2010–2019
Nan ki direksyon w ap gade
oktòb 2014


Nan ki direksyon w ap gade

Eseye fè lòt moun plezi anvan nou fè Bondye plezi se vire premye ak dezyèm gwo kòmandman yo alanvè.

“Nan ki direksyon w ap gade?” Prezidan Boyd K. Packer te siprann mwen lè l te poze m kesyon dewoutan sa a pandan nou t ap vwayaje ansanm pou premye tach mwen kòm nouvo Swasanndis. San yon eksplikasyon ki te ka pèmèt mwen mete kesyon an nan yon kontèks, m te dewoute. Li te kontinye: “Yon Swasanndis pa reprezante pèp la devan pwofèt la, men pwofèt la devan pèp la. Pa janm bliye nan ki direksyon w ap gade!” Sete yon leson puisan.

Eseye fè lòt moun plezi anvan nou fè Bondye plezi se vire premye ak dezyèm gwo kòmandman an (gade Matye 22:37–39) alanvè. Se bliye nan ki direksyon n ap gade. Men, nou tout fè erè sa a paske nou pè lèzòm. Nan Ezayi, Senyè a avèti nou: “Pa pè kritik lèzòm” (Ezayi 51:7; gade tou 2 Nephi 8:7). Nan rèv Leyi a, laperèz sa a te kòmanse avèk dwèt mepri moun ki te nan gwo kay byenlaj la t ap lonje sou moun yo, sa ki te lakoz anpil moun bliye nan ki direksyon yo t ap gade epi yo te vire do bay fwi a byen “wont” (gade 1 Nefi 8:25–28).

Epi presyon sa a eseye chanje atitid yon moun, si se pa konpòtman li, kote moun nan santi l koupab paske li ofanse yon lòt moun. Nou chèche viv avèk respè bò kote moun k ap lonje dwèt sou nou yo men, lè krent lèzòm sa a tante nou pou nou ekskize peche, li vin yon “pyèj” selon sa yo di nou nan liv Pwovèb la (gade Pwovèb 29:25). Pyèj la gen dwa si abilman plase ke l atire kote konpatisan nou gen lakay nou an, pou fè nou tolere ou menm apwouve yon bagay Bondye kondane. Pou yon moun ki gen lafwa fèb, sa ka yon gwo pyèdachopman. Pa egzanp, gen kèk jèn misyonè ki pote krent lèzòm yo a nan chan misyon an e yo pa bay prezidan misyon yo rapò sou yon gwo dezobeyisans konpayon rebèl yo a komèt paske yo pa vle ofanse konpayon an. Nou pran desizyon plen kouraj lè nou sonje lòd kòrèk premye ak dezyèm gwo kòmandman yo (gade Matye 22:37–39). Lè misyonè sa yo ki pa konn kijan pou yo reyaji yo reyalize ke yo responsab devan Bondye, non pa devan konpayon yo a, sa ta dwe ba yo kouraj pou yo fè yon volte-face.

Menm Joseph Smith li menm, nan laj 22 an, te bliye nan ki direksyon li t ap gade lè li te mande Senyè a pèmisyon san rete pou L te pèmèt Martin Harris prete 116 paj maniskri yo. Petèt Joseph te vle montre Martin rekonesans li pou sipò l te ba li. Nou konnen ke Joseph te ekstrèmman anvi pou te gen lòt temwen kanpe avèk li kont foste ak mansonj penib yo t ap simaye sou li yo.

Kèlkeswa sa rezon Joseph yo te ye, oubyen kèlkeswa jan yo te ka parèt jistifye, Senyè a pa t ekskize yo e Li te grandman reprimande li: “Konbyen fwa ou te transgrese … epi ou te kite lèzòm pèsyade ou. Paske, gade, ou pa t dwe lèzòm plis pase Bondye” (D&A 3:6–7; italik ajoute). Eksperyans emouvan sa a te ajamè ede Joseph sonje nan ki direksyon li te dwe gade.

Lè moun eseye sove lafas devan lèzòm, yo ka envolontèman pèdi lafas devan Bondye. Si yon moun panse ke li ka fè Bondye plezi epi an menm tan ekskize dezobeyisans lèzòm, sa pa ‘neutralite’ men, yo rele sa ‘mank senserite’, oubyen yon moun ki gen de-fas oswa k ap eseye “sèvi de mèt” alafwa” (Matye 6:24; 3 Nefi 13:24).

Pandan ke sa nòmalman mande kouraj pou yon moun afwonte danje a, veritab prèv kouraj la se simonte santiman ki se pè lèzòm nan. Priyè Danyèl yo te ede li fè fas ak lyon yo, men vrè prèv bravou l la sete lè l te defye Wa Darius la (gade Danyèl 6). Kalite kouraj sa a se yon don Lespri akòde a moun ki gen krent pou Bondye yo e ki priye yo. Priyè Larèn Estè yo te ba l menm kalite kouraj sa a pou l te afwonte mari li, Wa Assuerus, konesan ke li t ap riske lavi li pandan l t ap fè l la (gade Estè 4:8–16).

Kouraj se pa senpleman youn nan vèti debaz yo, men jan C. S. Lewis te obsève a: “Kouraj se … fòm chak vèti pran lè moman pou pase tès la rive. … Pilat te gen mizèrikòd jiskaske sa te vin riske pou li.”1Wa Ewòd te santi l tris lè yo te mande l pou l te koupe tèt Jan Batis la men li te vle fè “moun ki te chita avèk li ap manje yo” plezi (Matye 14:9). Wa Nowe te pare pou l te libere Abinadi jiskaske presyon gwoup prèt mechan yo te lakoz li te sede (gade Mozya 17:11–12). Wa Sayil te dezobeyi pawòl Senyè a kote l te kenbe ‘butin’ lagè yo paske li te “pè moun yo, epi li te obeyi vwa yo” (1 Samyèl 15:24). Pou l te apeze Izrayelit rebèl yo anba Mòn Sinayi a, Aawon te fè yon estati annò, kote l te bliye nan ki direksyon li t ap gade (gade Egzòd 32). Anpil nan chèf yo nan epòk Nouvo Testaman an te “kwè nan [Senyè a]; men akoz Farizyen yo, yo pa t kite moun wè sa, poutèt pou yo pa t mete yo deyò nan sinagòg la: Paske yo te pito louwanj ki soti nan men lèzòm pase louwanj ki soti nan men Bondye” (Jan 12:42–43). Ekriti yo ranpli ak egzanp tankou sa yo.

Kounyeya, ann koute kèk egzanp ki enspiran:

  • Toudabò, Mòmon: “Gade, m pale, paske Bondye ban m otorite; e m pa pè sa lèzòm kapab fè; paske lanmou pafè chase tout krentif” (Mowoni 8:16; italik ajoute).

  • Nefi: “Se poutèt sa, m pa ekri bagay ki pou fè mond lan plezi, men, mwen ekri bagay ki fè Bondye ak moun ki pa nan mond sa a plezi” (1 Nefi 6:5).

  • Kapitèn Mowoni: “Gade, m se Mowoni, kaptèn anchèf nou an. M p ap chèche pran pouvwa, men, mete l ba. M p ap chèche onè nan men mond lan, men se pou laglwa Bondye m nan, se pou libète ak byennèt peyi m nan” (Alma 60:36).

Mowoni te sitèlman gen kouraj nan sonje ki kote je l te fikse ke yo te di an palan de li: “Si tout mount e, e jamè ta tankou Mowoni, gade menm pouvwa lanfè yo t ap tranble pou tout tan; wi, dyab la pa t ap janm gen pouvwa sou kè lèzòm” (Alma 48:17).

Nan tout syèk yo, yo te toujou atake pwofèt yo, kote yo toujou lonje dwèt sou yo avèk mepri. Poukisa? Paske “koupab yo twouve ke verite a di, paske li blese yo dwat nan mitan nanm yo” (1 Nefi 16:2), oubyen jan Prezidan Harold B. Lee te obsève a: “Zwazo ki touche a ajite!”2 Reyaksyon meprizan yo a se, an reyalite, kilpabilite k ap eseye jistifye tèt li, menmjan ak Koriyò ki te finalman admèt: “M te toujou konnen gen yon Bondye” (Alma 30:52). Koriyò te si konvenkan nan manti l yo ke l te fini pa kwè pwòp mansonj li yo (gade Alma 30:53).

Moun meprizan yo souvan akize pwofèt yo pou di yo pap viv nan 21 nyèm syèk la oubyen yo entoleran. Yo fè tantativ pou pèsyade Legliz la obyen menm ba l presyon pou l bese prensip Bondye yo nan nivo pwòp konpòtman inapwopriye pa yo a, ki, nan pawòl Èldè Neal A. Maxwell yo, ap “mennen nan kontantman tèt, men pa nan amelyorasyon pèsonèl”3 ak repantans. Bese prensip Senyè a nan nivo konpòtman inapwopriye yon sosyete se— apostazi. De syèk apre vizit Sovè a te fè yo a, anpil nan legliz nan pami Nefit yo te kòmanse “senplifye” doktrin nan pa anba, pou nou reprann yon fraz Èldè Holland te di.4

Pandan n ap koute pasaj sa a nan 4 Nefi a, chèche sa fè paralèl avèk epòk pa nou an: “Epi sete konsa, lè desandis ane te fin pase, te gen anpil legliz nan peyi a; wi, te gen anpil legliz ki te deklare yo konnen Kris la, e malgre sa, yo tèlman te nye pifò nan levanjil li a, yo te aksepte tout kalite mechanste, e yo te administre bagay sakre bay moun ki pa t gen dwa resevwa l, poutèt endiyite yo” (4 Nefi 1:27).

Se sa nou konstate nan dènye jou yo! Gen kèk manm ki pa reyalize ke y ap tonbe nan menm pyèj la lè y ap bay presyon pou nou aksepte “tradisyon papa yo”, (D&A 93:39) tradisyon lokal oubyen rasyal ki pa konfòm avèk kilti levanjil la. Gen lòt toujou, ki egare men ki pa aksepte sa, k ap plede evèk yo oubyen egzije yo pou yo bese kondisyon pou yon moun gen rekòmandasyon tanp yo, pou rekòmandasyon pou etid oubyen aplikasyon pou misyon yo. Li pa fasil pou yon moun evèk anba kalite presyon sa yo. Men, menmjan ak Sovè a ki te netwaye tanp lan pou L te defann sentete l la (gade Jan 2:15–16), nou mande evèk yo jodia pou yo bravman defann règ pou ale nan tanp yo. Sete Sovè a Li menm ki te di: “M ap manifeste mwen devan pèp mwen an avèk mizèrikòd … si pèp mwen an respekte kòmandman m yo, epi yo pa sal kay sen sa a” (D&A 110:7–8).

Sovè a, gwo Egzanp nou an, te toujou fokis sou Papa Li. Li te renmen ak sèvi pwochen Li men Li te di: “Mwen pap chèche louwanj nan men lèzòm” (Jan 5:41). Li te vle moun Li te anseye yo suiv Li, men Li pa t chèche favè yo. Lè L te akonpli yon zak charite, tankou geri malad, don an te souvan vini avèk demand pou yo “pa di pèsonn” (Matye 8:4; Mak 7:36; Lik 5:14; 8:56). Anpati, sete pou evite renome lan ki te suiv Li a malgre efò Li pou te evite (gade Matye 4:24). Li te kondane Farizyen yo paske yo t ap fè bon zèv sèlman pou moun te ka wè yo (gade Matye 6:5).

Sovè a, sèl moun pafè ki te janm viv sou tè a, pa t pè anyen. Nan lavi Li, Li te konfwonte anpil akizatè men li pa t janm sede anba dwèt mepri yo. Li se sèl moun ki pa t jamè jamè bliye ki kote je L te fikse: “Mwen toujou fè sa ki fè [Papa a] plezi]” (Jan 8:29; italik ajoute) epi “M p ap chèche fè sa mwen vle, men sa Papa a ki te voye m nan vle” (Jan 5:30).

Ant 3 Nefi chapit 11 ak 3 Nefi chapit 28, Sovè a itilize tit Papa omwen 150 fwa, pou rann klè pou Nefit yo ke Li te la pou reprezante Papa Li. Epi nan Jan chapit 14 rive 17, Sovè a fè referans a Papa a omwen 50 fwa. Nan tout fason posib, Li sete disip pafè Papa Li. Li te si pafè nan reprezante Papa L la ke, konnen Sovè a sete konnen Papa a tou. Wè Pitit la sete wè Papa a (gade Jan 14:9). Tande Pitit la sete tande Papa a (gade Jan 5:36). Anfèt, Li te vin pa ka distenge avèk Papa Li. Papa Li avèk Li te fè youn (gade Jan 17:21–22). Li te pafètman konnen nan ki direksyon li t ap gade.

Se pou egzanp enspiran Li fòtifye nou kont pyèj flatri mond eksteryè a oubyen vanite alenteryè nou yo. Se pou egzanp li ba nou gen kouraj pou nou pa janm tranble ni krenn devan moun k ap entimide nou yo. Se pou sa enspire nou pou nou mache ap fè byen osi anonym posib e pa “chèche onè nan men lèzòm” (D&A 121:35). Epi, se pou egzanp enkonparab Li ede nou toujou sonje kisa “premye pi gwo kòmandman” an ye (Matye 22:38). Lè lòt moun bezwen nou apwouve yo nan meprize kòmandman Bondye yo, se pou nou toujou sonje disip kiyès nou ye, e nan ki direksyon pou nou gade. Sa se priyè mwen nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. C. S. Lewis, The Screwtape Letters, rev. ed. (1982), 137–38.

  2. Harold B. Lee, in Mine Errand from the Lord: Selections from the Sermons and Writings of Boyd K. Packer (2008), 356.

  3. Neal A. Maxwell, “Repentance,” Ensign, Nov. 1991, 32.

  4. Jeffrey R. Holland, “The Call to Be Christlike,” Ensign, Jen 2014, 33; Liahona, Jen 2014, 35.