2010–2019
Sentsèn nan—yon renouvèlman pou nanm nou
oktòb 2014


Sentsèn nan—yon renouvèlman pou nanm nou

Lespri a geri ak renouvle nanm nou. Benediksyon Sentsèn nan pwomèt la sèke n ap “toujou gen Lespri Li avèk [nou].”

Yon fwa, yon gwoup jènfi te poze m kesyon sa a: “Kisa ou regrèt ou pa t fè lè w te nan laj nou?” Si m ta gen pou m reponn kesyon sa a jodi a, mwen tap di yo: “Mwen regrèt ke m pa t pi byen konprann Sentsèn nan lè m te nan laj nou. Mwen regrèt m pa t konprann Sentsèn nan nan fason Èldè Jeffrey R. Holland dekri l la. Li te di: “Youn nan envitasyon nan òdonans Sentsèn nan sèke li se yon veritab eksperyans espirityèl, yon kominyon sent, yon renouvèlman pou nanm nou.’1

Kijan Sentsèn nan kapab vin “yon veritab eksperyans espirityèl, yon kominyon sent, yon renouvèlman pou nanm nou” chak semèn?

Sentsèn vin tounen yon eksperyans espirityèl ki fòtifye nou lè nou koute priyè Sentsèn nan epi nou renouvle angajman nou pou nou onore alyans nou yo, Pou nou fè sa, nou bezwen dispoze pou nou pran non Jezikri sou tèt nou.2 Pandan l t ap pale de pwomès sa a, Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Sa vle di ke nou dwe konsidere tèt nou kòm moun pa Li. Ke n ap ba Li premye plas nan lavi nou. Ke n ap vle sa Li vle olye de sa nou vle oubyen sa mond lan anseye nou pou nou vle.”3

Lè nou pran Sentsèn nan, nou fè alyans pou nou “toujou sonje”4 Jezikri tou. Jou swa anvan L te krisifye a, Kris la te rasanble Apot Li yo epi Li te etabli Sentsèn nan. Li te kase pen an epi Li te beni li epi L te di: “Pran, manje; fè sa an souvni kò mwen m ap bay kòm ranson pou nou.”5 Apre sa, li te pran yon gode diven, Li te beni li, epi Li te bay apot li yo bwè ladan l epi Li te di yo: “Sa a an souvni san mwen … , ki koule pou tout moun ki kwè nan non mwen.”6

Pami Nefit yo, e ankò, nan Rebablisman Legliz Li a nan dènye jou yo, Li te repete ke nou dwe pran Sentsèn nan an souvni Li menm.7

Lè nou pran Sentsèn nan, nou temwaye Bondye ke n ap toujou sonje Pitit Gason L lan, pa sèlman nan ti bout tan Sentsèn nan. Sa vle di ke n ap toujou repoze nou sou egzanp ak anseyman Sovè a pou gide panse nou, chwa nou, ak aksyon nou.8

Priyè sentsèn nan fè nou sonje tou ke nou dwe “respekte kòmandman Li yo.”9

Jezi te di: “Si ou renmen mwen, respekte kòmandman m yo.”10 Sentsèn nan ba nou opòtinite pou nou egzamine tèt nou e pou nou remèt kè nou ak volonte nou bay Bondye. Lè nou obeyi kòmandman yo, pouvwa levanjil la vini nan lavi nou e nou vin gen yon pi gwo lapè ak yon pi gwo espirityalite.

Sentsèn nan ban nou yon moman pou nou fè yon vrè eksperyans espirityèl pandan n ap reflechi sou pouvwa redanmsyon Ekspyasyon Sovè a. Dènyèman, youn nan dirijan jènfi yo te aprann yon leson sou fòs nou resevwa lè nou efòse nou pou n pran Sentsèn nan pandan n ap reflechi pwofondeman. Pou l te akonpli youn nan kondisyon nan Pwogrè Pèsonèl li a, li te fikse yon bi pou l te konsantre sou pawòl kantik ak priyè Sentsèn yo.

Chak semèn, li te fè yon egzamen konsyans li pandan Sentsèn nan. Li te raple l erè l te fè, epi li te pran angajman pou l te vin pi bon nan semèn apre a. Li te rekonesan dèske li te kapab korije bagay yo epi vin pwòp ankò. Pandan l t ap panse avèk eksperyans sa a, li te di: “Mwen te aji sou pati Sakrifis Ekspiyatwa a ki konsène repantans lan.”

Yon jou Dimanch apre li te fin evalye tèt li, li te santi li yon ti jan dekouraje ak sanzespwa. Li te remake ke li te kontinye ap komèt menm erè yo chak semèn. Epi, toukenkou, li te santi yon enpresyon klè ke l t ap neglije yon gwo pati nan Ekspyasyon an—pouvwa Kris la ba nou an. Li te manke bliye pakèt fwa Sovè a te ede li vin kalite moun li te anvi ye a e te ede l sèvi plis pase sa l te kapab la.

Avèk sa nan lespri li, li te reflechi ankò sou semèn anvan an. Li te di: “Yon santiman lajwa te kraze tristès mwen an lè m te konprann ke li te ban m anpil opòtinite ak kapasite. Mwen te remake avèk rekonesans ke m te gen kapasite pou disène bezwen pitit mwen lè sa pa t menm evidan. Mwen te remake ke lè m te panse jounen m te twò ranpli e m te santi m pa t ap ka fè anyen ankò, m te gen posiblite pou m te ofri pawòl rekonfò bay yon zanmi. Mwen te gen pasyans nan sitiyasyon kote nòmalman se opoze a m t ap fè.”

Li te fini konsa: “Pandan m t ap remèsye Bondye pou pouvwa Sovè a ba m nan lavi m nan, mwen te santi m pi optimis devan pwosesis repantans lan m t ap travay sou li a epi m te anvizaje pou n retounen nan semèn apre a avèk yon espri renouvle.”

Elder Melvin J. Ballard te ansenye kijan Sentsèn nan kapab vin yon ekspeyans ki ka geri nou ak netwaye nou. Li te di:

“Kiyès nan nou menm ki pa blese lespri li akoz pawòl, panse ak aksyon, soti nan yon Saba al nan yon lòt? Nou fè dè bagay ke nou regrèt e nou vle jwenn padon pou yo. … Metòd pou nou jwenn padon an se … repanti pou peche nou yo, al jwenn moun nou te peche oubyen transgrese poutèt yo a pou nou ka jwenn padon yo, epi apre, ale nan Sentsèn nan, kote, si nou sensèman repanti e mete tèt nou nan bon kondisyon yo, n ap jwenn padon e n ap resevwa gerizon espirityèl nan nanm nou. …

Èldè Ballard te ajoute: “Mwen temwaye ke benediksyon Sentsèn nan akonpaye pa yon espri ki rechofe nanm nou soti nan tèt rive nan pye. Nou santi ke blesi espirityèl nou yo geri epi fado nou aleje. Rekonfò ak kontantman ranpli nanm diy lan ki vrèman vle pran nouriti espirityèl sa a.”11

Nanm blese nou an kapab geri e renouvle non sèlman paske dlo a ak pen an fè nou sonje ke Sovè a te sakrifye chè li ak san li men tou paske anblèm yo raple nou ke L ap toujou rete “pen lavi a”12 ak “dlo lavi a.”13

Apre li te fin bay Nefit yo Sentsèn nan, Jezi te di yo:

“Moun ki manje pen sa a manje kò mwen pou nanm li, moun ki bwè divin sa a bwè san mwen pou nanm li, nanm li pa p janm grangou ni swaf, men l ap toujou ranpli.”

“Lè tout moun yo te fin manje ak bwè, Lespri a te ranpli yo.”14

Avèk mo sa yo, Kris la anseye nou ke Lespri a geri ak renouvle nanm nou. Benediksyon yo pwomèt nou nan Sentsèn nan sèke n ap “toujou gen Lespri Li avèk [nou].”15

Lè m ap pran Sentsèn, mwen toujou panse ak tablo ki reprezante Sovè resisite a avèk bra Li lonje a, kòmsi Li pare pou akeyi nou avèk amou. Mwen renmen tablo sa a. Lè m panse avèk li pandan distribisyon Sentsèn nan, nanm mwen elve nan pwen ke se kòmsi m tande pawòl Sovè a lè l te di: “Bra mizèrikòd mwen an lonje ba nou, e tout sa ki vini m ap resevwa, tout moun ki vin jwenn mwen ap beni.”16

Detantè Prètriz Aawon yo reprezante Sovè a lè y ap prepare, beni ak distribye Sentsèn nan. Lè yon detantè prètriz lonje bra li pou ofri nou anblèm sakre yo, se kòmsi se Sovè a Limenm ki lonje bra mizèrikòd Li ba nou, pou envite nou chak pou nou vin patisipe nan don presye lanmou ki disponib gras ak sakrifis ekspyatwa Li a—don repantans, padon, rekonfò, ak esperans.17

Plis nou reflechi pou siyifikasyon Sentsèn nan, se plis nou vin konprann sans ak karaktè sakre li. Se sa yon papa ki te gen 96 zan te di di lè pitit gason l lan te mande li: “Papa, poukisa ou al legliz? Ou pa wè ankò, ou pa tande ankò, li difisil pou ou deplase. Poukisa w al legliz?” Papa a te reponn ni: “Se pou Sentsèn nan, mwen ale pou m ka pran Sentsèn nan.”

Mwen swete pou nou chak ale nan reyinyon Sentsèn nan prepare pou nou fè “yon veritab eksperyans espirityèl, yon kominyon sent, yon renouvèlman nan nanm [nou].”18

Mwen konnen Pè selès nou an ak Sovè nou an vivan. Mwen rekonesan pou posiblite Sentsèn nan ba nou pou n santi amou yo ak Lespri a. Nan non Jezikri, amèn.