2010–2019
Vini pou nou wè
oktòb 2014


Vini pou nou wè

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te toujou e ap toujou rete yon legliz misyonè.

Mesaj mwen an adrese dirèkteman a moun ki pa manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. M pral trete yon kesyon fondamantal ke anpil nan nou ka genyen: “Poukisa Sen Dènye jou yo si enterese pou yo pale m de kwayans yo ak envite m aprann konsènan Legliz yo a konsa?”

Mwen priye pou Lespri Senyè a ede m kominike efikasman, epi pou nou klèman konprann repons mwen genyen pou kesyon enpòtan sa a.

Yon misyon divin

Disip devwe Jezikri yo te toujou misyonè ki vanyan epi y ap toujou konsa. Yon misyonè se yon disip Kris la ki temwaye konsènan Li kòm Redanmtè e pwoklame verite levanjil Li a.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te toujou epi l ap toujou yon legliz misyonè. Chak manm nan Legliz Sovè a te aksepte yon obligasyon solanèl pou yo ede nan akonplisman misyon divin Senyè a te bay Apot Li yo, jan sa rapòte nan Nouvo Testaman an:

“Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a:

“Anseye yo pou yo obsève tout sa mwen te kòmande nou: sonje, mwen avèk nou toulèjou, jiskalafen mond la. Amèn” (Matye 28:19–20).

Sen Dènye Jou yo pran responsablite sa a trè oserye, pou yo anseye tout moun nan tout nasyon sou Senyè Jezikri ak levanjil retabli Li a. Nou kwè ke menm legliz la Sovè a te fonde nan ansyen tan an, Li retabli l sou tè a nan dènye jou yo. Doktrin nan, prensip yo, otorite prètriz la, òdonans yo ak alyans levanjil Li yo egziste jodia nan Legliz Li a.

Lè nou envite ou vin Leglizla avèk nou oubyen pou ou aprann nan men misyonè aplentan yo, se pa eseye n ap eseye vann ou yon pwodwi. Kòm manm Legliz la, nou pa resevwa onkenn prim ni bonis nan yon konkou selès. Se pa chèche n ap chèche ogmante kantite moun nan Legliz la. E pi enpòtan toujou, nou pap eseye fòse ou pou ou kwè jan nou kwè a. Nou envite ou pou w vin tande verite retabli levanjil Jezikri a pou ou kapab etidye, reflechi, priye, pou ou vin konnen pou tèt pa ou si sa nou pataje avèk ou yo se verite.

Gen kèk nan pami nou ki petèt ap di: “Men, mwen deja kwè nan Jezi e m suiv ansèyman L yo,” oubyen “M pa kwè Bondye reyèlman egziste.” Nou pa envite ou pou nou eseye devalorize tradisyon relijye ou oubyen eksperyans lavi ou. Pote tout sa ou konnen ki vrè, ki bon, e ki atire louwanj—epi teste mesaj nou an. Menmjan Jezi te envite de disip Li yo pou yo te “vini pou yo te wè” a (Jan 1:39), se konsa tou nou envite ou pou w vini epi wè si levanjil retabli Jezikri a ap elaji ak anrichi sa ou deja konnen ki vrè yo.

Anfèt, nou santi yon responsablite solanèl pou pote mesaj sa a bay chak nasyon, tribi, lang ak pèp. E se presizeman sa n ap fè jodia avèk yon gwoup ki gen plis pase 88.000 misyonè aplentan k ap travay nan plis pase 150 peyi nan mond lan. Jènjan ak jènfi ak koup aje remakab sa yo ap ede manm Legliz nou yo ranpli responsablite divin ak pèsonèl nou chak genyen pou pwoklame levanjil etènèl Jezikri a (gade D&A 68:1).

Plis pase yon devwa espirityèl

Men, anpresman nou genyen pou deklare mesaj sa a se pa sèlman rezilta yon sans devwa espirityèl. Men okontrè, dezi nou pou pataje levanjil retabli Jezikri a avèk ou a se pou montre w enpòtans verite sa yo genyen pou nou. Mwen kwè m ka pi byen dekri rezon ki fè nou si dirèk konsa nan chèche eksplike w kwayans nou atravè yon eksperyans mwen menm ak madanm mwen te fè sa gen kèk ane avèk de nan pitit gason nou yo.

Yon jou swa, Susan avèk mwen te kanpe bò yon fenèt lakay nou ap gade de nan ti pitit gason nou yo ki tap jwe deyò a. Nan dewoulman aktivite yo a, ti gason ki pi piti a te lejèman blese nan yon ti aksidan. Nou te vit rekonèt ke li pa t blese grav, e nou te deside pou nou pa t al ede l tousuit. Nou te vle obsève pou nou wè si timoun yo te konprann etid familyal nou te konn fè avèk yo sou amou fratènèl yo. Sa k te rive nan apre a sete yon bagay enteresan ak enstriktif.

Gran frè a te konsole ti frè a epi l te ede ti frè a retounen lakay la avèk prekosyon. Susan avèk mwen t al kanpe tou pre kuizin nan pou nou te ka wè sa k ta pral pase apre, epi nou te prepare pou nou fè entevansyon imedyatman si te gen lòt kote ki te blese nan kò li oubyen si aksidan ta ka rive.

Gran frè a te rale yon chèz bò evye a nan kuizin nan. Li te monte sou chèz la, li te ede frè l la monte sou chèz la, li te ouvri tiyo a, epi li te kòmanse vide gwo kantite likid pou vesèl sou bra ti frè l la ki te blese a. Li te pran prekosyon pou l te jantiman lave tè ki te sou blesi a. Reyakyon ti frè a nan sitiyasyon sa a, nou ka sèlman dekri l pi byen avèk langaj ki nan ekriti yo: : “E yo ap gen rezon pou yo kriye, pou yo jemi, pou yo griyen dan yo” (Mozya 16:2). E, ti gason sa a te rele anba doulè!

Lè gran frè a te fini, li te byen seche bra a avèk yon sèvyèt. Finalman, kriye a te sispann. Apresa, gran frè a te monte sou kontwa kwizin nan, li te ouvri yon plaka, epi l te jwenn yon tib pomad tou nèf. Malgre graje sou bra ti frè l la pat gwo ni laj, gran frè a te pase prèske tout pomad ki te nan tib la sou bra blese a. Kriye a te sispann paske ti frè a te aparaman renmen efè apezan pomad la plis pase efè netwayan savon likid la.

Gran frè a te retounen ankò nan plaka kote l te jwenn pomade la epi l te jwenn yon bwat bandaj tou nèf. Li te louvri li epi l te mete bandaj sou tout longè bra ti frè a—soti nan ponyèt li rive nan koud li. Lè yo te fin rezoud sitiyasyon ijans sa a, epi yo te simaye pomad toupatou nan kuizin nan, de tigason yo te desann sou chèz la avèk yon bèl souri ak yon kontantman sou figi yo.

Sa k te pase apre a pi enpòtan toujou. Frè ki te blese a te ranmase rès bandaj yo, ak tib pomad prèske vid la, epi l te retounen deyò a. Li te vit al chèche zanmi l yo e l te kòmanse mete pomad ak bandaj sou bra yo. Susan avèk mwen te frape pa senserite, antouzyas, ak rapidite reyaksyon l lan.

Poukisa ti gason sa a te fè sa l te fè a? Tanpri, note ke li te imedyatman e tou natirèlman anvi bay zanmi l yo menm bagay ki te ede l lè l te blese a. Tigason sa a pat bezwen yo mande li, ni pouse li, ni fòse li pou l te aji. Dezi li pou pataje a sete konsekans natirèl yon eksperyans pèsonèl trè itil ak benefik.

Anpil nan nou adilt yo konpòte nou egzakteman nan menm fason an lè nou jwenn yon tretman oswa yon medikaman ki soulaje yon doulè ki t ap fè nou soufri depi lontan, oubyen lè nou resevwa konsèy ki pèmèt nou afwonte pwoblèm avèk kouraj e sitiyasyon konplike avèk pasyans. Pataje bagay ki pi siyifikan pou nou oubyen ki te ede nou avèk lòt moun se pa yon bagay inabityèl ditou.

Menm chema sa a espesyalman evidan nan zafè bagay ki gen gwo enpòtans ak konsekans espirityèl yo. Paregzanp, gen yon istwa nan yon Liv ki rele Liv Mòmon ki pale de yon rèv yon ansyen pwofèt ak dirijan ki te rele Leyi te fè. Pwen santral rèv Leyi te fè a se pyebwa lavi a—ki se reprezantasyon “amou Bondye” ki se bagay ki “pi dezirab pase tout bagay” e “pa gen anyen ki ka fè yon moun pi kontan pase sa” (1 Nefi 11:22–23; gade tou 1 Nefi 8:12, 15).

Leyi te eksplike:

“Epi, se te konsa, m te ale e m te manje nan fwi pyebwa a; m te wè li te pi dous, pase tout fwi m te janm goute. Wi, e m te wè fwi a blan, pi blan pase tout sa ki blan m te janm konn wè.

Epi, lè m te manje nan fwi a, li te ranpli nanm mwen avèk anpil lajwa; se poutèt sa m te kòmanse vle pou fanmi m ta manje ladan l tou” (1 Nefi 8:11–12; italik ajoute).

Pi gwo manifestasyon amou Bondye pou pitit Li se ministè mòtèl, sakrifis ekspyatwa, ak Rezirèksyon Senyè Jezikri a. Fwi pyebwa a kapab konsidere kòm yon senbòl pou benediksyon Ekspyasyon Sovè a.

Aksyon rapid Leyi lè l te manje fwi pyebwa a epi l te santi gwo lajwa a sete yon gwo dezi pou l te pataje avèk fanmi epi sèvi yo. Konsa, lè l ouvè kè l bay Kris la, kè l ouvè pou amou ak sèvis tou.

Yon lòt istwa enpòtan nan Liv Mòmon an dekri sa k te rive yon nonm yo te rele Enòs apre Bondye te tande e reponn priyè ak siplikasyon sensè li.

Li di:

“Epi, nanm mwen te grangou; e m te ajenou devan Kreyatè m nan, e m te kriye nan pye l nan gwo priyè ak siplikasyon pou nanm mwen; e m te kriye nan pye l tout lajounen; wi, lè l te nan nwit m te toujou leve vwa m wo jistan l te touche syèl la.

“Epi yon vwa te vin jwenn mwen, li di: Enòs, peche w yo padone, e w pral beni.

“Epi mwen menm Enòs, m te konnen Bondye pat kapab bay manti; se poutèt sa, kilpabilite m nan te efase.

“Epi m te di: Senyè a, kouman sa fè fèt?

“Epi li te di m: Poutèt lafwa w nan Kris la, ou pa t janm tande oubyen wè anvan sa … se poutèt sa, ou mèt ale, lafwa w te geri w.

“Paske, se te konsa, kounyeya, lè m te tande pawòl sa yo, m te kòmanse vle byennèt frè m yo, Nefit yo; se poutèt sa, m te degaje tout nanm mwen devan Bondye pou yo” (Enòs 1:4–9; italik ajoute).

Lè Enòs t al jwenn Senyè a “avèk tout kè li” (2 Nefi 31:13), preyokipasyon li pou byennèt fanmi li, zanmi li, ak asosye l yo te ogmante an menm tan tou.

Leson dirab nou aprann nan de istwa yo sèke li endispansab pou nou eksperimante benediksyon sakrifis ekspyatwa Jezikri a nan lavi pèsonèl nou dabò si nou vle kapab rann yon sèvis sensè ak otantik ki depase sèvis nou rann “mekanikman.” Menm jan avèk Leyi, Enòs, ak ti pitit gason nou an nan istwa m te rakonte a, nou menm tou, antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou santi angwas ki mache avèk ensètitid espirityèl ak peche a. Nou fè eksperyans pirikasyon, lapè konsyans, ak gerizon espirityèl ak renouvèlman, ak gidans tou, ke nou jwenn sèlman nan aprann ak viv prensip yo nan levanjil Sovè a.

Sakrifis ekspyatwa Jezikri a ofri netwayaj ki nesesè pou rann nou pure ak pwòp la, pomad adousisan pou geri blesi espirityèl ak retire kilpabilite, ak pwoteksyon ki pèmèt nou rete fidèl nan bon tan kòm nan move tan.

Verite absoli egziste

Pou nou menm, paran pwòch ak zanmi ki pa manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, m te eseye eksplike rezon fondamantal ki fè nou se misyonè a.

Verite absoli a egziste nan yon mond ki plis an plis ap meprize e rejte bagay absoli. Gen yon jou k ap vini, kote “tout jenou [pral] fleche” epi “tout lang [pral] rekonèt ke Jezikri se Senyè a, pou glwa Bondye Papa a” (Filip 2:10–11). Jezi, Kris la, se absoliman Sèl Pitit Gason Literal Papa Etènèl la. Antanke manm Legliz Li a, nou temwaye ke Li vivan epi Legliz Li a retabli nan plenitid li nan dènye jou sa yo.

Envitasyon nou fè w la, pou w vin koute ak teste mesaj nou an, se fwi efè pozitif levanjil Jezikri a fè nan lavi nou. Pafwa nou gen dwa twò dirèk oubyen maladwa oubyen menm pèsistan nan tantativ nou yo. Men senp dezi nou se pou pataje verite ki gwo valè sa yo pou nou an avèk ou.

Antanke youn nan Apot Senyè a, e avèk tout enèji nanm mwen, mwen rann temwayaj sou divinite Li ak reyalite Li. Epi mwen envite ou pou ou “vini, pou w ka wè” (Jan 1:39) nan non Jezikri, amèn.