2010–2019
Rete nan bato a epi kenbe fèm!
oktòb 2014


Rete nan bato a epi kenbe fèm!

Si nou rete konsantre sou Senyè a, nou gen pwomès pou n resevwa yon benediksyon sanzegal.

Dènyèman, yon zanmi m te mennen pitit gason li nan yon vwayaj desann sou Rivyè Kolorado a atravè Canyon Cataract la, ki nan Sidès Uta. Kanyon sa a renome pou 23 kilomèt kouran dlo ajite l yo ki ka patikilyèman danjere.

Pou yo te prepare pou avanti a, yo te byen li sit entènèt Sèvis Pak Natsyonal la, ki gen enfòmasyon enpòtan sou preparasyon pèsonèl ak sou danje kouran ki kache yo.

Nan kòmansman vwayaj la, yon gid rivyè plen eksperyans te repase konsiy sekirite enpòtan yo avèk yo, kote l te mete aksan sou twa règ kle ki t ap pèmèt gwoup la vwayaje ansekirite atravè kouran dlo yo. “Règ nimewo en: rete nan bato a! Règ nimewo de: toujou mete yon jilè sovtaj! Règ nimewo twa: toujou kenbe bato ak demen!” Apresa li te repete ankò, menm avèk plis aksan: “Akote tou lòt bagay, sonje règ nimewo en an: rete nan bato a!”

Ekspedisyon sa a raple m vwayaj nou nan mòtalite a. Laplipa nan nou travèse epòk nan lavi nou kote nou apresye dlo trankil lavi yo. Gen lòt moman menm, nou rankontre kouran dlo danjere ki pratikman konparab avèk sa nou jwenn sou pakou 23 kilomèt la atravè Canyon Cataract la—difikilte ki ka enkli pwoblèm sante fizik ak mantal, lanmò yon moun nou, rèv ak espwa brize, e—gen kèk moun—ki menm mete lafwa yo an kesyon lè y ap fè fas avèk pwoblèm, kesyon, ak dout lavi yo.

Nan bonte Li, Senyè a prevwa èd pou nou tankou yon bato, atik esansyèl tankou jilè sovtaj, ak gid rivyè plen eksperyans ki ba nou gidans ak konsiy sekirite pou ede nou avanse sou rivyè lavi a pou ale nan destinasyon final nou.

Annou pran règ nimewo en an: “Rete nan bato a!”

Prezidan Brigham Young te souvan anplwaye tèm “Bon vye bato Siyon an” kòm yon metafò pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Li te di yon fwa: “Nou nan mitan oseyan an. Yon tanpèt leve, epi, jan maren yo di a, bato a ap redi anpil. Gen yon moun ki di: “M pap rete la a. M pa kwè sa a se “Bato Siyon an.’” ‘Men se nan mitan lanmè a nou ye.’ ‘Sa pa gade m, m pap rete ladan.’ Li retire jilè sovtaj la epi li vole soti nan bato a. Èske l pa pral nwaye? Wi. Se sa k rive moun ki kite legliz sa a. Legliz la se ‘Bon vye bato Siyon an,” annou rete ladan li.”1

Nan yon lòt okazyon, Prezidan Young te di li menm tou li te gen enkyetid pou moun ki te pèdi wout yo pandan yo t ap jwenn benediksyon yo—pandan lavi a te bon pou yo: “Se nan tan kalmi an, lè bon vye bato Siyon an ap navige sou yon briz lejè, [epi] lè tout bagay trankil abò bato a, ke kèk nan frè nou yo vle soti ale nan chaloup yo pou yo ka al fè … yon ti naje, epi genyen ki nwaye, gen lòt dlo a pote ale byen lwen, e genyen ki retounen nan bato a. Annou rete nan bon vye bato a, e l ap mennen nou [ansekirite] nan pò a. Nou pa bezwen enkyete nou.”2

Epi pou fini, Prezidan Young te raple Sen yo: “Se sou bon vye bato Siyon an nou ye. … [Bondye] alatèt li, e L ap rete ladan. … Tout bagay oke. Chante alelouya; paske Senyè a la a. Li dikte, li gide e dirije. Si pèp sa a gen konfyans total nan Bondye yo a, epi yo pa janm bliye alyans yo ni Bondye yo a, L ap gide nou byen.”3

Etandone pwoblèm nou tout ap rankontre jodia, kijan nou ka rete nan Bon vye bato Siyon an?

Men kijan! Nou bezwen yon konvèsyon kontinyèl nan ogmante lafwa nou nan Jezikri ak fidelite nou nan levanjil Li a pandan tout lavi nou—non pa jis yon fwa, men regilyèman. Alma te mande: “Epi, gade kounyeya m ap di nou, frè m yo [ak sè m yo], si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante nan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?”4

Gid rivyè plen eksperyans yo jodia kapab konpare avèk Apot yo ak Pwofèt yo nan legliz la ak dirijan prètriz ak oksilyè enspire nou yo. Y ap ede nou rive nan destinasyon final nou ansekirite.

Dènyèman, m te pale nan yon seminè pou nouvo prezidan misyon yo e m te bay dirijan sa yo konsèy sa a:

“Kenbe je misyon nou an fikse sou dirijan Legliz yo. … Nou pa p janm detounen [nou] ni … nou pa p kapab fè sa tou.

“Epi, lè n ap anseye misyonè nou yo pou yo kenbe je yo fikse sou nou an, anseye yo pou yo pa janm suiv moun ki panse yo pi konn kijan pou jere zafè Legliz la pase … jan Pè Selès la ak Senyè Jezikri ap fè, atravè dirijan prètriz yo ki gen kle pou prezide yo.

“Toutolon ministè m nan, m dekouvri ke moun ki vin pèdi [e] ki plen konfizyon yo se jeneralman moun ki pi souvan … bliye ke lè Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo pale avèk yon sèl vwa, se vwa Senyè a pou epòk la. Senyè a raple nou: ‘Kit se avèk vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la’ [D&A 1:38].”5

Otreman di, yo kite bon vye bato Siyon an—yo tonbe; yo apostazye. Trajikman, yo souvan sibi dè konsekans yo pa t prevwa, tousuit e alontèm, non sèlman pou tèt pa yo men pou fanmi yo tou.

Dirijan lokal nou yo nan legliz la, tankou gid rivyè plen eksperyans yo, te fòme pa eksperyans lavi a; yo fòme e gide pa apot ak pwofèt ak lòt ofisye nan Legliz la; e pi enpòtan toujou, Senyè a Limenm fòme yo.

Nan yon lòt okazyon ane sa a, m te pale avèk jèn adilt yo nan Legliz la nan Kwendfe devosyonèl pou Sistèm Edikatif Legliz la an Me. M te di yo:

“M tande gen kèk moun ki panse ke dirijan legliz yo ap viv nan yon ‘nyaj.’ Sa yo bliye sèke, nou se gason ak fi ki gen eksperyans, e nou viv lavi nou nan anpil kote e nou travay avèk anpil moun tout kalite orijin. Tach aktyèl nou nan legliz la literalman mennen nou sou tout planèt la, kote nou rankontre dirijan politik, relijye, ekonomik, ak imanitè mond lan. Menmsi nou vizite [dirijan nan] Mezon Blanch la nan Washington, D.C. ak dirijan peyi [ak relijye] toupatou nan mond lan, nou vizite fwaye [ak fanmi ak moun] ki pi enb yo sou tè a tou. …

“Si ou byen egzamine lavi nou ak ministè nou, w ap vin pwobableman dakò ke nou wè mond lan e nou fè eksperyans mond lan nan fason ke pa gen anpil moun ki fè l. W ap vin reyalize ke nou viv mwens nan ‘nyaj’ pase anpil moun. …

“…Gen yon bagay sou sajès endividyèl ak sajès kolektif [dirijan yo nan legliz la] ki ta dwe pote rekonfò pou nou. Nou fè eksperyans tout bagay, enkli konsekans diferant règ ak lwa piblik, desepsyon, trajedi, ak lanmò nan pwòp fanmi nou. Nou konsyan de sa k ap pase nan lavi ou.”6

Ansanm avèk règ nimewo en an, jan m aplike l la, sonje règ nimewo de ak twa a: toujou mete yon jilè sovtaj, epi kenbe bato a ak de men. Pawòl Senyè a, jan nou jwenn yo nan ekriti yo ak nan ansèyman apot yo ak pwofèt yo, ba nou konsèy ak direksyon ki, si nou suiv yo, ap aji tankou jilè sovtaj espirityèl e y ap ede nou konn kijan pou nou kenbe bato a ak de men nou.

Nou bezwen vin tankou pitit gason Mozya yo ki te “grandi nan konesans verite a.” Nou ka vin tounen gason ak fi “entèlijan.” Sa kapab akonpli sèlman si nou “fouye ekriti yo avèk dilijans pou nou kapab konnen pawòl Bondye a.”7

Lè n ap sonde ekriti yo ak pawòl pwofèt ak apot pase ak aktyèl yo, nou dwe fokis sou etidye, viv, ak renmen doktrin Kris la.

Anplis de pran abitid pèsonèl pou li ekriti yo, nou bezwen tankou pitit gason Mozya yo epi lage kò nou “nan anpil priyè ak jèn.”8

Sanble ke bagay sa yo ki pa fasilman mezirab yo gen gwo enpòtans. Rete fokis sou bagay senp sa yo, epi evite pou nou vin distrè.

Mwen konnen moun ki pa rete nan bato a ni ki pa kenbe l avèk de men yo nan tan eprèv ak difikilte, oubyen ki pa rete nan bato a pandan tan relativman kalm yo, e mwen wè ke anpil nan yo pèdi fokis yo sou verite esansyèl yo nan levanjil la—kòmanse pa rezon k te fè yo te antre nan legliz la toudabò, rezon k te fè yo te rete totalman angaje ak aktif nan viv prensip levanjil yo e beni lòt moun atravè sèvis konsakre ak devwe yo; ak fason Legliz la te “yon lye nourisman espirityèl ak kwasans’ nan lavi yo.”9

Joseph Smith te anseye verite capital sa a: Prensip fondamantal relijyon nou an se temwayaj apot yo ak pwofèt yo konsènan Jezikri, ‘ke L te mouri, li te antere, epi li te leve ankò nan twazyèm jou a, epi li te monte nan syèl la;’ epi tout lòt bagay yo se sèlman adisyon yo ye, ki fè pati relijyon nou an.”10

Si nou kenbe je nou fikse sou Senyè a, yo pwomèt nou yon benediksyon ki pa gen konparezon: “Se poutèt sa, nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade, Papa a di: N ap gen lavi etènèl.”11

Pafwa, kèk Sen Dènye Jou fidèl ak envestigatè sensè kòmanse konsantre sou “anèks” yo olye de prensip fondamantal yo. Sa vledi, se Satan k ap tante nou pou detounen nou de mesaj senp ak klè levanjil retabli a. Moun ki detounen nan pwen sa yo souvan sispann pran Sentsèn paske yo vin konsantre, preyokipe menm, sou pratik ak ansèyman ki mwens enpòtan.

Gen lòt moun ki konsantre sou kesyon ak dout yo rankontre. Asireman, lefèt ke nou gen kesyon ak dout se pa yon bagay ki an kontradiksyon avèk lefèt ke nou se yon disip devwe. Dènyèman, Konsèy Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te deklare: “Nou konprann ke tanzantan manm Legliz yo gen dwa gen kesyon sou doktrin, istwa, oswa pratik Legliz la. Manm yo toujou lib pou yo poze kesyon sou bagay yo epi onètman chèche jwenn plis konpreyansyon sou yo.”12

Sonje, Joseph Smith li menm te gen kesyon li t ap poze, sa ki te kòmanse Retablisman an. Li t ap chèche epi, tankou Abraram, li te jwenn repons pou kesyon pi enpòtan lavi yo.

Kesyon enpòtan yo fokis sou sa ki pi enpòtan an—plan Pè Selès la ak Ekspyasyon Sovè a. Rechèche nou an dwe fè nou disip ki pi bon, pi dou, pi eman, pi padonan, pi pasyan, e pi devwe. Nou dwe dispoze, jan Pòl te anseye a, pou nou “youn pote fado lòt, epi konsa akonpli lwa Kris la.”13

Youn pote fado lòt vledi ede, soutni, ak konprann tout moun, enkli moun ki malad, ki enfim, ki pòv nan lespri ak kò, moun k ap chèche a e moun ki twouble a, ansanm ak lòt disip-manm tou—enkli dirijan Legliz Senyè a aple pou sèvi pou yon sezon yo.

Frè m ak sè m yo, rete nan bato a, mete jilè sovtaj nou, kenbe bato a ak de men nou. Evite distraksyon! Epi si youn nan nou ta tonbe soti nan bato a, nou pral chèche li, n ap jwenn ni, n ap pran swen li epi n ap mennen li retounen ansekirite sou bon vye bato Siyon an, kote Bondye Papa nou ak Senyè Jezikri alatèt la e ap gide nou byen an, konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young (1997), 82–83.

  2. Brigham Young, “Discourse,” Deseret News, Jan. 27, 1858, 373.

  3. Brigham Young, “Remarks,” Deseret News, Nov. 18, 1857, 291.

  4. Alma 5:26.

  5. M. Russell Ballard, “Mission Leadership” (diskou ki te fèt nan seminè pou nouvo prezidan misyon yo, Jen 25, 2014), 8.

  6. M. Russell Ballard, “Be Still, and Know That I Am God” (Devosyon Sistèm Edikatif Legliz la, Me 4, 2014); lds.org/broadcasts.

  7. Alma 17:2.

  8. Alma 17:3.

  9. Lèt Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo, Jen 28, 2014.

  10. Joseph Smith, Elders’ Journal, July 1838, 44.

  11. 2 Nefi 31:20.

  12. Lèt Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo, Jen 28, 2014.

  13. Galat 6:2.