2010–2019
Ki kalite moun nou dwe ye?
Avril 2014


Ki kalite moun nou dwe ye?

Ki chanjman sa mande nou pou nou vin kalite moun nou ta dwe ye a?

Lè n ap gade reyinyon mondyal sa a, sa raple nou ke pa gen anyen ki konparab avèk rasanbleman sa a—okenn kote. Bi sesyon prètriz konferans jeneral la se pou anseye detantè prètriz yo ki kalite moun nou ta dwe ye (gade 3 Nefi 27:27) ak pou enspire nou pou nou atenn ideyal sa a.

Nan ane m yo nan Prètriz Aawon an nan Hawaii, sa gen prèske yon demi syèk e pandan misyon mwen an Angletè, nou te konn reyini nan chapèl yo epi (avèk gwo efò) nou te konn koute sesyon prètriz la kote n te konn itilize koneksyon pa telefòn. Nan ane apre yo, satelit te vin pèmèt retransmisyon nan kèk inite chwazi nan Legliz la ki te gen gwo antèn parabolik pou te pèmèt nou tande ak gade reyinyon yo. Nou emèveye devan teknoloji sa a! Pa gen anpil moun ki te imajine jan mond lan ye jodia, kote tout moun ki gen aksè nan Entènèt nan yon smartphone, tablèt, oswa konpitè ka resevwa mesaj ka p bay nan reyinyon sa yo.

Sepandan, gwo ogmantasyon posiblite sa a pou nou tande vwa sèvitè Senyè a yo, ki se tankou pwòp vwa Senyè a (gade D&A 1:38), pa tèlman gen valè si nou pa dispoze pou n resevwa pawòl la (gade D&A 11:21) epi suiv li apresa. Pou n deklare senpleman, n ap atenn bi konferans jeneral la ak sesyon prètriz sa a sèlman si nou dispoze pou nou aji—si nou dispoze pou nou chanje.

Sa gen prèske dizan m te sèvi kòm evèk. Pandan yon bon bout tan m te konn regilyèman pale avèk yon mesye nan pawas nou an ki te pi gran pase m anpil. Frè sa a te gen yon relasyon konplike avèk madanm ni epi l te elwaye l de pitit li yo. Li t ap lite pou l te kenbe travay li, li pa t gen okenn zanmi pwòch, epi l te twouve relasyon avèk manm pawas yo te si difisil ke l te finalmen pa t vle sèvi nan legliz la ankò. Pandan yon gwo diskisyon sou pwoblèm lavi l yo, li te panche tou pre m—pou l te mete fen ak pil antretyen nou yo—epi l te di: “Evèk, m gen move karaktè, e se tou senpleman konsa m ye!”

Deklarasyon sa a te choke m jou swa sa a e li toujou nan tèt mwen depi jou sa a. Yon fwa mesye sa a te fin deside—yon fwa nou menm nou fin konkli—“Se konsa m ye” a, nou renonse a kapasite pou nou chanje a. Nou te mèt jis leve drapo blan an, depoze lèzàm, aksepte defèt la, epi jis rann tèt nou—tout espwa pou ta gen batay la pèdi. Pandan ke kèk nan nou gen dwa panse sa pa dekri nou menm, petèt nou chak demontre pa omwen youn oubyen de move abitid nou genyen, “Enben, se konsa m ye.”

Nou reyini nan sesyon prètriz sa a paske moun nou ye a se pa moun nou ka devni an. Nou reyini isit la aswè a nan non Jezikri. Nou reyini avèk asirans ke Ekspyasyon l lan bay nou chak kapasite pou nou chanje—kèlkeswa feblès nou, enpèfeksyon nou, adiksyon nou. Nou reyini avèk lespwa ke demen kapab pi bon, kèlkeswa istwa nou.

Lè nou patisipe nan reyinyon sa a avèk “entansyon reyèl” pou nou chanje change (Mowoni 10:4), Lespri a gen aksè total nan kè nou ak nan lespri nou. Jan Senyè a te revele Pwofèt Joseph Smith la: “Epi se pral konsa, toutotan yo ... egzèse lafwa nan mwen, m ap vide Lespri m sou yo nan jou yo rasanble ansanm nan” (D&A 44:2). Sa vle di aswè a!

Si nou panse pwoblèm nou yo ensimontab, kite m rakonte nou istwa yon mesye nou te rankontre an 2006 nan yon ti vilaj andeyò Hyderabad, nan End. Mesye sa a sete egzanp tipik sou volonte pou chanje. Appa Rao Nulu te fèt andeyò End. Lè l te gen twazan, li te fè maladi polyo e sa te kite l andikape fizikman. Sosyete a te anseye li ke potansyèl li te limite anpil anpil. Men, pandan l te jèn adilt, li te rankontre misyonè yo. Yo te aprann ni egzistans yon pi gwo potansyèl, nan lavi sa a ak nan letènite. Li te batize e konfime kòm manm Legliz la. Avèk pi plis vizyon pou tèt li, li te fikse bi pou l te resevwa Prètriz Mèlkisedèk la epi pou l te sèvi yon misyon aplentan. An 1986, yo te òdone l ansyen epi li te aple pou l te sèvi nan End. Mache pa t fasil pou li—li te fè sa l te kapab avèk yon baton nan chak men, e li te konn tonbe souvan—men kite pat janm te yon opsyon pou li. Li te pran angajman pou l te sèvi yon misyon onorabman ak tout limenm e se sa l te fè.

Lè nou te rankontre Frè Nulu a, prèske 20 ane apre misyon li, li te akeyi avèk anpil chalè nan kote wout la te fini an epi li te mennen nou desann nan yon wout pousyè al nan yon kay de pyès li te rete ansanm avèk madanm ni ak twa pitit. Sete yon jou enkonfòtab kote l te fè cho anpil. Li te toujou mache avèk difikilte, men li pat chita ap plenyen sò li. Atravè dilijans pèsonèl li, li te vin yon pwofesè, kote l ap fè lekòl pou timoun yo nan vilaj li a. Lè nou te antre nan ti kay li a, li te imedyatman mennenm nan yon kwen sal la epi li te rale yon bwat ki te gen byen ki pi presye li te genyen yo. Li te vle m wè yon moso papye. Li te gen ekri ladan: “Avèk bon souwè m ak bendiksyon m pou èldè Nulu, yon misyonè plen kouraj; [date] 25 Jen 1987; [siyen] Boyd K. Packer.” Nan epòk sa a, lè Frè Packer, lè sa a, te vizite End lan epi l te pale avèk yon gwoup misyonè, li te di èldè Nulu potansyèl li. Anfèt, sa Frè Nulu t ap di jou sa a an 2006 la sete ke levanjil la te chanje li—nèt ale!

Nan vizit sa a nan kay Nulu a, nou te akonpaye pa prezidan misyon an. Li te vini pou entèvyouve Frè Nulu ak madanm ni, ak pitit li yo—pou paran yo te ka resevwa dotasyon yo epi sele e pou timoun yo te sele avèk paran yo. Nou te bay fanmi an kèk aranjman pou yo te vwayaje ale nan Tanp Hong Kong nan an Chin pou fè òdonans sa yo. Yo te kriye ak lajwa lè yo te wè rèv sa a yo te gen depi lontan an ta pral reyalize.

Kisa y ap tann nan men yon detantè prètriz Bondye? Ki chanjman yo mande nou pou nou ka vin tounen kalite moun nou dwe ye a? M ap fè twa sigjesyon:

  1. Nou bezwen se gason prètriz! Keseswa nou se jènjan nan Prètriz Aawon oubyen gason ki detni Prètriz Mèlkisedèk la, nou bezwen rete gason prètriz, ki montre matirite espirityèl paske nou fè alyans. Jan Pòl te di: “Lè m te piti, m te pale tankou yon timoun, m te konprann tankou yon timoun, m te panse tankou yon timoun: men lè m te vin tounen yon gason, m te depoze tout bagay timoun yo” (1 Korentyen 13:11). Nou ta dwe diferan paske nou detni prètriz la—non pa nan fason awogan ni ògeye ni sifizan men enb ak dou ak moun yo ka anseye. Resevwa prètriz la ak tout ofis varye l yo dwe gen yon siyifikasyon patikilye pou nou. Sa pa dwe yon bagay woutin ki otomatikman rive nan yon sèten laj, men yon aksyon sakre byen reflechi kote nou kontrakte yon alyans. Nou dwe santi nou si privilejye e si rekonesan ke chak aksyon nou montre sa. Si se raman nou panse avèk prètriz la, nou bezwen chanje.

  2. Nou bezwen sèvi! Esans detni prètriz la se mayifye apèl nou (gade D&A 84:33) nan sèvi lòt moun. Evite devwa ki pi enpòtan pou sèvi madanm nou ak pitit nou yo, pa aksepte apèl oubyen pasivman ap ranpli apèl nou nan legliz la, oswa pa sousye pou lòt moun sof si sa konvnab pou nou, se pa kalite moun nou ta dwe ye a. Sovè a te deklare: “Ou dwe renmen Senyè a Bondye w la avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou” (Matye 22:37) epi nan apre li te ajoute “si nou renmen m, nou dwe sèvi m” (D&A42:29). Egoyis se kontrè responsablite nan prètriz la, e si l se yon trè karakteristik lakay nou, nou bezwen chanje.

  3. Nou bezwen diy! Mwen gen dwa pa gen kapasite Èldè Jeffrey R. Holland nan, lè l te pale nan yon sesyon prètriz sa gen kèk ane a, kote l te di “rapwoche vizaj nou … , nen pou nen, avèk jis ase dife ... pou wouji sousi nou” (“We Are All Enlisted,”Ensign oswaLiahona, Nov. 2011, 45); men, chè frè m yo, nou bezwen rann nou kont nan ki pwen kèk pratik tout moun aksepte nan mond lan kounyeya limite pouvwa nou nan prètriz la. Si nou panse nou ka menm pwoche bò pònografi oubyen dezobeyi lwa chastete a oubyen pa onèt sou kèlkeswa fòm nan, san sa pa gen yon efè negatif sou nou oubyen sou fanmi nou, n ap twonpe tèt nou. Mowoni te deklare “Veye pou fè tout bagay ak diyite” (Mòmon 9:29). Senyè a te di ak puisans: “Epi kounyeya m ba nou yon kòmandman pou nou fè atansyon avèk tèt pa nou, pou nou koute pawòl lavi etènèl yo avèk atansyon” (D&A 84:43). Si gen nenpòt peche ki pa rezoud ki anpeche diyite nou, nou bezwen chanje.

Sèl repons konplèt nou genyen pou kesyon Jezikri te poze a “Ki kalite moun nou dwe ye” a, se repons li menm li te bay si klè e si pwofon an: “Menmjan avèk mwen” (3 Nefi 27:27). Envitasyon pou nou “vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li” a (Mowoni 10:32) mande chanjman. Nan mizèrikòd li, li pa kite nou poukont nou. “Epi, si lèzòm vin jwenn mwen, m ap montre yo feblès yo. ... Lè sa a m ap fè bagay ki fèb yo vin fò pou yo” (Etè 12:27). Si nou apiye sou Ekspyasyon Sovè a, nou ka chanje. Mwen sèten sa. Nan non Jezikri, amèn