2010–2019
Ministè pèsonèl nou
oktòb 2014


Ministè pèsonèl nou

Amou Jezikri dwe tounen gid nou pou nou ka konsyan de bezwen moun bò kote nou ke nou ka ede nan nenpòt fason yo.

Nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, yo ba nou opòtinite ak benediksyon pèsonèl pou nou sèvi. Depi lè m te vin manm legliz la, mwen te gen anpil okazyon pou m te sèvi. Tankou Frè Udine Falabella, papa Èldè Enrique R. Falabella, te konn di: “Moun ki sèvi nan yon bagay li bon pou yon bagay; moun ki pa sèvi nan anyen, li pa bon pou anyen.” Sa yo se pawòl nou bezwen kenbe nan lespri nou ak nan kè nou.

Pandan m ap chèche gidans ak direksyon pandan m ap sèvi yo, mwen jwenn rekonfò nan sonje ke priyorite Sovè a fokis sou moun endividyèl ak sou fanmi. Amou li ak atansyon li pou chak moun anseye m ke Li rekonèt gwo valè chak pitit Pè Selès la genyen epi li esansyèl pou nou asire ke nou sèvi ak fòtifye chak moun nan levanjil Jezikri a.

Nan ekriti yo nou li:

“Sonje, nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye. ...

“Epi si ou travay pandan tout vi ou ... epi ou sèlman mennen, yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa ou ap anpil avèk li nan wayom Papa m nan!”1

Chak nanm gen gwo valè pou Bondye, paske nou se pitit Li epi nou gen potansyèl pou nou vin menmjan avèk li.2

Amou Jezikri dwe gid nou si nou vle vin konnen bezwen moun nou ka ede nan nenpòt fason yo. Ansèyman Senyè a, Jezikri, montre nou chemen an. Epi se konsa ministè pèsonèl nou kòmanse: dekouvri bezwen yo, epi apresa pran swen yo. Jan Sè Linda K. Burton, prezidant jeneral Sosyete Sekou a te di: “Obsève toudabò, sèvi apresa.”3

Prezidan Thomas S. Monson se yon gwo egzanp sou prensip sa a. Nan mwa Janvye 2005 la, pandan l t ap prezide sou yon konferans pou dirijan pretriz yo nan Porto Rico, li te montre kijan Sovè a ak sèvitè l yo rann sèvis atravè ministè pèsonèl yo. Nan fen bèl reyinyon sa a, Prezidan Monson te kòmanse akeyi tout dirijan prètriz yo ki te nan asanble a. Toudenkou, li te remake youn nan yo t ap gade tout bagay delwen, li te rete nan yon kwen.

Prezidan Monson te deplase kite gwoup la, pou l t al jwenn frè a, pou l te pale avèk li. Avèk emosyon, José R. Zayas te di l ke sete yon mirak dèske li te vini pou pale avèk li a epi sete repons pou priyè li menm ak madanm ni, Yolanda, te fè anvan reyinyon an. Li te di Prezidan Monson pitit fi l la te malad grav epi li te gen yon lèt nan men li ke madanm nib a li pou l te remèt Prezidan Monson. Frè Zayas te di madanm ni sa t ap enposib paske Prezidan Monson t ap twò okipe. Prezidan Monson te koute istwa a epi li te mande lèt la, ke l te li ansilans. Apresa li te mete lèt la nan pòch kostim ni epi li te di Frè Zayas ke li ta pral pran swen demann yo a.

Se konsa fanmi sa a te touche pa Senyè nou an, Jezikri, palentèmedyè sèvitè li. Mwen kwè pawòl Sovè a te di yo nan parabòl bon Samariten an aplike pou nou: “Ale, epi fè menm jan tou.”4

Jou 21 Septanm 1998 la, Siklòn Georges te frape Porto Rico, ki te lakoz gwo dega. Sè Martínez, senk pitit nou yo, avèk mwen te debwouye nou pou n te siviv anba gwo tanpèt sa a ak van siklòn vyolan l yo kote nou te rete lakay nou. Sepandan, nou te pase de semèn san dlo ni elektrisite.

Lè rezèv dlo nou an te fini, li te difisil pou nou te jwenn dlo. Mwen pap janm bliye frè yo ki te vin sèvi nou yo kote yo te pote likid presye sa a, ni m pap janm bliye fason eman ak enspiran sè yo te sèvi nou tou.

Germán Colón te vini lakay nou avèk yon gwo gallon plastic plen dlo dèyè kamyonèt li. Li te di nou li te fè sa paske “M konnen nou gen timoun piti ki bezwen dlo.” De jou apre, Frè Noel Muñoz ak Herminio Gómez te chaje twa gwo tank dlo sou tèt machin yo. Yo te rive lakay nou sanzatann epi yo te ranpli tout boutèy ki te disponib avèk dlo pou nou te bwè, e yo te envite vwazen yo pou yo te vin plen boutèy pa yo tou.

Priyè nou te reponn atravè ministè pèsonèl yo. Vizaj twa frè sa yo te reflete lanmou Jezikri gen pou nou, epi sèvis yo a---otremandi, ministè pèsonèl yo a---te pote plis pase dlo nan lavi nou. Chak pitit gason ak pitit fi Bondye bezwen konnen ke gen moun ki enterese nan yo e k ap veye pou byennèt yo.

Mwen temwaye ke Pè Selès la avèk Senyè nou an, Jezikri, konnen nou endividyèlman e pèsonèlman. Pou rezon sa a, yo ba nou sa nou bezwen pou nou ka gen opòtinite pou atenn potansyèl divin nou. Yo mete sou wout nou dè moun ki ap ede nou. Konsa, pandan nou vin tounen enstriman nan men yo, n ap kapab sèvi ak ede moun Yo montre nou pa revelasyon.

Se nan fason sa a Senyè a, Jezikri, ap lonje lamen bay tout pitit Pè Selès la. Bon Bèje a ap rasanble brebi l yo. L ap fè sa youn pa youn pandan y ap fè byen itilize libète moral yo a---apre yo fin koute vwa sèvitè l yo e resevwa sèvis yo. Apresa y ap rekonèt vwa li, epi y ap suiv li. Kalite ministè pèsonèl sa a se pati entegral nan kenbe alyans batèm nou yo.

Menmjan tou, lè nou bay bon egzanp kòm disip Jezikri, sa se pi bèl lèt entwodiksyon nou pou moun nou ka pataje levanjil Li a avèk yo a. Lè nou louvri bouche nou pou nou pataje levanjil retabli Jezikri a, nou vin tounen “asistan bèje Li, ki chaje pou nouri brebi nan patiraj li yo ak mouton nan twoupo l yo”5; nou vin tounen “senp ak enb”6 “pechè lèzòm”7

Sèvis nou ak ministè pèsonèl nou pa limite ak vivan yo sou tè sa a. Nou ka fè travay pou mò nou yo tou---pou sa k ap viv nan mondèzespri yo ki, pandan lavi yo sou tè a, pa t gen opòtinite pou yo te resevwa òdonans sali levanjil Jezikri a. Nou ka gen yon jounal kote nou ekri istwa familyal nou tou pou nou ka vire kè vivan yo vè vivan yo---osi byen ke kè vivan yo vè zansèt yo. Tout se pou nou ka liye fanmi nou, jenerasyon apre jenerasyon, nan lyen etènèl. Si nou fè sa, n ap vin tounen “sovè …. sou mòn Siyon an.”8

Nou gen opòtinite espesyal pou nou se enstriman nan men Senyè a. Nou kapab enstriman nan men Li nan maryaj nou, nan fanmi nou, avèk zanmi nou ak pwochen nou. Sa se ministè pèsonèl nou antanke disip Jezikri.

“Epi tout nasyon pral rasanble devan li; epi l ap separe you youn avèk lòt, jan yon bèje separe brebi l yo de bouk yo:

“Epi l ap mete brebi yo adwat li, men l ap mete bouk yo agoch li.

“Apresa wa a va di moun ki adwat li yo, Vini, nou menm Papa m beni, vin eritye wayom ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan:

“Paske mwen te grangou, nou te ban m manje, mwen te swaf nou te ban m bwè; mwen te etranje, nou te resevwa m lakay nou.

“Mwen te toutouni, nou te ba nm rad; mwen te malad, nou te pran swen mwen; mwen te nan prizon, nou te vin wè mwen.

“Lè sa a, moun ki te fè byen yo te reponn ni, yo di, Senyè, kilè nou te wè ou grangou pou n te ba w manje? Kilè nou te wè ou swaf, pou nou te ba ou bwè?

“Kilè nou te wè ou lwen peyi w, epi nou te resevwa ou lakay nou? Oubyen toutouni, epi nou te mete rad sou ou?

“Oubyen kilè nou te wè ou malad, oswa nan prizon, epi nou te vin wè ou?

“Epi wa a va reponn yo e li va di: “Anverite m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.”9

Mwen priye pou nou kapab fè sa, nan non Jezikri, amèn.