2010–2019
Lavi Etènèl— konnen Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri
oktòb 2014


Lavi Etènèl— konnen Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri

Bondye ak Kris la se literalman yon Papa ak yon Pitit—moun separe, distenk, endividiyèl ki totalman ini nan bi yo.

Sa gen kèk ane, mwen te pran tan pou m te etidye dènye temwanyaj pwofèt yo nan chak dispansasyon. Yo chak te rann yon temwanyaj pwisan sou Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri.

Chak fwa m li temwanyaj sa yo—ak anpil lòt tankou yo atravè ane yo—sa toujou touche m pou m te wè konbyen Papa nou ki nan Syèl la renmen Premye Pitit Gason L lan ak fason Jezi montre amou Li pa obeyisans Li nan volonte Papa Li. Mwen temwanye ke, si nou fè tout sa ki nesesè pou nou konnen yo, epi konnen amou yo youn pou lòt, n ap jwenn “pigran nan tout kado Bondye yo” —ki se lavi etènèl.1 Paske “Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.”2

Kijan nou ka posede kado sa a? Li vini atravè revelasyon pèsonèl, ke yo te pale ak anseye maten an.

Èske ou sonje premye fwa ou te konnen gen yon Bondye epi ou te kapab santi lanmou Li? Lè m te piti, mwen te gen abitid ap gade syèl plen zetwal la e santi prezans Li. Mwen te konn eksite pou m eksplore bote siblim kreyasyon Bondye yo---soti nan yon ti ensèk tou piti yo rive nan gwo pyebwa jeyan yo. Pandan m t ap pran konsyans de bote tè sa a, mwen te konnen Papa nou ki nan Syèl la renmen mwen. Mwen te konnen m se literalman yon pitit lespri li, ke nou tout se pitit gason ak pitit fi Bondye.

Nou ka mande tèt nou: kijan m te fè konn sa? Ekriti yo ansenye: “Sentespri a bay kèk moun don pou yo konnen Jezikri se Pitit Gason Bondye, epi … kèk lòt moun resevwa donpou yo kwè nan pawòl yo, pou yo kapab gen lavi etènèl si yo rete fidèl.”3 Selon mwenmenm, sa pa vle di ke gen kèk moun k ap depann sou temwanyaj lòt moun nèt ale.

Pwòp temwanyaj pa m te grandi lè m te aprann sou Papa nou ki nan syèl la ak Sovè a nan ansèyman ak temwanyaj paran mwen, enstriktè, ekriti yo---ke m te li avèk dilijans---e espesyalman nan men Sentespri a. Pandan m t ap egzèse lafa mwen epi obeyi kòmandman yo, Sentespri a te temwanye m ke sa m t ap aprann yo sete verite. Men kijan m te rive konnen pou tèt pa mwen.

Nan pwosesis sa a, chèche revelasyon pèsonèl la se kle. Nefi envite nou chak pou nou “fè festen ak pawòl Kris yo; paske pawòl Kris yo ap di nou tout sa nou pou nou fè.”4

Anvan m te gen uitan, m te chèche konn plis apwopo batèm. Mwen te li ekriti yo epi m te priye. Mwen te aprann ke m t apral resevwa don Sentespri a lè m te konfime. Mwen te kòmanse konprann tou ke Bondye ak Kris la se literalman yon Papa ak yon Pitit Gason—moun separe, distenk, endividyèl ki totalman ini nan bi yo. “Nou renmen [Yo], paske [Yo] renmen nou an premye.”5 Epi ankò e ankò mwen obsève jan Youn renmen lot epi Yo travay ansanm pou byen nou. Tande kèk nan plizyè ekriti ki ansenye verite sa a:

Pandan l t ap pale osijè lavi premòtèl nou, Papa nou ki nan Syèl la te fè referans a Jezikri kòm “Pitit gason byenneme m nan, ki te byennemem nan epi ki te chwazi depi nan kòmansman an.” 6 Lè Papa a te kreye tè a, Li te fè sa “pa mwayen Sèl pitit Literal [Li] a.7

Yo te di Mari, manman Jezi, ke l ta pral “Pitit Gason Trè Wo a.”8 Epi lè Jezi te yon jèn tigason, Li te di manman Li ke Li dwe “okipe zafè Papa [Li].”9 Dèzane apre, lè Sovè a te batize, Papa nou ki nan Syèl la te pale nan syèl la konsa: “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m’ kontan anpil.”10

Pou ansenye disip Li yo priye, Jezi te di pawòl sa yo:

“Papa nou ki nan Syèl la, se pou yo respekte non ou.

“Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte ou fèt sou tè a, tankou nan syèl la.”11

Li te ansenye Nikodèm, “Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl Pitit li a pou yo.”12 E Li te eksplike mirak Li yo konsa: “Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l’ wè Papa a fè, se sa l’ fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l’ tou.”13

Pandan lè Sakrifis ekspyatwa a t ap apwoche, Jezi te priye konsa: “O Papa, lè a rive. … Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m’ fè.”14 Apresa, lè pwa peche nou yo te tonbe sou li, Li te enplore: “O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.”15 Nan dènye moman Li sou kwa a, Jezi te priye: “Papa, padonnen yo; paske yo pa konnen sa y ap fe a” apresa Li te rele byen fò, “Papa, mwen renmèt lespri mwen nan men ou.”16

Apresa li t al vizite lespri moun ki te mouri deja yo, nan mond dèzespri a, pou l te “[ba] yo pouvwa pou yo leve, apre rezirèksyon li pami mò yo, pou yo antre nan wayòm Papa li a.”17 Apre rezirèksyon Sovè a, Li te parèt devan Mary Magdalene, Li di konsa: “M ap monte bò kot Papa m’ ki se papa nou tou.”18

Lè li te parèt devan pèp nan kontinan ameriken an, Papa l te entwodwi L konsa: “Men Pitit Gason Byenneme m nan, se nan li m pran plèzi, e se nan li m glorifye non m.”19 Lè Jezi te desann pami pèp la, Li te prezante tèt Li konsa: “Gade, M se Jezikri. …e m … te glorifye Papa m lè m te pran peche mond lan sou tèt mwen.”20 Lè l t ap ansenye doktrin ni an, Li te eksplike:

“E se doktrin Papa a te ban mwen; epi mwen rann temwayaj konsènan Papa a, e Papa a ranntemwayaj konsènan mwen.”21

“An verite … Papa a avèk mwen fè yon sèl.”22

Èske nou ka wè yon machasuiv nan ekriti sa yo ki temwanye de Papa a ak Pitit Gason an kòm èt endividyèl diferan? Bon, nan fason sa a, kòman yo fè yon sèlla? Se pa paske yo se yon sèl moun, men paske yo ini nan objektif yo, egalman devwe pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm.”23

Jezi se yon Bondye, men Li toujou distenge yèt li kòm yon èt endividyèl separe lè l ap priye Papa Li epi Li toujou di ke se volonte Papa Li L ap fè. Pandan ministè Li pami Nefit yo, Li te enplore: “Papa, m pa priye pou mond lan, men pou sa yo w te ban mwen ki apa nan mond lan, … pou m kapab nan yo, menm jan ou menm, Papa, ou nan mwen an, pou nou kapab vin yon sèl, pou m kapab glorifye nan yo.”24

Avèk sa nan lespri nou, li pa etonan ke Retablisman Levanjil la te kòmanse avèk aparisyon non pa youn men de èt glorifye. Konsènan Premye Vizyon l lan, Pwofèt Joseph Smith te temwanye: “Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, padan l te lonje dwèt li sou lòt la— Se Pitit Gasone Byenneme m nan. Koute li!25

Jèn Pwofèt la, ki te ale nan boskè a pou l te ka konnen nan ki legliz pou l te antre, te ale avèk yon lafwa inebranlab e li te soti avèk konesans ak yon temwayaj sou sèl vrè Bondye ak Jezikri, ke Bondye te voye a. Joseph, tankou pwofèt anvan l yo, te vin tounen yon enstriman lè sa a pou retabli nan mond lan konesans kap mennen nan lavi etènèl la.

Nou menm tou, nou ka chèche Pè Selès la ak “Jezi sa a pwofèt yo ak apot yo te [temwanye] a]”26 nan ekriti yo ak nan konferans jeneral sa a. Si nou chèche yon temwayaj pèsonèl—temwayaj pèsonèl pa nou—n ap dekouvri ke Papa nou ki nan Syèl la te bay yon mwayen espesyal pou nou konnen verite a pou tèt pa nou: atravè twazyèm manm Divinite a, yon pèsonaj lespri ke nou konnen antanke Sentespri a.

“Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a.

“Epi, pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen [avèk sètitid] verite nan tout bagay.”27

Frè m ak sè m yo, mwen temwanye ke Papa nou ki nan Syèl la vle nou chèche konesans sa a kounyeya. Pawòl pwofèt la Elaman yo rele byen fò nan pousyè a: “Sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati bfondasyon nou   …  , yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”28Anfèt, nou pap tonbe.

Fondasyon asire sa a se Jezikri. Li se “Wok Syèl la.”29 Lè nou bati kay nou sou Li, lapli dènye jou yo mèt tonbe, dlo mèt desann, e van mèt soufle, nou p ap tonbe. Nou p ap tonbe, paske kay nou ak fanmi nou ap bati sou Kris la.30

Mwen temwanye ke yon kay konsa se “yon kay laglwa.”31 Nan kay sa a nou reyini ansanm pou nou priye Papa nou ki nan Syèl la nan non Pitit Gason Byenneme L la. Nan kay sa a nou glorifye yo epi bayo remèsiman. Nan kay sa a nou resevwa Sentespri a ak “pwomès [Li ba] [nou] konsènan lavi etènèl la, ki se laglwa wayom selès la.”32

Mwen rann temwanyaj espesyal mwen ke Sovè nou an se Jezikri, Li vivan, Papa nou ki nan Syèl la renmen nou e L ap veye sou nou, nou gen yon pwofèt nan dispansasyon sa a—ki se Prezidan Thomas S. Monson—pou dirije nou ak gide nou. Sentespri a temwanye ke se verite pou tout moun ki chèche konesans sa a. Nan non Jezikri, amèn.