2010–2019
Viv levanjil la jwayezman
oktòb 2014


Viv levanjil la jwayezman

Mete konfyans nou nan pouvwa sali Jezikri a; respekte lwa l yo ak kòmandman l yo. Otremandi—viv levanjil la jwayezman.

Sè byeneme m yo, chè zanmi mwen ak disip beni Jezikri, mwen santi m onore pou okazyon sa apou m avèk nou la a pandan n ap louvri yon lòt konferans jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nan semèn k ap vini an, Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo pral reyini avèk tout otorite jeneral yo ak dirijan jeneral oksilyè yo, epi, rès sesyon yo pou konferans jeneral mondyal nou an apral suiv nan Samdi ak Dimanch. Mwen patikilyèman remèsye Prezidan Thomas S. Monson, pwofèt Bondye pou epòk nou an, dèske li mande m pou m reprezante Premye Prezidans lan pou m pale avèk sè yo nan Legliz la.

Pandan m t ap reflechi sou sa pou m ta di, mwen te repanse avèk fi ki te enfliyanse lavi m yo e ki te ede m travèse pwoblèm mòtalite yo. Mwen rekonesan pou grann mwen ki te deside, sa gen dèzane, pou l te mennen fanmi li nan yon reyinyon Sentsèn Mòmon. Mwen rekonesan pou Sè Ewig, yon granmoun selibatè nan Almay, tradiksyon non li an Anglè se “Sè Etènèl.” Se limenm ki te bay grann mwen bèl envitasyon kouraje sa a. Mwen rekonesan anpil pou manman m, ki te dirije kat pitit li yo atravè tribilasyon Dezyèm Gè Mondyal yo. M panse ak pitit fi m nan, pitit pitit fi m yo, ak fiti jenerasyon fi fidèl ki pral suiv yon jou yo.

E, natirèlman, mwen etènèlman rekonesan pou madanm mwen, Harriet, ki te atire m pandan m te adolesan, ki antanke manman, te pote fado ki pi lou nan jèn fanmi nou an, ki bò kote mwen antanke madanm epi ki renmen ak cheri pitit nou yo, pitit pitit nou yo, ak pitit pitit pitit nou yo. Li sete fòs la nan fwaye nou ni nan bon tan ni nan move tan. Li pote reyon solèy nan lavi tout moun ki konnen li.

Finalman, mwen rekonesan anpil pou nou tout, milyon sè fidèl nan mond lan ki ap fè si anpil pou bati wayòm Bondye a. Mwen rekonesan anvè nou pou fason san konte nou enspire, nouri, ak beni moun ki bò kote nou.

Pitit fi Bondye

Mwen kontan pou m pami si anpil pitit fi Bondye konsa. Lè nou chante kantik “Je suis enfant de Dieu” a, pawòl yo penetre nan kè nou. Lè nou panse sou verite sa a—ke nou se pitit paran selès1—sa ranpli nou avèk yon sans sou orijin nou, bi nou, ak destine nou.

Li ta bon pou ou sonje ke ou yon pitit fi Bondye ajamè. Konesans sa a ap ba ou fòs pou w travèse moman ki pi difisil yo nan lavi ou e l ap enspire ou pou w akonpli bagay remakab. Sepandan, li enpòtan tou pou ou sonje, lefèt ke w se yon pitit fi paran etènèl la, se pa yon distenksyon ou pran ni yon distenksyon ke w ap janm pèdi. W ap toujou rete yon pitit fi Bondye pou tout tan. Pè Selès ou a gen gwo aspirasyon pou ou, men orijin divin ou an poukont pa li pa garanti w yon eritaj divin. Bondye te voye ou isit la pou w prepare pou yon fiti ki pi gran pase tout sa ou ka imajine.

Benediksyon Bondye pwomèt moun ki fidèl yo gloriye ak enspiran. Pami yo genyen “twòn, wayòm, otorite, ak pouvwa, dominasyon, tout wotè ak pwofondè.”2 E sa mande plis pase yon batistè espirityèl oswa yon “Kat pou montre w fè pati Klèb Pitit Bondye a” pou w kalifye ou pou benediksyon enkonpreyansib sa yo.

Kijan nou ka jwenn yo?

Sovè a reponn kesyon sa a nan tan pa nou an:

“Si nou pa obeyi lalwa mwen nou pa kapab jwenn laglwa sa a.

“Paske pòt la etwat, epi wout ki mennen nan egzaltasyon ak kontinyasyon lavi yo dwat. …

“… Se poutèt sa, resevwa lalwa mwen yo.”3

Se pou rezon sa a, nou pale de mache sou chemen disip la.

Nou pale sou obeyi kòmandman Bondye yo

Nou pale de viv levanjil la jwayezman, ak tout kè nou,tout fòs nou ak tout nanm nou.

Bondye konnen yon bagay ke nou pa konnen

Sepandan, pou kèk nan nou, obeyi kòmandman Bondye yo pa toujou parèt trè agreyab. Annou admèt sa: ka gen kèk ki parèt pi difisil oswa mwens atiran—kòmandman ke nou apwoche avèk antouzyas yon timoun ki chita devan yon plat vejetab ki bon pou sante li men ke l rayi. Nou sere dan nou epi nou fòse tèt nou pou n obeyi pou nou ka ale nan lòt aktivite ki pi dezirab.

Petèt pandan tan sa yo nou ka twouve n ap mande tèt nou: “Èske nou reyèlman oblije obeyi tout kòmandman Bondye yo?”

Repons mwen pou kesyon sa a senp:

M panse Bondye konnen yon bagay ke nou pa konnen—Bagay ki depase kapasite nou pou n konprann! Papa nou ki nan syèl la se yon èt etènèl; eksperyans li, sajès li, ak entelijans li enfiniman pi gran pase pa nou.4 Non sèlman sa, li etènèlman eman, konpatisan, e konsantre sou yon objektif divin: ki se reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.5

Otremandi, Li non sèlman konnen sa ki pi bon pou nou; men Li grandman vle pou nou chwazi sa ki bon pou nou tou.

Si nou kwè sa nan kè nou—si nou vrèman kwè ke gwo misyon Pè Selès nou an se pou egzalte ak glorifye pitit li epi Li konnen, pase tout moun, ki pi bon fason pou fè sa—èske sa pa fè sans pou nou anbrase kòmandman l yo epi suiv yo, menm sa ki parèt difisil yo? Èske nou pa ta dwe apresye poto limyè li ba nou pou gide nou atravè fènwa ak eprèv mòtalite yo? Yo montre nou chemen pou n retounen nan fwaye selès nou an! Si nou chwazi chemen Pè Selès la, n ap bati yon fondasyon divin pou pwogrè pèsonèl nou antanke pitit fi Bondye, ki ap yon benediksyon pou nou pandan tout lavi nou.

M panse ke pwoblèm nou sèke, nou panse ke Bondye fèmen tout benediksyon l yo nan yon gwo nyaj nan syèl la, epi Li refize ba nou yo, si nou pa konfòme nou anba kèk kondisyon patènèl estrik li fikse pou nou. Men, kòmandman yo se pa sa ditou yo ye. An reyalite, Pè Selès la konstamman vide benediksyon sou nou. Se laperèz nou yo, dout nou yo, ak peche nou yo ki, tankou yon parapli, bloke benediksyon sa yo fè nou pa ka resevwa yo.

Kòmandman l yo se enstriksyon eman ak èd divin ki ap pèmèt nou fèmen parapli a, pou nou ka resevwa lapli benediksyon selès yo.

Nou dwe aksepte lefèt ke kòmandman Bondye yo se pa jis yon lis bon ide byen long. Yo se pa “riz” ki sou yon blog sou Entènèt ni sitasyon enspire sou yon tablo Pinterest. Yo se konsèy divin, ki baze sou verite etènèl, ke yo ba nou pou pote “lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.”6

Konsa, nou gen yon chwa. Yon bò, nou gen opinyon mond lan avèk teyori ak motivasyon plen dout li yo k ap chanje tout tan. Nan lòtbò a, nou gen pawòl Bondye bay pitit Li yo—sajès etènèl Li, pwomès sèten L yo, ak enstriksyon eman Li pou yo ka retounen nan prezans Li nan laglwa, lanmou, ak majeste.

Chwa a nan men nou!

Kreyatè lanmè yo, sab yo, ak zetwal enfini yo lonje lamen ba nou jodia menm! Li ofri nou bèl resèt bonè, lapè, ak lavi etènèl la!

Pou nou kalifye pou benediksyon gloriye sa yo, nou dwe vin enb, egzèse lafwa, pran non Kris la sou nou, chèche Li an pawòl ak nan aksyon, epi rezoliman “kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, ak nan tout kote.”7

Men rezon obeyisans la

Yon fwa nou fin konprann vrè nati Bondye ak kòmandman L yo, n ap pi byen konprann tèt nou ak bi divin egzistans nou tou. Avèk sa, motivasyon nou pou suiv kòmandman yo ap chanje, e l ap pou nou andedan kè nou pou n viv levanjil la jwayezman.

Paregzanp, moun ki wè asistans yo nan reyinyon Legliz yo kòm yon mwayen pèsonèl pou yo ogmante lanmou yo pou Bondye, pou yo jwenn lapè, edifye lòt moun, chèche Lespri a, ak renouvle angajman yo pou suiv Jezikri yo, y ap fè yon pi bèl eksperyans pase moun ki senpleman kontante yo pou yo chita sou yon ban. Li trè enpòtan pou nou asiste reyinyon Dimanch nou yo, men mwen sèten ke Pè Selès nou an pi sousye de lafwa nou ak repantans nou pase kantite moun ki prezan.

Men yon lòt egzanp ankò:

Yon manman selibatè ki gen de timoun piti te vin gen saranpyon dènyèman. Natirèlman, sa pa t pran tan pou pitit li yo te tonbe malad tou. Tach pou pran swen tèt li ak timoun piti l yo poukont li a te prèske twòp pou jèn manman sa a. E, kòm rezilta, kay li ki te konn toujou byen pwòp, te vin sal ak gaye. Asyèt sal te anpile nan evye a, epi rad sal te gaye toupatou.

Pandan l t ap debwouye l jan l te kapab avèk timoun yo ki ap kriye---e li menm tou li te byen anvi kriye---yo te frape nan pòt la. Sete enstriktris nan fwaye li. Yo te wè detrès jèn manman sa a. Yo te gade kay la, kuizin nan. Yo te tande timoun yo ap kriye.

Kounyeya, si sè sa yo te sèlman sousye de fè vizit chak mwa sa a yo te gen tach pou yo te fè a, yo te gen dwa lonje yon asyèt bonbon bay manman sa a, di li ke yo te sonje li nan Reyinyon Sosyete Sekou semèn pase a, epi di l yon bagay tankou: “Fè nou konnen si gen yon bagay nou ka fè pou ou!” Epi apresa, yo t ap kontinye chemen yo jwayezman, kontan dèske visit nan fwaye yo te “fèt” pou mwa a.

Erezman, sè sa yo sete vrè disip Kris la. Yo te wè bezwen sè a epi yo te mete pil talan yo ak ekseperyans yo nan travay. Yo te netwaye dezòd la, yo te pote limyè ak klète nan kay la, epi yo te rele yon zanmi pou pote kèk pwovizyon kay la te bezwen. Lè yo te finalman fini travay yo e yo te di orevwa, yo te kite jèn manman an ap kriye---dlo rekonesans ak lanmou.

Apati moman sa a, opinyon jèn manman an te genyen konsènan vizit nan fwaye te vin chanje. Li te di: “Mwen konnen ke m se pa jis yon tchèk nan lis yon moun.”

Wi, enstriktris nan fwaye yo bezwen fè vizit yo pou mwa a fidèlman, tout, san rate rezon ki pi enpòtan an ki dèyè kòmandman sa a---renmen Bondye ak pwochen nou.

Lè nou trete kòmandman Bondye yo ak tach nou genyen pou bati wayòm Li an kòm yon bagay pou nou jis tcheke sou yon lis bagay pou nou fè, nou pase akote siyifikasyon disip la. Nou rate kwasans ki soti nan jwayezman viv kòmandman Papa nou ki nan Syèl la bay yo.

Mache sou chemen disip la pa oblije yon eksperyans penib pou nou. Li “pi dous pase tout bagay dous.”8 Se pa yon fadon k ap peze nou desann. Chemen disip la elve lespri nou e aleje kè nou. Li enspire nou lafwa, lesperans, ak charite. Li ranpli lespri nou avèk limyè nan moman fènwa ak serenite nan moman chagren.

Li ba nou yon puisans divin ak yon lajwa dirab.

Viv levanjil la jwayezman

Chè sè m yo nan levanjil la, keseswa nou gen 8 tan oswa 108 tan, gen yon bagay mwen espere pou nou vrèman konnen ak konprann:

Yo renmen nou.

Nou se moun ki chè pou paran selès nou yo.

Kreyatè Enfini ak Etènèl limyè ak lavi a konnen nou! Li sousye pou nou. Li renmen nou!

Wi, Li renmen nou jodia menm e ajamè.

Li pa p tann pou nou simonte feblès nou ak move abitid nou yo pou L renmen nou. Li renmen nou jodia menm avèk yon konpreyansyon total sou eprèv nou yo. Li konnen ke nou leve bra nou ba li nan lapriyè sensè ak plen lespwa. Li konsyan de moman kote nou akwoche nou a limyè k ap febli a e kwè kanmèm yo---menm nan mitan fènwa k ap grandi yo. Li konn soufrans nou. Li konn remò nou pou moman kote nou sikonbe oswa echwe yo. Men Li toujou renmen nou.

Epi Bondye konn siksè nou; menmsi yo parèt piti pou nou. Li rekonèt yo chak e Li cheri yo. Li renmen nou paske nou lonje lamen bay lòt. Li renmen nou paske nou lonje lamen pou ede lòt moun pote chay lou yo genyen---menmlè n ap lite anba pwòp chay pa nou.

Li konnen tout bagay sou nou. Li wè nou klèman---Li konnen nou jan nou reyèlman ye a. Epi li renmen nou—jodia e pou toujou!

Èske nou sipoze Pè Selès la sousye si makiyaj nou, rad nou, kwafi nou, ak zong nou pafè? Èske nou panse valè nou pou Li ap chanje selon kantite moun ki dèyè nou sou Instagram oswa Pinterest? Èske nou panse bote eksteryè, mak rad nou, oswa popilarite nou fè yon diferans nan valè nou devan Moun ki te kreye inivè a?

Li renmen nou non sèlman pou sa nou ye jodia menm nan, men tou, pou èt laglwa ak limyè nou gen potansyèl ak dezi pou nou vin tounen an.

Plis pase nou ka janm imajine, Li vle pou nou atenn destine nou---ki se retounen al nan fwaye selès nou an avèk onè.

Mwen temwaye ke fason pou nou akonpli bagay sa a se depoze dezi egoyis nou yo ak anbisyon endiy nou yo sou lotèl sakrifis ak sèvis la. Sè m yo, mete konfyans nou nan pouvwa Jezikri pou sove a; obeyi lwa L yo ak kòmandman L yo. Otremandi---viv levanjil la jwayezman.

Mwen priye pou nou ka vin gen yon santiman renouvle ak pi gran sou bèl amou Bondye a nan lavi nou; pou nou jwenn lafwa, detèminasyon, ak angajman pou nou aprann kòmandman Bondye yo, cheri yo nan kè nou, e viv levanjil la jwayezman.

Mwen pwomèt nou ke si nou fè sa, n ap dekouvri sa ki pi bon lakay nou an—kivledi vrè nou menm nan. N ap dekouvri kisa sa vrèman vledi pou nou se yon pitit fi Bondye Etènèl la, Senyè tout lajistis la. Konsènan sa mwen temwaye e m kite benediksyon m pou nou antanke yon Apot Senyè a, nan non Jezikri, amèn.