2010–2019
Liv la
oktòb 2014


Liv la

Istwa familyal ak travay tanp dwe vin yon pati regilye nan adorasyon pèsonèl nou.

Lè m te yon jèn Eskout nan laj 12 zan, m te resevwa yon kado mwen te desire anpil ki te yon adisyon nan ekipman Eskout mwen an. Sete yon manchèt avèk yon fouwo an cuir! Nan apre, nan yon pwomnad nan nuit apre a, nou te rive nan kan an apre l te fin fènwa, mouye epi frèt soti anba gwo nèj sou chemen an. Tout sa m te ka panse sete limenm yon gwo gwo dife. Mwen te imedyatman ale koupe bwa nan yon pyebwa ki te tonbe avèk nouvo manchèt mwen an. Pandan m t ap koupe bwa a, mwen te kontrarye paske li pat sanble l t ap byen koupe bwa a. Nan fristrasyon mwen, m te travay pidi. Plen desepsyon, m te retounen nan kan an avèk kèk moso bwa sèlman. Nan limyè dife yon lòt moun, mwen te dekouvri pwoblèm nan. Mwen pa t retire manchèt la nan fouwo li. Men, m ka di nou ke fouwo a te chire tout kote. Leson an: mwen te vin distrè avèk lòt bagay.

Pandan n ap travay pou egzaltasyon an, nou dwe travay sou tout kondisyon yo e pa kite nou distrè pou nou vin konsantre nou sèlman sou youn oubyen de kondisyon ladan yo oubyen sou lòt bagay ki pa anrapò avèk li. Chèche wayòm Bondye a mennen nan lajwa ak bonè.1 Si sa nesesè, nou dwe dispoze pou nou chanje. Ti rektifikasyon piti yo souvan mwens fè mal e mwens douloure pase gwo chanjman trajektwa yo.

Sa pa gen lontan, Sè Packer avèk mwen te vwayaje nan plizyè peyi etranje. Nou te prepare paspò nou ak lòt dokiman. Nou te pran vaksen, fè egzamen medikal, nou te pran viza, ak so. Lè nou te rive, yo te enspekte dokiman nou yo, e apre yo fin wè ke nou te ranpli tout kondisyon yo, yo te pèmèt nou antre.

Kalifye pou egzaltasyon se tankou prepare pou antre nan yon lòt peyi. Nou chak dwe gen pwòp paspò espirityèl pa nou. Nou pa fikse kondisyon yo, men, endividyèlman, nou dwe respekte yo tout. Plan Sali a gen tout doktrin, lwa, kòmandman, ak òdonans ki nesesè pou nou tout kalifye pou egzaltasyon yo.2 Konsa, “atravè Ekspyasyon [Jezi] Kris la, tout limanite kapab sove.”3 Legliz la ede nou men li pa ka kalifye pou nou. Kalifye pou egzaltasyon an vin yon rechèch tout yon lavi.

Kris la òganize Legliz li a pou ede nou. Li aple 15 mesye nou soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè pou gide Legliz la ak ansenye pèp la. Premye Prezidans lan4 ak Kolèj Douz Apot yo5 gen menm pouvwa ak menm otorite,6 avèk Apot pi gran an ki deziye kòm Prezidan Legliz la. Swasanndis yo aple pou ede tou.7 Dirijan yo pa t fikse kondisyon pou egzaltasyon yo. Se Bondye ki te fikse yo! Dirijan sa yo aple pou ansenye, eksplike, egzòte, e menm avèti pou nou ka rete sou wout la.8

Jan yo eksplike nan manyèl enstriksyon an: “Pou reyalize objektif li pou ede moun yo endividyèlman ak fanmi yo kalifye pou egzaltasyon, Legliz la konsantre l sou responsablite Bondye ba li yo. Sa gen ladann ede manm yo viv levanjil Jezikri a, rasanble Izrayèl atravè travay misyonè, pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, epi rann sali posib pou mò yo nan bati tanp ak akonpli òdonans pa pwokirasyon.”9 Kat pwen sa yo ak tout lòt lwa, kòmandman, ak òdonans yo, se pa yon opsyon men yo obligatwa. Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, e nan fè chak bagay sa yo, n ap ajoute so ki nesesè a sou paspò espirityèl nou.

Pandan konferans sa a yo te ansenye nou sou chanjman ki pral ede nou tout vin pi byen prepare.

Fanmi se sant plan Sali a e se petèt pou rezon sa a tou ki fè yo rele l “gran plan bonè a.”10 Prezidan Boyd K. Packer te di: “Objektif final tout aktivite nan Legliz la se pou yon gason ak madanm ni ak pitit li kapab gen kè kontan nan fwaye yo.”11

Prezidan Spencer W. Kimball te di: “Siksè nou, antanke endividyèl e antanke yon Legliz, ap detèmine grandman pa fidelite nou nan viv levanjil la nan fwaye a.”12 Travay tanp ak istwa familial fè pati viv levanjil lan nan fwaye a tou. Sa ta dwe plis yon aktivite familyal olye de yon aktivite Legliz.

Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te remete aksan sou travay tanp ak istwa familyal.13 Reyaksyon nou pou demand sa a ap ogmante lajwa ak bonè nou pèsonèlman e nan fanmi nou.

Nan Doktrin ak Alyans, nou li: “Gade, gran jou Senyè a ap pwoche. … Se poutèt sa, an nou noumenm, kòm yon legliz ak yon pèp, epi kòm Sen Dènye Jou yo, ofri Senyè a yon ofrann nan lajistis; epi an nou prezante nan tanp li an, … yon liv ki gen rejis mò yo, ki diy pou tout akseptasyon.”14

“Liv” sa a ap prepare apati rejis non ak òdonans ki nan baz enfòmasyon Ab Jeneyalojik Legliz la.

Mwen verifye e ajoute dokiman nan baz enfòmasyon sa a paske m vle pou non tout moun mwen renmen yo nan liv la. E noumenm?

Doktrin ak Alyans seksyon 128 di nou: “Paske nou pa kapab vin pafè san [zansèt nou yo]; ni tou yo pa kapab vin pafè san noumenm.”15

Istwa familyal se plis pase jeneyaloji, règleman, non, dat, ak kote. Se plis pase jis voye je sou lepase. Istwa familyal enkli moman prezan an pandan n ap kreye pwòp istwa pa nou. Li enkli demen pandan n ap fòme istwa fiti a atravè desandan nou yo. Paegzanp, yon jèn manman ki pataje istwa sou fanmi li ak foto fanmi li avèk pitit li, se travay istwa familyal l ap fè.

Menmjan avèk pran Sentsèn, asiste reyinyon yo, li ekriti yo, ak fè priyè pèsonèl, istwa familial ak travay tanp dwe yon pratik regilye nan adorasyon pèsonèl nou. Reyaksyon jèn nou yo avèk lòt moun pou envitasyon sa a pwofèt yo te bay la trè enspiran e li pwouve ke travay sa a kapab e ta dwe fèt pa tout manm nan nenpòt ki laj.

Jan Èldè Quentin L. Cook te eksplike: “[Kounyeya] nou gen doktrin nan, tanp yo, ak teknoloji a nan men nou.”16 Li vin pi fasil kounyeya pou nou fè travay la e li limite sèlman pa kantite manm ki ba l priyorite. Travay la toujou mande tan ak sakrifis, men tout moun kapab fè li, e avèk pi plis fasilite konpare a kèk ane anvan yo.

Pou ede manm yo, Legliz la rasanble dokiman epi li bay zouti pou pifò nan travay la kapab fèt nan pwòp lakay nou oubyen nan bilding legliz yo ak nan tanp. Yo retire prèske tout obstak yo. Kèlkeswa imaj ki te nan tèt ou sou lepase, travay la diferan kounyeya!

Men, gen yon baryè Legliz la pa kapab retire. Se ezitasyon chak moun genyen pou fè travay sa a. Tout sa l mande se yon desizyon ak yon ti efò. Li pa mande yon pakèt kantite tan. Jis yon ti tan nou envesti regilyèman ap pèmèt nou goute lajwa ki gen nan travay la. Pran desizyon pou nou fè yon pa annavan, pou nou aprann epi mande lòt moun pou ede nou. Y ap fè l! Non nou jwenn yo e nou pote nan tanp yo ap vin tounen dokiman pou “liv la.”17

Malgre gwo ogmantasyon ki genyen avèk patisipasyon manm yo, nou konstate ke se sèlman kèk manm Legliz la ki regilyèman ap travay pou fè rechèch epi fè òdonans tanp pou fanmi yo.18Sa mande yon chanjman nan priyorite nou yo. Pa lite kont chanjman an, anbrase li! Chanjman fè pati gran plan bonè a.

Travay sa a bezwen fèt, non pa pou benefis Legliz la men pou mò nou yo ak pou tèt pa nou. Noumenm ak zansèt desede nou yo bezwen so yo nan paspò espirityèl nou.

Zafè “liye ansanm nan”19 pou fanmi nou atravè jenerasyon yo kapab fèt sèlman nan tanp pa mwayen òdonans sèlman yo. Etap yo senp: jis chèche jwenn yon non epi pote l nan tanp lan. Avèk letan n ap kapab ede lòt moun fè menm bagay la tou.

Apa kèk grenn eksepsyon, tout moun—tout moun—kapab fè sa!

Gen benediksyon reyèl ki akonpanye travay sa a. Anpil paran ak dirijan enkyete pou sityasyon ki nan mond lan aktyèlman ak enpak sa ka genyen sou fanmi yo ak sou jèn yo.

Èldè David A. Bednar pwomèt: “Mwen envite jèn yo nan Legliz la pou yo aprann kisa Espri Eli a ye epi pou yo chèche santi li. … Mwen pwomèt [ke] n ap jwenn pwoteksyon kont enfliyans plis anplis entans advèsè a. Si nou patisipe nan travay sakre sa a epi nou renmen li, n ap pwoteje pandan jenès nou e pandan tout lavi nou.”20

Frè m ak sè m yo, se moman pou nou retire manchèt nou an nan fouwo li epi mete nou nan travay. Nou pa dwe sakrifye egzaltasyon nou ni egzaltasyon fanmi nou pou bagay ki mwens enpòtan ki enterese nou yo.

Sa a se travay Bondye, ki dwe fèt pa manm yo ak moun ki pa manm yo tou, jèn kou granmoun, gason kou fi.

Pou fini, m ap li premye kouplè kantik nimewo 324 la, pandan m ap chanje yon mo ladan:

Leve, O [Sen] Bondye yo!

Fini avèk bagay ki pa enpòtan yo.

Bay tout kè nou, nanm nou, lespri nou ak fòs nou

Pou sèvi Wa tout wa yo.21

Jezikri se Wa a! Mwen temwaye konsènan Li, nan non Jezikri, amèn.