2010–2019
Gide pou retounen nan fwaye nou an sekirite
oktòb 2014


Gide pou retounen nan fwaye nou an sekirite

Nou gade nan syèl la pou nou ka jwenn sans direksyon enfayib sa a, ki ap pèmèt nou chwazi ak suiv bon wout la.

Frè m yo, nou reyini antanke yon kò Prètriz puisan, isit la nan Sant Konferans lan ak nan plizyè lòt kote nan mond lan. Mwen santi m onore e tou piti pou responsablite sa a m genyen pou adrese nou aswè a. Mwen priye pou Lespri Senyè a avèk mwen pandan m ap fè sa a.

Sa gen swasannkenzan an, jou 14 Fevriye 1939 la, yo t ap selebre yon fèt piblik nan Hamburg, an Almay. Nan mitan bèl diskou, aklamasyon foul moun, ak chan patriyotik, yo te lanse nouvo bato lagè Bismarck la sou Rivyè Elbe la. Bato sa a, ki te pi puisan ki te egziste a, sete yon espektak enpresyonan nan domèn ekipman ak teknoloji. Konstriksyon li te pran plis pase 57.000 plan pou yo te monte kanon 380 milimèt yo sou doub tourèl ki te kòmande pa rada a. Bato a te gen 45.000 kilomèt kab elektrik. Li te mezire plis pase tòn epi blenndaj li te founi sekirite maksimòm. Majestye nan aparans li, enòm nan gwosè li, ak yon puisans pou tire ki te redoutab, yo te konsidere jeyan puisan sa a kòm yon bato ki pa t janm ka koule.

Randevou Bismarck la avèk destine li te rive prèske dezan apre, kote jou 24 Me 1941 an, de bato lagè pi puisan nan Lame Anglè a, Prince of Wales ak Hood la te antre nan batay kont Bismarck la ak bato Alman Prinz Eugen nan. Nan lespas kat minit, Bismarck te voye Hood la nan fon oseyan Atlantik la, ansanm ak tout ekipaj 1.400 moun ni an, sof twa moun ki te chape. Lòt bato Anglè a, Prince of Wales la te sibi gwo domaj epi li te lage sa.

Twa jou apre, bato lagè ak avyon Anglè yo te angaje nan konba kont Bismarck la ankò, plizyè fwa fwa. An totalite, Anglè yo te konsantre fòs 8 bato lagè, 2 pòtavyon, 11 batiman, ak 21 lòt bato nan yon efò pou yo te jwenn puisan Bismarck la pou yo te fè l koule.

Pandan batay sa a, misil apre misil te reyisi bay Bismarck la sèlman ti domaj sipèfisyèl. Èske sete tout bon li pa t ka koule? Epi yon misil te pote yon kou pa chans, ki te bloke gouvènay Bismarckla. Tantativ pou yo te repare l yo pa t reyisi. Avèk kanon ame l yo ak ekipaj la ki te tou pare, Bismarck la te ka sèlman fè gwo wonn tou lantman. Lame ayeryèn puisan Almay la te tou pre poutan. Men Bismarck la pa t ka rive nan sekirite pò kote l te ka sove a. Okenn nan yo pa t ka ofri l refij ki te nesesè a, paske Bismarck la te pèdi kapasite li pou suiv wout ki te planifye a. San gouvènay, san èd, san pò. Lafen an te pwòch. Kanon Anglè yo te lanse tire yo pandan ke ekipaj Alman an te frape e koule bato ki te yon fwa parèt endestriktib la. Vag lanmè Oseyan Atlank yo te toudabò frape sou kote yo epi apresa yo te anglouti ògèy lame Alman an. Bismarck pa t egziste ankò.1

Tankou Bismarck la, nou chak se yon mirak machinri. Men, se pa jeni imen limite ki te kreye nou. Lòm ka envante machin ki pi konplèks yo, men yo pa ka bayo lavi ni pouvwa larezon ak jijman. Bagay sa yo se don divin, ke Bondye sèlman ka bay.

Frè m yo, menmjan ak gouvènay enpòtan yon bato, yo ba nou yon mwayen pou nou detèmine direksyon pou nou pran an. Poto limyè Senyè a ap gide tout moun pandan n ap vwayaje sou lanmè lavi a. Objektif nou se suiv yon wout san detou ki mennen nan bi nou vle atenn nan—ki se wayòm selès Bondye a. Yon moun ki san bi, li tankou yon bato san gouvènay, ki pap janm ka rive nan pò a. Yo ba nou sinyal la: trase pakou nou, regle vwal nou, mete gouvènay nou an pozisyon, epi derape.

Menmjan ak Bismarck puisan an, se konsa sa ye pou lòm tou. Pouse turbine yo ak puisans elis yo initil san direksyon, mobilizasyon enèji, kanalizasyon fòs sa a ki pwodui pa gouvènay envizib la, ki relativman piti nan gwosè li, men absoliman esansyèl nan fonksyon l la.

Papa nou bay solèy la, lalin nan, ak zetwal yo—galaksi selès pou gide maren yo sou wout lanmè yo. Pou nou menm k ap mache sou chemen lavi a, Li bay yon kat klè e Li montre nou wout ki mennen nan destinasyon nou vle rive a. Li avèti nou: pran gad ak detou yo, danje yo, ak pyèj yo. Nou pa kapab kite tèt nou tonbe nan atrap moun ki ta renmen fè nou pèdi yo, chamè plen riz sa yo ki, tout kote, vle pouse nou pou nou peche yo. Men, nou dwe poze pou nou priye; koute ti vwa dous la ki, nan fon nanm nou, raple nou envitasyon janti Mèt la: “Vini, suiv mwen.”2

Men, gen moun ki pa koute, ki pa vle obeyi, ki prefere suiv pwòp chemen pa yo. Twò souvan yo sikonbe anba tantasyon ki antoure nou tout yo e ki ka parèt si atiran yo.

Antanke detantè prètriz, yo mete nou sou tè a nan tan twouble. N ap viv nan yon mond konplèks ki gen kouran konfli toupatou. Konbinezon politik sekwe estabilite nasyon yo, dirijan opresè grape pouvwa, e anpil kouch nan sosyete a sanble yo oprime ajamè, prive de tout opòtinite, e rete avèk yon santiman echèk. Mansonj lèzòm sonnen nan zòrèy nou, epi peche antoure nou.

Responsablite nou se pou nou rete diy pou tout bèl benediksyon Pè Selès nou an gen an rezèv pou nou yo. Kèlkeswa kote nou ale, prètriz la akonpaye nou. Èske nou kanpe nan kote ki sen? Tanpri, anvan nou mete tèt nou ak prètriz nou an andanje nan avantire nou nan kote oubyen patisipe nan aktivite ki pa diy de noumenm oubyen de prètriz nou an, fè yon ti kanpe pou nou panse sou konsekans yo.

Nou menm ki òdone nan prètriz Bondye a, nou kapab fè yon diferans. Lè nou kenbe pite pèsonèl nou e nou onore prètriz nou an, nou vin tounen egzanp ladwati pou lòt moun suiv. Apot Pòl te konseye: “Se pou ou rete yon egzanp pou kwayan yo, an pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan lespri, nan lafwa, nan pite.”3 Li te ekri tou ke disip Kris yo ta dwe “tankou limyè nan mond lan.”4 Egzanp ladwati n ap bay la kapab ede ilimine yon mond k ap plonje nan fènwa san rete.

Anpil nan nou sonje Prezidan N. Eldon Tanner, ki te sèvi kòm konseye kat Prezidan nan Legliz la. Li te yon egzanp ladwati pandan tout karyè li nan endistri, pandan l t ap sèvi nan gouvènman Kanada a, e antanke yon Apot Jezikri. Li te ba nou konsèy enspire sa a: “Anyen pa ka pote pi gwo lajwa ak pi gwo siksè pase viv selon ansèyman levanjil yo. Se pou nou yon egzanp; se pou nou enfliyans benefik.

Li te kontinye: “ Nou chak te preòdone pou akonpli yon travay kòm sèvitè chwazi [Bondye], ke l te twouve kalifye pou l te konfere l pretriz la ak pouvwa pou aji nan non l lan. Toujou sonje ke moun ap tann pou nou gide yo, pou nou enfliyanse lavi moun swa pou byen swa pou mal, epi enfliyans sa a y ap santi li pandan dèjenerasyon apre.”5

Nou jwenn fòs nan verite ki di ke pi gwo fòs nan mond lan jodia se pouvwa Bondye a k ap egzèse atravè lòm nan. Pou nou vwayaje san danje sou lanmè mòtalite a, nou bezwen gidans gran Maren Etènèl sa a—ki se gran Jewova a. Nou leve tèt nou e nou lonje lamen nan syèl la, pou nou ka jwenn èd divin.

Yon egzanp byen koni sou yon moun ki pa t leve tèt li gade anlè se egzanp Kayen, pitit gason Adan ak Èv la. Dote avèk yon gwo potansyèl men paske l te manke volonte, Kayen te kite konvwatiz, lanvi, dezobeyisans, e menm asasina bloke gouvènay pèsonèl sa a ki t ap ka gide l al nan sekirite ak egzaltasyon an. Paske je l te fikse anba pase l te gade anwo, Kayen te tonbe.

Nan yon lòt epòk e anba men yon wa mechan, yon sèvitè Bondye te pase eprèv. Gras ak enspirasyon syèl la, Danyèl, te entèprete ekriti ki te sou mi an pou wa a. Konsènan rekonpans yo te ofri l yo—ki sete yon rad wayal, yon kolye annò, ak pouvwa politik—Danyèl te di: “Ou mèt kenbe kado w yo, e bay yon lòt moun rekonpans ou.”6 Yo te ofri Danyèl gwo richès ak pouvwa, rekonpans ki te reprezante bagay mond lan e non pa bagay Bondye. Danyèl te reziste e li te rete fidèl.

Nan apre, lè Danyèl t ap adore Bondye malgre yon lwa ki te deklare sa entèdi, yo te lage l nan yon twou lyon. Resi biblik la di nou ke nan demen maten, “Yo te rale Danyèl sòti nan twou a, e pa gen okenn tras blese sou li, paske li te kwè nan … Bondye.”7 Nan yon moman bezwen ekstrèm, detèminasyon Danyèl pou l te rete fidèl la te pèmèt li benefisye pwoteksyon divin nan e asire sekirite li. Kalite pwoteksyon ak sekirite sa a kapab pou nou tou si nou menm tou nou rete sou chemen ki mennen nan fwaye etènèl nou an.

Revèy listwa a, tankou grenn sabliye, endike pasaj tan yo. Yon nouvo gwoup aktè okipe sèn lavi a. Pwoblèm epòk nou yo parèt enkyetan anpil devan nou. Toutolon istwa mond lan, Satan toujou travay san rete pou detwi disip Sovè a yo. Si nou sikonbe anba tantasyon l yo—memjan ak puisan Bismarckla—n ap pèdi gouvènay la ki ka gide nou al nan sekirite a. Olyesa, antoure pa sofistikasyon lavi modèn nan, nou dwe leve je nou gade syèl la pou n ka jwenn sans direksyon enfayib sa a, pou nou ka chwazi e suiv bon wout la. Papa nou ki nan Syèl la pap kite priyè sensè nou yo san repons. Si nou chèche èd divin nan, gouvènay nou an, okontrè ak pa Bismarck, la, pap bloke.

Nan vwayaj pèsonèl nou an, se pou nou navige an sekirite sou lanmè lavi a. Se pou nou gen kouraj yon Danyèl, pou nou ka rete vrè e fidèl malgre peche ak tantasyon ki antoure nou yo. Se pou temwayaj nou osi pwofon ak osi solid ke pa Jakòb, frè Nefi a, ki, lè l te konfwonte avèk moun ki t ap chèche pa tout mwayen posib pou te detwi lafwa l la, te deklare: “Yo pa t kapab ebranle m.”8

Frè m yo, avèk gouvènay lafwa a pou gide pasaj nou, nou menm tou n ap jwenn chemen pou nou retounen lakay ansekirite a—lakay al jwenn Bondye, pou nou demere avèk Li etènèlman. Mwen priye pou nou chak kapab fè sa, nan non sakre Jezikri, Sovè nou ak Redanmtè nou, amèn.