2010–2019
Mwen konnen bagay sa yo pou tèt pa m
oktòb 2014


Mwen konnen bagay sa yo pou tèt pa m

Aprann pou tèt pa mwen ke levanjil retabli Jezikri a se verite kapab se youn nan eksperyans ki pi bèl ak pi jwaye nan lavi a.

Chè frè m yo, nou toujou enspire pa egzanp pèsonèl Prezidan Thomas S. Monson ak sèvis li nan prètriz la. Sa pa gen twò lontan, yo te mande plizyè dyak: “Kisa nou admire plis lakay Prezidan Monson?” Yon dyak te sonje jan Prezidan Monson, lè li te yon timoun, te konn bay zanmi ki te nan nesesite jwèt li yo. Yon lòt te mansyone kijan Prezidan Monson te konn pran swen anpil vèv nan pawas li a. Yon twazyèm te mansyone ke li te aple kòm apot nan yon laj trè jèn e li te beni anpil moun atravè mond lan. Apresa, yon jènjan te konsa: “Sa m admire plis lakay Prezidan Monson se temwanyaj solid li.”

Annefè, nou tout santi temwanyaj espesyal pwofèt nou an rann sou Sovè a, Jezikri ak angajman li pou toujou swiv enspirasyon Lespri a. Nan chak eksperyans li pataje, Prezidan Monson envite nou pou nou viv levanji la pi byen ak pou nou cheche gen pwòp temwanyaj pa nou epi fòtifye li. Sonje sa l te di sou chè sa a nan yon konferans jeneral: “Pou nou ka vin pi solid e reziste anba tout fòs k ap rale nou nan move direksyon yo … , nou dwe gen pwòp temwanyaj pa nou. Ke nou 12 oubyen 112 zan--- oubyen nenpòt ki laj nan mitan--- nou kapab konnen pou tèt pa nou ke levanjil Jezikri a se verite.”1

Byenke mesaj mwen an aswè a adrese ak moun ki pipre 12 zan pase 112 zan yo, prensip m ap pale yo aplike a nou tout. Pou reponn a deklarasyon Prezidan Monson nan, mwen ta mande: Èske nou chak konnen pou tèt pa nou ke levanjil la vrè? Èske nou kapab di avèk konfyans ke temwanyaj nou se reyèlman pwòp pa nou? M ap site Prezidan Monson ankò: “Mwen rete kwè ke yon temwanyaj solid de Sovè nou an ak levanjil Li a ap … pwoteje nou kont peche ak mechanste ki antoure nou yo. … Si nou poko gen yon temwanyaj sou bagay sa yo, fè tout sa ki nesesè pou nou jwenn youn. Li esansyèl pou nou gen pwòp temwanyaj pa nou, paske temwanyaj lòt moun p ap mennen nou twò lwen.”2

Mwen konnen bagay sa yo pou tèt pa m

Aprann pou tèt pa nou ke levanjil retabli Jezikri a se verite kapab youn nan eksperyans ki pi bèl ak pi jwaye nan lavi nou. Petèt nou dwe kòmanse repoze sou temwanyaj lòt moun yo---kote nou di menmjan ak de mil gèrye yo: “Nou pa doute; manman nou te konn sa.”3 Se yon bon kote pou nou kòmanse, men nou pa dwe rete la sèlman. Pou nou vin solid nan viv levanjil la, pa gen anyen ki pi enpòtan pase resevwa pwòp temwanyaj pa nou epi fòtifye li. Nou dwe kapab deklare, jan Alma te deklare a: “Mwen … konnen bagay sa yo pou tèt pa m.”4

“Epi kòman nou sipoze m konnen yo se verite?” Alma kontinye: “Gade, m ap di nou se Lespri Sen Bondye ki te fè m konnen yo. Gade, m te jene epi m te priye pou anpil jou, pou m te kapab konnen pou tèt pa m. Epi kounyeya, m konnen pou tèt pa m bagay sa yo se verite.”5

Mwen vle wè bagay papa m te wè yo

Menmjan avèk Alma, Nefi te rive konnen verite a pou tèt pa l tou. Apre li te fin tande papa li pale de tout eksperyans espirityèl li yo, Nefi te vle konnen sa papa l te konnen an. Sete plis pase yon senp kiryozite—sete yon bagay li te grangou epi swaf pou li. Malgre li te “trè jèn,” li te gen “gwo dezi pou konnen mistè Bondye yo.”6 Li te anvi “wè, epi tande, epi konnen bagay sa yo, pa pouvwa Sentespri a.”7

Pandan Nefi te “chita ap medite nan kè li: “Lespri a te anpòte l … sou yon mòn ki wo anpil,” Lespri a te mande l: “Kisa w vle?” Repons li te senp: “M vle wè bagay papa m te wè yo.”8 Akoz kwayans pwofon nan kè li ak efò dilijan li, Nefi te jwenn benediksyon pou l te viv yon eksperyans mèveye. Li te resevwa yon temwanyaj sou nesans, lavi ak krisifiksyon Sovè a, Jezikri; Li te wè aparisyon Liv Mòmon an ak Retablisman Levanjil la nan dènye jou yo—tout sa, kòm rezilta dezi sensè li pou l te konnen pou tèt pa l la.9

Eksperyans pèsonèl sa yo avèk Senyè a te prepare Nefi pou advèsite ak difikilte li ta pral rankontre yo. Yo te pèmèt li kanpe solid menm lè lòt moun nan fanmi li te gen difikilte. Li te kapab fè sa paske li te aprann pou tèt pa li epi li te konnen pou tèt pa li. Kòm benediksyon, li te resevwa temwayaj pèsonèl li.

Se pou l mande Bondye

Menmjan avèk Nefi, Pwofèt Joseph Smith limenm tou “te jèn anpil” lè “lespri li te antre nan bonjan refleksyon” apwopo verite espirityèl yo. Pou Joseph, sete yon tan “gran konfizyon,” kote l te antoure avèk mesaj kontradiktwa plen konfizyon apwopo relijyon. Li te vle konnen ki legliz ki te vrè.10 Enspire pa pawòl sa yo nan Bib la: “Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye,”11 li te aji pou tèt pa li pou l te ka jwenn yon repons. Nan yon bèl jou maten nan prentan 1820, li te antre nan yon ti boskè epi li te mete ajenou pou l te priye. Akoz lafwa li e paske Bondye te gen yon travay espesyal pou li pou l te fè, Joseph te resevwa yon vizyon gloriye de Bondye Papa a ak Pirit Gason l lan, Jezikri, epi li te aprann pou tèt pa li kisa pou l te fè.

Èske nou wè nan eksperyans Joseph la yon metòd nou te kapab aplike pou nou jwenn ak ranfòse pwòp temwanyaj pa nou? Joseph te pèmèt ekriti yo penetre fon nan kè li. Li te medite anpil sou yo epi li te aplike yo nan sitiyasyon pa l la. Apresa, li te mete sa l te aprann nan an pratik. Rezilta a sete Premye Vizyon an--- ak tout sa ki te vini apre l yo. Legliz sa a veritabman fonde sou prensip ki di ke chak moun---menm yon ti peyizan 14 zan---kapab “mande Bondye” epi resevwa yon repons priyè yo a.

Konsa kisa yon temwanyaj ye?

Souvan nou tande manm Legliz yo di ke temwanyaj yo sou levanjil la se bagay ki pi presye yo posede. Se yon don sakre Bondye ki vini jwenn nou pa pouvwa Sentespri a. Se asirans pezib ak inebranlab nou resevwa pandan n ap etidye, priye ak viv levanjil la. Se santiman nou resevwa nan men Sentespri a ki rann temwanyaj nan nanm nou ke sa n ap aprann nan ak sa n ap fè a byen.

Gen moun ki ke yon temwanyaj se tankou yon bouton limyè—swa li limenm oubyen li etenn; se swa nou genyen yon temwanyaj, oubyen nou pa genyen. An reyalite, yon temwanyaj se plis tankou yon pyebwa ki pase pa plizyè etap grandi ak devlopman. N ap jwenn kèk nan pyebwa ki pi wo yo sou tè a nan Park National Redwood la nan Lwès Etazini. Lè nou kanpe devan pyebwa jeyan sa yo, sa etonan pou w panse ke yo chak grandi soti nan yon ti grenn semans tou piti. Se menmjan avèk temwanyaj nou. Byenke li kapab kòmanse avèk yon senp eksperyans espirityèl, li grandi epi devlope jou apre jou gras ak nouriti konstan ak lòt eksperyans espirityèl nou fè regilyèman.

Konsa, sa pa etonan ke, lè pwofèt Alma te eksplike kijan nou devlope yon temwanyaj la, li te pale de yon semans ki grandi vin tounen yon pyebwa. Li di: “Si nou fè plas pou yon semans plante nan kè nou, reyèlman si se yon semans reyèl oubyen yon bon semans, si nou pa chase l avèk enkredilite nou, … l ap kòmanse grandi nan kè nou; epi lè nou santi devlopman sa yo, n ap kòmansedi tèt nou konsa--- se kapab yon bon semans oubyen pawòl la bon, paske li kòmanse devlope nanm mwen; wi li kòmanse eklèsi ekonpreyansyon m, wi, li kòmanse gen bon gou pou nou.”12

Men kijan yon temwanyaj souvan kòmanse: avèk santiman sakre ki eklera nou e ki ba nou yon asirans ki demontre nou ke pawòl Bondye a vrè. Toutfwa, osi mèveye ke santiman sa yo ka ye, yo se sèlam kòmansman an. Travay nou pou grandi temwanyaj nou an pa fini---pa plis ke travay nou pa fini lè premye ti jèm nan pouse soti nan tè a si nou vle fè yon gwo pyebwa grandi. Si nou inyore oubyen neglije premye enspirasyon espirityèl sa yo, si nou pa nouri yo nan kontinye li ekriti yo ak priye ak chèche fè plis eksperyans avèk Lespri a, santiman nou yo ap fane epi temwanyaj nou ap diminye.

Jan Alma te di a: “Men si nou neglige plant la, epi nou pa panse pou nou nouri l, reyèlman li pa p fè okenn rasin; epi lè chalè solèy la vin boule l, paske li pa gen rasin, l ap seche, epi n ap rache l voye jete.”13

Nan plizyè ka, temwanyaj nou ap grandi menmjan yon pyebwa grandi: piti piti, prèske envizib, kòm rezilta swen kontinyèl ak efò dilijan nou. Alma pwomèt: “Men si nou nouri pawòl la, wi, nouri plant la pandan li kòmanse grandi, nan lafwa nou, avèk anpil dilijans, epi avèk pasyans, si nou mete espwa nou sou fwi a, l ap pran rasin; reyèlman l ap yon plant k ap devlope pou lavi etènèl.”14

Kounyeya se moman an; jodia se jou a

Pwòp temwanyaj pa m te kòmanse pandan m t ap etidye ak medite sou ansèyman yo ki nan Liv Mòmon an. Lè m te mete ajenou pou m te priye enbleman, Sentespri a te temwanye nan nanm mwen ke sa m t ap li yo sete verite. Premye temwanyaj sa a te tounen yon pouch pou te pouse m gen temwanyaj sou anpil lòt verite nan levanjil la paske, jan Prezidan Monson te ansenye a: “Lè nou konnen Liv Mòmon an se verite, nou otomatikman vin wè ke Joseph Smith te vrèman yon pwofèt epi li te vrèman wè Bondye Papa Etènèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Konsa, nou vin tou nòmalman wè ke levanjil la te retabli nan dènye jou sa yo palentèmedyè Joseph Smith---osibyen ke retablisman Prètriz Aawon an ak Prètriz Mèlkisedèk la.”15 Depi jou sa a, mwen te fè anpil eksperyans sakre avèk Sentespri a ki te reyafime m ke levanjil retabli Jezikri a vrè. Avèk Alma, mwen kapab di avèk asirans ke m konnen bagay sa yo pou tèt pa m.

Jèn zanmi m yo, kounyeya se moman an e jodia se jou a pou nou aprann pou tèt pa nou oubyen vin gen konfimasyon ke levanjil la vrè. Nou chak gen yon travay enpòtan pou nou fè. Pou nou akonpli travay sa a, nou dwe gen lafwa Alma, Nefi, ak jèn Joseph Smith te genyen an pou nou ka jwenn ak devlope pwòp temwanyaj pa nou.

Menmjan ak jèn dyak la m te mansyone anvan an, mwen admire Prezidan Monson pou temwanyaj li. Se menmjan ak pyebwa jeyan an, temwanyaj Prezidan Monson te oblije grandi ak devlope avèk letan. Nou ka vin konnen pou tèt pa nou, menmjan ak Prezidan Monson, ke Jezikri se Sovè a ak Redanmtè mond lan, ke Joseph Smith se pwofèt Retablisman an, osi byen retablisman Prètriz Bondye a. Nou se detantè Prètriz sen sa a. Mwen priye enbleman pou nou aprann bagay sa yo epi konnen yo pou tèt pa nou, nan non sakri Jezikri, amèn.