2010–2019
Sentsèn nan ak Ekspyasyon an
oktòb 2014


Sentsèn nan ak Ekspyasyon an

Òdonans Sentsèn nan dwe vin pi sakre pou nou chak.

Nan lavèy Jetsemani an ak Kalvè a, Jezi te rasanble Apot Li yo ansanm yon dènye fwa pou yo te adore. Kote a sete nan chanmòt lakay yon disip, nan Jerizalèm, epi sezon an sete Pak.1

Devan je yo, te gen dènye repa Pak la ki sete anyo sakrifis la, diven ak pen san leven, anblèm delivrans Izrayèl anba esklavaj ak lanmò2 ansanm avèk redanmsyon ki te gen pou fèt la realized.3 Nan fen repa a, Jezi te pran pen an, li te beni li, li te kase li,4 epi Li te bay Apot Li yo, Li te di: “Pran, manje.”5 “Sa a se kò mwen ke m bay pou nou: se pou nou fè sa pou nou ka sonje mwen.”6 Nan menm fason an tou, Li te pran gode diven an, Li te beni li, epi Li te pase la bay yo tout ki te bò kote l la, Li te di: “Koup sa a se nouvèl alyans lan nan san mwen,”7 “ki vèse … pou padon peche nou.”8 “Fè sa an souvni de mwen.”9

Nan fason senp men pwofon sa a, Jezi te enstitiye yon nouvo òdonans pou pèp alyans Bondye a. Yo pa ta pral bezwen vèse san bèt ni manje chè bèt ankò kòm reprezantasyon sakrifis redanmtè Kris la ki te gen pou vini an.10 Olyesa, yo ta pral pran e manje anblèm chè brize ak san vèse Kris la, ki te deja vini an, an souvni sakrisis ekspyatwa L la.11 Patisipasyon nan nouvo òdonans sa a ta pral siyifi pou tout moun yo ke yo solanèlman aksepte Jezi kòm Kris pwomi an epi yo totalman dispoze pou yo suiv Li ak obeyi kòmandman L yo. Pou moun ki ta pral aksepte e mennen lavi yo nan sans sa a, lanmò espirityèl la t ap “pase bò kote” yo, epi lavi etènèl yo t ap asire.

Nan lè ki te suiv yo, Jezi te antre nan Jetsemani, yo te mennen L sou Kalvè a, epi li te triyonfalman soti nan tonb Joseph Arimathée a. Apre L te fin kite yo, disip fidèl Jezi yo, andedan ak alantou Jerizalèm, te rasanble nan premye jou semèn nan pou yo te “kase pen an,”12 e yo te fè sa “ak pèseverans.”13 Asireman, yo te fè sa non sèlman pou obeyi enstriksyon Jezi te ba yo pou Pak la, men kòm souvni Mèt byeneme yo a ki te ale a e pou eksprime rekonesans yo ak lafwa yo nan Redanmsyon mèveye Li te fè pou yo a.

Fòk nou note ke, lè Jezi te vizite disip Li yo nan Amerik la, Li te enstitiye Sentsèn nan nan mitan.14 Lè l te fè sa a, Li te di: “Sa n ap toujou sonje pou nou fè,”15 epi “Sa ap yon temwayaj pou fè Papa a konnen nou toujou sonje m.”16 Epi, nan debi Retablisman an, Senyè a te enstititye òdonans Sentsèn nan ankò, kote Li te ba nou menm enstriksyon avèk sa Li te bay premye disip Li yo.17

Yo rele òdonans Sentsèn nan “youn nan òdonans ki pi sen ak pi sakre nan Legliz la.”18 Li bezwen vin pi sen ak pi sakre pou nou chak. Jezikri Limenm te enstitiye òdonans lan pou raple nou sa L te fè pou rachte nou ak pou anseye nou kijan nou ka pwofite de Redanmsyon L lan epi konsa viv avèk Bondye ankò.

Avèk moso pen kase a, nou endike ke nou sonje kò fizik Jezikri—yon kò ki te akable anba doulè, afliksyon, ak tout kalite tantasyon,19 yon kò ki te pote yon fado toumant si penib ke li te senyen nan chak twou swè li,20 yon kò chè a te kraze e kè a te brize nan krisifiksyon an.21 Nou vledi nou kwè ke, pandan menm kò sa a te kouche nan lanmò a, li te leve soti nan tonm nan pa pouvwa Rezirèksyon an, pou l pa t janm sibi maladi, pourisman, oswa lanmò ankò.22 Epi lè nou manje pen an, nou rekonèt ke, menmjan ak kò mòtèl Kris la, kò nou ap libere anba chenn lanmò, pou leve triyonfalman soti nan tonm nan, e pou l restore avèk espri etènèl nou.23

Avèk yon ti kèp dlo, nou endike ke nou sonje san Jezi te vèse a ak soufrans espirityèl Li te andire pou tout limanite a. Nou sonje agoni an ki te lakoz gwo gout san te tonbe nan Jetsemani an.24 Nou sonje blesi ak flajelasyon Li te andire nan men moun ki te arete L yo.25 Nou sonje san ki te koule soti nan men Li, pye Li ak bòkòt Li pandan l te nan Kalvè a.26 Epi nou sonje sa L te di konsènan soufrans Li yo: “Ou pa konnen kouman yo rèd, ou pa konnen kouman yo grav, wi, ou pa konnen kouman y ap rèd pou ou sipòte.”27 Lè nou bwè dlo a, nou rekonèt ke san Li ak soufrans Li yo te ekspye peche nou yo epi L ap peye pou peche nou si nou anbrase e aksepte prensip ak òdonans yo nan Levanjil Li a.

Konsa, avèk pen an ak dlo a, yo raple nou Redanmsyon Kris la pou nou kont lanmò ak peche. Lòd yo suiv pou bay pen an dabò ak dlo a ansuit la se pa yon bagay ki fèt konsa konsa. Lè nou pran pen an, sa raple nou pwòp rezirèksyon pèsonèl inevitab pa nou, ki se plis pase jis reyinyon kò a ak espri a. Pa pouvwa Rezirèksyon an, nou tout ap retounen nan prezans Bondye.28 Reyalite sa a prezante kesyon ki pi enpòtan nan lavi nou an devan nou. Kesyon pi enpòtan pou nou tout la se non pa si n apral viv, men avèk kimoun nou pral viv apre nou mouri. Pandan ke nou chak ap retounen nan prezans Bondye a, se pa nou tout ki pral ka demere avèk Li.

Atravè mòtalite a, nou chak vin sal avèk peche ak transgresyon.29 Nou gen panse, pawòl, ak aksyon ki pa vètye ditou.30 Otremandi, nou pap pwòp. Epi Jezi te di nou klèman depi nan kòmansman kisa konsekans pou nou pa pwòp devan Bondye a ye: “Okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete … nan prezans Li.”31 Reyalite sa a te prezante devan Alma, pi jèn nan, ki, lè l te rankontre yon zanj, te si tòtire, si boulvèse e si toumante paske li pa t pwòp ke li te vle pou “nanm ni ak kò [li] te kapab elimine pou [li] kapab pa vin kanpe nan prezans … Bondye.”32

Lè nou pran dlo Sentsèn nan, nou aprann kijan pou nou pirifye anba peche nou ak transgresyon nou yo epi konsa kanpe nan prezans Bondye. Paske Li te vèse san inosan L lan, Jezikri satisfè egzijans lajistis yo pou tout peche ak tout transgresyon. Apresa Li ofri pou l fè nou pwòp si nou gen lafwa nan Li ase pou nou repanti, resevwa tout òdonans sali yo, kòmanse avèk batèm, e resevwa Sentespri a. Se lè nou resevwa Sentespri a nou vin lave ak pirifye. Jezi te rann doktrin sa a klè pou nou:

“Okenn bagay sal pa kapab antre nan wayòm [Bondye] a; … Pèsonn pa kapab antre nan repo li a, eksepte moun ki te lave rad yo nan san m. …

“Kounyeya, men kòmandman an: Repanti, noumenm ki nan tout kwen tè yo, vin jwenn mwen, e batize nan non m, pou nou kapab sanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a.”33

Sa se doktrin Kris la.34 Lè nou resevwa doktrin sa a epi nou kondui lavi nou selon doktrin nan, nou reyèlman lave nan san Kris la epi nou vin pwòp.35

Atravè priyè Sentsèn yo, nou eksprime ke nou aksepte doktrin Kris la e nou pran angajman pou nou viv annakò avèk li. Nan priyè sa a devan Bondye, Papa Etènèl nou an, nou deklare ke n ap “toujou sonje” Pitit Gason presye L la. Premyèman, nou temwaye “volonte” nou pou nou sonje. Apresa nou temwaye ke nou “reyèlman” sonje. Lè nou fè sa a, nou pran angajman solanèl pou nou toujou gen lafwa nan Jezikri ak nan Redanmsyon Li te fè pou nou pou sove nou anba lanmò ak peche a.

Nou deklare pi lwen ke n ap “obeyi kòmandman L yo.” Sa a se yon angajman solanèl pou nou repanti. Si panse nou, pawòl, ak aksyon nou se pa t sa yo te dwe ye nan jou anvan yo, nou reyangaje tèt nou pou nou plis aliyen lavi nou avèk Li nan jou k ap vini yo.

Apresa, nou deklare ke nou “nou vle pote non Pitit Gason [Li] a sou [nou].”36 Sa se yon angajman solanèl pou nou soumèt nou anba otorite Li e fè travay Li, ki enkli resevwa tout òdonans ak alyans sali yo pou tèt pa nou.37

Lè nou pran angajman pou nou suiv prensip sa yo, yo pwomèt nou nan priyè sentsèn yo ke n ap “toujou gen Lespri Li avèk [nou].”38 Resevwa Lespri a ankò a se pi gwo benediksyon an paske, Lespri a se ajan ki pwòpte nou e nou pirifye nou anba peche ak transgresyon.39

Frè m ak sè m yo, evenman ki pi enpòtan nan letan ak letènite a se Ekspyasyon Jezikri a. Li menm ki te akonpli Ekspyasyon an ba nou òdonans sentsèn nan pou ede nou non sèlman sonje men reklame benediksyon zak lagras siprèm sa a pote yo. Patisipe regilyèman e sensèman nan òdonans sakre sa a ap ede nou kontinye anbrase ak viv doktrin Kris la apre batèm epi konsa pousuiv e akonpli pwosesis sanktifikasyon an. Anfèt, òdonans sentsèn nan ap ede nou pou nou pèsevere fidèlman jiskalafen e resevwa tout sa Papa a genyen nan menm fason Jezi te fè a, gras sou gras.40

Mwen rann nou temwayaj mwen sou pouvwa Jezikri ki rachte nou tout anba lanmò ak peche a ak sou pouvwa òdonans Prètriz Li yo, ki enkli Sentsèn nan, pou prepare nou pou nou al “wè figi Bondye, Papa a menm, epi viv.”41 Se pou nou pran sentsèn nan semèn pwochèn nan, epi chak semèn apre yo, avèk yon dezi pi pwofon ak yon detèminasyon pi fèm, mwen priye, nan non Senyè a, Jezikri, amèn.