2010–2019
Pote chay nou yo alèz
Avril 2014


Pote chay nou yo alèz

Chay pèsonèl nou chak gen nan lavi nou yo ede nou konte sou merit, ak mizèrikòd, ak lagras Mesi ki Sen an.

Mwen gen yon bon zanmi ki, nan premye ane maryaj li, te konvenki li menm ak fanmi l te bezwen yon machin kat wou motris. Madanm ni te konnen yo pa t bezwen li men li te sèlman anvi yon machin nèf. Yon konvèsasyon plen imou ant mari ak madanm sa a te ba yo okazyon pou yo te konsidere avantaj ak dezavantaj yon acha konsa.

“Cheri, nou bezwen yon machin kat wou motris.”

Madanm nan te mande: “Poukisa w panse nou bezwen yon machin nèf?”

Li te reponn kesyon an avèk sa l panse ki te repons pafè a: “E si nou ta bezwen lèt pou timoun yo nan mitan yon terib tanpèt, epi sèl mwayen pou n rive nan makèt la se avèk yon pik-up?”

Madanm nan te reponn avèk yon souri: “Si nou achte yon machin nèf, nou pap gen lajan pou lèt—konsa poukisa pou n sousye de al nan makèt la nan ka ijans!”

Nan apre, yo te kontinye pale sou sa ansanm e finalman yo te deside achte machin nan. Tousuit apre l te fin gen nouvo machin nan, zanmi m nan te vle demontre itilite machin nan, pou fè wè pouki rezon li te vle achte l la. Konsa, li te deside l ta pral koupe bwa pou fè pwovizyon bwa pou chemine lakay yo a. Sete sezon lotòn nan ane a, e nèj te kòmanse tonbe nan mòn kote l te gen entansyon al koupe bwa yo. Amezi l t ap kondui monte mòn nan, nèj la te vin plis anplis anpil. Zanmi m nan te reyalize kondisyon glise wout la te prezante yon risk, men ak gwo konfyans nan nouvo machin nan, li te kontinye avanse.

Malerezman, li t al twò lwen sou wout plen nèj la. Pandan l t ap fè machin nan soti sou wout nan kote l te chwazi pou l te koupe bwa a, li te kole. Tout kat wou nouvo machin nan te patine nan nèj la. Li te vit rekonèt ke l pa t konn kisa pou l te fè pou soti tèt li nan sitiyasyon danjere sa a. Li te anbarase e l te enkyè.

Li te deside: “Bon, m pap jis ret chita bra kwaze.” Li te soti nan machin nan e l te kòmanse koupe bwa. Li te chaje machin nan konplètman avèk chajman bwa lou a. Epi apresa, li te deside eseye yon fwa ankò pou kondui soti nan nèj la. Lè l te antre vitès la epi l te apiye sou akseleratè a, li te kòmanse fè yon ti avanse. Lantman, machin nan te deplase soti nan nèj la e l te retounen sou wout la. Li te finalman lib pou rantre lakay li, plen kontantman ak imilite.

Chay pèsonèl nou

Mwen priye pou m jwenn èd Sentespri a pandan m ap mete aksan sou leson enpòtan nou ka tire nan istwa sa a sou zanmi m nan, machin nan, ak bwa a. Sete chay bwa a ki te bay machin nan kantite pwa l te bezwen an pou l te ka soti nan nèj la, pou retounen sou wout la, e avanse a. Sete chay la ki te pèmèt li retounen al jwenn fanmi li lakay li.

Nou chak ak pote yon chay tou. Chay pèsonèl nou gen demann ak opòtinite, obligasyon ak avantaj, afliksyon ak benediksyon, e opsyon ak kontrent. Gen de kesyon ki ka ede nou lè n ap evalye pwa chay nou tanzantan e nan lapriyè: “Èske chay m ap pote a pwodui pwa espirityèl k ap pèmèt mwen avanse avèk fèmte nan Kris la sou wout etwat e kwense e evite m kole? Èske chay m ap pote a kreye ase fòs espirityèl pou pèmèt mwen finalman retounen lakay al jwenn Pè Selès la?”

Pafwa, nan erè, nou gen dwa panse bonè se absans chay. Men, pote chay se yon pati nesesè ak esansyèl nan plan bonè a. Paske chay endividyèl nou bezwen pwodui fòs espirityèl, nou dwe fè atansyon pou n pa trennen nan lavi nou anpil bagay ki plezan men ki initil, ki ka devye nou e detounen nou sou bagay ki pi enpòtan yo.

Pouvwa fòtifyan Ekspyasyon an

Sovè a te di:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen sou nou, epi pran leson nan men mwen; paske mwen dou e enb nan kè: e konsa na viv ak kè poze.

“Paske jouk mwen fasil, e chay mwen an pa lou” (Matye 11:28–30).

Yon jouk se yon moso bwa yo nòmalman itilize ant de bèf oswa de lòt bèt pou pèmèt yo rale yon chay ansanm. Jouk la kenbe bèt yo kòtakòt pou yo ka deplase ansanm pou yo ka akonpli yon tach.

Ann konsidere envitasyon totalman endividyèl Senyè a bay pou “pran jouk mwen sou nou” an. Lè nou fè ak kenbe alyans sakre yo, sa jouke nou avèk Senyè a, Jezikri. Pratikman, Sovè a envite nou pou nou apiye sou li epi rale chay la ansanm avèk li, menmsi pi bon efò nou yo pa menm egal ni pa ka konpare avèk pa li. Lè nou mete konfyans nou nan li e nou rale chay nou avèk li pandan vwayaj nou nan mòtalite a, jouk li vin vrèman fasil e chay li pa lou.

Nou pa poukont nou e nou pa janm bezwen poukont nou. Nou ka avanse avèk fèmte nan lavi nou chak jou avèk èd nan syèl la. Gras ak Ekspyasyon Sovè a, nou ka resevwa kapasite ak “fòs ki depase pa [nou]” (“Seigneur, je te suivrai,” Cantiques, no. 220). Jan Senyè a te deklare: “Se poutèt sa, kontinye vwayaj ou a epi kite kè ou rejwi; paske, gade, m avèk ou jiskalafen” (D&A 100:12).

An nou konsidere egzanp nan Liv Mòmon an kote Amulon t ap pèsekite Alma ak pèp li a. Vwa Senyè a te fè disip li yo tande l nan afliksyon yo, li te di: “Leve tèt nou, e konsole nou paske m konnen ki alyans nou te fè avèk mwen; m ap fè alyans avèk pèp mwen an, e m ap delivre l anba esklavaj” (Mozya 24:13).

Note wòl alyans yo nan pwomès delivrans lan. Alyans nou resevwa ak respekte avèk entegrite yo ak òdonans ki akonpli pa otorite prètriz apwopriye yo nesesè pou n ka resevwa tout benediksyon ki disponib atravè Ekspyasyon Jezikri a. Paske, nan òdonans prètriz la yo, pouvwa Bondye manifeste pou gason ak fi yo nan lachè, enkli benediksyon Ekspyasyon yo (gade D&A 84:20–21).

Ann raple nou deklarasyon Sovè a: “Paske jouk mwen fasil, epi chay mwen pa lou” (Matye 11:30) pandan n ap konsidere vèsè apre a nan resi Alma a ak pèp li a.

“Epi m ap fè chay ki sou zepòl nou yo vin lejè pou nou pa menm kapab santi yo sou do nou” (Mozya 24:14).

Anpil nan nou panse ekriti sa a sigjere ke y ap retire fado a sou do nou toudenkou e nèt ale. Men, vèsè apre a dekri ki fason fado a te vin lejè a.

“Epi kounyeya, se te konsa, chay ki te sou Alma ak frè l yo te vin lejè; wi, Senyè a te fòtifye yo pou yo kapab pote chay yo alèz, e yo te aksepte avèk kè kontan ak pasyans, tout sa Senyè a te vle” (Mozya 24:15; italik ajoute).

Yo pa t imedyatman retire pwoblèm ak difikilte pèp la te genyen yo. Men Alma ak moun ki t ap suiv li yo te resevwa fòs, epi kapasite yo te ogmante pou te fè chay yo vin lejè. Bon moun sa yo te jwenn fòs atravè Ekspyasyon an pou yo te aji kòm ajan (gade D&A 58:26–29) e fèenpak sou sikonstans yo a. Epi “nan fòs Senyè a” (Pawòl Mòmon 1:14; Mozya 9:17; 10:10; Alma 20:4), Alma ak pèp li a te dirije al nan sekirite peyi Zarahemla a.

Non sèlman Ekspyasyon Jezikri a simonte efè Chit Adan an e rann posib pou n jwenn padon pou peche ak transgresyon nou yo, men tou, Ekpyasyon l lan ba nou kapasite pou nou fè byen e amelyore nan fason ki depase kapasite mòtèl nou. Anpil nan nou konnen lè nou fè sa k pa bon e nou bezwen èd pou simonte efè peche nan lavi nou, Sovè a rann posib pou nou vin pwòp atravè pouvwa redanmtè l la. Men èske nou konprann ke Ekspyasyon an se pou gason ak fi fidèl ki obeyisan, diy, konsyansye, k ap fè efò pou vin pi bon ak sèvi pi fidèlman tou? M ap mande m si nou manke rekonèt pati fòtifyan sa a nan Ekspyasyon an totalman nan lavi nou oubyen si nou fè erè konprann ke nou dwe pote chay nou yo poukont nou— ak fòs detèminasyon nou, volonte nou, ak disiplin nou e avèk kapasite klèman limite nou yo.

Konnen ke Jezikri te vin sou tè a pou mouri pou nou, se yon premye bagay. Men, nou dwe konprann tou ke Senyè a, pa mwayen Ekspyasyon l lan e pa pouvwa Sentespri a, vle vivifye nou—non sèlman pou gide nou men pou fòtifye nou ak geri nou tou.

Sovè a pote pèp li a sekou

Alma eksplike poukisa ak kijan Sovè a ka pote nou sekou:

“Epi li prale pou l soufri lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon; e sa pral fèt pou pawòl la kapab akonpli, pawòl ki te di li pral pran lapenn ak maladi pèp li a sou tèt pa l.

Epi, li pral pran lanmò sou tèt li, pou l kapab lage kòd lanmò ki mare pèp li a; e li pral pran enfimite yo sou tèt pa l, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo” (Alma 7:11–12).

Konsa, Sovè a te soufri non sèlman pou peche nou ak inikite nou—men tou pou doulè ak lapenn fizik nou, feblès ak erè nou, laperèz ak fristrasyon nou, desepsyon ak dekourajman nou, regè ak remò nou, detrès ak dezespwa nou, pou enjistis ak inegalite nou sibi, ak detrès emosyonèl k ap aflije nou yo.

Pa gen okenn doulè fizik, okenn blesi espirityèl, okenn angwas nanm oswa chagren, okenn enfimite oswa feblès nou menm avèk mwen ap konfwonte nan mòtalite a ke Sovè a pa t travèse anpremye. Nan yon moman feblès, nou gen dwa kriye: “Okenn moun pa konn kisa sa ye. Okenn moun pa konprann.” Men, Pitit Gason Bondye a pafètman konnen e konprann, paske, li te santi ak pote fado chak grenn moun. Epi, gras ak sakrifis enfini ak etènèl Li a (gade Alma 34:14), li gen konpasyon pafè e li ka lonje bra mizèrikòd li ba nou. Li ka pote nou sekou, touche nou, ede nou, geri nou, e fòtifye nou pou n vin plis pase sa nou ta ka janm ye e ede nou fè sa nou pa ta ka janm fè si nou konte sou pwòp fòs pa nou. Anfèt, jouk li fasil epi chay li lejè.

Yon envitasyon, yon pwomès, ak yon temwayaj

Mwen envite nou pou nou etidye, priye, medite, ak fè efò pou n aprann plis sou Ekspyasyon Sovè a pandan n ap evalye chay pèsonèl nou yo. Gen anpil bagay osijè Ekspyasyon an nou pa ka konprann avèk lespri mòtèl nou. Men gen anpil aspè Ekspyasyon an nou kapab e nou bezwen konprann.

Pou zanmi m nan, chay bwa a te founi fòs pou sove lavi a. Kamyon vid la pa t ka deplase anba nèj la, malgre l te gen kat wou motris. Yon chay lou te nesesè pou te pwodui fòs la.

Sete chay la. Sete chay la ki te bay fòs ki te pèmèt zanmi nan dekole anba nèj la, retounen sou wout la, avanse, epi retounen al jwenn fanmi li.

Fado pèsonèl nou chak genyen nan lavi nou yo ede nou konte sou merit, mizèrikòd, ak lagras Mesi ki Sen an (gade 2 Nefi 2:8). Mwen temwaye e m pwomèt Sovè a ap ede nou pote chay nou yo alèz (gade Mozya 24:15). Si nou jouke nou avèk li atravè alyans sakre yo e n resevwa pouvwa Ekspyasyon L la nan lavi nou, n ap plis anplis chèche konprann ak viv selon volonte li. N ap priye pou nou jwenn fòs pou n pran leson nan men l tou, pou nou chanje, oubyen aksepte sikonstans nou olye nou priye san rete pou Bondye chanje sikonstans nou selon jan nou vle a. N ap vin tounen moun k ap aji olye objè k ap sibi aksyon (gade 2 Nefi 2:14). N ap vin beni avèk fòs espirityèl.

Se pou nou chak fè pi byen nou kapab e vin pi bon gras ak Ekspyasyon Sovè a. Jodia se 6 Avril. Nou konnen pa revelasyon ke jodia se jou egzant nesans Sovè a. 6 Avril se egalman dat Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te òganize. (Gade D&A 20:1; Harold B. Lee, “Strengthen the Stakes of Zion,” Ensign, July 1973, 2; Spencer W. Kimball, “Remarks and Dedication of the Fayette, New York, Buildings,” Ensign, Me 1980, 54; Discourses of President Gordon B. Hinckley, Volume 1: 1995–1999 [2005], 409.) Nan jou Saba sakre espesyal sa a, mwen deklare temwayaj mwen ke Jezikri se Redanmtè nou. Li vivan e l ap pwòpte nou, geri nou, gide nou, pwoteje nou, ak fòtifye nou. Konsènan bagay sa yo mwen temwaye nan non sakre Jezikri, amèn.