2010–2019
“Si ou renmen mwen, obeyi kòmandman m yo”
Avril 2014


“Si ou renmen mwen, obeyi kòmandman m yo”

Itilize libabit nou pou obeyi vledi chwazi pou nou “fè devwa nou [epi kite] konsekans yo suiv.”

Frè m ak sè m yo, nan tout leson nou aprann nan lavi Sovè a, okenn pa pi klè ak pi puisan pase leson obeyisans lan.

Egzanp Sovè a

Nan konsèy premòtèl la nan syèl la, Lisifè te revòlte kont plan Papa nou ki nan syèl la. Sa ki te swiv Lisifè yo te sispann progresyon etènèl yo---fè atansyon ak kimoun n ap suiv!

Apresa, Jezi te eksprime angajman Li pou obeyi, Li te di, “Papa, se pou volonte ou fèt, epi pou se ou laglwa a pou tout tan.”1 Pandan tout ministè L la, “Li te soufri tantasyon, men Li pat sikonbe anba yo.”2 Anfèt, “Li te [aprann] obeyisans atravè bagay Li te soufri yo.”3

Pa obeyisans li, Sovè a te ekspye peche nou yo, sa ki rann rezirèksyon nou posib e prepare chemen pou nou retounen kote Papa nou ki nan syèl la, ki te konnen nou t apral gen pou fè erè nan aprann obeyisans la nan mòtalite a. Lè nou obeyi, nou aksepte sakrifis Li a, paske “nou kwè, akoz Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove, si yo obeyi lalwa ak kòmandman yo yo bay nan levanjil la.4

Jezi te anseye nou pou nou obeyi nan yon langaj senp ki fasil pou konprann: “Si ou renmen mwen, obeyi kòmandman m yo,”5 epi “Vini, suiv mwen.”6

Lè nou batize, nou “pran non Kris la sou [nou]” epi nou “fè alyans avèk Bondye [pou nou] kapab obeyisan jouk nan finisman lavi [nou].”7 Chak Dimanch nou renouvle alyans batèm sa a lè nou pran Sentsèn epi nou pwomèt ke nou dispoze pou nou respekte kòmandman l yo. Nou mande padon pou tout panse, santiman, oswa aksyon ki pa an amoni avèk volonte Papa nou ki nan syèl la. Epi nou repanti kote nou sispann dezobeyi e nou rekòmanse obeyi ankò, nou montre amou nou pou li.

Kalite obeyisans ki genyen

Pandan nap viv levanjil la, nou pwogrese nan konpreyansyon nou sou obeyisans. Pafwa, nou ka gen tantasyon pou nou pratike sa m rele “obeyisans lòm natirèl,” kote nou rejte lwa Bondye a pa dezobeyisans anfavè sajès nou oubyen dezi nou oubyen menm popilarite nou. Paske si anpil moun grandman pratike li, obeyisans tòdye sa a diminye prensip Bondye yo nan kilti nou ak nan lwa nou yo.

Pafwa manm yo gen dwa patisipe nan “obeyisans selektif,” kote yo pretann yo renmen Bondye e onore li pandan ke y ap chwazi kiyès nan kòmandman l yo ak ansèyman l yo---ak ansèyman ak konsèy pwofèt Li yo---yo pral swiv.

Gen moun ki obeyi selektivman paske yo pa ka pèsevwa tout rezon ki genyen pou yon kòmandman, menmjan timoun pa toujou konprann rezon ki fè paran yo ba yo konsèy ak règ yo. Men, nou toujou konnen pou ki rezon nou swiv pwofèt la, paske sa a se Legliz Jezikri a, e se Sovè a ki dirije pwofèt Li yo nan tout dispansasyon.

Lè konpreyansyon nou sou obeyisans la ap apwofondi, nou rekonèt wòl esansyèl libabit la. Lè Jezi te nan Jaden Jetsemani an, Li te priye Papa Li ki nan syèl la twa fwa, “O Papa, si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.”8 Bondye pa t pase sou libabit Sovè a, men nan mizèrikòd Li, Li te voye yon zanj pou te fòtifye Pitit Gason Byeneme L la.

Sovè a te travèse yon lòt eprèv sou Gòlgota a, kote li te gen dwa rele dè lejyon zanj pou te vin retire L desann sou kwa a, men, Li te chwazi pou L te dosilman pèsevere jiskalafen epi konsa fini sakrifis ekspyatwa l la, byenke sa te vle di gwo soufrans, menm lanmò.

Obeyisans ki espirityèlman gen matirite se “obeyisans Sovè a.” Li motive pa yon veritab amou pou Pè Selès la ak pou Pitit Gason l lan. Lè nou obeyi volontèman, jan Sovè a te fè a, nou cheri pawòl Pè Selès la di yo: “Men Pitit Gason Byenneme m nan, se nan li m pran plezi.”9 Epi nou pa ka tann pou n tande Pè Selès la di nou, lè nou pral prezante devan li: “Se byen, ou menm bon sèvitè fidèl:… antre … nan lajwa Senyè w la.”10

Itilize libabit nou pou nou obeyi vledi chwazi pou nou “fè sa ki byen [epi kite] konsekans la suiv.”11 Sa mande metriz pèsonèl e sa pote konfyans, bonè etènèl, ak yon santiman akonplisman pou nou epi, pa egzanp nou, pou moun ki bòkote nou; e sa toujou enkli yon gwo angajman pèsonèl pou nou soutni dirijan prètriz yo ak swiv ansèyman yo ak konsèy yo.

Konsekans

Lè n ap chwazi si n ap obeyi ou pa, li toujou itil pou nou sonje konsekans chwa nou yo. Èske Lisifè ak patizan l yo te konprann konsekans ki tap genyen nan chwazi pou rejte plan Pè Selès la? Si yo te konnen, poukisa yo te fè yon chwa ki si tèrib konsa? Nou kapab poze tèt nou menm kesyon an: poukisa gen moun pami nou ki chwazi dezobeyi lè yo konnen ki konsekans etènèl peche? Ekriti yo bay yon repons: rezon ki te fè Kayen ak kèk nan pitit Adan ak Èv yo te chwazi dezobeyi a se paske “yo te renmen Satan plis pase Bondye.”12

Amou nou pou Sovè a se kle pou nou obeyi menmjan avèk Sovè a. Lè nou fè efò pou nou obeyisan nan mond jodia, nou deklare amou nou ak respè nou pou tout pitit Papa nou ki nan syèl la yo. Sepandan, li enposib pou amou sa a nou gen pou lòt moun nan modifye kòmandman Bondye yo, ke l ba nou pou byen nou an! Paregzanp, kòmandman ki di, “Nou pa dwe … touye moun, ni fè okenn bagay konsa”13 a fonde sou yon lwa espirityèl ki pwoteje tout pitit Bondye yo, menm sa ki pako fèt yo. Anpil eksperyans nan listwa montre ke, lè nou inyore lwa sa a, gwo tristès vini kòm rezilta. Malgre sa, anpil moun kwè li akseptab pou yo sispann lavi yon timoun ki poko fèt paske se sa yo prefere oubyen yo twouve ki konvnab.

Jistifye dezobeyisans nou pap chanje lwa espirityèl la ni konsekans li yo, men, sa mennen nan konfizyon, enstabilite, sa fè nou egare nan wout etranj, pèdi, sa mennen chagren. Antanke disip Kris la, nou gen yon obligasyon sakre pou nou soutni lwa l yo ak kòmandman L yo ak alyans nou pran sou tèt nou yo.

An Desanm 1831, kèk frè nan Legliz la te resevwa apèl pou yo te ede kalme santiman ostil ki te devlope kont Legliz la. Palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te gide yo nan yon fason ki pat abityèl, ki te menm etonan:

“Konfonn enmi nou yo; rele yo pou yo rankontre nou an piblik, an prive. …

“Se poutèt sa, kite yo pote gwo rezònman yo kont Senyè a.

“…Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere;

“Si nenpòt moun leve vwa l kont nou, l ap tonbe nan konfizyon lè tan pa m nan rive.

“Se poutèt sa, respekte kòmandman m yo; yo vrè epi yo fidèl.”14

Leson nan ekriti yo

Ekriti yo chaje avèk egzanp sou pwofèt ki te aprann leson obeyisans atravè eksperyans pèsonèl.

Yo te anseye Joseph Smith konsekans ki te genyen nan tonbe anba presyon zanmi li ak sekretè li, Martin Harris. Kòm repons pou siplikasyon Martin yo, Joseph te mande Senyè a pèmisyon pou l te prete li 116 premye paj maniskri tradiksyon Liv Mòmon an pou Martin te ka montre fanmi li, men, Senyè a te di Joseph pou l di non. Martin te priye Joseph pou l mande Senyè a ankò. Apre Joseph te mande twa fwa, Senyè a te bay pèmisyon pou senk moun espesifik gade maniskri a. “Nan yon alyans solanèl Martin te pwomèt li t ap suiv kondisyon sa a. Lè l te rive lakay li, epi presyon te tonbe sou li, li te bliye sèman solanèl la epi l te kite lòt moun wè maniskri a, e kòm rezilta, li te pèdi maniskri a akoz riz moun yo.”15 Kòm konsekans, Senyè a te reprimande Joseph epi yo te retire pèmisyon pou l te tradui Li Mòmon an. Joseph te soufri epi l te repanti pou transgresyon l te komèt paske li te soumèt anba presyon lòt moun yo. Apre yon sèten tan, Joseph te vin gen pèmisyon pou l te kontinye travay tradiksyon an. Joseph te aprann yon leson obeyisans valab ki te sèvi l pou tout rès lavi li!

Pwofèt Moyiz te bay yon lòt egzanp. Lè Moyiz te obeyi pou l te pran yon madanm Etyopyen an, Miryam ak Aawon te pale kont li. Men, Senyè a te reprimande yo, Li te di, “Mwen pale avèk [Moyiz] klè.”16 Senyè a te itilize ensidan enkwayab sa a pou anseye manm Legliz yo nan dispansasyon pa nou an. An 1830, Hiram Page te deklare ke li te resevwa revelasyon pou Legliz la. Senyè a te korije li epi l te anseye Sen yo, “Ou dwe obeyisan nan bagay m ap ba li [Joseph] yo, menm jan avèk Aawon,”17 “paske li resevwa yo menmjan avèk Moyiz.”18

Obeyisans pote benediksyon, “epi lè nou resevwa nenpòt benediksyon nan men Bondye, se nan obeyisans lalwa sa a kote benediksyon an tabli a.”19

Moun aprann obeyisans atravè egzanp. Pa fason nou viv, nou anseye pitit nou yo: “aprann lasajès pandan yo jèn; wi, aprann respekte kòmandman Bondye yo pandan w jèn.”20

Obeyisans fè nou vin pwogresivman pifò, pou nou vin plis kapab fidèlman andire tès ak eprèv yo avèk letan. Obeyisans nan Jetsemani an te prepare Sovè a pou l te obeyi ak pèsevere jiskalafen nan Gòlgota a.

Frè ak sè byenneme m yo, pawòl Alma yo eksprime santiman ki nan kè mwen:

“Epi kounyeya, frè byenneme m yo, m ap di nou bagay sa yo pou m kapab fè nou sonje devwa nou devan Bondye, pou nou kapab mache san repwòch devan l. …

“Epi kounyeya, m ta vle pou nou gen imilite, pou nou soumi, e pou nou janti; ... pou nou kenbe kòmandman Bondye yo tout tan avèk dilijans.”21

Mwen rann temwayaj epesyal mwen pou fè konnen Sovè a vivan. Paske li te obeyi, “tout jenou pral pliye, e tout lang pral konfese devan l pou di … Li se [Sovè nou] ].”22 Se pou nou renmen li sitèlman e pou nou kwè nan lafwa si totalman ke nou menm tou, n ap obeyi, respekte kòmandman l yo, epi retounen al viv avèk li pou tout tan nan wayòm Bondye nou an. Se priyè mwen nan non Jezikri, amèn.