2010–2019
Jiskaske nou rankontre ankò
oktòb 2014


Jiskaske nou rankontre ankò

Se pou nou tout al medite sou verite nou te tande yo, epi se pou yo ede nou vin disip pi vanyan toujou.

Frè m ak sè m yo, nou sot pase de bèl jou ranpli ak mesaj enspire. Kè nou te touche e lafwa nou te fòtifye, sou enfliyans lespri ki te prezan an pandan sesyon konferans sa yo. Pandan n ap fini an, nou remèsye Pè Selès nou an pou pil benediksyon li ba nou yo.

Nou te edifye ak enspire pa bèl mizik yo te prezante nou pandan sesyon yo. Priyè yo te fè yo te mennen nou pi pre syèl la.

Mwen vle eksprime remèsiman sensè tout Legliz la pou Frè nou yo ki te relve nan konferans sa a. N ap sonje yo. Kontribisyon yo nan travay Senyè a te gran anpil e n ap kontinye santi li atravè jenerasyon k ap vini yo.

Se pou nou retounen lakay nou avèk yon rezolisyon nan kè nou pou nou yon tijan pi bon pase nou te ye nan lepase. Se pou nou vin yon tijan pi janti ak pi atansyone. Se pou nou lonje lamen pou nou ede, non sèlman manm parèy nou men moun ki pa manm legliz nou yo tou. Nan relasyon nou avèk yo, se pou nou montre respè pou yo.

Gen moun k ap lite chak jou anba gwo pwoblèm. Annou montre yo nou sousye pou yo, e annou lonje lamen pou ede yo. Si nou youn pran swen lòt, n ap beni.

Se pou nou sonje granmoun yo ak moun ki oblije rete lakay yo. Si nou pran tan pou n vizite yo, y ap konnen ke nou renmen yo ak ba yo valè. Se pou nou suiv kòmandman pou “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo.”1

Se pou nou rete yon pèp ranpli ak onètete ak entegrite, k ap eseye fè sa ki byen tout tan nan tout sikonstans. Se pou nou disip fidèl Kris la, egzanp ladwati, epi konsa na vin “limyè nan mond lan.”2

Frè m ak sè m yo, mwen remèsye nou pou priyè nou fè pou mwen yo. Yo fòtifye mwen e yo soutni m pandan m ap eseye avèk tout kè mwen ak tout fòs mwen pou m fè volonte Bondye pou sèvi Li ak sèvi nou an.

Pandan n ap kite konferans sa a, mwen envoke benediksyon syèl yo sou nou chak. Se pou menm ki abite lwen yo retounen lakay nou ansekirite pou nou jwenn tout bagay annòd. Se pou nou tout al medite sou verite nou te tande yo, epi se pou yo ede nou vin disip ki pi vanyan pase nou te ye anvan konferans sa a te kòmanse a.

Jiskaske nou reyini ankò nan sis mwa, mwen envoke benediksyon Senyè a sou nou, wi, sou nou tout, e mwen fè sa nan non sakre Li—non Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou an—amèn.