2010–2019
Joseph Smith
oktòb 2014


Joseph Smith

Jezikri te chwazi yon nonm sen, yon moun jis, pou dirije Retablisman plenitid levanjil Li a. Li te chwazi Joseph Smith.

Nan premye vizit li te fè Pwofèt Joseph Smith la nan laj 17 tan, yon zanj te rele Joseph pa non li epi l te di l ke li menm, Mowoni, li sete yon mesaj ki te soti nan prezans Bondye epi Bondye te gen yon travay pou l te ba l fè. Imajine sa Joseph dwe te santi lè zanj la te di li lè sa a ke non li ta pral “site pou byen ak mal pami tout nasyon, fanmi, ak lang.”1. Petèt chòk li te wè nan je Joseph Smith la dwe te lakoz Mowoni te repete ankò ke, non li ta pral site pou byen ak mal pami tout nasyon.2

Pale byen de Joseph Smith la te vini piti piti; pale mal la te kòmanse imedyatman. Joseph te ekri: “Sa te etranj pou yon ti gason san enpòtans … ta konsidere … kòm yon pèsonaj tèlman enpòtan pou l atire … pi move lespri pèsekisyon an.”3

Pandan amou pou Joseph t ap grandi, se konsa ostilite t ap grandi tou. Nan laj 38 tan, yon foul 150 moun ak figi pentire te asasinen li.4 Pandan ke lavi Pwofèt la te fini toudenkou a, pale byen ak pale mal de Joseph la sete jis kòmansman an.

Èske nou ta dwe etone pou tout move bagay yo di kont li yo? Yo te di Apot Paul te fou e lespri l te deranje.5 Menm Sovè Byeneme nou an, Pitit Gason Bondye a, yo te di se manje ak bwè ase li konnen, ke Li te gen demon sou Li.6

Senyè a te di Joseph sa k t ap tann ni:

“Tout kwen latè a pral chèche konnen non ou, epi moun ensanse pral pase w nan betiz, epi lanfè a pral anraje kont ou;

“Pandan tan sa a tou, moun ki gen kè pwòp yo, … ak moun ki saj yo, … ak moun ki gen vèti yo, pral chèche … benediksyon tout tan anba men ou.”7

Poukisa Senyè a pèmèt yo pale moun debyen mal? Youn nan rezon yo sèke lopozisyon kont bagay Bondye yo lakoz moun k ap chèche laverite yo mete yo ajenou pou yo jwenn repons.8

Joseph Smith se Pwofèt Retablisman an. Travay espirityèl li a te kòmanse avèk aparisyon Papa a ak Pitit la, ki te suiv pa plizyè lòt vizitasyon selès. Li sete enstriman nan men Bondye pou fè parèt ekriti sakre, doktrin ki te pèdi, ak retablisman prètriz la. Enpòtans travay Joseph la mande plis pase konsidere l sou plan entelektyèl; li mande pou nou menm, tankou Joseph, nou “mande Bondye.”9 Kesyon espirityèl mande repons espirityèl nan men Bondye.

Anpil nan moun ki rejte travay Retablisman an senpleman pa kwè ke èt selès pale avèk lòm sou tè a. Yo di ke li enposib pou yon zanj te vin pote plak lò yo epi yo te tradui pa pouvwa Bondye. Akoz enkredilite sa a, yo vit rejte temwayaj Joseph la, epi kèk nan yo malerezman chèche avili lavi Pwofèt la ak sal pèsonalite li.

Nou patikilyèman tris lè nou wè yon moun ki te gen reverans yon fwa pou Joseph Smith renye konviksyon li epi apresa kalomnye Pwofèt la.10

Neal A. Maxwell te di yon fwa “Chèche aprann sou legliz la … atravè je moun ki kite l yo, se tankou entèwoje Juda pou w konprann Jezi. Kritikè toujou di nou plis sou tèt pa yo pase sou òganizasyon yo kite a.”11

Jezi te di: “Beni moun ki modi ou, … e priye pou moun ki maltrete ou e ki pèsekite ou you.”12 Annou montre jantiyès pou moun k ap kritike Joseph Smith yo, pandan ke nou konnen nan kè nou ke li sete yon pwofèt Bondye epi n ap pran rekonfò palefèt ke nou konnen Mowoni te predi tout bagay sa yo depi lontan.

Kijan pou nou reponn yon envestigatè sensè k ap poze kesyon sou kòmantè negatif li tande oubyen l li osijè Pwofèt Joseph Smith? Natirèlman, nou toujou byen akeyi kesyon onèt ak sensè yo.

Pou kesyon sou pèsonalite Joseph yo, nou ka reponn avèk pawòl dèmilye moun ki te konnen li pèsonèlman e ki te bay lavi yo pou travay la li te ede etabli a. John Taylor, ki te resevwa kat bal nan men foul ankòlè ki te touye Joseph la, te deklare nan apre: “Mwen temwaye devan Bondye, devan zanj yo, ak devan lèzòm, ke [Joseph] sete yon bon gason onorab, [e] plen vèti— … [epi] karaktè li te san repwòch, anprive ak an piblik—epi li te viv e l te mouri kòm yon moun Bondye.”13

Nou gen dwa raple moun k ap chèche sensèman an ke enfòmasyon yo pibliye sou Entènèt yo pa gen yon filtè “laverite”. Osi konvenkan ke yo ka ye, gen kèk enfòmasyon ki tou senpleman pa vre.

Sa gen kèk ane, m te li yon atik nan yon revi Time ki te rapòte ke yo te dekouvri yon lèt, ki te swadizan ekri pa Martin Harris, ki te kontredi resi Joseph Smith la konsènan fason li te jwenn plak yo pou Liv Mòmon an.14

Gen kèk manm ki te kite legliz la akoz dokiman sa a.15

Elas, yo te kite twò vit. Kèk mwa apre, ekspè yo te dekouvri (e moun ki te fòje l la te konfese) ke lèt la sete yon manti total.16 Li toutafè nòmal pou w kesyone sa w tande nan nouvèl yo, men ou pa dwe janm doute temwayaj pwofèt Bondye yo.

Nou ka raple moun k ap mande a ke gen kèk enfòmasyon sou Joseph ki, byenke yo vrè, kapab prezante totalman andeyò kontèks ak sitiyasyon epòk la.

Eldè Russell M. Nelson te ilistre pwen sa a. Li te di: “M t ap sèvi kòm konsiltan gouvènman Ameriken an nan Sant Nasyonal pou Kontwòl Maladi a nan Atlanta, nan Georgie. Yon jou, pandan m t ap tann yon taksi pou te mennen m nan ayewopò a apre yon reyinyon, m te alonje m konfòtabman sou gazon an pou m te pwofite kèk reyon solèy, anvan m te retounen nan tan ivè Uta a. … Nan apre, m te resevwa yon foto pa lapòs ke yon fotograf ki te gen yon kamera zoum te pran pandan m te nan moman detant sa a sou gazon an. Anba l, li te ekri: ‘Yon Konsiltan gouvènman an nan Sant Nasyonal kontwòl maladi a.’ Foto a te vrè, sa k te ekri a te vre tou, men yo te itilize verite a pou bay yon fo enpresyon.”17 Pa rejte yon bagay nou konnenki vrè pou yon bagay nou poko konprann.

Nou ka raple envestigatè a ke Joseph se pa t sèl moun ki te resevwa vizit zanj.

Temwen yo nan Liv Mòmon an te ekri: “Nou deklare avèk pawòl granmoun, ke yon zanj Bondye te desann sòti nan syèl la, epi … nou te gade, e nou te wè plak yo.”18 Nou ka site anpil lòt temwen ankò.19

Yon moun k ap chèche sensèman dwe wè levanjil retabli k ap simaye nan tout mond lan kòm yon fwi travay Senyè a palentèmedyè Pwofèt la.

Kounyeya gen plis pase 29.000 kongregasyon ak 88.000 misyonè k ap anseye levanjil la atravè mond lan. Dè milyon Sen Dènye Jou ap efòse yo pou yo suiv Jezikri, viv yon lavi onorab, pran swen pòv yo, e bay tan yo ak talan yo pou ede lòt moun.

Jezi te di:

“Yon bon pyevwa pa ka bay move fwi, ni tou yon move pyebwa pa ka bay bon fwi. …

“… Na rekonèt yo sou fwi yo bay.”20

Eksplikasyon sa yo konvenkan, men envestigatè sensè a pa dwe apiye sou yo sèlman pou fonde rechèch li sou laverite a.

Chak kwayan bezwen yon konfimasyon espirityèl sou misyon ak karaktè divin Pwofèt Joseph Smith. Sa vrè pou chak jenerasyon. Kesyon espirityèl yo mande repons espirityèl nan men Bondye.

Dènyèman pandan m te nan Kot Lès Etazini an, yon misyonè ki te rantre soti nan misyon te pale m de yon zanmi ki te vin dezanchante akoz enfòmasyon li te resevwa sou Pwofèt Joseph Smith. Yo te pale plizyè fwa, epi ansyen misyonè a te sanble limenm tou li te vin gen kèk dout sou rezilta diskisyon an.

Malgre ke m te espere ke l te ka fòtifye zanmi l lan, m te santi m enkyete pou temwayaj pa li. Frè ak sè m yo, kite m ba nou yon avètisman: nou pa p kapab ede lòt moun si lafwa pa nou pa byen ankre.

Sa gen kèk semèn, mwen te monte nan yon avyon pou al Amerik diSid. Otès la te atire atansyon nou sou yon videyo sou konsèy pou sekirite yo. Li te ba nou avètisman sa a: “Sa pa pwobab men, si presyon nan kabin nan ta chanje, pano yo ki anlè chèz nou yo ap ouvri, pou montre nou mask oksijèn. Si sa ta rive, lonje men nou epi rale mask la vin jwenn nou. Mete l sou nen nou ak bouch nou. Pase elastik la anlè tèt nou epi ajiste mask la si nesesè.” Apresa, li te bay avètisman sa a: “Asire nou ke nou byen ajiste mask pa nou an anvan n al ede lòt moun.”

Kòmantè negatif sou Pwofèt Joseph Smith yo ap vin pi plis amezi n ap avanse nan Dezyèm Vini Sovè a. Mwatye verite yo ak manti sibtil yo pap diminye. Ap gen manm fanmi nou ak zanmi ki ap bezwen èd nou. Kounyeya se moman pou nou ajiste pwòp mask oksijèn pa nou an pou nou ka prepare pou ede lòt moun ki ap chèche laverite yo.21

Yon temwayaj sou Pwofèt Joseph Smith kapab vini diferan pou chak nan nou. Nou ka resevwa li pandan nou ajenou pou n priye, ap mande Bondye pou l konfime pou nou si l sete yon vrè pwofèt. Li ka vini pandan n ap li resi Pwofèt la sou Premye Vizyon an. Yon temwayaj ka vide sou nanm nou pandan n ap li Liv Mòmon ankò kontinyèlman. Li ka vini pandan n ap rann pwòp temwayaj nou sou Pwofèt la oubyen pandan ke nou kanpe nan tanp lan epi nou vin reyalize ke palentèmedyè Joseph Smith, pouvwa sakre sèlman an te retabli sou tè a.22 Avèk lafwa ak entansyon reyèl, temwayaj nou sou Pwofèt Joseph Smith ap vin ranfòse. Balon ranpli dlo yo ki soti nan koulis yo kapab mouye nou okazyonèlman, men, yo pa dwe jamè, jamè etenn dife lafwa cho ki andedan nou an.

Pou jèn yo k ap koute m jodia oubyen ki pral li pawòl sa yo nan jou k ap vini yo, m ap bay yon egzòtasyon espesyal: “Chèche akeri yon temwayaj pèsonèl sou Pwofèt Joseph Smith. Se pou vwa nou ede akonpli pawòl pwofesi Mowoni yo ki di pale byen de Pwofèt la. Men de ide: Premyèman, chèche kèk pasaj nan Liv Mòmon an nou santi e nou kwè ki absoliman vrè. Epi pataje yo avèk fanmi nou ak zanmi nou nan sware familyal, nan seminè, ak nan klas Jènjan ak Jènfi nou yo, pandan n ap rekonèt ke Joseph Smith sete yon enstriman nan men Bondye. Apresa, li temwayaj Pwofèt Joseph Smith la nan Pèl Gran Pri a oubyen nan bwochi sa a, ki tradui nan 158 lang kounyeya. Nou ka jwenn ni sou entènèt nan LDS.org oubyen nan men misyonè yo. Sa a se pwòp temwayaj Joseph sou sa ki te reyèlman pase a. Li l souvan. Panse pou nou anrejistre temwayaj Joseph Smith la nan pwòp vwa pa nou, pou nou koute l regilyèman, epi pataje fè zanmi nou yo koute li. Lefèt ke nou koute temwayaj Pwofèt la nan pwòp vwa pa nou an ap ede nou gen temwayaj n ap chèche a.

Gen bèl jou mèveye k ap tann nou pi devan. Prezidan Thomas S. Monson te di: “Gran travay sa a … ap kontinye ale devan, pou chanje ak beni lavi moun. … Okenn fòs nan mond lan pa ka stope travay Bondye a. Kèlkeswa sa k ap vini, travay nòb sa a ap avanse devan.”23

Mwen rann nou temwayaj mwen ke Jezi se Kris la, Sovè nou e Redanmtè nou. Li te chwazi yon moun ki sen, yon moun jis, pou dirije Retablisman plenitid levanjil Li a. Li te chwazi Joseph Smith.

Mwen temwaye ke Joseph Smith sete yon gason onèt ak vètye, yon disip Senyè Jezikri. Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, te parèt devan li. Li te tradui Liv Mòmon an pa don ak pouvwa Bondye.

Lè nou mouri e nou pase nan lòtbò vwal lanmò a, nou pral klèman konprann apèl sakre ak misyon divin Pwofèt Joseph Smith la. Nan jou pa twò lwen sa a, nou menm avèk mwen ak “dè milyon [lòt] moun pral aklame ‘Frè Joseph’ ankò.”24 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Joseph Smith—Istwa 1:33.

  2. Gade Joseph Smith—Istwa 1:29–46.

  3. Joseph Smith—Istwa 1:23.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 135:1.

  5. Gade Travay 26:24.

  6. Gade Matye 11:19; Jan 10:20.

  7. Doktrin ak Alyans 122:1–2.

  8. Prezidan Dieter F. Uchtdorf te di: “Doute dout nou yo toudabò anvan nou doute lafwa nou. Nou pa dwe janm pèmèt dout nou yo kenbe nou prizonye e kenbe nou lwen amou, lapè, ak don Bondye yo ki vini pa lafwa nan Senyè a, Jezikri” (“Come, Join with Us,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 23). Èldè Jeffrey R. Holland te di: “Sa a se yon travay divin ki ap avanse devan, avèk manifestasyon ak benediksyon vizib tout kote, konsa, tanpri, pa afole nou si tanzantan kèk pwoblèm parèt, ki bezwen egzamine, konprann, e rezoud. Pwoblèm yo vini e y ap vini. Nan Legliz sa a, sa nou konnen an ap toujou ranpòte laviktwa sou sa nou pa konnen” (“Lord, I Believe,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 94).

  9. Jak 1:5; gade tou Joseph Smith—Istwa 1:11–13.

  10. Daniel Tyler te rakonte: “Frè Isaac Behunin avèk mwen te [rann Pwofèt la vizit] lakay li. Pèsekisyon l yo sete sijè konvèsasyon nou. Li te repete anpil fos deklarasyon kontradiktwa enmi ki te aposta yo te fè. … Li te di nou tou ke pifò nan nan ofisyèl yo ki ta gen dwa … [volontèman] pran lavi li, lè yo te arete l la, te pran defans li apre ke yo te vin [konnen l pi byen]. …

    “… Frè Behunin te di: ‘Si m ta kite legliz sa a, mwen pa ta pral fè tankou mesye sa yo te fè a: mwen ta pral nan yon zòn byen lwen kote yo pa janm tande pale de Mòmonis la, mwen t ap enstale m la e pèsonn pa t ap konnen ke m te konn anyen sou li.’

    “[Joseph] te imedyatman reponn ni: ‘Frè Behunin, ou pa konn sa w t ap fè. San okenn dout, mesye sa yo te panse menmjan avèk ou yon fwa. Anvan ou antre nan legliz sa a, ou te sou teren ‘neutre’. … Lè ou antre nan legliz sa a ou chwazi pou w sèvi Bondye. Lè ou fè sa a, ou kite teren ‘neutre’ la e ou pa ka retounen ladan l ankò. Si w abandone Mèt la ou te pran angajman pou w sèvi a, se ap sou pouse malen an, epi wa pral suiv lòd li e w ap vin sèvitè li’” (nan Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 324).

  11. Neal A. Maxwell, “All Hell Is Moved” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, Nov. 8, 1977), 3; speeches.byu.edu.

  12. Matye 5:44.

  13. Enseignements des présidents de l’église: John Taylor (2001), 83; gade tou Doktrin ak Alyans 135:3.

  14. Gade Richard N. Ostling, “Challenging Mormonism’s Roots,” Time, Me 20, 1985, 44.

  15. Gade Ostling, “Challenging Mormonism’s Roots,” 44; gade tou Gordon B. Hinckley, “Lord, Increase Our Faith,” Ensign, Nov. 1987, 52; Neil L. Andersen, “Trial of Your Faith,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 41.

  16. Gade Richard E. Turley Jr., Victims: The LDS Church and the Mark Hofmann Case (1992).

  17. Russell M. Nelson, “Truth—and More,Ensign, Jan. 1986, 71.

  18. “Temwayaj twa temwen yo,” Liv Mòmon an.

  19. Gade Joseph Smith—Istwa 1:71, nòt; gade tou Doktrin ak Alyans 76:23.

  20. Matye 7:18, 20.

  21. Prezidan Henry B. Eyring, pandan l t ap pale de moun ki gen dout yo, te di: “Nan amou nou pou yo, nou ka deside pou nou eseye ba yo sa yo mande a. Nou gen dwa tante pou n akonpaye yo nan dout yo genyen yo, ak espwa ke nou ka jwenn prèv oubyen rezonman pou efase dout yo a. Moun ki gen dout yo souvan vle pale de sa yo panse ki se fè oswa agiman ki lakoz dout yo genyen yo, pou yo di nan ki pwen yo blese. …

    “Ou menm avèk mwen kapab fè pi byen si nou pa rete lontan sou sa etidyan nou yo konsidere kòm sous dout yo genyen yo. … Pwoblèm yo genyen yo pa repoze sou sa yo panse yo wè; men, li chita sou sa yo poko wè. … Konsa, li ta pi bon si nou ta rapidman chanje konvèsasyon an epi pale sou bagay ki soti nan kè yo, chanjman nan kè ki ouvri je espirityèl yo” (“‘And Thus We See’: Helping a Student in a Moment of Doubt” [diskou pou enstriktè relijye yo nan Sistèm Edikatif Legliz la, Fev. 5, 1993], 3, 4; si.lds.org).

  22. Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Sa gen kèk ane, m te gen douzan lè sa a, yo te òdone m kòm dyak, epi papa m, ki sete prezidan pieu nou an, te mennen m nan premye reyinyon prètriz mwen. … [Kantik ouvèti a sete “Au grand prophète.”] Yo t ap chante apwopo Pwofèt Joseph Smith, epi, pandan yo t ap chante a, gen yon gwo lanmou ak yon gwo lafwa ki te vini nan kè mwen pou Pwofèt puisan dispansasyon sa a. … Mwen te vin konnen lè sa a, pa pouvwa Sentespri a, ke Joseph Smith sete vrèman yon pwofèt Bondye.” (“Praise to the Man,” Ensign, Out. 1983, 2; Tambuli, Jan. 1984, 1, 2).

  23. Thomas S. Monson, “As We Gather Once Again,” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 4.

  24. “Au grand prophète,” Cantiques, no. 27.