2010–2019
Rekonesan nan tout sikonstans
Avril 2014


Rekonesan nan tout sikonstans

Èske nou pa gen tout rezon pou n ranpli avèk rekonesans, nan kèlkeswa sitiyasyon nou twouve nou ye?

Atravè ane yo, m te gen okazyon sakre pou m te rankontre anpil moun chagren yo te sanble l rive jis nan pwofondè nanm yo. Nan moman sa yo, m te koute frè ak sè byeneme m yo e m te gen lapenn pou yo poutèt fado yo. Mwen te konn reflechi sou sa pou m ta di yo, e lite pou m te konn kijan pou rekonfòte yo ak soutni yo nan eprèv yo.

Souvan chagren yo a koze pa sa ki parèt kòm fen yon bagay pou yo menm. Genyen k ap fè fas ak fen yon relasyon avèk yon moun yo te atache, tankou lanmò yon moun yo renmen oswa separasyon avèk yon manm fanmi. Gen lòt ki santi y ap fè fas ak fen lespwa—lespwa pou yo ta marye oswa pou yo fè pitit oswa pou yo simonte yon maladi. Gen lòt ankò k ap petèt fè fas ak fen lafwa yo, paske vwa plen konfizyon ak kontradiksyon nan mond lan ap tante yo pou yo remete an kesyon, e menm abandone sa yon fwa yo te konnen ki te vre yo.

Mwen kwè ke, nan yon moman kèlkonk, nou tout fè eksperyans moman kote nou santi tout bagay ap mal mache nan lavi nou, ki fè nou santi nou sèl, desi, e abandone.

Sa ka rive tout moun. Okenn moun pa egzan.

Nou ka rekonesan

Sitiyasyon chak moun diferan, e detay lavi chak moun enkonparab. Men, mwen aprann gen yon bagay ki ka retire amètim ki ka antre nan lavi nou yo. Gen yon bagay nou ka fè pou rann lavi pi dous, pi jwaye, menm mayifik.

Nou ka rekonesan!

Sa gen dwa sonnen kontrè ak sajès mond lan pou m sigjere ke yon moun ki chaje ak changren ta dwe bay Bondye remèsiman. Men moun ki mete boutèy amètim yo akote yo epi ki olyesa leve gode gratitid yo ka jwenn yon dlo gerizon, lapè, ak konpreyansyon pirifyan.

Antanke disip Kris la, yo kòmande nou pou nou “remèsye Senyè Bondye nou an nan tout bagay,”1 pou nou “chante pou Senyè a pou n di l mèsi,”2 epi pou nou “ranpli kè [nou] avèk remèsiman pou Bondye.”3

Poukisa Bondye kòmande nou pou nou rekonesan?

Tout kòmandman l yo, li ba nou yo pou pèmèt benediksyon disponib pou nou. Kòmandman yo se opòtinite pou nou egzèse libabit nou ak pou n resevwa benediksyon. Pè Selès eman nou an konnen ke chwazi pou nou devlope yon espri gratitid ap pote vrè lajwa ak gwo bonè pou nou.

Se pou nou rekonesan pou bagay yo

Men, kèk moun gen dwa di: “Men pou ki bagay pou m rekonesan an pandan m nan tout pwoblèm sa yo?”

Petèt konsantre sou sa pou nou rekonesan pou li a se yon move apwòch. Li difisil pou devlope yon espri rekonesans si remèsiman nou sèlman pwoposyonèl ak kantite benediksyon nou ka konte. Wi, li enpòtan pou nou toujou “konte benediksyon nou yo’—e tout moun ki eseye fè sa konnen yo anpil—men m pa kwè Senyè a vle pou nou mwens rekonesan nan moman eprèv yo pase nan tan abondans ak fasilite yo. Anfèt, pifò nan referans ekriti yo pa pale sou gratitid pou bagay yo, men yo sigjere yon sespri oswa yon atitid gratitid an jeneral

Li fasil pou nou rekonesan pou bagay yo lè lavi sanble l ap mache jan nou vle a. Men e nan moman nou pa ka jwenn sa nou ta vle yo?

Èske m ka sigjere pou nou wè gratitid kòm yon etadespri, yon mòd devi ki endepandan de sitiyasyon n ap viv la? Otremandi, m ap sigjere ke olye nou “rekonesan pou pou choz,” nou “rekonesan pou sitiyasyon nou yo” —kèlkeswa sa yo ye.

Gen yon ansyen istwa sou yon sèvè nan yon restoran ki te mande yon kliyan si l te renmen manje a. Kliyan an te reponn tout bagay te anfòm, men li t ap pi bon si yo ta sèvi plis pen. Nan demen, lè mesye a te retounen, sèvè a te double kantite pen an, li te ba l kat moso pen olye de, men mesye a te toujou pa t satisfè. Nan demen ankò, sèvè a te double kantite pen an ankò, men san siksè.

Nan katriyèm jou a, sèvè a te reyèlman detèmine pou l te fè mesye a kontan. E konsa, li te pran yon pen longè 3 mèt, li te koupe l ande, epi avèk yon souri, li te sèvi kliyan an. Li pa t ka tann reyaksyon mesye a.

Apre repa a, mesye a te leve je li epi l te di, “Sa te bon, kòm dabitid. Men m wè ou retounen sèvi sèlman de moso pen ankò.”

Se pou nou rekonesan nan sitiyasyon nou yo

Frè m ak sè m yo, chwa a nan men nou. Nou ka chwazi pou n limite rekonesans nou, baze sou benediksyon nou santi nou manke yo. Oubyen nou ka chwazi pou nou fè tankou Nefi, ki te toujou rekonesan san febli. Lè frè l yo te mare l sou bato a—ke l te bati pou mennen yo nan tè pwomiz la—je pye l ak ponyèt li te si fè mal ke “yo te anfle anpil” epi yon tanpèt vyolan te menase “anglouti yo nan pwofondè lanmè a. Nefi di: “Men, m te leve tèt bay Bondye m nan, e m te louwe l tout lajounen; epi m pa t plenyen kont Senyè a poutèt afliksyon m yo.”4

Nou kapab chwazi pou nou tankou Jòb, ki te sanble l te gen tout bagay men ki te pèdi tout bagay nan apre. Men Jòb te reponn konsa: “San anyen m te soti nan vant manman m, e san anyen m ap retounen ... : Senyè a bay, Senyè a pran; Mwen beni non Senyè a!”5

Nou ka chwazi pou nou tankou pyonye Mòmon yo, ki te kenbe yon espri gratitid pandan vwayaj lan ak penib pou yo t ale nan Gran Lak Sale a, ki te menm chante ak danse ak rann glwa pou bonte Bondye.6 Anpil nan nou t ap gen tandans pou rale kò nou, plenyen, ak trakase tèt nou pou difikilte vwayaj la.6

Nou ka chwazi pou nou tankou Pwofèt Joseph Smith, ki, pandan l te yon prizonye nan kondisyon mizerab nan Prizon Libète a, te ekri pawòl enspire sa yo: “Chè frè byeneme m yo, se pou nou fè tout sa ki nan pouvwa nou avèk kè kontan; epi apre sa nou kapab kanpe trankil, avèk asirans ki pi solid la, pou nou wè sali Bondye, epi pou bra l kapab aji.”7

Nou ka chwazi pou nou rekonesan, kèlkeswa sa k rive.

Kalite rekonesans sa a ka egziste kèlkeswa sa k ap pase bò kote nou. Li depase desepsyon, dekourajman, ak dezespwa. Li klere osi bèl nan peyizaj glase livè yo ke nan chalè agreyab lete a.

Lè nou rekonesan anvè Bondye nan sikonstans nou yo, nou ka santi yon lapè dous nan mitan tribilasyon. Nan moman doulè, kè nou ka toujou plen louwanj. Nan moman soufrans, nou ka rann glwa pou Ekspyasyon Kris la. Nan moman pwofon chagren, nou ka santi nou pwòch syèl la e santi yon akolad selès.

Pafwa nou panse se apre pwoblèm nou yo fin rezoud pou nou rekonesan, men se pa vre ditou. Nou ka pèdi anpil bagay nan lavi a si n ap tann pou nou wè yon akansyèl anvan nou remèsye Bondye pou lapli.

Rekonesan nan moman detrès pa vle di nou satisfè avèk sitiyasyon n ap viv la. Sa vledi ke atravè je lafwa, nou gade odela pwoblèm n ap travèse yo.

Se pa yon rekonesans nan bouch men youn ki soti nan kè. Se yon rekonesans ki geri kè nou e elaji lespri nou.

Rekonesans se yon zak lafwa

Rekonesan nan sikonstans nou yo se yon zak lafwa nan Bondye. Sa mande pou nou kwè nan Bondye e espere pou bagay nou pa wè men ki vrè.8 Lè nou rekonesan, nou suiv egzanp Sovè byeneme nou an, ki te di: “Se pa volonte pa m, men se volonte pa w, ki pou fèt.”9

Vrè rekonesans se yon ekspresyon esperans ak temwayaj. Li soti nan rekonèt ke nou pa toujou konpran eprèv lavi yo men nou gen konfyans ke yon jou na va konprann.

Nan tout sikonstans, santiman rekonesans nou nouri pa pil verite sakre nou konnen yo: ke Papa nou bay pitit li yo gwo plan bonè a; gras ak Ekspyasyon Pitit Gason l lan, Jezikri, nou ka viv pou tout tan avèk moun ki chè pou nou yo; alafen, n ap vin gen kò gloriye, ki pafè ak imòtèl, ki debarase anba maladi ak andikap; epi dlo tristès ak pèt nou yo pral ranplase pa yon abondans bonè ak lajwa, “nan bon mezi, byen souke, byen foule, k ap debòde.”10

Siman sete kalite temwayaj sa a ki te transfòme Apot Sovè a yo fè yo soti nan moun krentif, ensèten pou vin tounen mesaje jwaye plen kouraj Mèt la. Nan moman apre Krisifiksyon l lan, yo te anvayi pa dezespwa ak doulè, yo pa t kapab konprann sa k te pase a. Men, yon evenman te chanje tout sa. Senyè yo a te parèt devan yo epi li te deklare: “Gade men m ak pye mwen, se mwen menm wi.”11

Lè Apot yo te rekonèt Kris resisite a—lè yo te temwen Rezirèksyon gloriye Sovè byeneme yo a—yo te vin tounen moun diferan. Anyen pa t ka anpeche yo ranpli misyon yo a. Avèk kouraj ak detèminasyon, yo te aksepte move tretman, imilyasyon, e menm lanmò yo t ap gen pou yo resevwa poutèt temwayaj yo.12 Sa pa t anpeche yo louwe ak sèvi Senyè yo a. Yo te chanje lavi moun toupatou. Yo te chanje mond lan.

Nou pa bezwen wè Sovè a, jan Apot yo te wè l la, pou nou fè eksperyans menm transfòmasyon sa a. Temwayaj nou sou Kris la, ki soti nan Sentespri a, kapab ede nou gade odela fen desevan yo nan mòtalite a pou nou wè bèl demen Redanmtè mond lan prepare.

Yo pa t fè nou pou sa ki gen fen

Etandone sa nou konnen sou destine etènèl nou, èske l pa konpreyansib ke lè n ap fè fas ak fen penib lavi yo, yo parèt inakseptab pou nou? Sanble gen yon bagay andedan nou ki pa aksepte fen.

Poukisa? Paske nou fèt avèk materyèl letènite. Nou se èt etènèl, pitit Bondye Toupuisan an, non li se Enfini13 e li pwomèt nou benediksyon etènèl san limit. Fen se pa destine nou.

Plis nou aprann sou levanjil Jezikri a, se plis n ap reyalize ke fen isit la nan mòtalite a se pa fen ditou. Yo se senpleman yon entèripsyon—yon poz tanporè ki yon jou pral parèt piti an konparezon avèk lajwa etènèl k ap tann fidèl yo.

Ala m rekonesan anvè Papa m ki nan Syèl la paske nan plan l la pa gen okenn vrè fen, sèlman kòmansman etènèl.

Moun ki rekonesan yo ap glorifye

Frè m ak sè m yo, èske nou pa gen rezon pou nou ranpli ak rekonesans, kèlkeswa nan sikonstans nou twouve nou?

Èske nou bezwen yon pi gwo rezon pou kite kè nou “ranpli avèk remèsiman pou Bondye”?14

“Èske nou pa gen gwo rezon pou nou rejwi?”15

Ala nou beni si nou rekonèt men Bondye nan bèl tapi lavi a. Rekonesans pou Papa nou ki nan Syèl la elaji pèsepsyon nou ak eklere vizyon nou. Li enspire nou imilite e li devlope santiman konpasyon pou pwochen nou ak pou tout kreyasyon Bondye yo. Rekonesans se yon boustè nan tout kalite kretyen yo! Yon kè rekonesan se papa tout vèti.16

Senyè a ba nou pwomès li ke moun “ki resevwa tout bagay avèk remèsiman, y ap glorifye; epi bagay ki sou tè sa a ap ajoute sou sa [yo] genyen.”17

Se pou nou “viv nan remèsiman chak jou”18—espesyalman pandan fen ki aparaman ineksplikab yo ki fè pati mòtalite a. Se pou nou kite nanm nou ranpli ak rekonesans pou Pè Selès mizèrikòdye nou an. Se pou nou toujou leve vwa nou san rete pou nou montre Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Byeneme l la rekonesans nou an pawòl ak nan aksyon. Pou sa m priye e m kite temwayaj mwen ak benediksyon mwen, nan non Jezikri, amèn.