2010–2019
Jwenn lapè dirab epi konstwi fanmi etènèl
oktòb 2014


Jwenn lapè dirab epi konstwi fanmi etènèl

Se levanjil Jezikri a ki ba nou fondasyon kote nou ka jwenn yon lapè dirab ak konstwi yon fanmi etènèl.

Sou chimen lavi a, gen peryòd bon tan, gen peryòd move tan. Chak prezante difikilte diferan. Fason nou aprann adapte nou avèk chanjman ki vin devan nou yo depann de sou ki fondasyon nou bati. Levanjil Senyè nou ak Sovè nou an ban nou yon fondasyon ki asire e ki solid tou. Li konstwi tikras pa tikras pandan nap resevwa konesans plan etènèl Senyè a pou pitit Li yo. Sovè a se Gran Mèt la. Nou suiv Li.

Ekriti yo temwanye de Li e yo ba nou egzanp jistis pafè pou nou suiv. Nan yon konferans jeneral anvan, m te di manm Legliz yo ke mwen te genyen yon kantite kaye kote manman m te ekri nòt li te konn itilize pou l te prepare leson pou sè Sosyete Sekou l yo. Nòt sa yo toujou aplikab jodia. Youn ladan yo se te yon bagay Charles Edward Jefferson te ekri an 1908 sou karaktè Jezikri. Li di konsa:

“Lè moun kretyen, sa vle di li admire Jezi avèk sitèlman senserite ak fèvè ke li konsakre tout lavi li nan eseye vin tankou Li.

“… Nou ka vin gen konnen kiyès Li ye atravè pawòl Li te pale, atravè bagay li te fè, epi atravè silans Li tou. Nou kapab konnen l tou pa enpresyon ke l te fè premyèman sou zanmi l yo, dezyèmman sou ènmi l yo, e twazyèmman sou tout moun ki tap viv nan menm epòk avèk li yo. …

“Youn nan karakteristik lavi pandan ventyèm syèk la se mekontantman [ak twoub]. …

“… Mond lan aspire a yon bagay, san yo pa menm konn pouki. Richès la la, … [epi] mond lan ranpli ak … envansyon ki fèt pa moun ki entèlijan e plen talan, men … nou [toujou] enkyè, ensatisfè, [epi] dezoryante. … [Si nou ouvri Nouvo Testaman an [nap jwenn pawòl sa yo]: “Vini jwenn mwen epi map ba ou repo, Mwen se pen lavi a, Mwen se limyè mond lan, si yon moun swaf, se pou l vin jwenn mwen pou m ka ba li dlo pou l bwè, Mwen kite lapè mwen avèk nou, nou va resevwa pouvwa, nou va rejwi’” (The Character of Jesus [1908], 7, 11, 15–16).

Gason ak fi yo enfliyanse anpati pa moun yo chwazi pou viv nan mitan yo yo. Moun yo pran kòm egzanp yo, ke yo eseye imite yo enfliyanse yo tou. Jezikri se pi gran Egzanp lan. Sèl fason pou nou jwenn bon jan lapè se leve je nou gade Li epi suiv li.

Ki bagay konsènan Jezikri ki pi enpòtan pou nou menm?

“Moun ki te ekri Nouvo Testaman yo … pa t pote okenn atansyon sou wotè Jezikri, ni rad Li te konn mete, ni kay kote Li te konn viv. Li te fèt nan yon etab, Li te travay kòm chapantye, Li te preche pandan twa zan, e apre sa Li te mouri sou yon kwa. Nouvo Testaman an te ekri pa dèzòm ki te detèmine pou … nou fikse je nou sou [Li]” (The Character of Jesus, 21–22) avèk asirans ke Li se te epi Li se vrè Pitit Gason Bondye a, Sovè ak Redanmtè mond lan.

Mwen kwè gen youn nan parabòl Sovè a patikilyèman aplike pou nou jodia

Yo rapòte li nan Matye chapit 13, kote nou li:

“Men, yon jou lannwit, pandan tout moun t ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen move zèb nan mitan mayi yo. Apre sa, li ale.

“Lè mayi yo fin pouse, yo pran jete zepi. Lè sa a, move zèb la parèt tou.

“Moun ki t ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo soti?

“Li reponn yo: Se yon lènmi m’ ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n al rache move zèb yo?

“Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou.

“Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m a di moun k ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen” (vèsè 25–30).

Ansyen enmi lèzom sa a eseye tout estrateji posib ak imajinab pou l ka plante move zèb nan tout rakwen. Li jwenn yon jan pou li antre menm andedan lakay nou. Move bagay yo nan mond lan vin sitèlman gaye toupatou jodia ke sanble pa gen okenn fason pou vrèman elimine yo. Yo vini atravè kab ak atravè ond rive nan menm aparèy nou envante pou edike nou ak divèti nou yo. Ble a avèk move zèb la grandi ansanm youn akote lòt. Yon moun ki responsab pou jere jaden an dwe mete tout fòs li nan nouri sa ki bon epi fè l vin tèlman fò ak tèlman bèl ke move zèb la pap gen okenn bote ni nan je nou ni nan zòrèy nou. Nou beni anpil kòm manm Legliz Senyè a poutèt nou gen levanjil presye Senyè ak Sovè nou an kòm fondasyon kote nou kapab konstwi lavi nou.

Nan Liv Mòmon an nan 2 Nefi nou li: “Paske gade m di nou si nou antre nan chemen an, e nou resevwa Sentespri a, l ap montre nou tout bagay nou dwe fè” (2 Nefi 32:5).

Nou pa dwe janm kite enfliyans mond lan depase oubyen toufe ti vwa dous sa a.

Asireman, nou jwenn avètisman sou bagay nou pral fè fas yo pandan tan pa nou an. Defi nou se konn kijan pou nou prepare tèt nou pou evenman Senyè a di ki pral rive kanmem yo.

Anpil moun nan sosyete enkyè nou an konprann ke dezentegrasyon fanmi an ap pote sèlman chagren avèk dezespwa nan yon mond twouble. Antanke manm Legliz la, nou gen responsablite pou nou pwoteje ak prezève fanmi kom inite debaz lasosyete ak letènite. Pwofèt yo avèti nou e mete nou angad kont konsekans inevitab ak destriktiv deteryorasyon valè fanmilyal yo.

Pandan ke mond lan kontinye ap gade nou, nou dwe veye pou egzanp nou ka kore ak soutni plan Senyè a te prepare pou pitit Li yo isit la nan mòtalite. Pi gran ansèyman nan tout la se lè nou bay egzanp jis. Fwaye nou dwe yon lye sen pou nou kapab reziste anba presyon mond lan. Sonje ke pi gwo nan tout benediksyon Senyè a vini atravè fanmi jis yo e se fanmi sa yo tou ki resevwa benediksyon sa yo.

Nou dwe kontinye evalye sa nou akonpli kòm paran yo avèk anpil atansyon. Ansèyman ki pi efikas yon timoun kapab janm resevwa nan lavi li, se nan men papa ak manman ki jis yo. An nou gade wòl manman yo dabò. Koute deklarasyon sa a Prezidan Gordon B. Hinckley te fè:

“Fi ki fè yon kay tounen yon fwaye yo fè plis byen pou sosyete a pase sa k ap kòmande gwo lame oubyen k ap dirije gwo konpayi yo. Kimoun ki kapab eksplike ki valè enfliyans yon manman genyen sou pitit li, enfliyans yon granmè sou pitit-pitit li, oswa enfliyans matant yo ak sè yo sou rès fanmi an?

“Nou pa ka kòmanse mezire ni kalkile enfliyans fi ki, nan fason pa yo, konstwi yon vi familyal estab e ki edike jenerasyon ki gen pou vini yo pou yon byen etènèl. Desizyon fi jenerasyon sa yo ap pran yo ap gen konsekans etènèl. M ta renmen sigjere ke manman yo jodia pa gen pi gwo opòtinite ni pi gwo defi pou yo leve pase fè tout sa yo kapab pou fotifye [fwaye] a” (Standing for Something: 10 Neglected Virtues That Will Heal Our Hearts and Homes [2000], 152).

Kounyeya, an nou gade wòl papa yo jwe nan lavi nou:

Papa yo bay benediksyon epi fè òdonans sakre pou pitit yo. Bagay sa yo ap vin tounen evenman espirityèl nan lavi yo.

Papa yo dwe pèsonèlman dirije priyè familyal yo, lekti ekriti yo chak jou, ak sware familyal chak semèn.

Papa yo etabli tradisyon familyal kote yo pèsonèlman enplike nan ede planifye vwayaj vakans ak lòt sòti ki enplike tout manm fanmi an. Timoun yo pap janm bliye souvni moman espesyal sa yo fanmi an pase ansanm nan.

Papa yo dwe pale regilyèman avèk pitit yo grenn pa grenn epi anseye yo prensip levanjil yo.

Papa yo anseye pitit gason yo ak pitit fi yo valè travay epi ede yo fikse bi ki diy nan pwop vi pa yo.

Papa yo trase egzanp sèvis fidèl nan levanjil la.

Frè m yo, se pou nou sonje ke apèl sakre nou genyen kòm papa an Izrayèl la— apèl ki pi enpòtan nou genyen nan letan ak letènite a—se yon apèl yo pap janm relve nan ladann.

Sa gen anpil ane, nan konfereans pye yo, nou te konn pase yon ti fim pou ilistre tèm mesaj nou te konn prezante a. Pandan ennan, ke nou t ap vwayaje nan tout legliz la pou nou te ka asiste nan konferans pieu yo te konn ba nou tach pou nou asiste yo, nou te vin abitye a ti fim nan anpil. Nou te ka resite li pakè. Mesaj la rete nan lespri mwen pandan tout ane sa yo. Se te Prezidan Harold B. Lee ki te pale ladan l e li te rakonte yon istwa sou yon bagay ki te pase lakay pitit fi l la. Istwa te pati konsa:

Yon jou swa, manman nan fwaye a te okipe anpil ap fin mete kèk fwi nan bokal. Finalman, timoun yo te resi pare pou al nan kabann yo epi tout bagay te kal. Li te deside li kapab kòmanse fè sa l te bezwen fè avèk fwi yo. Pandan l te kòmanse kale fwi yo, de ti gason te parèt nan kuizin nan epi yo te di ke yo te pare pou yo priye pou yo al dòmi.

Kòm manman an pa t anvi sispann kale fwi yo, li te di ti gason yo: “Poukisa nou pa annik priye poukont nou aswè a, epi kite manman kontinye kale fwi yo?”

Pi gran nan ti gason yo te kanpe fèm san deplase epi li te mande: “Kisa ki pi enpòtan: lapriyè a oubyen fwi yo?” (Gade Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee [2000], 143–44.)

Pafwa nou twouve nou nan sitiyasyon kote nou gen okazyon pou nou anseye yon timoun yon bagay kap gen gwo efè nan lavi li. Natirèlman, lapriyè pi enpòtan pase fwi. Pou l reyisi nan wòl li, yon bon paran pa janm dwe twò okipe pou l pwofite okazyon pou l anseye pitit li yon leson enpòtan si chans lan prezante.

Mwen gen fèm konviksyon ke, nan tout ane m viv yo, pat janm te gen yon peryòd kote pitit Pè Selès la yo te plis bezwen gide pa men paran fidèl ak devwe konsa. Nou gen yon eritaj bon paran nòb ki abandone prèske tout sa yo posede pou yo ka jwenn yon kote pou elve pitit yo avèk lafwa ak kouraj pou ke jenerasyon apre a kapab gen pi gwo posiblite pase sa yo menm yo te genyen. Nou dwe chèche jwenn menm detèminasyon sa a andedan nou epi simonte difikilte n ap rankontre yo avèk menm espri sakrifis sa a. Nou dwe fè jenerasyon k ap vini yo vin gen yon konfyans pi solid toujou nan ansèyman Senyè ak Sovè nou an.

“Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a” (Elaman 5:12).

Se levanjil Jezikri a ki bay fondasyon sa a kote nou ka jwenn yon lapè dirab ak konstwi fanmi etènèl yo. Konsènan sa mwen temwanye, nan non Senyè nou ak Sovè nou an, amèn.