2010–2019
Lwa jèn nan: yon responsablite pèsonèl pou nou ede pòv yo ak moun ki nan bezwen yo
oktòb 2014


Lwa jèn nan: yon responsablite pèsonèl pou nou ede pòv yo ak moun ki nan bezwen yo

Antanke disip Sovè a, nou gen yon responsablite pèsonèl pou pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo.

Frè m yo, mwen renmen pretriz la, e mwen renmen pase tan avèk nou. Mwen pwofondeman rekonesan pou posiblite nou genyen pou sèvi ansanm nan gran koz sa a.

N ap viv nan yon epòk remakab. Anpil pwogrè mirakile nan la medsin, lasyans, ak nan teknoloji amelyore kalite lavi anpil moun. Poutan, nou wè gwo soufans ak gwo detrès nan limanite tou. Anplis de lagè, ak bri lagè yo, gen yon ogmantasyon nan dezas natirèl yo---ladan yo, inondasyon, dife, tranblemann tè, ak maladi---k ap touche lavi dèmilyon moun atravè mond lan.

Dirijan Legliz yo konsyan de sa e yo vijilan konsènan byennèt pitit Bondye yo tout kote. Nenpot kilè ak kote sa posib, yo distribye resous pou ijans Legliz la pou ede moun ki nan bezwen. Paegzanp, Novanm ki sot pase a, Syklòn Haiyan te frape nasyon nan Zile Filipin yo.

Haiyan, ki sete yon siklòn kategori 5, te kite gwo destriksyon ak gwo soufrans dèyè li. Anpil vil te konplètman detwi; anpil moun te pèdi lavi yo; dèmilyon kay te grandman andomaje oubyen detwi; epi sèvis debaz tankou dlo, egou, ak elektrisite te sispann fonksyone.

Legliz la te mete resous li disponib nan premye moman apre dezas sa a. Manm Legliz ki t ap viv nan Filipin yo te rasanble ansanm pou yo te pote sekou bay frè yo ak sè yo kote yo te pote manje, dlo, rad ak pwodwi ijyenik bay manm ak moun ki pa t manm tou.

Chapèl Legliz yo te tounen plas refij pou dèmilye moun san kay. Sou direksyon Prezidans Entèrejyon an ak dirijan pretriz lokal yo, ki anpil nan yo te pèdi tout sa yo te genyen tou, yo te fè evalyasyon sitiyasyon an ak sekirite tout manm yo. Plan enspire te kòmanse fòme pou ede manm yo viv nan kondisyon akseptab ak otonomi.

Yo te distribye resous modès pou te ede manm yo rebati abri ak kay anbwa. Men, èd sa a pa t gratis. Manm yo te resevwa fòmasyon epi yo te egzekite travay ki te nesesè a pou tèt pa yo epi apresa pou lòt moun.

Yon benediksyon ki te soti nan sa sete ke, pandan manm yo t ap akeri talan nan chapant, plombri, ak lòt talan konstriksyon, yo te gen posiblite pou yo te jwenn anpil lòt opòtinite travay lè vil ak kominote tou pre yo te kòmanse rebati.

Pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen se yon doktrin fondamantal nan levanjil la ak yon eleman esansyèl nan plan salietènèl la.

Anvan ministè Li nan mòtalite a, Jewova te deklare, pa lentèmedyè pwofèt li a: “Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k’ap nan nesesite: Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.”1

Nan epòk pa nou an, pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo se youn nan kat responsablite Bondye bay Legliz la pou ede moun ak fanmi kalifye pou egzaltasyon.2

Pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo se yon bagay ki konsène sali tanporèl ak espirityèl. Li enkli sèvis endividyèl manm Legliz yo pandan y ap pèsonèlman pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, ansanm avèk pwogram antrèd ofisyèl Legliz la, ki dirije pa otorite pretriz la.

Lwa jèn nan se yon pati enpòtan nan plan Senyè a pou pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo. “Senyè a etabli lwa jèn ak ofrann nan pou beni pèp Li a epi bay yon mwayen pou yo sèvi moun ki nan bezwen yo.”3

Antanke disip Sovè a, nou gen responsablite pèsonèl pou nou pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo. Manm fidèl toupatou nan Legliz la ede nan pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo nan jene chak mwa---kote yo rete san manje ni bwè pandan 24èdtan---epi apresa yo bay Legliz la yon ofrann jèn ki omwen egal a pri sa yo t ap manje a t ap koute.

Nou dwe konsidere pawòl Ezayi yo nan espri lapriyè epi ansenye yo nan chak fwaye:

“Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m’ kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k’ap foule moun yo atè?

“Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou?”4

Ezayi te kontinye pou site lis benediksyon mèveye Senyè a pwomèt a moun ki obeyi lwa jèn nan:

“Lè sa a, tankou solèy k’ap leve, m’ap klere nou, m’a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m’a geri nou, m’a toujou mache ak nou pou m’ delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou.

“Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m’, m’a reponn nou. Si nou rele m’, m’a di men mwen….

“si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.

“Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l’a rafrechi nanm nou nan tan sechrès.”5

Konsènan ekriti sa a, Prezidan Harold B. Lee te di konsa: “Yo te presize gwo benediksyon ki soti [nan jèn] yo nan chak dispansasyon, e la a, Senyè a ap di nou, palentèmedyè gran pwofèt sa a poukisa nou jene, ak benediksyon ki soti nan jene. … Si nou analize chapit 58 la nan liv Ezayi a, n ap wè pou ki rezon Senyè a vle nou peye ofrann jèn, poukisa li vle nou jene. Se paske sa banou kalifikasyon nou kapab rele epi Senyè a ap reponn. Nou kapab kriye epi Senyè a ap di: “Men Mwen.’”

Prezidan Lee ajoute: “Èske nou ta renmen twouve tèt nou nan yon sitiyasyon kote nou rele epi Li pa reponn? Kote n ap kriye nan detrès epi Li pa avèk nou? Mwen panse ke moman an rive pou nou panse sou pwen fondamantal sa yo paske jou yo ap vini kote nou pral bezwen piplis benediksyon nan men Senyè a, kote jijman pral devèse san mezire sou tout tè a.”6

Pwofèt byenneme nou an, Prezidan Thomas S. Monson te pataje temwanyaj li sou prensip sa yo---yon temwanyaj ki soti nan eksperyans pèsonèl li. Li te di konsa: “Okenn manm Legliz la ki ede nan bay pou moun ki nan bezwen pap janm bliye ni regrèt eksperyans lan. Travay, ekonomi, otonomi, ak pataje, se pa bagay ki nouvo pou nou.”7

Frè m yo, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye yo se yon pèp ki fè ak kenbe alyans e ki respekte kòmandman yo. Mwen pa kapab panse ak okenn lwa, okenn kòmandman, ki, si nou obeyi l fidèlman, pi fasil e pote pi gwo benediksyon pase lwa jèn nan. Lè nou jene epi nou bay yon ofrann jèn onèt, nou pote nan magazen Senyè sa nou t ap depanse pou pri manje nou yo. Li pa mande pou nou sakrifye plis lajan plis pase sa nou t ap nòmalman depanse a. An menm tan, yo pwomèt nou gwo benediksyon, jan nou te wè anvan an.

Lwa jèn nan aplike pou tout manm yo nan Legliz la. Nou ka anseye menm jèn timoun yo pou yo jene tou, kòmanse avèk yon repa, answit de, pandan y ap vin kapab konprann epi fizikman respekte lwa jèn nan. Mari yo ak madanm yo, adilt sèl yo, jèn yo ak timoun yo ta dwe kòmanse jèn yo a avèk yon priyè, pou eksprime rekonesans yo pou benediksyon yo resevwa nan lavi yo pandan y ap chèche benediksyon Senyè a ak fòs pandan y ap jene a. Akonplisman total lwa jèn nan se lè nou pote ofrann jèn nan bay ajan Senyè a, ki se evèk la.

Evèk yo, se noumenm ki dirije antrèd nan pawas la. Nou gen responsablite divin pou nou chèche moun ki pòv yo pou ede yo. Avèk soutyen prezidant Sosyete Sekou a ak dirijan kowòm Pretriz Mèlkizedèk yo, objektif nou se pou ede manm yo pran tèt yo anchaj epi vin otonòm. Nou ede manm yo nan bezwen tanporèl ak espirityèl yo kote, avèk prekosyon, nou itilize ofrann jèn yo kòm yon soutyen tanporè e kòm sipleman nan resous fanmi elaji a ak kominote a bay. Si nou egzèse kle prètriz yo nan espri lapriyè epi nou montre disènman nan ede pòb yo ak moun ki nan bezwen yo, n ap vin konnen ke ofrann jèn nan dwe la pou reponn ak bezwen lavi yo, non pa pou kenbe yon mòd devi.

Prezidan kowòm Pretriz Aawon yo, nou gen kle ak pouvwa pou administre nan òdonans eksteryè yo. Nou dwe travay avèk evèk la epi anseye manm kowòm nou yo devwa yo nan pretriz la epi apresa gide yo nan chèche manm Legliz pou bayo opòtinite pou kontribiye nan jèn nan. Pandan detantè Pretriz Aawon yo ap manyifye pretriz yo epi elaji opòtinite sa a pou tout manm Legliz yo, n ap fasilite aksè nan benediksyon lwa jèn nan pwomèt yo pou moun ki ka pi nan bezwen yo. N ap wè ke lespri pou pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo gen pouvwa pou adousi kè ki otreman t ap andisi ak beni lavi moun ki gen dwa pa ka vin Legliz souvan yo.

Prezisan Monson te di: “Evèk ki òganize kowòm Pretriz Aawon yo pou patisipe nan ranmase ofrann jèn yo ap jwenn pigwo siksè nan responsablite sakre sa a.”8

Evèk yo, sonje ke kondisyon yo trè diferant soti nan yon zòn al nan yon lòt e soti nan yon peyi al yon lòt. Nan zòn kote n ap viv la, li gen dwa pa pratik pou nou fè manm kowòm Pretriz Aawon yo mache al nan chak kay. Men, nou envite nou pou nou reflechi sou konsèy pwofèt la, nan lapriyè, epi chèche enspirasyon sou fason ki pi apwopriye detantè Pretriz Aawon nan pawas nou yo kapab manyifye apèl yo pretriz la pou patisipe nan ranmase ofrann jèn yo.

Nan chapit 27 la nan 3 Nefi, Senyè resisite a te mande: “Se poutèt sa, ki kalite moun nou dwe ye?” Li te reponn: “Menmjan avèk mwen.”9 Si nou pran non Kris la sou nou epi fè efò pou nou swiv li, n ap resevwa imaj Li nan aparans nou epi n ap vin pi plis sanble avèk Li. Ede pòv yo ak moun ki nan bezwen yo fè pati total nan ministè Sovè a. Sa reflete nan tout bagay li fè. Li lonje lamen bay nou tout epi li eleve nou. Jouk li fasil, epi fado li lejè. Mwen envite nou chak pou nou vin plis tankou Sovè a nan ede pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, nan fidèlman respekte lwa jèn nan, ak nan bay yon ofrann jèn plen jenewozite. Mwen temwaye enbleman ke, lè nou fidèlman ede pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, nou montre matirite espirityèl e sa ap beni ni moun ki bay la ni moun ki resevwa a. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Detewonòm 15:11.

  2. Gade Manuel 2: Administration de l’église (2010), 2.2.

  3. Manuel 2, 6.1.2.

  4. Ezayi 58:6–7.

  5. Ezayi 58:8–11.

  6. Harold B. Lee, “Listen, and Obey” (Welfare Agricultural Meeting, Apr. 3, 1971), kopi maniskri, 14, Church History Library, Salt Lake City.

  7. Thomas S. Monson, “Are We Prepared?” Ensign oswa Liahona, Sept. 2014, 4.

  8. Thomas S. Monson, nan yon reyinyon avèk Episkopa Prezidan an, Fev. 28, 2014.

  9. 3 Nefi 27:27.