2010–2019
Panse sou chemen w ap mache a
oktòb 2014


Panse sou chemen w ap mache a

Si nou pran Jezi kòm Egzanp nou epi nou mache sou tras Li, nou ka retounen al jwenn Papa nou ki nan syèl la an sekirite.

Fè ak sè byeneme m yo, mwen santi m touche pou m kanpe devan nou maten an. M ap mande lafwa nou ak priyè nou pandan m ap pataje mesaj mwen an avèk nou an.

Nou tout te kòmanse yon bèl vwayaj esansyèl lè nou te kite mond lespri a pou nou te antre nan etap si souvan difisil ki rele mòtalite a. Bi prensipal egzistans nou sou tè a se pou nou pran yon kò lachè ak zo, pou nou ka fè eksperyans ki te posib sèlman atravè yon separasyon avèk paran selès nou yo, epi pou wè si n ap respekte kòmandaman yo. Nan liv Abraham nan, chapit twa, nou li: “Epi nou pral pase yo anba eprèv sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”1

Lè nou te vin sou tè a, nou te pote avèk nou gwo kado Bondye sa a—ki se libabit nou an. Nan dèmilye fason, nou gen posiblite pou n chwazi pou tèt pa nou. Isit la nou aprann nan men mèt ki se eksperyans lan. Nou disène ant byen ak mal. Nou fè diferans ant anmè ak dous. Nou aprann ke desizyon detèmine destine.

Mwen sèten ke nou te kite Papa nou an avèk gwo dezi pou nou retounen al jwenn ni, pou n kapab jwenn egzaltasyon Li te planifye pou nou an, ke poutèt pa nou, nou te si anvi a. Byenke Pè Selès nou an kite nou pou nou jwenn ak suiv chemen k ap mennen nou retounen al jwenn ni an, Li pa t voye nou isit la san direksyon ak gidans. Li ba nou zouti nou bezwen yo, e L ap ede nou si nou mande èd Li e si nou eseye fè tout sa ki nan pouvwa nou pou nou pèsevere jiskalafen pou nou ka jwenn lavi etènèl la.

Pou gide nou, nou gen pawòl Bondye ak Pitit Gason L lan ke nou jwenn nan ekriti sent yo. Nou gen konsèy ak ansèyman pwofèt Bondye yo. Pi enpòtan toujou, nou gen yon egzanp pafè yo ba nou pou nou suiv—egzanp Senyè ak Sovè nou an, Jezikri—e yo banou enstriksyon pou nou suiv egzanp sa a. Sovè a Limenm te di: “Vini, suiv mwen.”2 “Paske sa nou te wè m fè, nou dwe fè.”3 Li te poze kesyon sa a: “Ki kalite moun nou dwe ye?” Epi li te reponn ni: “Anverite, m di nou, menmjan avèk mwen.”4 “Li te trase chemen an e li dirije wout la.”5

Si nou pran Jezi kòm Egzanp nou an epi nou suiv tras Li, nou ka retounen ansekrite al jwenn Pè Selès nou an pou nou viv avèk Li pou tout tan. Pwofèt Nefi te di: “Si yon moun pa pèsevere jiskalafen, pou l suiv egzanp Pitit Gason Bondye vivan an, li pa kapab sove.”6

Chak fwa l t ap rakonte eksperyans li te fè pandan yon vizit nan Tè Sent la, yon madanm te konn di: “M te mache kote Jezi te mache!”

Li te ale nan zòn kote Jezi te viv ak anseye a. Petèt li dwe te kanpe sou yon wòch Jezi te kanpe yon fwa a oubyen kontanple ranje mòn yo Li te konn gade yo. Eksperyans sa yo, poukont pa yo, te eksitan pou li; men mache fizikman kote Jezi te mache yo mwens enpòtan pase mache jan Li te mache. Imite aksyon L yo ak suiv egzanp Li pi enpòtan anpil pase eseye retrase wout Li te pase yo nan mòtalite a.

Lè Jezi te lanse yon sèten moun rich envitasyon “Vini,suiv mwen”7 an, Li pa t fè l senpleman poutèt pou mesye rich la te ka suiv li monte ak desann mòn ak vale yo nan peyi a.

Nou pa bezwen al mache sou rivaj Galile yo oubyen pami mòn Jide yo pou nou mache kote Jezi te mache. Nou tout kapab mache sou chemen Li te mache a lè nou chwazi pou nou suiv li pandan vwayaj nou nan mòtalite a, avèk pawòl li yo k ap sonnen nan zòrèy nou, lespri Li k ap ranpli kè nou, ak ansèyman L yo k ap gide lavi nou. Egzanp li klere chemen an. Li te di: “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a.”8

Si nou egzamine wout Jezi te mache a, n ap wè ke li te mennen L atravè anpil menm kalite pwoblèm ke nou menm n ap konfwonte nan lavi a.

Pa egzanp, Jezi te mache sou chemen desepsyon an. Malgre ke Li te sibi anpil desepsyon, youn nan sa ki pi emouvan yo se sa yo dekri nan lamantasyon li sou Jerizalèm lè L t ap fini ministè piblik Li a. Pitit Izrayèl yo te rejte sekirite zèl pwoteksyon Li te ofri yo a. Pandan Li t ap gade vil la ki ta pral vit tonbe anba destriksyon an, Li te anvayi pa gwo tristès. Nan angwas li, Li te kriye: “O Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, e ki touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch; konbyen fwa M te rasanble pitit ou yo, tankou yon manman poul rasanble tipoul li yo anba zèl li, men ou pa t vle!”9

Jezi te mache sou wout tantasyon an . Lisifè, malen an, pandan l te rasanble pi gwo fòs li, ak mansonj ki pi atiran l yo, te tante Jezi ki te jene pandan 40 jou ak 40 nuit. Jezi pa t sikonbe; men, Li te reziste anba chak tantasyon. Pawòl final Li sete: “Wete kò w sou mwen, Satan.”10

Jezi te mache sou chemen soufrans lan. Panse sou Jetsemani, kote Li te “nan agoni … epi syè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.”11 Epi, pèsonn pa ka bliye soufrans Li sou kwa kriyèl la.

Nou chak gen pou n mache sou chemen desepsyon an, petèt akoz yon okazyon nou rate, yon pouvwa nou mal itilize, chwa yon fanmi nou, oubyen yon chwa nou menm nou fè. Chemen tantasyon an ap chemen nou chak tou. Nou li nan seksyon 29 Doktrin ak Alyans yo: “Epi li nesesè pou dyab la tante pitit lèzòm, san sa yo pa t ap kapab chwazi pou tèt pa yo.”12

Menmanjan tou, nou dwe mache sou chemen soufrans lan. Nou menm, antanke sèvitè, nou pa bezwen krenn pou nou sibi plis pase Mèt la, ki te kite mòtalite a apre gwo lapenn ak soufrans lan.

Men, pandan n ap jwenn gwo soufrans sou chemen nou an, nou ka jwenn gwo lajwa tou.

Avèk Jezi, nou kapab mache sou chemen obeyisans lan. Li pap toujou fasil, men se pou deviz nou se deviz Samyèl ba nou kòm eritaj la: “Gade, obeyisans pi bon pase sakrifis, epi koute pawòl li yo pi bon pase grès bèt yo.”13 An nou sonje ke rezilta final dezobeyisans se kaptivite ak lanmò, pandan ke rekonpans pou obeyisans se libète ak lavi etènèl.

Menmjan ak Jezi, nou ka mache sou chemen sèvis la. Lavi Jezi sete tankou yon pwojektè klere ak bonte pandan l t ap sèvi pami lèzòm yo. Li te pote fòs bay kokobe yo, li te fè avèg yo wè, moun soud yo tande.

Jezi te mache sou chemen lapriyè a. Li anseye kijan pou nou priye kote Li te fè bèl priyè nou konnen kòm Priyè Senyè a kounyeya. Epi, kimoun ki ka bliye priyè Li nan Jetsemani an: “Se pa volonte pa m, men se volonte pa ou ki pou fèt.”14

Gen lòt enstriksyon Sovè a ba nou toujou ki alapòte nou, ke n ap jwenn nan ekriti sent yo. Nan Diskou sou Mòn nan, Li di nou pou nou gen mizèrikòd, pou nou enb, pou nou jis, pou nou pi nan kè, pou nou se patizan lapè. Li enstwi nou pou nou kanpe bravman pou kwayans nou, menm lè y ap pase nou nan betiz e pèsekite nou. Li mande nou pou nou kite limyè nou klere pou lòt moun kapab wè epi vin anvi glorifye Papa nou ki nan Syèl la. Li anseye nou pou nou rete moralman pwòp nan panse nou ak nan aksyon nou. Li di nou ke sa ki pi enpòtan toujou se sere trezò nan syèl la pase sou tè a.15

Parabòl Li yo anseye avèk pouvwa ak otorite. Avèk resi bon Samariten an, Li anseye nou pou nou renmen ak sèvi pwochen nou.16 Nan parabòl talan an, Li anseye nou pou nou amelyore tèt nou pou n eseye chèche pèfeksyon.17 Avèk parabòl brebi pèdi a, Li ba nou enstriksyon pou nou al chèche moun ki pèdi chemen an e ki pèdi wout yo.18

Pandan n ap efòse nou pou nou mete Kris la nan sant lavi nou nan aprann pawòl Li yo, nan suiv ansèyman L yo, ak nan mache sou chemen L lan, Li pwomèt pou l ba nou nou lavi etènèl Li te mouri pou L te ka akeri a. Pa gen pi gwo fen pase sa a, pou nou chwazi aksepte disiplin ni epi vin disip Li epi fè travay Li pandan tout lavi nou. Okenn lòt bagay, okenn lòt chwa pa kapab fè nou vin sa Li kapab fè nou devni an.

Lè m ap panse ak moun ki te vrèman eseye suiv egzanp Sovè a ak mache sou chemen Li, m toujou sonje non Gustav ak Margarete Wacker—de nan moun ki pi kretyen m te janm rankontre. Yo te soti an Almay, yo te imigre nan Lès Kanada, epi m te rankontre yo lè m t ap sèvi kòm prezidan misyon nan Kanada. Frè Wacker sete yon kwafè. Malgre mwayen yo te limite anpil, yo te pataje tout sa yo te genyen. Yo pa t gen pitit, men yo te pran swen tout moun ki te antre lakay yo. Gason ak fi save ak distenge te konn vin chèche konpayi sèvitè Bondye enb, ki pa t save sa yo e yo te konsidere tèt yo kòm moun ki te gen chans si yo te ka pase inèdtan nan prezans yo.

Aparans yo te tou òdinè, Anglè yo te ezitan e li te yon tijan difisil pou konprann, lakay yo pa t estravagan. Yo pa t posede machin ni televizyon, ni yo pa t gen okenn nan bagay mond lan abitiyèlman konsidere yo. Men, moun fidèl te toujou ap vizite yo souvan pou yo te ka benefisye lespri ki te genyen lakay yo a. Fwaye yo sete yon kwen syèl la sou tè a, e lespri yo te degaje a te ranpli ak lapè ak bonte pure.

Nou menm tou, nou kapab gen espri sa a e fè tout moun benefisye li si nou mache sou tras Sovè nou an epi suiv egzanp pafè Li.

Nan Pwovèb, nou li egzòtasyon sa a: “Panse sou chemen w ap mache a.”19 Si nou fè sa, n ap gen lafwa, ak menm dezi, pou nou mache sou chemen Jezi te mache a. Nou pap doute ke nou sou chemen Papa nou vle pou nou suiv la. Egzanp Sovè a ba nou yon modèl pou tout sa n ap fè, epi pawòl Li yo se yon gid enfayib. Chemen L lan ap mennen nou lakay ansekirite. Mwen priye pou nou jwenn benediksyon sa a, nan non Jezikri, ke m renmen an, ke m ap sèvi a, e konsènan Li mwen temwaye, amèn.