2010–2019
Viv byen ankre nan lafwa
Avril 2014


Viv byen ankre nan lafwa

Nou chak ap grandman beni si nou konnen istwa lafwa ak sakrifis ki te mennen zansèt nou yo antre nan Legliz Senyè a.

Mwen renmen istwa legliz la. Petèt menmjan ak anpil nan nou, lafwa m fotifye lè m aprann devouman remakab zansèt nou yo ki te aksepte levanjil la epi te viv byen ankre nan lafwa a.

Sa gen yon mwa, 12.000 jèn nan Distri Tanp Gilbert la nan Arizona te selebre finisman nouvo tanp yo a avèk yon prezantasyon enspiran ki te demontre angajman yo pou yo viv dwat. Tèm selebrasyon yo a sete ”Viv byen ankre nan lafwa.”

Menmjan jèn fidèl sa yo nan Arizona a te fè a, chak Sen Dènye Jou ta dwe pran angajman pou yo “viv byen ankre nan lafwa.”

Pawòl kantik sa a di: “Tous bien ancrés dans la foi de nos pères (nou tout byen ankre nan lafwa zansèt nou yo” (“Vas-tu faiblir, ô jeunesse,” Cantiques, no. 164).

Nou kapab ajoute, “Byen ankre nan lafwa granparan nou yo te cheri a.”

M ap mande tèt mwen si chak nan jèn vayan sa yo nan Arizona a te konnen pwòp istwa pa yo nan Legliz—si yo te konnen istwa sou fason fanmi pa yo te rive vin manm Legliz la. Sa t ap yon bèl bagay si chak sen dènye jou te konnen istwa konvèsyon zansèt yo.

Keseswa ou desandan pyonye ou pa, eritaj lafwa ak sakrifis pyonye Momon yo se eritaj pa ou. Se nòb eritaj Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo.

You nan chapit ki pi bèl nan istwa Legliz la te dewoule lè Wilford Woodruff, yon Apot Senyè a, t ap ansenye levanjil retabli a nan Grand Bretagne an 1840—jis dizan apre etablisman Legliz la.

Wilford Woodruff ak lòt Apot yo te konsantre efò yo sou zòn Liverpool ak Preston, an Angletè, avèk anpil siksè. Èldè Woodruff, ki limenm te vin Prezidan Legliz la nan apre, te toujou ap priye Bondye pou gide li nan travay enpòtan sa a. Priyè l yo te fè l jwenn enspirasyon pou l t ale nan yon lòt zòn pou l te preche levanjil la.

Prezidan Monson te anseye nou ke, lè nou resevwa enspirasyon soti nan syèl la pou nou fè yon bagay—nou dwe fè l tousuit, pa rete tann. Se egzakteman sa Wilford Woodruff te fè. Avèk direksyon klè Lespri a pou l te “ale nan Sid” la, Èldè Woodruff te derape prèske imedyatman epi l te vwayaje al nan yon pati Angletè ki rele Herefordshire—yon zòn agrikòl nan Sid Angletè. Nan kote sa a, li te rankontre yon fèmye pwospè ki te rele John Benbow, ki te akeyi li “avèk kè kontan ak remèsiman” (Wilford Woodruff, nan Matthias F. Cowley, Wilford Woodruff: History of His Life and Labors as Recorded in His Daily Journals [1909], 117).

Yon gwoup plis pase 600 moun, ki te rele tèt yo Frè Ini, t ap “priye pou limyè ak laverite” (Wilford Woodruff, nan Teachings of Presidents of the Church: Wilford Woodruff [2004], 91). Senyè a te voye Wilford Woodruff kòm repons priyè yo.

Ansèyman Èldè Woodruff yo te pote fwi imedyatman, epi anpil te batize. Brigham Young ak Willard Richards t al jwenn ni nan Herefordshire, epi twa Apot sa yo te gen yon siksè remakab.

Nan lespas kèk grenn mwa sèlman, yo te òganize 33 branch pou 541 manm ki te antre nan Legliz la. Travay remakab yo a te kontinye, e finalman prèske tout manm gwoup Frè Ini yo te batize nan Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo.

Gran gran mwen, Hanna Mariah Harris, sete youn nan premye moun ki te koute Wilford Woodruff yo. Li te enfòme mari l, Robert Harris Jr., ke l te tande pawòl Bondye a epi li te gen entansyon batize. Robert pat kontan tande rapò mandanm ni an. Li te di li l t ap akonpanye li nan pwochenn mesaj misyonè Mòmon an t ap bay la, pou li te ka fè l fè respè l.

Li te chita devan nan asanble a, avèk yon rezolizyon fèm pou l pa t kite yo enfliyanse li, e petèt pou l te pase prechè sa a nan betiz. Robert te touche imedyatman pa Lespri, menmjan ak madanm ni. Li te konnen mesaj retablisman an te vrè, epi limenm ak madanm ni te batize.

Istwa lafwa ak devosyon yo a menmjan ak dèmilye lòt: lè yo te tande levanjil la, yo te konnen li te vrè!

Jan ekriti a di a: “Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen” (Jan 10:27).

Lè yo te tande vwa Bèje a, yo te angaje yo totalman pou yo te viv levanjil la ak suiv direksyon pwofèt Senyè a. Pou yo te reponn apèl pou te “rasanble nan Siyon an,” yo te abandone fwaye yo an Angletè, yo te travèse Atlantik la epi yo te vin rasanble avèk Sen yo nan Novou, nan Illinois.

Yo te anbrase levanjil la avèk tout kè yo. Pandan yo t ap eseye etabli yo nan nouvo peyi yo a, yo te patisipe nan konstriksyon Tanp Novou a kote yo te ofri travay yo kòm dim—kote yo te pase yon jou sou dis ap travay nan konstriksyon tanp lan.

Kè yo te brize lè yo te aprann nouvèl lanmò pwofèt byeneme yo a, Joseph Smith, ak frè li, Hyrum nan.

Lè yo te kòmanse pèsekite Sen yo epi yo te fòse yo kite Novou a, Robert ak Mariah te santi yo beni anpil dèske yo te resevwa dotasyon yo nan tanp lan, yon ti tan anvan yo te travèse Rivyè Misisipi a pou pran direksyon Lwès la. Malgre yo pat konnen sa demen t ap pote pou yo, yo te sèten de lafwa yo ak temwanyaj yo.

Avèk 6 timoun, yo te patoje nan labou pou yo te travèse Iowa pou yo t ale nan Lwès la. Yo te bati yon ti kabin bò kote Rivyè Misouri a, ki te vin rele Winter Quarters.

Bann pyonye vanyan sa yo t ap tann direksyon apostolik pou yo te konnen kijan ak kilè yo ta pral dirije ale pi lwen nan Lwès la. Plan tout moun te chanje lè Brigham Young, Prezidan Kolèj Douz yo, te lanse yon apèl pou tout gason yo te pòte yo volontè pou sèvi nan lame Etazini an nan sa ki te vin rekoni kòm Batayon Mòmon an.

Robert Harris Jr. sete youn nan 500 gason pami pyonye Mòmon yo ki te reponn apèl Brigham Young sa a. Li te anwole, malgre sa te vle di l tap oblije kite madanm ni tou ansent avèk sis timoun piti.

Poukisa limenm ak lòt mesye yo te fè yon bagay konsa?

N ap jwenn repons lan nan pwòp pawòl aryè gran papa mwen. Nan yon lèt li te voye bay madanm ni lè batayon an te fè yon brèf kanpe toupre Santa Fe, li te ekri: “Lafwa m vin pi solid [e lè m panse ak sa Brigham Young te di nou yo], mwen kwè li menmjan tankou sete Gran Bondye a Limenm ki te di m yo.”

Anbrèf, li te konnen sete yon pwofèt Bondye li t ap koute, menmjan ak lòt mesye yo. Sepoutèt sa yo te fè sa a! Yo te konnen se yon pwofèt Bondye ki t ap dirije yo.

Nan menm lèt sa a, li te eksprime santiman tandrès li pou mandanm ni ak timoun yo epi li te pale yo de priyè li t ap fè tout tan pou limenm ak timoun yo te beni.

Piba nan lèt la, li te fè deklarasyon pwisan sa a: “Nou pa dwe bliye bagay oumenm avèk mwen te tande ak [wè] yo nan Tanp Senyè a.”

Konbine avèk premye temwanyaj li anvan an ke “nou dirije pa yon Pwofèt Bondye a,” de rekòmandasyon sakre sa yo te vin tounen pawòl ekriti pou mwen.

Dizuit mwa apre depa li avèk batayon an, Robert Harris te retounen reyini avèk madanm byeneme l la, Maria. Yo te rete byen ankre e fidèl nan levanjil retabli a pandan tout lavi yo. Yo te gen 15 pitit, 13 nan yo te viv jis yo granmoun. Grann mwen, Fannye Walker, ki soti Raymond, nan Alberta, nan Canada, sete youn nan 136 pitit pitit li yo.

Grann Walker te fyè anpil palefèt granpapa li te sèvi nan Batayon Mòmon an, e li te vle tout pitit pitit li yo konn sa. Kounyeya m se yon granpapa, mwen konprann poukisa sa te enpòtan pou li konsa a. Li te vle tounen kè timoun yo vè papa yo. Li te vle pitit pitit li yo konnen eritaj yo—paske li te konnen sa t ap beni lavi yo.

Plis nou santi nou konekte avèk zansèt nou yo, se plis n ap gen tandans pou nou bon fè chwa ki saj.

Epi se konsa. Nou chak ap beni anpil si nou konn istwa lafwa ak sakrifis ki te mennen zansèt nou yo nan Legliz Senyè a.

Depi premye fwa Robert ak Mariah te tande Wilford Woodruff ap ansenye ak temwanye sou Retablisman levanjil la, yo te konnen levanjil la te vrè.

Yo te konnen kèlkeswa eprèv oubyen difikilte ki t ap vini, yo t ap beni si yo te byen ankre nan lafwa. Se prèske kòmsi yo te tande pawòl pwofèt aktyèl nou an, ki di konsa: “Okenn sakrifis pa twò gwo … pou nou ka resevwa benediksyon tanp [yo]” (Thomas S. Monson, “The Holy Temple—a Beacon to the World,” Ensign oswaLiahona, Me 2011, 92).

Sou pyès kòb de liv Grande Bretagne nan, yo ekri nan yon bò: “Kanpe sou zepòl jeyan yo.” Lè m ap panse ak gwo zansèt pyonye nou yo, m santi nou tout kanpe sou zèpòl Jeyan.

Byenke egzòtasyon sa a soti nan yon lèt Robert Harris, mwen kwè anpil lòt zansèt t ap voye menm mesaj la bay pitit yo ak pitit pitit yo: Premyèman, nou pa dwe janm bliye eksperyans nou fè nan tanp lan, ni bliye pwomès ak benediksyon nou chak ap resevwa gras ak tanp lan. Dezyèmman, nou pa dwe janm bliye ke nou dirije pa yon pwofèt Bondye.

Mwen temwanye ke nou vrèman dirije pa yon pwofèt Bondye. Senyè a te retabli Legliz Li a nan dènye jou yo palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, e nou pa dwe janm bliye ke nou te toujou dirije pa yon chenn pwofèt Bondye ki pa janm kase, soti nan Joseph pase pa Brigham e atravè chak Prezidan Legliz ki te suiv yo jiska pwofèt nou jodia—Thomas S. Monson. Mwen konnen li, mwen onore li, e mwen renmen li. Mwen temwanye li se pwofèt Senyè a sou tè a jodia.

Mwen vle ak tout kè mwen pou, ansanm avèk pitit mwen ak pitit pitit mwen yo, nou onore eritaj ladwati zansèt fidèl nou yo—pyonye Mòmon fidèl sa yo ki te dispoze pou yo mete tout bagay sou lotèl sakrifis la pou defann Bondye yo a ak lafwa yo. Mwen priye pou nou chak vin viv byen ankre nan lafwa paran nou yo te cheri a. Nan non sakre Jezikri, amèn.