2010–2019
Viv selon pawòl Pwofèt yo
oktòb 2014


Viv selon pawòl Pwofèt yo

Pou nou kapak ann akò avèk objektif divin yo, nou soutni pwofèt la epi nou chwazi pou nou viv selon pawòl li yo

Papa nou ki nan syèl la renmen tout pitit Li epi Li vle pou yo konnen epi pou yo konprann plan bonè L la. Se poutèt sa, Li aple pwofèt, ki, pa òdinasyon, resevwa pouvwa ak otorite pou yo aji nan non Bondye pou sali pitit Li yo. Yo se mesaje lajistis, temwen Jezikri ak pouvwa enfini sakrifis ekspyatwa Li a. Yo detni kle wayòm Bondye a sou tè a epi yo otorize akonplisman òdonans sali yo.

Nan veritab Legliz Senyè a, “Pa janm gen ki plis pase yon sèl moun sou tè a an menm tan ki gen pouvwa sa a ak kle prètriz sa yo.”1 Nou soutni Prezidan Thomas S. Monson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè nou. Li revele pawòl Senyè a pou gide ak dirije tout Legliz nou an. Jan Prezidan J. Reuben Clark te eksplike a: “Prezidan Legliz la … se sèl moun ki gen dwa resevwa revelasyon pou Legliz la.”2

Konsènan pwofèt vivan an, Senyè a kòmande pèp Li a nan Legliz sa a:

“Ou dwe koute tout pawòl ak kòmandman li ba ou, lè l resevwa yo, lè l mache nan tout sentete devan m;

“Paske, nou pral resevwa pawòl li, tankou l te soti nan pwòp bouch pa m, nan tout pasyans ak lafwa.

“Paske lè nou fè sa, pòt lanfè yo pap gen viktwa sou nou.”3

Pou nou kapab an amoni avèk objektif divin yo, nou soutni pwofèt la epi nou chwazi pou nou viv selon pawòl li yo.

Epi tou nou soutni konseye Prezidan Monson yo ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè. “Yo gen dwa, pouvwa, ak otorite pou deklare volonte [Senyè a] … , sou direksyon … Prezidan Legliz la.”4 Yo pale nan non Kris la. Yo pwofetize nan non Kris la. Yo fè tout bagay nan non Jezikri. Nan pawòl yo, nou tande vwa Senyè a epi nou santi amou Sovè a. “Epi nenpòt bagay yo pral pale lè Sentespri a anime yo se pral ekriti … ak pouvwa Bondye pou sali.”5 Senyè a Limenm te di: “keseswa pa vwa pa m oubyen vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.”6

Nou rekonesan pou yon Legliz ki “bati sou fondasyon apot ak pwofèt, Jezikri limenm se wòch santral la.”7 Kay Seyè a se yon kay ki gen lòd, e nou kapab toujou konnen ki kote pou nou jwenn repons pou kesyon nou yo oubyen konnen avèk sètitid ki vwa pou nou suiv. Nou pa bezwen “flote pasi pala, pou tout van doktrin voye ale.”8 Bondye revele pawòl Li palentèmedyè sèvitè L Li òdone, “pou pèfeksyonman sen yo, pou travay ministè a, pou edifikasyon kò Kris la: jiskaske nou tout rive nan inite lafwa, ak konesans Pitit Gason Bondye a.”9 Lè nou chwazi pou nou viv daprè pawòl pwofèt yo, nou sou chemen alyans ki mennen nan pèfeksyon etènèl la.

Nan men yon manman san mari ki t ap debat pou fè fanmi l siviv anba yon sezon grangou, nou aprann kisa sa vle di pou nou soutni yon pwofèt. Senyè a te bay pwofèt Eli enstriksyon pou l te ale nan Sarepta, kote li t ap jwenn yon vèv Bondye te kòmande pou nouri li. Lè Eli te rive nan vil la, li te wè vèv la ap ranmase tibwa. Li te rele li e pi l te di: “Tanpri, al chèche yon ti dlo nan yon vè pou mwen, pou m ka bwè.”10

Epi pandan l ta pral chèche dlo a, li te rele l [ankò], epi l te di: “Tanpri, pote yon ti moso pen nan men ou pou mwen.

“Epi fi a te di, menmjan Bondye vivan an se konsa tou m pa gen pen, men m sèlman gen yon ponyen farin nan yon barik, ak yon ti lwil nan yon poban: epi reyèlman, m ap rasanble de ti branch bwa pou m ka al prepare l pou pitit gason m nan avèk mwen, pou nou manje, epi pou nou mouri .”

Elize reponn, Pa pè; ale, epi fè jan ou di m nan; men, fè yon ti pen ladan l pou mwen dabò, epi pote l ban mwen, epri apresa, wa fè youn pou ou menm ak pitit gason w lan.”11

Imajine yon moman difikilte nan sa pwofèt la te mande manman ki te grangou sa a. Sa pa gen okenn dout ke Bondye poutèt pa Li te kapab bay sèvitè fidèl Li a manje. Men, Eli te aji nan non Senyè a, li te fè sa Bondye te òdone l pou l te fè a, pou l te mande yon pitit fi byenneme Bondye pou l sakrifye tout bagay pou l te soutni pwofèt la.

Men, Elize te pwomèt li yon benediksyon pou obeyisans li: “Paske, Senyè Bondye Izrayèl la di, barik farin nan pap fini, ni poban lwil la pap manke lwil tou.”12 Senyè a te bay vèv la posiblite pou l te chwazi pou l kwè ak obeyi pawòl pwofèt la.

Nan yon mond ki menase anba grangou pou jistis ak grangou espirityèl, nou resevwa kòmandman pou nou soutni pwofèt la. Si nou koute, pawòl pwofèt la, epi nou soutni yo epi nou afime yo, nou temwaye ke nou gen lafwa pou nou soumèt nou enbleman anba volonte, ak sajès, ak kalandriye Senyè a.

Nou koute pawòl pwofèt la menm lè li gen dwa parèt derezonab, enkonvenyan, ak deranjan. Daprè sistèm mond lan, suiv pwofèt la se gen dwa yon bagay ki pa popilè, ki politikman pa kòrèk oubyen ki sosyalman pa akseptab. Men, suiv pwofèt la se toujou yon bon bagay. “Paske menmjan syèl la piwo pase tè a, se konsa tou chemen m yo pi wo pase chemen ou yo, epi panse m yo pi yo pase panse ou yo.”13 “Konfye ou nan Senyè a avèk tout kè ou; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou.”14

Senyè a onore e favorize moun k ap koute direksyon pwofèt la ba y yo. Nan ka vèv Sarepta a, obeyi Elize a te sove lavi l ak finalman lavi pitit gason l lan. Jan pwofèt la te pwomèt la: “fi a ak moun lakay li te gen manje pou yo te manje pandan anpil tan … daprè pawòl Senyè a te di palentèmedyè Eli a.”15

Senyè a pran swen moun ki fè l konfyans.”16 Pawòl pwofèt yo se tankou lamán pou nanm nou. Lè nou resevwa yo, nou beni, nou pwoteje, epi nou prezève tanporèlman ak espirityèlman.

Èldè Bruce R. McConkie te ekri ke, atravè pawòl pwofèt yo, “Senyè a revele verite sali yo … sali ki nan Kris la; epi li trase … chemen ki mennen nan lavi etènèl la. … Nan tout epòk, Senyè a bay pèp li direksyon yo bezwen nan moman danje ak peril yo. Epi, asireman, nan jou ki pral vini yo, pral gen moman kote se pral sèlman sajès Bondye, ki pral desann soti nan syèl la, ak soti nan bouch pwofèt li yo, ki pral kapab sove pèp li a.”17

Pou mwen menm, pawòl pwofetik enstriktris nan klas Primè m nan te anseye m yo te ban m yon vizyon sou sa yon maryaj fonde sou alyans te dwe ye. Pawòl pwofèt yo te ban m lafwa ak esperans nesesè a pou m te ka prepare m pou m gen yon fwaye ki gen bonè. Lè m te etidye ansèyman pwofèt yo tout tan, ni ansyen yo ni modèn yo, sa te soutni m pandan ane rèd ki te souvan fatigan yo, kote m te pote, elve, ak okipe sèt timoun. Pawòl pwofèt yo ki nan ekriti yo ak sa yo anseye yo sou chè sa a se pawòl rekonfò, ak amou, ak fòs, ak ankourajman, ki aplike pou nou tout.

Lè nou koute pawòl pwofèt yo, nou bati fwaye nou ak lavi nou sou yon fondasyon ki etènèlman asire, “wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a,  … ; konsa, lè dyab la voye gwo van l yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li pap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan … gouf mizè ak male etènèl la.”18

Nou gen yon chwa pou n fè. Nou ka chwazi pou nou inyore pawòl Kris yo ki pwononse pa sèvitè L li òdone yo, oubyen pran yo alalejè, oubyen pyetine yo, oubyen rebele kont yo. Men, Senyè a anseye ke moun ki aji konsa yo, l ap retranche yo nan pami pèp alyans Li a.19

Si nou li pawòl pwofèt yo epi nou etidye yo, nan espri lapriyè epi avèk lafwa nan Kris la, avèk yon entansyon reyèl, Sentespri a ap pote verite a nan lespri nou ak nan kè nou. Se pou nou louvri zòrèy nou pou nou ka tande, kè nou pou nou ka konprann, ak espri nou pou ke mistè Bondye yo kapab devwale devan je nou.20

Mwen rann temwayaj mwen ke Joseph Smith sete epi l se pwofèt Bondye te aple pou retabli levanjil Jezikri ak prètriz li a sou tè a. Epi m temwaye ke, nan Prezidan Monson, nou dirije pa yon vrè pwofèt Bondye jodia. Se pou nou chwazi pou nou kanpe avèk pwofèt yo, epi viv daprè pawòl yo, jiskaske nou vin ini nan lafwa, pirifye nan Kris la, e ranpli avèk konesans Pitit Gason Bondye a. Nan non sakre Jezikri, amèn.