2010–2019
Rezon nou genyen pou nou espere a
oktòb 2014


Rezon nou genyen pou nou espere a

Yon temwayaj sou esperans redanmsyon an se yon bagay nou pa kapab ni mezire ni konte. Jezikri se sous esperans sa a.

Sa gen plizyè ane, Sè Packer avèk mwen t ale nan Inivèsite Oxford. Nou tap chèche rejis sou yon zansèt mwen nan sèt jenerasyon avan m nan. Direktè Kolèj Kris la nan Oxford la, Dr. Poppelwell, te gen ase jantiyès pou l te mande achivis kolèj la pou l te pote rejis yo. Ladan yo, nan rejis ane 1583 la, nou te jwenn nan zansèt mwen an, John Packer.

Nan ane apre a nou te retounen Oxfòd pou nou t al pote kèk bèl kopi relye triptik la pou libreri nan Kolèj Kris la. Sa te yon ti jan parèt etranj pou Dr. Poppewell. Petèt li te panse ke nou pat vrèman kretyen. Konsa li te rele Omonye kolèj pou l te mande l pou l te resevwa liv yo.

Avan nou te longe ekriti yo bay Omonye a, mwen te ouvri referans pa sijè a epi m te montre l youn nan sijè yo: 18 paj referans, enprime an ti karaktè, yon sèl espas, ki bay yon lis referans sou “JeziKri.” Se youn nan konpilasyon referans ekriti ki pi konplè sou sijè Sovè a ki te janm rasanble nan istwa mond la—yon temwayaj nan Ansyen e Nouvo Testaman an, Liv Mòmon an, Doktryn ak Alyans, ak Pèl Gran Pri a.

Mwen te di li: “kèlkeswa fason ou suiv referans sa yo, youn pa youn, soti anwo pou w desann, liv pa liv, oubyen sijè apre sijè—w ap wè ke yo se yon temwayaj konsistan e plen amoni sou divinite misyon Senyè Jezikri a—nesans li, lavi li, ansèyman li, Krisifiksyon li, Rezirèksyon li, ak Ekspyasyon l la.”

Lè m te fin pataje kèk nan ansèyman sou Sovè a avèk omonye a, atmosfè a te chanje, epi li te fè nou vizite kolèj la, ansanm avèk yon fouy yo te sot fè ki te revele tablo ki te date depi nan epòk Women yo.

Pami referans ki nan Referans pa sijè a, gen sa a ki nan Liv Mòmon an: yon lòt temwayaj konsènan Jezikri: “Epi, anou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, e nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo” (2 Nefi 25:26).

Sovè a te deklare nan pwòp mo pa li: “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a: okenn moun pa ka vin jwenn Papa a, san pase pa mwen menm” (Jan 14:6).

Epi nan Liv Mòmon an li deklare: “Se mwen menm ki te pare depi nan fondasyon mond lan pou m rachte pèp mwen an. M se Jezikri. . ... Tout mond lan ap gec lavi nan mwen pou tout tan, menm tout moun ki kwè nan non m; epi y ap vin tounen pitit gason m ak pitit fi m” (Ether 3:14).

Gen anpil anpil lòt referans nan liv kanonik yo ki pwoklame wòl divin Jezikri kòm Redanmtè tout moun ki te janm fè ak tout moun k ap gen pou fèt nan mòtalite a.

Pa mwayen Ekspyasyon Jezikri a, nou tout rache anba Chit lòm nan, ki te fèt lè Adan ak Èv te manje fwi defandi a nan Jaden Edèn nan, jan yo di nan Korentyen an: “Menmjan tout moun mouri nan Adan an, se konsa tout moun ap vin vivan ankò nan Kris la” (1 Korentyen 15:22).

Liv mòmon an anseye: “Reyèlman, li nesesè pou yon ekspyasyon te fèt  …, san sa, toutmond lan ap peri kanmèm; wi, tout moun fè peche; wi tout moun tonbe epi yo pèdi, epi yo dwe peri si se pat pou ekspyasyon an ki te dwe fèt, … yon sakrifis enfini, yon sakrifis etènèl” (Alma 34:9–10).

Nou gen dwa pa p viv lavi pafè, e nou jwenn pinisyon pou fot nou yo, men anvan nou te vin sou tè a, nou te dakò pou nou te obeyi lwa Bondye yo e aksepte pinisyon lè nou vyole lwa sa yo.

“Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a;

“Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo“ (Women 3:23–24).

Sovè a te fè Ekspyasyon an, ki ba nou mwayan pou nou vin pwòp. Jezikri se Kris resisite a. Nou adore li e nou rekonèt li pou doulè li te soufri pou nou kolektivman an e pou lapenn li te andire pou nou chak endividyèlman an, nan Jaden Jetsemani an ak sou kwa a. Avèk gwo imilite li te aksepte tout bagay avèk yon konpreyansyon etènèl sou wòl ak objektif divin ni.

Moun ki ap repanti epi bliye peche yo ap wè ke bra mizèrikòd li toujou lonje. Moun k ap koute e ki koute pawòl li yo ak pawòl sèvitè l li chwazi yo ap jwen lapè ak konpreyansyon menm nan mitan gwo doulè ak lapenn. Rezilta sakrifis Li a libere nou anba efè peche pou nou tout ka gen kilpabilite nou efase epi santi lespwa.

Si li pa t akonpli Ekspyasyon an, pa t ap gen redanmsyon. Sa ta pral difisil pou nou viv nan mond sa a si nou pata kapab janm jwenn padon pou peche nou, si nou pa t kapab pirifye tèt nou pou nou avanse.

Mizèrikòd ak lagras Jezikri pa limite pou moun ki komèt peche komisyon oswa omisyon sèlman, men li anbrase pwomès lapè etènèl pou tout moun k aksepte li epi suiv li e gade ansèymahn l yo. Mizèrikòd li se remèd puisan, menm pou moun ki blese inosan an.

Dènyèman, m te resevwa yon lèt nan men yon fi ki te di m li te andire gwo soufrans nan lavi li. Li te viktim yon bagay terib, ke li te pale de li san l pa t di kisa l te ye, ke yo te komèt kont li. Li te rekonèt ke l te santi anpil santiman gwo amètim. Nan kòlè li, li te mantalman kriye: “Yon moun dwe peye pou bagay terib sa a.” Nan moman soufrans ak kesyonman ekstrèm sa a, li te ekri ke yon repons imedyat te vini nan kè li: “Gen yon moun ki deja peye.”

Si nou pa konsyan de sa sakrifis Sovè a kapab fè pou nou, nou gen dwa travèse lavi a chaje ak remò dèske nou te fè yon bagay ki pa t bon oubyen nou te ofanse yon moun. Kilpablite ki akonpaye fot nou yo kapab efase. Si nou chèche konprann Ekspyasyon l la, n ap vin gen yon pwofon reverans pou Senyè a, Jezikri, ak misyon divin ni antanke Sovè nou an.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te retabli pou l te simaye atravè tout mond lan konesans sou lavi ak ansèyman Sovè a. Gwo konfernas sa a ap retransmèt pa satelit nan 94 lang pou 102 peyi, men tou, li disponiz sou Entènèt pou tout peyi kote legliz la prezan. Nou gen plis pase 3.000 pieu. Misyonè aplentan nou yo depase 88.000 epi total manm nan legliz la depase 15 milyon. Nimewo sa yo sèvi kòm prèv ke “wòch ki te koupe desann san sekou okenn men an, kontinye woule, epi finalman l ap “ranpli tout tè a” (D&A 65:2).

Men, kèlkeswa gran òganizasyon Legliz la vin gran oubyen kèlkeswa kantite manm ki vin antre legliz la, kèlkeswa konbyen kontinan ak konbyen peyi misyonè nou yo antre oubyen kèlkeswa langaj diferan nou pale, vrè siksè levanjil Jezikri ap mezire pa fòs espirityèl chak manm li yo. Nou bezwen fòs konviksyon n ap jwenn nan kè tout disip lwayal Kris la.

Yon temwayaj lespwa sou redanmsyon an se yon bagay nou pa ka mezire ni konte. Jezikri se sous esperans sa a.

Nou chèche pou nou fòtifye temwayaj jèn moun ak moun grandèt, marye ou pa marye. Nou bezwen anseye levanjil Jezikri a bay gason, fi, ak timoun, nan tout kalite ras ak nasyonalite, kesewa rich oswa pòv. Nou bezwen nouvo konvèti yo ak sa nan pami manm nou yo ki gen desandan pyonye yo. Nou bezwen chèche moun ki egare yo epi ede yo retounen nan twoupo a. Nou bezwen sajès chak moun ak ide ak fòs espirityèl chak moun. Chak manm legliz sa a endividyèlman se yon eleman esansyèl nan kò legliz la.

“Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.

“Nou tout nou te resevwa batèm pou n’ te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. …

“Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò” (1 Korentyen 12:12–14).

Chak manm sèvi kòm yon temwayaj sou lavi ak ansèyman Jezikri yo. Nou nan lagè kont fòs advèsè a, e nou bezwen chak grenn nan nou si nou vle gen siksè nan travay Sovè a ba nou pou nou fè a.

Petèt nou ka panse: “Kisa m ka fè? M se jis yon moun.”

Se sèten ke Joseph Smith te konn santi l poukont li pafwa. Li te leve rive nan grandè, men li te kòmanse kòm yon tigason 14 zan ki te gen yon kesyon: “Ki legliz pou m antre? “(gade Joseph Smith–Istwa 1:10). Lafwa Joseph ak temwayaj li sou Sovè a te grandi menmjan pa nou dwe grandi a: “liy pa liy, presèp pa presèp, yon ti kras isit yon ti kras lòtbò” (2 Nefi 28:30; gade tou D&A 128:21). Joseph te mete l ajenou pou priye, epi ala bèl bagay ki te vin reyalize kòm rezilta priyè sa a ak Premye Vizyon an.

Antanke youn nan Douz Apot yo, mwen rann temwayaj mwen sou Senyè a, Jezikri. Li vivan. Li se Redanmtè nou ak Sovè nou. “Atravè Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove” (Atik Lafwa 1:3). Li prezide sou Legliz sa a. Li pa etranje pou sèvitè l yo. Pandan n ap ale nan lefiti avèk konfidans trankil la, Lespri li ap avèk nou. Pa gen fen nan pouvwa li pou beni ak dirije lavi moun k ap chèche laverite ak lajistis. Mwen rann temwayaj konsènan Li nan non Jezikri, amèn.