2010–2019
Èske nou tout se pa mandyan nou ye?
oktòb 2014


Èske nou tout se pa mandyan nou ye?

Rich ou pòv, nou dwe “fè sa nou kapab” lè lòt moun nan bezwen.

Ala yon nouvo eleman mèveye nou entwodui nan fason nou fè konferans jeneral nou an. Felisitasyon, Eduardo.

Nan sa ki t ap gen pou vin moman ki te pi siprenan nan kòmansman ministè Li nan mòtalite a, Jezi te kanpe nan synagòk peyi li nan Nazarèt, epi Li te li pawòl sa yo Ezayi te pwofetize, ki ekri nan Levanjil Lik la: “Lespri Bondye a sou mwen, paske Li chwazi m pou m preche levanjil la bay pòv yo; pou m geri moun ki gen kè blese yo, pou preche delivrans pou prizonye yo, [epi] pou m delivre moun y ap maltrete yo.”1

Se konsa Sovè a te fè premye anons piblik Li sou ministè mesyanik Li a. Men vèsè sa a montre klèman ke, sou chemen pou ale nan sakrifis ekspyatwa final Li a ak Rezirèksyon L lan, premye devwa mesyanik Jezi, ki te pi enpòtan an, se t ap pou beni pòv yo, enkli pòv an espri yo.

Depi nan kòmansman ministè Li, Jezi te renmen moun ki te pòv yo ak moun ki te defavorize yo nan yon fason ekstraòdinè. Li te fèt nan fwaye de ladan yo epi li te grandi nan pami anpil nan yo. Nou pa konn tout detay lavi tanporèl Li, men yon fwa, Li te di: “Chat mawon gen twou yo. Zwazo k ap vole nan syèl la … gen nich yo; men, Pitit Gason Bondye a pa gen kote pou l poze tèt Li.”2 Aparaman, Kreyatè syèl la ak tè a “ak tout sa ki ladan yo a”3 te, omwen nan lavi adilt li, sanzabri.

Atravè tout listwa, yo toujou konsidere pòvrete kòm pi gwo pwoblèm e kòm pwoblèm ki pi repann nan limanite. Rezilta pi vizib li pote yo souvan fizik men, domaj espirityèl ak emosyonèl li ka pote yo kapab pi mal toujou. Antouka, apèl ki pi pèsistan gran Redanmtè a lanse se pou nou ini avèk Li pou ede soulaje fado lou pèp li a. Antanke Jewova, Li di ke l ap jije kay Izrayèl la trè di paske “grè [moun ki nan bezwen yo] se andedan lakay nou li ye.”

Li te di: “Nan ki dwa n ap kraze pèp mwen an, epi kraze figi pòv yo?”4

Moun ki ekri liv Pwovèb la te rann bagay la ekstrèmeman klè: “Oprime pòv yo se derespekte Mèt yo a,” epi “moun ki bouche zòrèy li pou l pa tande kri pòv yo, … gen pou yo kriye [tou], men pèsonn pap tande yo.”5

Nan epòk pa nou an, Legliz Retabli Jezikri a potko menm fete premye anivèsè li lè Senyè a te kòmande manm li yo pou yo te “voye je sou pòv yo ak moun ki nan bezwen yo … epi travay pou byennèt yo pou yo pa soufri.”6 Note kòmandman an ki nan pasaj sa a—“yo pa dwe soufri.” Sa se langaj Bondye anplwaye lè l vle pou bagay yo fèt.

Etandone kokennchenn difikilte lit kont inegalite nan mond lan reprezante a, kisa yon moun ka fè? Mèt la Limenm te ofri yon repons. Lè, anvan trayizon ak krisifiksyon L lan, Mari te wen tèt Jezi avèk yon pafen chè ke yo te konn itilize pou antèman, Jida Iskaryòt te pwoteste kont ekstravagans sa a epi li te “fè madanm nan repwòch.”7

Jezi te di:

“Poukisa w ap fè l lapenn nan? Li fè yon bon aksyon. …

“Li fè sa l te kapab.”8

“Li fè sa l te kapab”! Ala yon fòmil puisan! Yon jou, yon jounalis te kesyone Mè Teresa, nan Calcutta, osijè kòz initil li pou pote sekou bay endijan yo nan vil sa a. Li te di ke, estatistikman palan, li pa t ap akonpli anyen. Ti madanm remakab sa a te reponn ke travay li a sete yon travay lanmou, non pa osijè estatistik. Malgre gwo kantite moun lipa t ap ka ede yo, li te di ke l ka toujou obeyi kòmandman pou renmen Bondye ak pwochen l lan nan sèvi moun ki te alapòte li avèk tout resous li te genyen. Nan yon lòt okazyon, li te di: “Sa n ap fè a se sèlman yon gout dlo nan oseyan an, men, si nou pa fè li, oseyan an ap gen yon gout dlo anmwens [pase sa l genyen an].”9 Avèk moderasyon, jounalis la te konkli ke aparaman, Krisyanis la pa sousye pou estatistik. Li te fè rezonman ke, si t ap gen plis lajwa nan syèl la pou yon sèl pechè ki repanti pase pou katrevendiznèf ki pa bezwen repantans, sèke, aparaman, Bondye pa twò preyokipe pa pousantaj.10

Konsa, nan ki fason nou ka “fè sa nou kapab?”

Pou kòmanse, nou kapab, jan Wa Benjamen te anseye a, sispann kenbe sa nou genyen paske nou panse se pòv yo ki atire pwòp mizè yo a sou tèt yo. Petèt gen kèk ki efektivman kreye pwòp pwoblèm yo vre, men, èske nou tout pa fè egzakteman menm bagay la? Èske se pa poutèt sa dirijan plen konpasyon sa a te mande: “èske nou tout pa mandyan?”11 Èskke nou tout pap kriye pou èd ak espwa ak repons pou priyè nou? Èske nou tout pap mande padon pou peche nou fè ak pwoblèm nou lakoz? Èske nou tout pap enplore lagras k ap fè balans pou feblès nou yo, ak mizèrikòd sa a ki pral triyonfe sou lajistis la, omwen nan ka pa nou an? Se pa etonan ke Wa Benjamen di nou jwenn padon pou peche nou yo nan sipliye Bondye, ki reponn avèk konpasyon, men nou konsève padon pou peche nou yo lè nou ede pòv k ap mande nou yo avèk konpasyon.12

Anplis pou nou aji avèk mizèrikòd anvè yo a, nou dwe priye pou moun ki nan bezwen yo tou. Gen yon gwoup Zoramit manm kongregasyon yo te konsidere kòm “salte” ak “fratra”—sa yo se pawòl nan ekriti yo—epi yo te mete yo deyò nan sinagòg la “poutèt aparans pòvrete yo.” Mòmon di: “Yo te pòv dapre bagay materyèl; epi tou yo te … gen imilite nan kè yo”13—de kondisyon ki prèske toujou mache ansanm. Alma ak Amilèk, ki sete konpayon misyonè, te pale yo sou rejè sa a yo te sibi paske yo te mal abiye a kote yo te di yo ke, kèlkeswa dwa lòt moun te ka refize yo, yo ka toujou priye—nan jaden yo ak lakay yo, nan fanmi yo ak nan kè yo.14

Men apre, pou menm gwoup moun sa a yo te mete deyò a, Alma te di: “Lè [nou] fin [priye] a, si [nou] repouse moun ki nan bezwen, moun ki toutouni, epi si ou pa vizite moun ki malad ak moun ki aflije, si nou pa pataje byen nou, si [nou] gen [byen], avèk moun ki nan bezwen—m ap di nou konsa, … lapriyè nou an ap anven, epi li pap itil nou anyen, epi moun ki niye lafwa a, yo se ipokrit.”15 Ala yon rapèl ekstraòdinè sou lefèt ke rich oubyen pòv, nou dwe “fè sa nou kapab” lè lòt moun nan bezwen.

Kounyeya, pou nou pa akize m di ke m ap pwopoze pwogram sosyal mondyal ki totalman enposib oubyen pou nou pa di ke m apwouve mandisite kòm yon bagay ki nòmal pou akwasman, m ap asire nou ke respè mwen pou prensip dilijans, ekonomi, otonomi, ak anbisyon osi fèm ke pa nenpòt lòt moun. Yo toujou atann pou nou ede tèt nou anvan nou chèche èd nan men lòt moun. Epitou, m pa konn egzakteman kijan nou chak dwe ranpli obligasyon nou anvè moun ki pa pran tèt yo anchaj yo oubyen ki pa toujou kapab fè sa yo. Men, mwen konnen Bondye konnen, epi L ap gide nou nan aksyon konpatisan nou kòm disip li si nou vrèman vle e nou priye e nou chèche fason pou obeyi yon kòmandman ke Li ba nou san rete.

Na va rekonèt ke m pale la a sou bezwen difisil nan sosyete a ki aplike pou plis moun pase jis manm Legliz yo. Erezman, fason Senyè a nan ede nou menm manm yo fasil: tout moun ki fizikman kapab yo dwe obsève lwa jèn nan. Ezayi te ekri:

“Èske sa a se pa jèn mwen chazi a? …

“Èske se pa pataje pen nou avèk moun ki grangou, epi louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo rete a? E si nou wè yon moun toutouni, pou nou kouvri li …? [pou nou] soulaje fado lou yo, epi … libere moun ki oprime yo … ?”16

Mwen rann temwayaj sou mirak, tanporèl ak espirityèl, ki vini pou moun ki viv lwa jèn nan. Mwen rann temwayaj sou mirak mwen resevwa nan lavi m. Vrèman, jan Ezayi ekri a, mwen kriye bay Bondye nan jèn, epi vrèman Bondye reponn: “Men mwen.”17 Se pou nou pwofite de privilèj sakre sa a nou genyen omwen yon fwa pa mwa a, epi se pou nou gen otan jenewozite ke sikonstans nou pèmèt nou nan ofrann jèn yo ak nan lòt kontribisyon imanitè, edikatif, ak misyonè yo. Mwen pwomèt ke Bondye ap gen jenewozite pou nou, epi moun ki jwenn sekou nan men nou yo ap beni nou pou tout tan. Plis pase twaka nan yon milyon manm Legliz la te resevwa èd ane pase a pa mwayen ofrann jèn ki jere pa evèk ak prezidant Sosyete Sekou byen devwe. Sa fè yon pakèt Sen Dènye Jou rekonesan.

Frè m ak sè m yo, yon diskou konsa mande pou m eksprime rekonesans mwen pou benediksyon san fen, benediksyon non merite, benediksyon kontinyèl, tanporèl ak espirityèl, ke m resevwa nan lavi mwen. Menmjan avèk nou, mwen konn gen pwoblèm finans pafwa, men m pa t janm te pòv, ni m pa menm konnen kisa yon moun pòv santi. Epitou, m pa konn tout rezon ki fè sikonstans nesans nou, sante nou, posiblite edikatif nou, ak posiblite ekonomik nou si varye konsa nan mòtalite a, men lè m wè bezwen pami si anpil moun konsa, mwen konnen ke “si se pa t gras Bondye, mwen ta ka nan menm sitiyasyon an tou.”18 Mwen konnen tou ke, m gen dwa pa gadyen frè m nan, men mwen se frè frè m nan, epi “paske m resevwa anpil, mwen menm tou m dwe bay.”19

Nan sans sa a, m mete chapo ba devan Prezidan Thomas Spencer Monson. Sa fè 47 tan depi m gen benediksyon pou m kotwaye mesye sa a, e jiskaske m mouri, m ap toujou kenbe nan lespri m imaj limenm k ap vwayaje an avyon pou rantre lakay li soti nan Almay Lès–ki te ekonomikman devaste a, avèk sapàt nan pye li paske li te bay non sèlman dezyèm kostim ni an ak chemiz li te pote yo men li te bay menm soulye ki te nan pye li. “Ala bèl yo bèl sou montay lan [ak mache nan yon ayewopò ak sapàt], pye moun k ap pote bòn nouvèl yo, k ap pibliye lapè yo.”20 Prezidan Monson toujou “fè tout sa l kapab,” pou vèv yo ak òfelen yo, pou pòv yo ak oprime yo.

Nan yon revelasyon li te bay Pwofèt Joseph Smith an 1831, Senyè a te di ke pòv yo gen pou yo wè wayòm Bondye a vini yon jou, pou delivre yo “avèk puisans ak gwo laglwa.”21 Se pou nou ede nan akonplisman pwofesi sa a, ame ak pouvwa ak lagwla ki soti nan apatenans nou nan vrè Legliz Jezikri a pou nou fè sa nou kapab pou delivre tout moun fè yo soti anba pòvrete ki kenbe yo prizonye a e ki detwi si anpil nan rèv yo a, mwen priye nan non plen mizèrikòd Jezikri, amèn.