2010–2019
Prepare nan fason moun pa t janm wè
oktòb 2014


Prepare nan fason moun pa t janm wè

Se pou nou prepare nou diyman pou nou ka resevwa òdonans sali yo gout pa gout epi pou nou ka respekte alyans ki asosye avèk òdonans sa yo ak tout kè nou.

Lè pi jèn pitit fi nou an te retounen lakay apre premye jou lekòl li, m te mande l: “Kijan sa te ye?”

Li te reponn: “Sa te anfòm.”

Men, nan demen maten, lè m t al reveye li pou l al lekòl, li te kwaze bra li epi li te di byen fèm: “M t al lekòl deja!” Aparaman, mwen pa t prepare li ni eksplike li ke al lekòl se pa t yon bagay yon sèl fwa men yo atann pou l al lekòl senk fwa pa semèn pandan anpil, anpil ane.

Pandan n ap reflechi sou prensip preparasyon an, annou imajine sèn sa a. Ou chita nan sal selès tanp lan epi ou remake plizyè jèn koup gason ak fi ki pral marye pou letan ak letènite, ke y ap eskòte avèk reverans, antre sòti nan sal selès la. Yon jèn lamarye antre nan sal selès la, men nan lamen avèk lemarye li. Li mete yon rad tanp, bèl men tou senp, epi li gen yon souri kalm, pezib e plen chalè. Li trè byen prezante men li pa atire atansyon. Li chita tou dousman, l ap gade bò kote li epi li anvayi avèk emosyon. Sanble ked lo k ap koule nan je l yo soti nan pwofon respè ak santiman lapè ki enspire pa lye sa a ak òdonans sakre li menm ak moun ki se amou lavi l la pral fè a. Tout atitid sanble ap di: “Ala mwen rekonesan dèske m nan kay Senyè a jodia, pare pou m al kòmanse yon vwayaj etènèl avèk konpayon byeneme m nan!” Li sanble li prepare pou plis pase yon evenman.

Dènyèman, pitit pitit fi m nan, ki se yon adolesan, te kite yon nòt pou mwen sou zòrye mwen ki di konsa: “Sa ki frape m lè m antre nan tanp lan, se espri lapè ak lanmou ki ladan l lan. …Moun ka ale nan tanp pou resevwa enspirasyon.”1 Li gen rezon. Nou kapab resevwa enspirasyon ak revelasyon nan tanp lan ansanm avèk pouvwa pou nou afwonte difikilte lavi yo. Bagay li aprann konsènan tanp lan pandan l ap pote non nan tanp lan regilyèman pou fè batèm ak konfimasyon yo, y ap prepare li pou l resevwa lòt òdonans, alyans, ak benediksyon tanp yo, pou limenm ansanm avèk moun ki nan lòtbò vwal la.

Èldè Russell M. Nelson te anseye: “Menmjan y ap prepare tanp yo pou moun yo, moun yo dwe prepare tèt yo pou tanp lan.”2

Semèn sa yo, m t ap reli istwa Kapitèn Mowoni nan Liv Mòmon an, epi sa te raple m ke youn nan pi gwo eksplwa Mowoni sete bon jan preparasyon l te fè pou Nefit yo te ka kanpe devan lame Lamanit efryan yo. Li te si byen prepare pèp li a ke yo di nou: “Men gade, [Lamanit yo] te etone jouk nan dènye bout, pou jan [Nefit yo] te pare pou yo, nan yon fason moun pa t janm wè.3

Fraz sa a, “prepare … nan yon fason moun pa t janm wè” a, te reyèlman kapte atansyon mwen.

Kijan nou ka pi byen prepare nou pou benediksyon sakre tanp yo? Senyè a te anseye: “Epi ankò, m ap ba nou yon modèl nan tout bagay.”4 Annou pran yon egzanp nan ekriti yo ki ka ede nou pi byen prepare nou. Preparasyon li pou te afwonte enmi an te mande pou Mowoni te gen yon dilijans konstan e fidèl, epi se menm bagay la nou dwe fè tou.

Mwen pa janm bouke ak bèl parabòl sa a Sovè a bay sou senk vyèj saj yo ak senk vyèj tèt chaje yo. Menmsi parabòl sa a pale sou prepare pou Dezyèm Vini Sovè nou an, nou ka relye li avèk prepare pou benediksyon tanp tou, ki kapab tankou yon festen espirityèl pou moun ki byen prepare yo.

Nan Matye 25 nou li:

“Se konsa, wayòm syèl la sanble ak dis vyèj ki te pran lanp yo, epi yo te soti al rankontre mesye marye a.

“Epi senk nan yo te saj, e senk te tèt chaje. …

“[Sa ki te] saj yo te pote gaz nan boutèy avèk lanp yo.

“Pandan yo t ap tan mesye marye a ki te anreta, you tout pran kabicha, dèmi vòlò yo.

“Nan mitan lannuit la, yon rèl pati: Men mesye marye a; ann al rankontre li.

“Tout dis vyèj yo leve, epi yo pran lanp yo.

“Tèt chaje yo mande sa k saj yo: tanpri, ba nou tigout nan gaz nou yo; paske lanp pa nou yo ap mouri.

“Men, sa ki te saj yo te reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n al achte nan men machann yo.

“Pandan yo t al achte gaz la, mesye marye a te rive; epi sa ki te pare yo te antre ansanm avèk li; epi yo fèmen pòt la dèyè yo.

“Pita, lè lòt vyèj yo vin rive, yo di: Mèt, Mèt, louvri pou nou.

“Men li te reponn yo e l te di: An verite m ap di nou, mwen pa konnen nou.”5

M panse ke pa gen yon moun, espesyalman pami moun ki gen kè sansib yo, ki pa santi yo tris pou vyèj fòl yo. Epi gen nan nou ki ta anvi di lòt vyèj yo: “Èske nou pa ka jis pataje pou tout moun ka kontan?” Men panse sou sa. Sa se yon istwa Sovè a te rakonte, e se Limenm ki rele senk nan yo “saj” ak senk nan yo “tèt chaje.”

Pandan n ap konsidere parabòl sa a kòm yon modèl pou preparasyon tanp, panse ak pawòl yon pwofèt modèn ki te anseye ke “nou pa ka pataje gaz preparasyon espirityèl la.”6 Prezidan Spencer W. Kimball te ede klarifye poukisa senk vyèj “saj” yo pa t kapab pataje gaz nan lanp yo a avèk sa ki te “tèt chaje” yo lè l te di: “Ale nan reyinyon Sentsèn ajoute gaz nan lanp nou, gout pa gout, pandan ane yo. Jene, priyè familyal, vizit nan fwaye, kontwòl apeti kò yo, preche levanjil la, etidye ekriti yo---chak aksyon devouman ak obeyisans se yon gout nou ajoute nan rezèv nou. Aksyon jantiyès, peman dim ak ofrann, panse ak aksyon ki chast … —bagay sa yo tou kontribye anpil nan gaz nou ka itilize a minui pou kenbe lanp fatige nou yo klere.”7

Èske nou wè chema preparasyon an—gout pa gout—ki ka ede nou lè n ap panse kijan nou ta ka pi dilijan nan preparasyon nou pou resevwa òdonans sakre yo pou tèt nou ak pou lòt moun? Ki lòt bagay piti men senp ke nou ka fè pou ajoute gout espirityèl presye nan lanp preparasyon nou?

Nou aprann nan men Èldè Richard G. Scott ke “diyite pèsonèl se yon kondisyon esansyèl pou jwi benediksyon tanp yo. … Karaktè ki diy yo pi byen fòje nan yon lavi chwa kòrèk konsistan ki santre sou ansèyman Mèt la.”8 Mwen renmen mo konsistan an. Konsistan vledi pou yon moun regilye, konstan, ak fyab. Ala yon gwo deskripsyon sou prensip diyite a!

Nan Diksyonè Bib la, yo raple nou: “Nan domèn sentete, se sèlman fwaye nou ki ka konpare avèk tanp lan.”9 Èske kay nou oswa apatman nou reponn ak deskripsyon sa a? Yon jènfi nan pawas nou an te vin lakay mwen dènyèman. Mwen te konnen ke frè l la te fèk retounen sot nan misyon, e m te mande li kijan yo santi yo lè l te retounen an. Li di sa te anfòm, men tanzantan li t ap mande yo si yo te ka bese mizik la. Li te di: “E se pa t menm move mizik!” Sa kapab itil pou nou ta evalye tèt nou kounyeya epi asire nou ke fwaye nou se yon lye kote nou prepare pou nou santi Lespri. Lè nou prepare fwaye nou pou yo vin tounen lye kote Lespri a byenveni, n ap pare pou nou santi nou “lakay nou” lè nou antre nan kay Senyè a.

Si nou prepare pou nou antre nan tanp lan diyman epi nou fidèl nan alyans tanp yo, Senyè a ap vide “anpil benediksyon”10 sou nou. Bon zanmi mwen, Bonnie Oscarson, te fèk vire sans yon ekriti lè l te di: “Kote yo mande anpil, y ap bay anpil.”11 M te totalman dakò avèk li! Paske nou vin nan tanp lan pou n resevwa benediksyon ki etènèl, sa pa dwe etone nou ke yo egzije yon nivo pi elve pou kalifye nou pou benediksyon sa yo. Èldè Nelson te anseye: “Paske tanp lan se kay Senyè a, se limenm ki etabli prensip admisyon landan l yo. Nou antre nan tanp lan kòm envite Li. Detni yon rekòmandasyon tanp se yon gwo privilèj ak yon siy obeyisans reyèl pou Bondye ak pwofèt Li yo.”12

Atlèt nan nivo mondyal yo ak etidyan inivèsite medsin yo prepare yo pandan plizyè èdtan, plizyè jou ak semèn ak mwa, pafwa menm dèzane ap prepare yo. Menmjan tou, moun ki vle kalifye pou egzaltasyon nan wayòm selès la yo dwe atenn yon nivo obeyisans ki pi wo ke yo ka jwenn nan pratike vèti obeyisans lan jou apre jou e gout pa gout.

Si nou ajoute gaz, gout pa gout, konstamman epi avèk dilijans, nan lanp espirityèl nou, kote n ap fè ti bagay senp yo, lanp nou kapab “pare e byen limen”13 avèk preparasyon etonan. Mari m, ki se yon prezidan pieu, te fè remak dènyèman ke li ka prèske toujou rekonèt yon moun ki prepare e diy pou antre nan tanp, paske “yo klere sal la” lè yo vin pran yon rekòmandasyon tanp.

Nan priyè konsekrasyon Tanp Kirtland nan, Pwofèt Joseph Smith te mande Senyè a “pou tout moun ki antre nan pòtay kay Senyè a kapab santi pouvwa ou, … pou yo kapab grandi nan ou menm, pou yo resevwa Sentespri a toutantye, … epi pou yo prepare pou yo jwenn chak bagay ki nesesè.”14

Mwen priye pou ke, ale nan tanp reprezante pou nou pi plis pase yon evenman yon grenn fwa. Se pou nou prepare nou pou nou ka diyman resevwa òdonans sakre yo gout pa gout epi pou nou kenbe alyans ki asosye avèk òdonans sa yo ak tout kè nou. Si nou fè sa, mwen konnen n ap kalifye pou nou resevwa benediksyon yo pwomèt nou yo ki se yon plenitid Sentespri a ak pouvwa Senyè a nan fwaye nou ak nan lavi pèsonèl nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Nòt pèsonèl Aydia Kaylie Melo voye bay Linda K. Burton, 31 Out 2014.

  2. Russell M. Nelson, “Prepare for the Blessings of the Temple,” Ensign oswa Liahona, Okt. 2010, 41.

  3. Alma 49:8; italik ajoute; gade tou verses 6–7.

  4. Doktrin ak Alyans 52:14.

  5. Matye 25:1–2, 4–11; Joseph Smith Tradiksyon, Matye 25:12 (nan Matye 25:12, referans a).

  6. Marvin J. Ashton, “A Time of Urgency,” Ensign, Me 1974, 36.

  7. Spencer W. Kimball, Faith Precedes the Miracle (1972), 256.

  8. Richard G. Scott, “Receive the Temple Blessings,” Ensign, May 1999, 25; Liahona, Jiyè 1999, 29.

  9. Bible Dictionary, “Temple.”

  10. Doktrin ak Alyans 104:2.

  11. Bonnie L. Oscarson, “Greater Expectations” (Retransmisyon Seminè ak Enstiti pa satelit, Out. 5, 2014); lds.org/broadcasts; see also Luke 12:48; Doktrin ak Alyans 82:3.

  12. Russell M. Nelson, “Personal Preparation for Temple Blessings,” Ensign, Me 2001, 33; Liahona, Jiyè 2001, 38.

  13. Doktrin ak Alyans 33:17.

  14. Doktrin ak Alyans 109:13, 15.