2010–2019
Revelasyon kontinèl
oktòb 2014


Revelasyon kontinèl

Nou tout konnen ke jijman lòm ak rezonman lojik li pa sifi pou reponn kesyon ki pi enpòtan yo nan lavi a. Nou bezwen revelasyon nan men Bondye.

Espwa mwen jodia se pou nou tout ka santi lanmou ak limyè ki soti nan Bondye. Gen anpil moun k ap koute jodia ki santi yon bezwen presan pou yo resevwa benediksyon revelasyon pèsonèl sa a nan men Pè Selès eman nou an.

Pou prezidan misyon yo, se kapab yon priyè fèvan pou yo konn kijan pou ankouraje yon misyonè ki gen pwoblèm. Pou yon papa oswa yon manman nan yon kote nan mond lan lagè ap fè raj, se siman yon bezwen dezespere pou konn si pou yo deplase fanmi yo al an sekirite oubyen si pou yo rete kote yo ye a. Dè santèn prezidan pieu ak evèk ap priye jodia pou konn kijan pou yo ede Senyè a sekouri brebi pèdi L yo. E pou yon pwofèt, se gen dwa pou l konnen kisa Senyè a ta renmen l di Legliz la ak yon mond an boulvès.

Nou tout konnen ke jijman lòm ak rezonman lojik li pa ase pou jwenn repons pou kesyon ki pi enpòtan yo nan lavi a. Nou bezwen revelasyon nan men Bondye. E nou pa bezwen revelasyon nan moman tansyon sèlman, men nou bezwen yon flo revelasyon ki konstamman renouvle. Nou pa jis bezwen yon flach limyè ak rekonfò, men nou bezwen benediksyon kominikasyon kontinyèl avèk Bondye.

Egzistans menm Legliz sa a soti nan yon jèn tigason ki te konnen sa ki te vrè. Jèn Joseph Smith te konnen ke, poukont li, li pa tap ka konnen nan ki legliz pou l te antre. Konsa, li te mande Bondye jan liv Jak la te di l te ka fè a. Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la te parèt nan yon boskè pyebwa. Yo te reponn kesyon an ki pa t nan pouvwa Joseph pou l te rezoud la.

Apresa, non sèlman Bondye te aple l pou etabli vrè Legliz Jezikri a, men, pa mwayen bagay sa a, li te retabli pouvwa pou envoke Sentespri a pou revelasyon nan men Bondye kapab vini tout tan.

Prezidan Boyd K. Packer dekri mak fabrik vrè Legliz la nan fason sa a: “Revelasyon kontinèl la andedan Legliz la: pwofèt la resevwa li pou Legliz la; prezidan an pou pieu li, misyon li, oswa kowòm ni; evèk la pou pawas li; papa a pou fanmi li; chak moun pou tèt pa li.”1

Pwosesis mèveye revelasyon sa a kòmanse, fini, e kontinye lè nou resevwa revelasyon pèsonèl. Annou pran Nefi, pitit gason Leyi a, kòm egzanp nou. Papa l te fè yon rèv. Lòt moun nan fanmi Nefi yo te konsidere rèv Leyi a kòm prèv konfizyon mantal li. Rèv la te gen yon kòmandman Bondye te bay pitit gason Leyi yo pou yo te pran gwo risk retounen Jerizalèm pou al chèche plak yo ki te gen pawòl Bondye yo pou yo te ka genyen yo avèk yo nan vwayaj yo a pou al nan tè pwomiz la.

Nou souvan site deklarasyon brav Nefi a lè papa l te mande yo pou yo te retounen Jerizalèm nan. Nou konn pawòl yo: “M prale e [m ap fè] sa Senyè a kòmande a.”2

Ekriti a di nou ke lè Leyi te tande Nefi di pawòl sa yo, li te “kontan anpil.”3 Li te kontan paske li te konnen Nefi te jwenn benediksyon revelasyon ki te konfime li ke rèv li a sete yon vrè kominikasyon l te resevwa nan men Bondye. Nefi pa t di: “M prale e m ap fè sa papa m mande m nan.” Men li te di: “M prale e m ap fè sa Senyè a kòmande a.”

Nan eksperyans pa nou nan pwòp fanmi pa nou, nou konn poukisa Leyi te “kontan anpil” la tou. Lajwa li te soti nan lefèt ke l te konnen Nefi te resevwa yon revelasyon konfiman.

Anpil paran fikse règ familyal pou presize bay yon timoun ki tinedjè lè pou l rantre lakay li aswè. Men, imajine lajwa yon paran ki aprann, jan youn te aprann sa gen kèk semèn nan, ke yon pitit fi ki te fèk kite kay la non sèlman te fikse lè pou tèt pa li men li te respekte jou Saba a jan yo te anseye l lakay li a tou. Revelasyon yon paran gen yon efè dirab sou revelasyon pèsonèl la ki kontinye nan yon timoun.

Manman m siman te konprann prensip revelasyon sa a. Lè m te jènjan, m te konn fèmen pòt dèyè a tou dousman lè m te konn rantre ta nan aswè. M te konn oblije pase devan chanm manman m nan pou m t al nan chanm mwen. Malgre tout efò m pou m te mache dousman, kou m te rive devan pòt chanm li ki te amwatye louvri a, m te toujou tande non mwen, byen dousman: “Hal. Vini m pale w.”

M te konn antre epi chita bò kabann nan. Chanm nan te konn fènwa. Si ou t ap koute, ou t ap panse sete de zanmi ki t ap pale amikalman sou lavi a. Men jiska jodia, sa l te konn di m yo toujou rete nan lespri m avèk menm fòs m santi lè m ap li benediksyon patriyakal mwen.

M pa konn kisa li te konn mande nan lapriyè li lè l te konn ap tann mwen jou swa sa yo. M panse yon pati ladan siman sete pou sekirite mwen. Men m konnen ke li te priye jan yon patriyach fè anvan l bay yon benediksyon. Li priye pou moun nan resevwa pawòl li yo kòm pawòl Bondye, non pa pawòl pa li. Priyè manman m yo pou m te gen benediksyon sa a te egzose. Li nan mond dèzespri a kounyeya e li nan kote sa a depi plis pase 40 tan. Mwen konnen li kontan anpil dèske m te jwenn benediksyon pou m te rekonèt kòmandman Bondye nan sa l te konn di m yo. E m toujou ap kontinye eseye fè sa l te espere m t ap fè yo.

Mwen wè menm mirak revelasyon kontini an nan prezidan pieu ak evèk yo nan legliz la. Epi, jan sa ye nan revelasyon pou moun k ap dirije fanmi yo a, valè revelasyon an depann sou si moun nan y ap dirije a ap resevwa revelasyon pou konfime l la.

M te wè mirak revelasyon sa a apre baraj Rivyè Teton nan Idaho a te kraze a an 1976. Anpil nan nou konn istwa sa k te rive a. Men leson revelasyon kontini yon prezidan pieu te resevwa a ka yon benediksyon pou nou tout nan jou k ap vini yo.

Yo te evakye dè milye moun ki te gen kay yo detwi. Chay la te tonbe sou prezidan pieu lokal la pou l te dirije efè pote sekou yo. M te nan yon klas nan inivèsite Ricks Kolèj la apèn kèlke jou apre katastwòf la. Yon responsab biwo leta pou dezas la te rive. Li menm ak asistan l yo te antre nan gwo sal la kote prezidan pieu a te rasanble evèk yo ak menm pastè lòt legliz yo nan lokalite a. M te la paske m te prezidan kolèj la kote yo te pran swen anpil nan sivivan yo e loje yo sou kanpous la.

Lè reyinyon an te kòmanse, reprezantan biwo leta pou dezas la te kanpe epi l te kòmanse di kisa ki te bezwen fèt, avèk yon vwa otoritè. Apre l te fin bay lis senk ou sis tach li te di ki te esansyèl, prezidan pieu a te reponn: “Nou fè sa deja.”

Apre kèk minit, mesye biwo leta pou dezas la te di: “M panse m ap jis chita pou m ka gade pandan yon ti moman.” Apresa, li menm ak asistan l yo te koute evèk yo ak prezidan kowòm ansyen yo ki t ap bay rapò sou sa yo te fè. Yo te dekri ki direksyon yo te resevwa nan men lidè yo, ke yo te suiv. Yo te pale sou sa yo te santi enspirasyon pou yo te fè tou lè yo te jwenn fanmi nan pwoblèm yo pou yo te ede yo. Li te ta jou sa a. Yo tout te twò fatige pou yo te montre anpil emosyon, sof amou yo pou moun yo.

Prezidan pieu a te bay evèk yo kèk dènye direksyon epi li te anonse lè pou pwochen reyinyon pou bay rapò a, bonè nan demen maten.

Nan demen maten, responsab ekip leta a te rive 20 minit anvan lè yo te prevwa pou reyinyon rapò ak asiyen tach la te kòmanse. M te tande l di prezidan pieu a byen dousman: “Prezidan, kisa w ta renmen mwen menm ak manm ekip mwen yo fè?”

Sa mesye sa a te wè a, se sa m konn wè nan moman detrès ak eprèv toupatou nan mond lan. Prezidan Packer te gen rezon. Prezidan pieu yo resevwa revelasyon kontinèl pou yo ka depase pwòp sajès ak kapasite pa yo. Epitou, Senyè a bay moun prezidan an ap dirije yo yon temwayaj pou konfime ke sa l di yo fè yo soti nan Bondye, atravè Sentespri a, pou vin jwenn yon kretyen vivan enpafè.

M te gen benediksyon pou m te resevwa apèl pou suiv dirijan enspire pandan pifò lavi mwen. Pandan m te trè trè jèn, yo te aple m kòm konseye yon prezidan kowòm ansyen. Apresa m te vin konseye de prezidan distri, konseye yon Evèk Prezidan Legliz la, manm Kolèj Douz Apot yo, e konseye de Prezidan Legliz la. M te gen benediksyon pou m wè moun sa yo resevwa revelasyon e moun ki t ap suiv yo resevwa revelasyon pou konfime l pou yo apresa.

Revelasyon pèsonèl akseptasyon sa a, ke nou tout anvi resevwa a, pa vini fasilman, ni li pa vini senpleman paske nou mande. Senyè a bay règ sa a pou nou ka gen kapasite pou resevwa temwayaj sa yo nan men Bondye a. Se yon gid pou tout moun k ap chèche revelasyon pèsonèl, jan nou ta dwe fè a.

“Se pou zantray ou tou chaje avèk charite pou tout moun, ak pou frè nan lafwa yo, epi se pou vèti gani panse ou san rete; apre sa konfyans ou ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm ou tankou lawouze ki soti nan syèl la.

“Sentespri a ap konpayon ou tout tan.”4

Mesaj sa a gen konsèy pou nou tout. Pa pran santiman amou nou santi pou pwofèt Bondye a alalejè. Kèlkeswa kote m ale nan Legliz la, kèlkeswa moun ki pwofèt la nan monan an, manm yo toujou mande: “Lè w retounen nan biwo Legliz la, tanpri èske w ka di pwofèt la konbyen nou renmen li?”

Sa pi plis anpil pase adorasyon oubyen santiman nou genyen pafwa pou kèk pèsonaj ewoyik admirab. Se yon don Bondye. Gras avèk li, n ap pi fasilman resevwa don revelasyon konfiman an lè pwofèt la pale nan ofis li kòm pwofèt Senyè a. Amou nou santi a se amou Senyè a genyen pou kèlkeswa moun ki pòtpawòl li.

Li pa fasil pou nou santi kontinyèlman paske Senyè a souvan mande pwofèt li yo pou yo bay konsèy ki difisil pou moun aksepte. Enmi nanm nou an ap eseye fè nou santi nou ofanse epi pou nou doute ke pwofèt la te resevwa apèl li nan men Bondye.

Mwen wè kijan Sentespri a ka touche yon kè adousi pou pwoteje yon enb disip Jezikri avèk revelasyon konfiman.

Pwofèt la te voye m konfere pouvwa sakre sèlman an sou yon mesye nan yon ti vil tou piti. Se sèl pwofèt Bondye a ki gen kle pou deside kimoun ki pou resevwa pouvwa sakre Senyè a te bay Pyè, chèf Apot Li a. Mwen te resevwa menm pouvwa sèlman sa a, men se sèlman sou direksyon Prezidan Legliz la m ka konfere li sou yon lòt moun.

Konsa, nan yon sal nan yon chapèl byen lwen Salt Lake, mwen te mete men m sou tèt yon mesye pwofèt la te chwazi pou resevwa pouvwa sèlman an. Men li te montre ke l te pase tout yon lavi ap travay tè pou l te apèn viv. Madanm ni, tou piti, te chita bò kote li. Li menm tou li te montre siy ke l t pase yon lavi travay di bò kote mari li.

Mwen te di pawòl pwofèt la te mande pou m di yo: “Selon delegasyon otorite ak responsablite nan men,” epi m te site non pwofèt la, “ki detni tout kle prètriz yo sou tè a nan epòk sa a, mwen konfere pouvwa sèlman an sou,” epi m te site non li ak non tanp lan kote l ta pral sèvi kòm selè a.

Dlo te koule sou figi li. M te wè madanm ni ap kriye tou. M te tann yo reprann yo. Madanm nan te leve kanpe epi l te avanse sou mwen. Li te gade m epi timidman li te di m li te kontan men li te tris tou. Li te di li te renmen al nan tanp avèk mari li, men kounyeya, li santi ke li pa ta dwe ale avèk li paske Bondye chwazi l pou yon responsablite si siblim ak sakre konsa. Apresa, li te di m rezon k te fè l te santi l pa diy pou l akonpaye mari l nan tanp la se paske li pa t konn li ni ekri.

Mwen te asire li ke mari l t ap santi l se yon onè pou li pou l akonpaye l nan tanp lan paske li gen gwo fòs espirityèl li. Malgre m pa t pale lang nan byen, m te debwouye m pou m te di li ke Bondye te revele l dè bagay ki depase tout enstriksyon terès.

Li te konnen pa don Lespri a ke Bondye te fè mari l li renmen anpil la yon konfyans ekstraòdinè. Li te konnen pèsonèlman ke kle pou bay pouvwa sèlman sa a detni pa yon moun li pa t janm wè men ke l konnen ki se pwofèt vivan Bondye. Li te konnen, san okenn temwen vivan pa t di li, ke pwofèt la te priye sou non mari li. Li te konnen pèsonèlman ke sete Bondye ki te bay apèl la.

Li te konnen tou ke òdonans mari l t apral akonpli yo t ap pral ini moun nan wayòm syèl la pou letènite. Nan lespri li ak nan kè li, li te gen konfimasyon ke pwomès Senyè a te fè Pyè a te toujou kontinye nan legliz la: “Tout sa ou liye sou tè a va liye nan syèl la.”5 Li te konnen sa pèsonèlman, pa revelasyon nan men Bondye.

Annou retounen nan kote nou te kòmanse a. Revelasyon kontini nan legliz la: pwofèt la resevwa li pou legliz la; prezidan an pou pieu li, misyon li, oswa kowòm ni; evèk la pou pawas li; papa a pou fanmi li; chak moun pou tèt pa li.”6

Mwen rann nou temwayaj mwen ke sa se verite. Pè Selès la tande priyè nou, Li renmen nou, e Li konnen non nou. Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye a, e Redanmtè nou. Li renmen nou odela kapasite nou pou nou konprann.

Bondye devèse revelasyon bay pitit Li yo atravè Sentespri a. Li pale avèk pwofèt Li sou tè a, ki jodia se Thomas S. Monson. Mwen temwaye ke li detni ak egzèse tout kle prètriz yo sou tè a.

Pandan n ap koute pawòl moun sa yo Bondye aple pou pale pou li nan konferans sa a, mwen priye pou nou resevwa revelasyon konfimasyon nou bezwen pou nou ka jwenn wout nou nan vwayaj pou retounen lakay nou an ankò a, pou n al demere avèk Li nan yon fanmi ki sele pou tout tan. Nan non sakre Jezikri, amèn.