2010–2019
Chwazi avèk sajès
oktòb 2014


Chwazi avèk sajès

“Rejte mal la, epi chwazi byen” (Ezayi 7:15).

Frè byeneme m yo, aswè a mwen ta renmen ba nou kèk konsèy konsènan desizyon n ap pran ak chwa n ap fè.

Lè m te yon jèn avoka nan zòn San Francisco Bay a, konpayi nou an te konn travay pou konpayi ki te konn fè pwodui desen anime Charlie Brown yo pou emisyon televizyon pou fèt fen ane yo.1 Mwen te vin fanatik Charles Shultz ak kreyasyon l lan ki te rele—Peanuts, la avèk Charlie Brown, Lucy, Snoopy ak tout lòt pèsonaj mèveye yo.

Nan youn nan desen anime m te pi renmen yo, te gen Lucy. Sa m byen sonje, ekip bezbòl Charlie Brown nan ap jwe yon match enpòtan—Lucy ap jwe nan chan dwat la, epi gen yon boul ki sot anwo ki vin frape li. Tout baz yo okipe, epi se dènye nan nèf mitan yo. Si Lucy atrap boul la, ekip li a ap genyen. Si Lucy kite boul la tonbe, se lòt ekip la k ap genyen.

Tou kòm nou konstate nan desen anime yo, tout ekip la antoure Lucy pandan boul la la ap desann. Lucy reflechi: “Si m atrap boul la, m ap vin tounen yon ewo; si m pa atrap li, tout moun apral pase m nan betiz.”

Boul la desann, epi pandan jwè parèy li yo nan ekip la ap gade avèk krent, Lucy kite boul la tonbe. Charlie Brown voye gan l lan jete tèlman li fache. Lucy limenm gade lòt jwè yo, li mete de men l sou kote li epi li di: “Kijan nou ta fè vle pou m ap atrap boul la pandan k m oblije ap trakase tèt mwen pou politik peyi nou aletranje a?”

Sa a se te youn nan pil kantite boul Lucy te rate pandan ane yo, epi chak fwa, li te toujou gen yon nouvo eskiz.2 Byenke yo te toujou komik, eskiz Lucy yo sete pretèks; se pat vrè rezon ki te fè l pa t ka atrap boul la.

Pandan ministè li, Prezidan Thomas S. Monson souvan anseye ke desizyon detèmine destine.3 Nan kontèks sa a, konsèy mwen pou nou aswè a se pou nou renonse ak pretèks k ap anpeche nou pran desizyon ki kòrèk yo, espesyalman nan sa ki konsène sèvi Jezikri. Nan Ezayi nou aprann ke nou dwe “rejte sa ki mal, epi chwazi sa ki byen.”4

Mwen kwè ke sa patikilyèman enpòtan jounen jodi a kote Satan ap fè raj nan kè lèzòm nan si anpil fason nouvo ak sibtil, pou nou veye pou chwa n ap fè yo ak desizyon n ap pran yo kapab annakò avèk bi ak objektif nou di n ap pousuiv yo. Nou bezwen yon angajman totalkapital nan obeyi kòmandman yo ak fidèman respekte alyans sakre yo. Lè nou kite pretèks anpeche nou al dote nan tanp, anpeche nou diy pou nou sèvi yon misyon, ak maryaj nan tanp, sa danjere anpil. Sa fè lapenn lè nou pretann ke nou kwè nan bi sa yo, epi nou neglije gen konpòtman kotidyen ki nesesè pou nou atenn yo a.5

Gen kèk nan jèn nou yo ki deklare ke bi yo se pou yo marye nan tanp, men yo pa frekante moun ki diy pou ale nan tanp. Pou nou onèt, gen kèk ki pa menm nan zafè soti a ditou! Noumenm mesye selibatè yo, plis nou rete selibatè lè nou fin atenn laj ak matirite pou nou marye, se plis n ap vin santi nou alèz nan sitiyasyon sa a. Men, se plis malalèz nou ta dwe santi nou! Tanpri, “angaje nou piplis”6 nan patisipe nan aktivite espirityèl ak sosyal ki konpatib avèk bi nou genyen pou nou marye nan tanp lan.

Gen kèk moun ki ranvwaye maryaj yo pou jis lè yo fini etid yo ak lè yo jwenn yon djòb. Byenke se yon bagay ki trè alamòd nan mond lan, rezònman sa a pa demontre lafwa, mi li pa anankò avèk konsèy pwofèt aktyèl yo ni li pa konpatib ak vrè doktrin nan.

Dènyèman m te rankontre yon jèn adolesan plen kalite. Bi li se te pou l ale nan misyon, fè etid li, marye nan tanp, ak gen yon fanmi fidèl ki gen kè kontan. Mwen te kontan tande bi sa yo. Men, lè nou te antre pi fon nan konvèsasyon an, sa te vin klè ke konduit li ak chwa l yo pa t annakò avèk bi l yo. Mwen te santi li te vrèman vle ale nan misyon epi li te evite peche grav ki ta kapab anpeche l fè misyon yo, men konpòtman li chak jou yo pa t ap prepare l al afwonte difikilte fizik, emosyonèl, sosyal, entèlektyèl, ak espirityèl li t apral gen pou l afwonte yo.7 Li pa t aprann travay di. Li pa t pran lekòl ak seminè oserye. Li te konn al legliz, men li pa t li Liv Mòmon an. Li te pase yon bon valè tan ap jwe jwèt videyo ak sou entènèt. Sanble l te panse ke senpleman prezante l pou misyon l lan t ap sifi. Jènjan yo, tanpri, reyangaje tèt nou pou nou gen yon konduit ki diy ak yon preparasyon serye pou nou kabab reprezante Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.

Enkyetid mwen se pa sèlman pou gwo desizyon k ap gen efè sou lavi nou yo men pou desizyon mwens enpòtans yo tou—desizyon kotidyèn ki aparaman òdinè yo, ki detèmine nan kisa nou konsakre pifò tan nou. Nan domèn sa yo, nou bezwen mete aksan sou moderasyon, balans, e sitou sou sajès. Li enpòtan pou nou elve nou pi wo pase pretèks yo, epi fè pi bon chwa yo.

Yon bèl egzanp sou bezwen moderasyon, balans, ak sajès se fason nou itilize entènèt. Nou ka itilize l pou nou fè travay misyonè, pou ede nan responsablite prètriz yo, pou jwenn zansèt presye nou yo pou nou ka al fè òdonans sakre tanp pou yo, ak pou anpil lòt bagay ankò. Entènèt la gen yon gran potansyèl pou fè byen. Nou konnen tou ke l ka transmèt anpil bagay ki mal, tankou pònografi ak krim dijital,8 ak komeraj anonym. Li ka fè nou komèt sotiz tou. Jan Frè Randall L. Ridd te anseye avèk puisans nan dènye konferans jeneral la, an palan de entènèt, ”Ou ka retwouve w nan yon wonn bagay trivyal san fen ki ap fè w gaspiye tan ou ak febli potansyèl ou.”9

Distraksyon ak opozisyon a sa ki dwat pa jis sou entènèt sèlman; yo toupatou. Yo pa sèlman afekte jèn yo, men nou tout. N ap viv nan yon mond ki literalman tèt anba.10 Nou antoure avèk yon etalaj tout kalite “divètisman ak jwèt” obsedan ak tout kalite mòd lavi imoral ak disfonksyonèl. Anpil medya prezante bagay sa yo tankou bagay ki tou nòmal.

Èldè David A. Bednar te konseye manm yo dènyèman pou yo pran prekosyon nan itilize medya sosyal yo.11 Yon lidè opinyon trè koni, Arthur C. Brooks, te mete aksan sou pwen sa a. Li di lè nou ap itilize medya sosyal yo, nou gen tandans pibliye detay ki bèl nan lavi nou yo san nou pa di anyen sou difikilte nou genyen nan lekòl oswa nan travay nou. Nou dekri yon lavi enkonplè–pafwa nan yon fòm blòf pou fè nou parèt pi gran pase jan nou ye nan reyalite a. Nou pataje mòd lavi sa a, epi nou ap konsome “vi prèske konplètman fo … ‘zanmi’ [nou] yo nan medya sosyal yo. Brooks di: “Kijan w ta fè pa santi w pi mal lè w pase yon pati nan tan w ap fè tankou ou pi ere pase jan ou ye vre a, epi lòt pati nan tan w ap gade nan ki pwen lòt moun sanble yo pi ere pase ou?”12

Pafwa, se kòmsi n ap nwaye nou nan yon sotiz frivòl, yon bri ensanse, ak yon kerèl san rete. Lè nou bese volim nan epi nou egzamine bagay la, li prèske pa gen anyen ki ta kapab ede nou nan efò etènèl nou pou nou atenn objektif ki jis yo. Gen yon papa ki te reponn avèk sajès a bann demann pitit li yo pou patisipe nan distraksyon sa yo. Li tou senpleman mande yo: “Èske sa a fè w vin yon pi bon moun?”

Lè nou chèche eskiz pou move chwa nou yo, gwo chwa oswa ti chwa, ki pa annakò avèk levanjil retabli a, nou pèdi benediksyon ak pwoteksyon nou bezwen yo e nou vin souvan pran nan pèlen peche oubyen nou tou senpleman pèdi wout nou.

Mwen patikilyèman enkyè pou mank bonsans nou13 ak obsesyon nou pou “tout sa ki nouvo.” Nan Legliz la, nou ankouraje e nou akeyi tout kalite verite ak konesans. Men, lè kilti a, konesans lan, ak tradisyon yo depaman avèk plan bonè Bondye a ak wòl esansyèl Jezikri a, gen yon dezentegrasyon inevitab nan sosyete a.14 Nan epòk pa nou an, malgre pwogrè san presedan ki fèt nan anpil domèn, espesyalman nan lasyans ak kominikasyon, valè debaz esansyèl yo bese epi bonè ak byennèt anjeneral, se bagay ki diminye.

Lè yo te envite Apot Pòl pou l te pale sou Ayewopaj la nan Atèn nan, li te rankontre menm pretansyon entèlektyèl ak menm absans vrè sajès ki egziste jodi a.15 Nan Ak Apot yo nou li istwa sa a: “Se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fèk parèt.”16 Pòl te met aksan sou Rezirèksyon Jezikri a. Lè foul la te wè nati relijye mesaj li a, kèk nan pami yo te pase l nan betiz; gen lòt ki te tou senpleman rejte li, kote yo te di: “Na gentan tande w ankò sou zafè sa a.”17 Pòl te kite Atèn san okenn siksè. Dean Frederic Farrar te ekri konsènan vizit sa a: “Li pa t fonde okenn legliz nan Atèn, li pa t ekri okenn lèt voye bay Atèn, epi nan Atèn, souvan lè li te fin pase nan yon katye, li pat janm mete pye la ankò.”18

Mwen kwè ke mesaj enspire Èldè Dallin H. Oaks la ki fè diferans ant “bon, pi bon, meyè” a ba nou yon fason efikas pou nou evalye chwa ak priyorite nou yo.19 Anpil chwa pa move an yo menm, men si yo absòbe tout tan nou epi anpeche nou fè pi bon chwa, lè sa a yo vin danjere.

Nou dwe evalye menm efò ki louwab yo pou nou ka konnen si yo vin tounen distraksyon ki ap elwanye de pi bon objektif nou yo. Mwen te gen yon diskisyon memorab avèk papa m lè m te adolesan. Li te panse ke pa gen ase jèn ki te konsantre yo oubyen t ap prepare yo pou objektif alontèm enpòtan yo—tankou jwenn travay ak okipe fanmi yo.

Etid serye ak eksperyans travay preparatwa te toujou pami pi gwo priyorite papa m konn rekòmande yo. Li te apresye lefèt ke aktivite anrapò apre lekòl, tankou deba ak reprezante elèv yo te ka gen yon lyen dirèk avèk kèk nan objektif enpòtan m yo. Men li pa t twò sèten sou tout tan m te pase ap jwe foutbòl, baskètbòl, bezbòl, ak kous yo. Li te rekonèt ke espò te ka bati fòs, andirans, ak travay an ekip, men li te di petèt konsantre sou yon sèl espò pandan yon tan pi kout tap pi bon. Pou limenm, espò se te yon bon bagay, men se pat pi bon bagay la pou mwen. Li te enkyete dèske gen kèk espò ki te plis vize renome pase yo te gen objektif alontèm pi enpòtan.

Etandone istorik sa a, youn nan rezon ki fè m renmen istwa Lucy ki tap jwe bezbòl la sèke, nan je papa m, m te dwe etidye politik etranje olye ke sousye m de atrap yon balon. Mwen dwe di nou klèman ke manman m te renmen espò. Pou l ta ta rate youn nan match mwen yo fòk li ta malad kouche lopital.

Mwen te deside pou m te suiv konsèy papa m nan pou m pa t patisipe nan zafè espò pandan m te nan inivèsite. Epi, antrenè foutbòl nan lise m nan te enfòme m ke antrenè foutbòl inivèsite Stanford la te vle al manje avèk mwen menm ak Merlin Olsen. Sila yo pami nou ki pi jèn yo kapab pa konnen Merlin. Se te youn nan pi bon jwè foutbòl nan defans pou tout peyi a e li te konn jwe nan ekip foutbòl Lise Logan an kote mwen menm, m atakan ak gadyen. Nan lise a, tout gwo ekip foutbòl nan peyi a te eseye konvenk Merlin pou l te jwe pou yo. Nan inivèsite a, li te ranpòte koup Outland la kòm meyè jwè liy enteryè peyi a. Merlin te finalman twazyèm chwa nan rekritman pou Lig Nasyonal Foutbòl la epi li te jwe 14 match foutbòl pwofesyonèl youn apre lòt. Yo tee li li nan lis non selèb jwè foutbòl pwofesyonèl yo an 1982.20

Nou te al manje avèk antrenè ekip Stanford la nan restoran Bluebird la nan Logan, nan Utah. Lè nou te fin bay lanmen, li pat janm gade m menm yon sèl fwa. Li te pale dirèkteman avèk Merlin epi li te vag sou mwen. Lè nou fin manje, pou lapremyè fwa, li te vire gade m men li pa t ka sonje non mwen. Apre sa, li te di Merlin: “Si ou chwazi Stanford epi ou vle mennen zanmi w lan avèk ou, nou ka ranje sa paske li te gen ase bòn nòt.” Eksperyans sa a te konfime m ke m te dwe suiv konsèy saj papa m te ban mwen an.

Entansyon m se pa pou dekouraje nou pou nou pa patisipe nan espò oswa itilize entènèt oubyen patisipe nan lòt aktivite valab jèn yo renmen yo. Yo se kalite aktivite ki mande moderasyon, balans, ak sajès. Lè nou itilize yo avèk sajès, yo anrichi lavi nou.

Sepandan, mwen ankouraje chak moun, jèn ak granmoun, pou yo revize bi yo ak objektif yo epi fè efò pou yo vin gen plis disiplin. Konpòtman nou ak chwa nou fè chak jou yo ta dwe annakò avèk bi nou yo. Nou bezwen elve nou pi wo pase pretèks nou yo ak distraksyon nou yo. Li patikilyèman enpòtan pou nou fè chwa ki annakò avèk alyans nou fè pou nou sèvi Jezikri nan ladwati yo.21 Pou okenn rezon, nou pa dwe kite anyen detounen atansyon ni kite boul la chape nan men nou.

Lavi sa a se moman pou nou prepare nou pou nou al rankontre Bondye.22 Nou se yon pèp plen lajwa ak kè kontan. Nou apresye yon bon sans imou e nou renmen moman detant nou pase avèk zanmi nou ak fanmi nou. Men, nou dwe rekonèt ke gen yon seryozite nan bi ki dwe sèvi kòm baz pou fason n ap viv. Distraksyon ak pretèks ki limite pwogresyon nou yo deja ase danjere, men lè yo diminye lafwa nou nan Jezikri ak Legliz Li a, yo trajik.

Mwen priye pou ke, noumenm detantè prètriz yo, konduit nou annakò avèk objektif nòb yo egzije moun ki nan sèvis Mèt la. Nan tout bagay, nou dwe sonje ke “vanyan nan temwayaj Jezi” a se gwo kritè ki separe wayòm selès la ak wayòm tèrès la.23 Nou vle pou yo jwenn nou sou bò selès la nan separasyon sa a. Antanke youn nan apot Li yo, mwen rann yon temwayaj fèvan sou reyalite Ekspyasyon an ak divinite Jezikri, Sovè nou an. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lee Mendelson-Bill Melendez Prodiksyon Pwogram televizyon espesyal.

  2. Soti nan Saturne ki distrè li rive nan sibstans toksik ki petèt nan gan l yo, Lucy te toujou jwenn pretèks lè l pa t atrap boul la.

  3. Gade “Decisions Determine Destiny,” chapit 8 nan Pathways to Perfection:Discourses of Thomas S. Monson(1973), 57–65.

  4. Ezayi 7:15.

  5. “Si sa te osi fasil pou nou te konn kisa pou nou te fè konsa, chapèl yo t ap tounen legliz, epi kabin pòv yo t ap tounen palè” (William Shakespeare, The Merchant of Venice, acte 1, sèn 2, liy 12–14).

  6. Doktrin ak Alyans 58:27.

  7. Gade Adjusting to Missionary Life (booklet, 2013), 23–49.

  8. Gade Stephanie Rosenbloom, “Dealing with Digital Cruelty,” New York Times, Out 24, 2014, SR1.

  9. Randall L. Ridd, “The Choice Generation,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 56.

  10. Gade Doktrin ak Alyans 45:26.

  11. Gade David A. Bednar, “To Sweep the Earth as with a Flood” (diskou nan Semèn Edikatif Inivèsite Brigham Youn nan, Out 19, 2014); lds.org/prophets-and-apostles/unto-all-the-world/to-sweep-the-earth-as-with-a-flood.

  12. Arthur C. Brooks, “Love People, Not Pleasure,” New York Times, Jiyè 20, 2014, SR1.

  13. Malerezman, yon divèsyon ki ogmante nan epòk nou an se foli pure. Lè Sovè a te site kèk nan bagay ki ka pwofane lòm yo, li te enkli foli ladan yo (gade Mak 7:22).

  14. Sa te rive nan ansyen Grèce ak Rome nan, osibyen ke nan sivilizasyon yo nan Liv Mòmon an.

  15. Gade Frederic W. Farrar, The Life and Work of St. Paul (1898), 302. Te gen tout kalite filozofi, enkli Epicurien ak Stoiciens, gwoup rival ke kèk moun te dekri kòm Farizyen ak Saduceen mond payen an. Gade tou Quentin L. Cook, “Looking beyond the Mark,” Ensign, Mas 2003, 41–44; Liahona, Mas 2003, 21–24.

  16. Travay 17:21.

  17. Travay 17:32.

  18. Farrar, The Life and Work of St. Paul, 312.

  19. Gade Dallin H. Oaks, “Good, Better, Best,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 104–8.

  20. Merlin Olsen sete yon jwè foutbòl ameriken selèb, yon aktè ak kòmantatè NFL pou NBC. Li te ranpòte koup Outland nan kote l te jwen foutbòl ameriken pou inivèsite Eta Uta a. Li sete yon jwè foutbòl ameriken pwofesyonèl nan ekip Los Angeles Rams nan. Nan televizyon, li te jwen wòl Jonathan Garvey ansanm avèk Michael Landon nan La petite maison dans la prairie epi li te gen pwòp emisyon televizyon pa li, Father Murphy. Merlin mouri kounyeya (Mas. 11, 2010), e nou sonje l anpil.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 76:5.

  22. Gade Alma 34:32.

  23. Doktrin ak Alyans 76:79.