2010–2019
Jiskaske nou rankontre ankò
Avril 2014


Jiskaske nou rankontre ankò

Se pou Lespri a nou te santi pandan de jou k sot pase yo rete e abite nan nou pandan n apral vake ak okipasyon chak jou nou yo.

Frè m ak sè m yo, ala yon bèl konferans sa te ye! Nou te nouri espirityèlman pandan nou t ap koute pawòl enspire gason ak fi sa yo ki te adrese nou yo. Mizik la te sipèb, mesaj yo te prepare e delivre sou enspirasyon Sentespri a, e priyè yo te mennen nou pi pre syèl la. Nou te edifye nan tout kalite fason pandan n t ap patisipe ansanm nan.

Mwen espere nou pral pran tan pou n li mesaj konferans yo ankò lè yo vin disponib nan LDS.org nan kèlkejou ak lè yo enprime yo nan revi Ensign ak Liahona yo, paske yo merite pou nou repase yo ak etidye yo.

Mwen konnen n ap mete avèk mwen pou eksprime remèsiman sensè nou pou frè ak sè sa yo ki te relve pandan konferans sa a. Yo te byen ranpli apèl yo e yo te pote kontribisyon siyifikan nan travay Senyè a. Devouman yo te total.

Epitou, nou te leve men nou pou n soutni frè ki aple nan nouvo pòs responsablite yo. Nou swete yo byenveni e nou vle yo konnen nou pral kontan sèvi avèk yo nan koz Mèt la.

Lè n ap medite sou mesaj yo nou te tande yo, se pou nou pran rezolisyon pou nou fè yon tijan pi byen pase n te fè nan lepase. Se pou nou byenveyan e eman avèk moun ki pa pataje kwayans nou ak prensip nou yo. Sovè a te pote sou tè a yon mesaj lanmou ak bòn volonte pou tout gason ak tout fi. Se pou nou suiv egzanp li.

N ap fè fas ak anpil difikilte nan mond lan jodia, men mwen asire nou ke Papa nou ki nan Syèl la p ap bliye nou. L ap gide nou e l ap beni nou si nou mete lafwa nou ak konfyans nou nan li e l ap ede nou travèse kèlkeswa difikilte nou rankontre.

Se pou benediksyon syèl yo avèk nou chak. Se pou lakay nou ranpli ak lanmou ak koutwazi e avèk Lespri Senyè a. Se pou nou toujou ap nouri temwayaj nou sou levanjil la, pou yo ka yon pwoteksyon pou nou kont flèch anflame advèsè a. Se pou Lespri a nou te santi pandan de jou sa yo rete e abite avèk nou pandan nou pral vake ak obligasyon chak jou nou yo, se pou nou toujou okipe ap fè travay Senyè a.

Mwen rann nou temwayaj ke travay sa a se verite, Sovè nou an vivan, e l ap gide nou ak dirije nou isit la sou tè a. M ap kite nou avèk temwayaj mwen ak temwayaj ke Bondye Papa Etènèl nou an vivan e li renmen nou. Li se Papa nou, e li se yon moun reyèl. Se pou nou reyalize konbyen li ta anvi pre nou, kisa l dispoze pou fè pou ede nou, ak kijan li renmen nou.

Frè m ak sè m yo, se pou Bondye beni nou. Se pou lapè li pwomèt la avèk nou kounyeya e pou tout tan.

Mwen di nou orevwa jisakske nou rankontre ankò nan sis mwa, e m fè sa nan non Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou an, amèn.