2010–2019
Sekou nan inite
oktòb 2014


Sekou nan inite

Pou nou ka ede Sovè a, nou dwe travay ansanm nan inite ak amoni. Chak moun, chak pozisyon, e chak apèl enpòtan.

Nou souvan tande Prezidan Thomas S. Monson di: “Lonje lamen pou n pote sekou.” 1 Yon istwa nan Nouvo Testaman an vini nan lespri mwen. Se yon ilistrasyon pafè sou fason manm yo ak misyonè yo ka travay ansanm nan inite atravè konsèy pawas yo pou lonje lamen pou pote sekou. N ap jwen istwa sa a nan Mak 2:1–5 . Mwen twouve ke eksperyans Jezi te itilize pou anseye nou kèk pwen doktrin oswa prensip yo toujou trè enstriktif.

Youn nan pèsonaj nan istwa sa a se yon mesye ki te gen paralezi, yon moun ki pa t kapab deplase san èd. Mesye sa a te oblije rete lakay li pou tann moun vin ede li.

Nan tan pa nou an, men kòman sa te ka pase. Kat moun t ap ranpli yon tach evèk yo te ba yo pou y al fè vizit nan fwaye yon mesye ki te paralize. Mwen ka prèske vizyalize ke youn ladan yo te soti nan Sosyete Sekou, youn nan kowòm ansyen an, yon lòt nan prètriz Aawon an, epi, dènye a, men ki se pa pi piti a, yon misyonè aplentan. Nan dènye konsèy pawas la, apre yo te fin pale sou bezwen ki genyen nan pawas la, evèk la te bayo tach pou yo t al “pote sekou.” Li te bay kat moun sa yo tach pou yo t al ede mesye sa a ki te paralize a. Yo pa t ap ka tann pou l te vini legliz la poukont li. Yo te oblije ale lakay li, pou al vizite li. Yo te oblije kontakte li, epi konsa, yo te ale. Yo te mennen mesye a bay Jezi.

“Epi kat moun [te vini] jwenn ni, yo te pote yon nonm paralyze. Yo t’ap menmen li bay Jezi.” (Mak 2:3).

Men, te gen twòp moun nan sal la. Yo pa t ka rantre nan pòt la. Mwen si ke yo te fè tout sa yo te kapab men yo pat ka antre. Bagay yo pa t pase osi senp ke jan yo te planifye a. Te gen obstak ki te enpeche yo “pote sekou” a. Men yo pat abandone. Yo pat lage nonm paralyze a nan pòt la. Yo te kole tèt yo ansanm pou yo te konnen kisa pou yo te fè—kòman yo t apral mennen mesye sa a bay Jezi pou l te geri li. Travay pou ede Jezikri nan sove nanm nan, omwen pou yo menm, pa t janm twòp. Yo te deside yon plan, se pat yon plan ki te fasil, men yo te aplike li.

“Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pat ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralyze a desann nam twou a, to kouche sou nat li a”(Mak 2:4).

Yo mennen l sou tèt kay la. An sipozan ke pa t gen eskalye deyò a pou yo te monte, sa dwe te pran yo anpil tan pou tout moun te monte sou do kay la. Men kijan m panse sa dwe te pase: jènjan nan pawas la te monte sou tèt kay la an premye. Paske li te jèn e plen enèji, sa siman pat twò difisil pou li. Konpayon enstriktè nan fwaye li nan kowòm ansyen an ak misyonè aplentan byen wo ak solid la siman te anba ap pouse l monte ak anpil fòs. Sè Sosyete Sekou a siman t ap mande yo pou yo te fè atansyon e ba yo pawòl ankourajman. Apresa, mesye yo te dekouvri tèt kay la, pandan sè a te kontinye ap rekonfòte mesye a ki t ap tann pou l geri a—pou l te kapab deplase poukont li epi senti l lib la.

Tach pou pote sekou a mande pou tout moun travay ansanm. Nan moman kritik sa a, siman sa te mande bonjan kowòdinasyon pou yo te desann nonm paralize a nan twou plafon an. Kat moun sa yo siman te travay nan inite ak amoni. Pa t ka gen okenn kontansyon pami yo kat la. Yo te dwe desann nonm paralize a an menm tan. Si you ladan yo te lache kòd la pi vit pase lòt twa yo, nonm lan t ap tonbe. Li pa t ka kenbe kò li akoz andikap li te genyen an.

Pou nou ka ede Sovè a, nou dwe travay nan inite ak amoni. Chak moun, chak pozisyon, ak chak apèl enpòtan. Nou dwe ini nou nan Senyè nou an, Jezikri.

Finalman, yo te depoze nonm paralize a devan Jezi. “Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a, Pitit mwen, peche ou yo padonnen.”(Mak 2:5). Jezi te montre mizèrikòd pou li epi li te geri li—pa sèlman fisikman men espityèlman tou: “ Pitit mwen, peche ou yo padonnen.” Èske sa pa bèl? Èske nou pa ta renmen wè sa rive pou nou tou? Sètènman m ta renmen sa.

Èske nou konnen you moun nan lavi nou ki soufri avèk paralezi espirityèl, you moun ki jis pa kapab retounen legliz la poukont li? Se kapab youn nan pitit nou, youn nan paran nou, yon konjwen, oubyen yon zanmi.

Avèk si anpil misyonè aplentan ki disponib kounyeya nan chak inite nan legliz la, li t ap bon pou evèk yo ak prezidan branch yo pi byen enplike yo nan konsèy pawas ak branch yo. Evèk la ka envite chak manm nan konsèy pawas la pou yo vini avèk yon lis non moun ki ka bezwen asistans. Manm konsèy pawas yo ap diskite ansanm sou fason pou yo ka pi byen ede. Evèk yo ap koute ide yo atantivman epi y ap distribye tach.

Misyonè aplentan yo se gwo resous pou pawas yo nan travay sekou sa yo. Yo jèn e yo plen enèji. Yo renmen gen yon lis non espesifik pou yo suiv. Yo renmen travay ansanm avèk manm pawas yo. Yo konnen sa yo se gwo opòtinite pou yo ka jwenn moun. Yo detèmine pou etabli wayòm Senyè a. Yo gen yon temwayaj solid palefèt nan patisipe nan travay pou pote sekou sa yo, y ap vin plis sanble ak Kris la.

An konklizyon, kite m pataje yon lòt trezò ki pi kache toujou nou jwenn nan ekriti sa a. Se nan vèsè 5: “Lè Jezi wè lafwa yo” (italik ajoute). Mwen pat remake sa anvan—lafwa yo. Lafwa konbine nou ap afekte byennèt lòt moun tou.

Kiyès moun sa yo Jezi mansyone a? Yo te kapab byen se kat moun yo ki te pote nonm paralize a, nonm nan li menm poukont li, moun ki tap priye pou li yo, ak tout lòt moun yo ki te la pou yo te koute Jezi preche a e ki tap rejwi nan kè yo trankilman pou mirak sa a ki ta pral fèt la. Sa te gen dwa yon konjwen, yon paran, yon pitit gason oswa yon pitit fi, yon misyonè, yon prezidan kowòm, yon prezidant Sosyete Sekou, yon evèk, ak yon zanmi lwen. Nou youn ka ede lòt. Nou dwe toujou gen dezi pou nou angaje nou nan chèche pote sekou bay moun ki nan bezwen.

Mwen temwaye ke Jezikri se yon Bondye mirak. Jezikri renmen nou tout epi li gen pouvwa pou sove ak geri, ni fisikman ni espirityèlman. Si nou ede Li nan misyon li pou sove nanm yo, nou menm tou n ap resevwa sekou nan pwosesis la. Mwen temwaye sa nan non sakre Li, non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade, pa egzanp, Thomas S. Monson, “Our Responsibility to Rescue,” Ensign oswa Liahona, Oct. 2013, 5.