2010–2019
Pa pran bagay sakre alalejè
oktòb 2014


Pa pran bagay sakre alalejè

Egzamine chwa nou yo kote n ap poze tèt nou kesyon sa a: “Èske desizyon m yo byen anrasinen nan bon sòl levanjil Jezikri a?”

Frè m ak sè m yo, desizyon nou pran nan lavi sa a gen gwo repèkisyon sou lavi etènèl nou. Gen fòs ni vizib ni envizib k ap enfliyanse chwa nou yo. M te konprann bagay sa sa gen anviwon senkan, nan yon fason ki te manke koute m chè.

Nou t ap vwaje avèk fanmi nou ak zanmi nou nan Sid peyi Oman. Nou te deside pou nou t al pran yon ti detant sou yon plaj bò Oseyan Endyen an. Tousuit apre nou te rive, pitit fi nou an, Nellie, ki gen sèzan an, te mande si l te ka naje al sou sa li te panse ki sete yon bit sab. Mwen te remake dlo lanmè a te ajite, epi m te di l ke m prale anvan, pou sizanka ta gen kouran dlo danjere.

Apre m te fin naje pandan yon ti moman, m te rele madanm mwen pou m te mande l si m te pre bit sab la. Li te reponn: “Ou depase l lontan.” San m pa konnen, m te pran nan yon move kouran dlo1 ki t ap rale m rapidman al nan mitan lanmè a.

M pat konn kisa pou m te fè. Sèl bagay ki te nan panse m sete fè demitou pou m te naje al nan direksyon rivaj la. Sete egzakteman pi move chwa m te ka fè. M te santi m enpuisan. Fòs ki te depase kontwòl mwen t ap rale m al pi lwen nan lanmè a. Sa k te pi grav la, sèke madanm mwen, ki te fè desizyon m nan konfyans, te suiv mwen.

Frè m ak sè m yo, m te panse te gen gwo chans pou m pa t chape, epi, akoz desizyon m nan, m t ap lakoz lanmò madanm mwen tou. Apre anpil efò ak sa mwen kwè ki te yon entèvansyon divin, pye nou te reyisi touche sab anba dlo a epi nou te kapab mache an sekirite pou retounen al jwenn zanmi nou yo ak pitit fi nou an.

Gen anpil kouran dlo nan lavi terès sa a—gen kèk ki san danje, gen lòt ki gen danje. Prezidan Spencer W. Kimball te anseye nou ke gen fòs ki egziste nan lavi nou ki sanble avèk kouran dlo envizib yo nan lanmè a.2 Fòs sa yo reyèl. Nou pa dwe janm inyore yo.

Kite m pale nou de yon lòt kouran dlo, yon kouran diven ki vin tounen yon gwo benediksyon nan lavi mwen. M se konvèti nan Legliz la. Anvan konvèsyon mwen, anbisyon m nan lavi sete al fè spò eski sou nèj, epi poutèt sa, m te demenaje al an Ewòp apre m te fini lekòl segondè, pou m te ka reyalize dezi sa a. Apre plizyè mwa nan sa ki te sanble yon lavi ideyal, m te santi m te dwe pati. Nan epòk la, m p at konprann kote santiman sa a te soti, men, m te chwazi pou m te suiv li. Se konsa m te vin retwouve m nan Provo, Utah, avèk kèk bon zanmi ki, menmjan avèk mwen, te manm yon lòt legliz.

Pandan m te nan Provo, m te rankontre moun ki tap viv yon kalite lavi ki te diferan pase pa m nan. M te santi yo atire m, malgre m pat konn poukisa. Okòmansman, m te reziste devan santiman sa yo, men m te vin rapidman jwenn yon lapè ak yon rekonfò ke m pat janm te konnen anvan sa. M te kòmanse suiv yon lòt kouran—yon kouran ki te vin fè m konnen yon Papa eman ki nan syèl la ak Pitit Gason L la, Jezikri.

M te batize avèk zanmi m yo an 1972. Nouvo kouran sa m te chwazi pou m suiv la, levanjil Jezikri a, te pote direksyon ak yon sans nan lavi mwen. Sepandan, sa pa t fèt san difikilte. Tout bagay te nouvo pou mwen. Nan epòk sa a, m te santi m pèdi ak dezoryante. Zanmi m yo ansanm avèk fanmi m te soulve anpil kesyon ak pwoblèm.

M te gen yon chwa pou m fè. Kèk nan kesyon yo te poze m yo te kreye dout ak ezitasyon. Chwa a sete yon chwa enpòtan. Ki kote m ta dwe vire pou m jwenn repons? Te gen anpil moun ki te vle konvenk mwen, pou yo fè m konnnen m te fè erè—“move kouran” te detèmine pou rale m lwen kouran pèzib la ki te vin yon bèl sous bonè pou mwen an. Mwen te trè klèman aprann prensip ki di dwe “gen opozisyon nan tout bagay” la ak enpòtans pou m te aji pou tèt pa m, e non pa kite lòt moun pran libabit mwen pou yo deside pou mwen.3

M te mande tèt mwen: “Poukisa pou m ta vire do m bay yon bagay ki ban m si anpil rekonfò konsa?” Jan Senyè a te raple Oliver Cowdery a: “Èske m pat pote lapè nan panse ou konsènan bagay sa a?”4 Eksperyans mwen an te menmjan tou. Konsa, avèk plis detèminasyon toujou, m te tounen m vè Papa eman m nan ki nan syèl la, nan ekriti yo, ak zanmi m te ka fè konfyans yo.

Men, m te toujou gen anpil kesyon m pat ka reponn. Kouman pou m ta adrese dout yo te kreye yo? Tan pou m ta kite yo detwi lapè ak lajwa ki te vin nan lavi m nan, m te chwazi pou m mete yo sou kote pou kèk tan, avèk konfyans ke lè li vle a, Senyè a t ap revele m tout bagay. M te jwenn konsolasyon nan pawòl li te di Joseph Smith yo: “Gade, nou se timoun piti, epi nou pa kapab sipòte tout bagay kounyeya; nou dwe grandi nan lagras ak nan konesans verite a.”5 M te chwazi pou m pa t rejte sa m te konnen ki te verite a pou suiv yon kouran enkoni e kesyonab—yon move kouran potansyèl. Jan Prezidan N. Eldon Tanner te anseye a, m te aprann, “konbyen li t ap pi saje e pi bon pou lòm aksepte verite senp levanjil la … epi pou l aksepte pa lafwa bagay li … pa ka konprann yo.”6

Èske sa vle di pa gen plas pou kesyonman ki onèt? Mande jèn gason ki te refijye l nan boskè sakre a,avèk dezi pou l te konnen nan kiyès nan tout legliz yo pou l te ale a. Kenbe liv Doktrin ak Alyans la nan men, epi konnen ke tout sa ki revele nan liv sa a se rezilta enb rechèch laverite a. Jan Joseph te dekouvri a: “Si nenpòt moun nan pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, [ki] bay tout moun liberalman, … epi l ap ba li l.”7 Lè nou poze kesyon sensè epi nou chèche repons nan men Bondye, nou aprann “liy sou liy, presèp sou presèp,”8 pandan n ap grandi nan konesans ak sajès.

Kesyon an se pa: “Èske gen plas pou yon kesyonman sensè ak onèt?” men pito:“Ki kote pou m jwenn verite a lè kesyon yo leve?” “Èske m ap gen ase sajès pou m kenbe fèm nan sa m konnen ki vrè a, malgre m gen kèk kesyon?” Mwen temwaye ke gen yon sous divin—Yon Moun ki konn tout bagay—lafen depi nan kòmansman an. Tout bagay se prezan pou Li.9 Ekriti yo temwaye ke Li “pa mache nan chemen kwochi, … ni Li pa chanje nan sa L te di.”10

Nan vwayaj nou sa a nan mòtalite a, nou pa dwe janm panse ke se nou menm sèlman chwa nou yo afekte. Dènyèman, yon jenòm te vin lakay mwen. Li te gen yon bon espri avèk li men m te apèsi ke li pa t totalman aktif nan Legliz la. Li te di m ke l te grandi nan yon fwaye ki te santre sou levanjil la jiskaske papa l te vin twonpe manman l, sa ki te lakoz yo te divòse epi sa te pouse tout frè l ak sè l yo kesyone Legliz la epi yo te vin inaktif. Kè m te fè m mal pandan m t ap pale avèk jèn papa sa a ki kounyeya, te afekte pa chwa papa l yo, epi ki kounyeya t ap elve dè espri presye san benediksyon levanjil Jezikri a.

Yon lèt mesye m te konnen, ki te fidèl nan Legliz la otrefwa, te vin gen kesyon konsènan kèk pwen doktrin. Olye ke l t al mande Pè Selès la repons, li te chwazi pou l te apiye sèlman sou sous pwofàn pou te ba l direksyon. Kè l te vire nan move direksyon an pandan li te chèche sa ki te sanble onè nan men lèzòm. San dou ògèy li te flate, omwen tanporèman, mem li te separe tèt li avèk pouvwa syèl la.11 Olye ke l te jwenn laverite, li te pèdi temwayaj li epi l te rale anpil manm fanmi ale avèk li.

De mesye sa yo te vin pran nan pyèj kouran kontrè envizib yo epi te antrene anpil moun dèyè yo.

Kontrèman avèk yo, m panse avèk LaRue ak Louise Miller, paran madanm mwen, ki malgre ke yo pa t janm posede pil byen materyèl, te chwazi non sèlman pou yo te anseye pitit yo doktrin pi levanjil la men pou viv li chak jou nan lavi yo tou. Poutèt yo te fè sa a, yo te pote bay posterite yo, ki jodia vin plis pase 100 moun, benediksyon fwi levanjil la avèk esperans lavi etèlnèl.

Nan fwaye yo, yo te tabli yon modèl kote yo te respekte prètriz la, kote amou ak amoni te an abondans, epi kote prensip levanjil yo te dirije lavi yo. Louise ak LaRue, kòtakòt, te demontre kisa sa vle di pou yon moun suiv yon lavi selon modèl Jezikri. Pitit yo te kapab klèman wè ki kouran nan lavi a ki t ap pote lapè ak bonè. Epi yo te chwazi an konsekans. Jan Prezidan Kimball te anseye a : “Si nou kreye … yon kouran puisan ak fèm avèk yon lavi jis kòm bi nou, nou menm ak pitit noua p kapab avanse devan malgre van kontrè difikilte, desepsyon, [ak] tantasyon.”12

Èske chwa nou yo konte? Èske se nou menm sèlman yo afekte? Èske nou fikse wout nou byen fèm nan kouran dlo etènèl levanjil retabli Jezikri a?

Tanzantan, m gen yon imaj ki vin nan tèt mwen. Kisa k t ap pase jou sa a nan mwa Septanm nan, pandan nou t ap pran detant sou plaj la bò Oseyan Endyen an, si m te di pitit fi m nan, Nellie, “Wi, ou mèt ale. Naje al sou bit sab la.” Oubyen si limenm tou, li te suiv egzanp mwen epi l pat ka naje retounen? Kisa k t ap pase si t ap oblije viv konesan ke egzanp mwen te lakoz lanm lanmè yo te pote l ale epi l pat janm retounen?

Èske kouran nou chwazi pou nou suiv yo enpòtan? Èske egzanp nou konte?

Papa nou ki nan syèl la beni nou avèk don diven Sentespri a pou gide chwa nou yo. Li pwomèt nou enspirasyon ak revelasyon si nou viv diy pou nou resevwa yo. Mwen envite nou pou nou pwofite don diven sa a, epi egzamine chwa nou yo pandan n ap poze tèt nou kesyon sa a: “Èske desizyon m yo plante byen fèm nan tè rich levanjil Jezikri a?” Mwen envite nou pou nou fè tout ajisteman ki nesesè yo, piti oubyen gran, pou nou asire ke nou jwenn benediksyon etènèl plan Pè Selès la genyen pou nou menm ak moun nou renmen yo.

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè nou ak Redanmtè nou. Mwen temwaye ke alyans nou fè avèk Li yo sakre e sen. Nou pa dwe janm pran bagay sakre alalejè.13 Se pou nou rete fidèl ajamè, mwen priye, nan non Jezikri, amèn.