt mò yo resevwa benediksyon nan chèche non yo pou nou fè travay tanp pou yo. Apresa n ap, anfèt, leve yo soti nan prizon lespri a e ofri yo chemen lavi etènèl la.

Mwen temwaye ke nou gen yon Sovè vivan, Jezikri, epi, avèk pouvwa Li ak limyè Li n ap kapab pouse fènwa mond lan ale, pwoklame verite nou konnen an, epi enfliyanse lòt moun pou vin jwenn ni. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. M. Russell Ballard, “Men and Women and Priesthood Power,” Ensign, Sept. 2014, 32;Liahona, Sept. 2014, 36.

  2. Harriet R. Uchtdorf, The Light We Share (2014), 41.

  3. Thomas S. Monson, “For I Was Blind, but Now I See,” Ensign, Me 1999, 56;Liahona, Jiyè 1999, 69.

  4. Doktrin ak Alyans 50:24.

  5. Doktrin ak Alyans 88:7.

  6. George Q. Cannon, in Preparing to Enter the Holy Temple (booklet, 2002), 36.

  7. Mozya 3:19.

  8. D. Todd Christofferson, “The Moral Force of Women,” Ensign oswaLiahona, Nov. 2013, 30.

  9. Doktrin ak Alyans 4:2.

  10. “The Living Christ: The Testimony of the Apostles,” Ensign orLiahona, Apr. 2000, 2.